Nou Dwe Konsidere Aksyon Nou Yo
Chak zèv ak chak aksyon nou nan lavi a montre nou bezwen resevwa yon pasaj nan pawòl Mwen yo chak jou pou ranpli nou, paske nou manke twòp, epi konesans nou ansanm ak kapasite nou pou konprann twò piti. Nan lavi chak jou nou, nou ap viv nan mitan yon atmosfè ak yon anviwònman ki pa gen okenn verite oswa bon sans. Nou manke mwayen pou nou siviv, epi nou pa gen fondasyon pou konnen Mwen oswa laverite. Lafwa nou chita sèlman sou yon lafwa ki vag, oswa sou konesans ki dogmatik anpil ak rityèl relijye. Chak jou Mwen ap gade mouvman nou yo, Mwen ap egzamine entansyon nou yo ansanm ak fwi mechanste nou yo, epi Mwen pa janm jwenn yon sèl moun ki vrèman mete kè l ak lespri l sou lotèl Mwen an ki pa janm deplase a. Se poutèt sa, Mwen pa vle vide tout pawòl Mwen vle eksprime bay yon limanite konsa pou granmesi; sèl plan ki nan kè Mwen yo se pou travay Mwen an ki poko fini an, ansanm ak moun sa yo nan mitan limanite Mwen poko sove yo. Malgre sa, Mwen swete pou tout moun ki swiv Mwen yo resevwa gras ki sove Mwen an epi jwenn verite pawòl Mwen yo bay lòm. Mwen espere yon jou lè ou fèmen je ou, ou va wè yon mond kote bon odè plen lè a epi sous dlo vivan ap koule—pa yon monn ki frèt e ki tris kote nwaj nwa kouvri syèl la epi bri rèl pa janm sispann.
Chak jou ki pase, je Sila a wè zèv ak panse chak moun, epi anmenmtan, zèv ak panse sa yo ap prepare pwòp demen yo. Sa se chemen tout moun k ap viv dwe mache; se chemen Mwen predestine pou tout moun, pèsonn pa kapab chape anba l, epi pa gen eksepsyon pou pèsonn. Pawòl Mwen di yo pa ka konte, epi travay Mwen fè yo pi plis toujou. Chak jou, Mwen ap gade jan chak moun ap fè sa yo gen pou yo fè yon fason natirèl dapre nati fondamantal yo ansanm ak fason nati yo ap devlope. San yo pa rann yo kont, anpil moun deja antre nan «bon chemen» an, yon chemen Mwen te trase pou devwale diferan kalite moun yo. Depi byen lontan, Mwen mete diferan kalite moun sa yo nan divès anviwònman epi, nan plas kote yo chak ye a, yo chak ap montre atribi fondamantal yo genyen yo. Pa gen pèsonn pou mare yo, pa gen pèsonn pou sedwi yo. Yo totalman lib epi sa yo revele a vini yon fason natirèl. Sèl bagay ki kenbe yo anba kontwòl, se pawòl Mwen yo. Konsa, gen kèk moun ki li pawòl Mwen yo a kontrekè, ki pa janm pratike yo, k ap fè sa sèlman pou yo ka degaje yo pou yo pa mouri; tandiske lòt moun wè li difisil pou yo pase jou yo san pawòl Mwen pou gide yo epi bay pwovizyon pou yo, konsa yon fason natirèl yo toujou kenbe pawòl Mwen yo. Pandan tan ap pase, yo dekouvri sekrè lavi lòm, destinasyon limanite, ansanm ak valè yon èt imen. Se jis konsa limanite ye devan pawòl Mwen yo, epi Mwen sèlman kite bagay yo mache yon fason natirèl. Mwen pa fè okenn travay ki fòse moun fè pawòl Mwen yo tounen fondasyon egzistans yo. Se poutèt sa, moun ki pa janm gen konsyans yo, epi ki pa janm gen okenn valè nan egzistans yo a, avèk odas yo jete pawòl Mwen yo epi yo aji jan yo vle, aprè yo fin byen obsève an silans kijan bagay yo ap dewoule. Yo kòmanse santi repiyans pou laverite ansanm ak tout sa ki soti nan Mwen menm, epi yo santi plis repiyans toujou pou rete nan kay Mwen an. Poutèt destinasyon yo, epi pou yo chape anba pinisyon, moun sa yo rete lakay Mwen pou yon ti tan, menm si y ap travay di. Sepandan, entansyon yo ak aksyon yo pa janm chanje. Sa ogmante dezi yo genyen pou benediksyon an, epi sa ogmante dezi yo pou yo antre nan wayòm nan yon sèl fwa pou tout epi pou yo rete la pou toujou aprè sa—pou yo menm antre nan syèl etènèl la. Plis yo anvi jou Mwen an rive vit, plis yo santi laverite tounen yon obstak, yon wòch ki fè yo bite nan chemen yo. Yo tèlman pa ka tann pou yo mete pye yo nan wayòm nan pou jwi benediksyon wayòm syèl la pou toutan—tout sa san yo pa bezwen pouswiv laverite oswa aksepte jijman ak chatiman, epi sitou, san yo pa bezwen rabese tèt yo lakay Mwen pou fè sa Mwen kòmande yo. Moun sa yo antre nan kay Mwen pa pou satisfè dezi yo genyen pou yo chèche laverite, ni pou yo kopere avèk jesyon Mwen; objektif yo se sèlman pou yo pami moun ki p ap detwi nan epòk k ap vini an. Konsa, kè yo pa janm konnen sa laverite ye, oswa ki jan pou yo aksepte laverite. Se rezon sa a ki fè moun sa yo pa janm pratike laverite oswa rann yo kont nan ki pwen yo kòwonpi, epoutan yo rete nan kay Mwen antanke «sèvitè» pandan tout tan sa a. Yo tann jou Mwen an rive avèk «pasyans» epi yo pa janm bouke pandan fason Mwen fè travay Mwen ap voye yo pasi pala. Men, kèlkeswa gwosè efò yo fè oswa pri yo peye, pèsonn pa janm wè yo soufri pou laverite oswa bay anyen pou Mwen. Nan kè yo, yo anvi anpil pou yo wè jou Mwen mete yon fen nan ansyen epòk la e, anplis, yo pa ka tann pou yo dekouvri jiska ki pwen pouvwa ak otorite Mwen gran. Sa yo pa janm prese fè, se chanje tèt yo epi pouswiv laverite. Yo renmen sa ki ban Mwen repiyans, epi yo gen repiyans pou sa Mwen renmen. Yo swete jwenn sa Mwen rayi, men yo pè pèdi sa Mwen gen degoutans pou li a. Y ap viv nan monn mechan sa a, yo pa janm rayi l, epoutan yo pè anpil pou Mwen pa detwi li. Nan mitan entansyon kontradiktwa yo, yo renmen monn sa a Mwen gen degoutans pou li a, men tou yo anvi pou Mwen detwi l byen vit, dekwa pou yo kapab evite malè destriksyon an epi pou yo tounen mèt nan pwochen epòk la, anvan yo kite vrè chemen an. Sa fèt paske yo pa renmen laverite epi yo gen repiyans pou tout sa ki soti nan Mwen menm. Yo ta gendwa tounen «moun obeyisan» pou yon ti tan yon fason pou yo pa pèdi benediksyon, men yo pa janm kapab kache dezi chofe yo genyen pou yo jwenn benediksyon, ak mobil ki fè yo pè pou yo pa detwi yo epi pou yo pa antre nan letan dife k ap boule a. Plis jou Mwen an ap pwoche, se plis dezi yo a ap vin pi fò. Epi plis dezas la gran, se plis li rann yo enpuisan, yo pa konnen ki kote pou yo kòmanse pou yo ka fè Mwen rejwi epi pou yo evite pèdi benediksyon yo te swete depi lontan yo. Moun sa yo cho pou yo pase a laksyon pou sèvi kòm avangad kou men Mwen kòmanse travay Li. Yo sèlman panse pou yo fonse nan premye liy twoup la, yo pè anpil pou Mwen pa wè yo. Yo fè epi yo di sa yo kwè ki kòrèk, san yo pa janm konnen zèv yo ak aksyon yo pa janm gen rapò ak laverite, epi zèv yo sèlman sabote epi twouble plan Mwen an. Yo te ka fè gwo efò, epi yo te ka sensè nan detèminasyon yo ak entansyon yo pou andire difikilte, men pa gen anyen yo fè ki gen rapò ak Mwen, paske Mwen pa janm wè zèv yo fèt ak bon entansyon, alewè pou Mwen ta wè yo mete anyen sou lotèl Mwen an. Se kalite zèv sa yo yo te fè devan Mwen pandan tout ane sa yo.
Okòmansman, Mwen te swete bay nou plis verite kòm pwovizyon, men Mwen te oblije evite fè sa paske atitid nou anvè laverite twò frèt epi endiferan; Mwen pa vle pou tout efò, enèji ak sakrifis Mwen yo gaspiye pou granmesi, ni Mwen pa vle wè moun k ap kenbe pawòl Mwen yo epoutan, nan tout aspè, y ap fè bagay ki reziste kont Mwen, ki kalomnye Mwen, epi ki blasfeme Mwen. Akoz atitid nou yo ansanm ak imanite nou, Mwen sèlman ban nou kòm pwovizyon yon ti pati nan pawòl Mwen yo ki, pou nou menm, trè enpòtan, k ap sèvi kòm travay Mwen fè kòm esè nan mitan limanite. Se kounye a sèlman Mwen vrèman konfime desizyon ansanm ak plan Mwen te fè yo reponn ak bezwen nou, epi Mwen konfime pi plis toujou atitid Mwen anvè limanite se atitid ki kòrèk la. Jan nou te konpòte nou pandan anpil ane devan Mwen an ban Mwen yon repons Mwen pa t janm resevwa anvan, epi kesyon pou repons sa a se: «Ki atitid lòm genyen devan laverite ansanm ak vrè Bondye a?» Tout efò, enèji ak sakrifis Mwen vide pou lòm nan pwouve esans lanmou Mwen pou lòm, epi aksyon ak zèv lòm devan Mwen pwouve esans li ki se rayi laverite epi aji kòm lènmi Mwen. Toutan, Mwen gen sousi pou tout moun ki te swiv Mwen yo, epoutan pa gen okenn moman kote moun ki swiv Mwen yo kapab aksepte pawòl Mwen yo; yo pa menm kapab aksepte sijesyon Mwen yo. Se sa k fè Mwen tris plis pase tout bagay. Pèsonn pa janm kapab konprann Mwen, alewè pou yon moun ta kapab aksepte Mwen, menmsi atitid Mwen sensè, epi pawòl Mwen yo dous. Tout moun fè travay Mwen konfye yo a dapre pwòp entansyon pa yo, yo pa chèche entansyon Mwen yo, alewè pou yo ta mande sa Mwen egzije nan men yo. Y ap toujou pretann y ap sèvi Mwen ak lwayote, alòske y ap rebele kont Mwen anmenmtan. Anpil moun kwè verite yo pa ka aksepte oswa sa yo pa kapab pratike yo se pa verite. Pou moun sa yo, verite Mwen yo tounen yon bagay yo nye epi yo jete. Anmenmtan, Mwen vin tounen yon etranje moun rekonèt kòm Bondye ak bouch yo, men yo pa konsidere kòm laverite, chemen an, ni lavi a. Pèsonn pa konnen verite sa a: Pawòl Mwen yo se laverite ki p ap janm chanje; Mwen se pwovizyon lavi pou lòm epi sèl gid pou limanite; valè ak siyifikasyon pawòl Mwen yo pa detèmine selon si limanite rekonèt epi aksepte yo, men selon esans pawòl yo menm; e menmsi pa gen yon sèl moun sou tè sa a ki kapab aksepte pawòl Mwen yo, valè pawòl Mwen yo ansanm ak èd yo pote pou limanite pèsonn pa ka evalye yo. Se poutèt sa, fas ak anpil moun ki rebele kont pawòl Mwen yo, ki refite yo, oswa ki meprize yo totalman, atitid Mwen se sèlman sa a: Kite tan ansanm ak reyalite yo sèvi kòm temwayaj Mwen epi pwouve pawòl Mwen yo se laverite, chemen an, ansanm ak lavi a. Kite yo pwouve tout sa Mwen di se sa ki kòrèk, se sa lòm ta dwe posede e, pi plis toujou, sa lòm ta dwe aksepte. Mwen pral fè tout moun ki swiv Mwen konnen reyalite sa a: Moun ki pa kapab aksepte pawòl Mwen yo totalman, moun ki pa kapab pratike pawòl Mwen yo, moun ki pa kapab jwenn yon objektif nan pawòl Mwen yo, ansanm ak moun ki pa kapab resevwa gras sali a atravè pawòl Mwen yo, se moun pawòl Mwen yo kondane; pi plis toujou, se moun ki pèdi gras sali Mwen an, epi baton Mwen p ap janm kite yo.
16 avril 2003