Yon Pwoblèm Ki Grav Anpil: Trayizon (2)
Nati lòm diferan anpil ak esans Mwen, paske nati kowonpi lòm nan soti nèt nan Satan; Satan te trete nati lòm nan epi li te kowonpi li. Sa vle di Lòm pa grandi nan yon mond laverite ni nan yon anviwònman ki sen; alewè pou l ta viv nan limyè. Se poutèt sa, pèsonn pa kapab posede laverite nan nati li depi nan nesans, e alewè pou yon moun ta fèt ak yon esans ki gen krentif pou Bondye epi ki soumèt devan Li. Okontrè, lèzòm gen yon nati ki opoze ak Bondye, ki rebele kont Bondye epi ki pa renmen laverite. Nati sa a se pwoblèm Mwen vle pale sou li a: trayizon. Trayizon se sous opozisyon chak moun genyen kont Bondye. Se yon pwoblèm ki egziste sèlman nan lòm, pa nan Mwen. Gen moun ki pral mande: Piske tout moun ap viv nan mond lan menm jan ak Kris la, poukisa tout moun gen yon nati ki trayi Bondye, alòske Kris la pa gen yon nati konsa? Se yon pwoblèm ki dwe esplike nou aklè.
Baz egzistans limanite se lefètke nanm nan reyenkane plizyè fwa. Sa vle di, chak moun jwenn yon lavi kòm moun nan lachè lè nanm li reyenkane. Apre kò yon moun fin fèt, lavi li kontinye jiskaske lachè a rive nan limit li, sa vle di nan dènye moman egzistans li, lè nanm nan kite kò li. Pwosesis sa a repete plizyè fwa: nanm yon moun vini epi ale youn apre lòt, e se konsa egzistans limanite kontinye. Lavi nan lachè a se lavi nanm lòm tou, epi nanm lòm soutni egzistans lachè lòm. Sa vle di, lavi chak moun soti nan nanm li; li pa fè pati nati lachè a. Kidonk, nati lòm soti nan nanm li, pa nan lachè a. Se sèlman nanm chak moun ki konnen kijan Satan te tante l, ki touman Satan te fè l sibi, ak kijan Satan te kowonpi l. Lachè lòm pa kapab konnen bagay sa yo. Se poutèt sa, san lòm pa rann li kont, limanite ap vin pi fènwa, pi sal ak pi mechan toujou, pandan distans ant limanite ak Mwen ap vin pi gran toujou, epi lavi ap vin pi fènwa toujou pou li. Satan kenbe nanm lòm anba pouvwa li; kidonk, li klè Satan anvayi lachè lòm tou. Kijan yon lachè konsa ak yon limanite konsa pa ta opoze ak Bondye? Kijan yo ta ka ann akò avèk Li depi nan nesans yo? Rezon ki fè Mwen te voye Satan desann nan lè a se paske li te trayi Mwen. Kidonk, kijan limanite ta ka pa mele nan trayizon sa a? Se poutèt sa trayizon se nati lòm. Mwen gen konfyans, lè nou fin konprann rezònman sa a, nou ta dwe gen yon sèten lafwa nan esans Kris la tou. Kò Lespri Bondye a pran an se pwòp kò Bondye. Lespri Bondye a siprèm; Li toupisan, Li sen epi Li jis. Menm jan an tou, kò Li siprèm, toupisan, sen epi jis. Yon kò konsa kapab fè sèlman sa ki jis e ki benefik pou limanite, sa ki sen, ki gen glwa epi ki pisan. Li pa kapab fè anyen ki vyole laverite oswa jistis moral, alewè pou Li ta fè nenpòt bagay ki ta trayi Lespri Bondye a. Lespri Bondye a sen; se poutèt sa Satan pa kapab kowonpi kò Li. Kò Li gen yon esans ki diferan ak esans kò lòm. Paske se lòm, pa Bondye, Satan kowonpi, e li enposib pou Satan ta kowonpi pwòp kò Bondye. Konsa, malgre lòm ak Kris la ap viv nan menm espas la, se sèlman lòm Satan kapab pran posesyon l, sèvi avè l, epi fè l mal grasa riz li yo. Okontrè, Satan p ap janm kapab kowonpi Kris la, paske Satan pap janm kapab monte nan pi wo plas la, ni li pap janm kapab pwoche bò kote Bondye. Jodi a, nou tout ta dwe konprann se sèlman limanite, Satan kowonpi a, ki trayi Mwen. Trayizon pap janm yon pwoblèm ki konsène Kris la, menm nan pi piti degre.
Tout nanm Satan kowonpi yo rete prizonye anba pouvwa Satan. Se sèlman moun ki kwè nan Kris la ki te mete apa, ki te sove soti nan kan Satan epi ki te mennen antre nan wayòm jodi a. Moun sa yo pa viv anba enfliyans Satan ankò. Malgre sa, nati lòm toujou anrasinen nan lachè li. Sa vle di, menm si nanm nou sove, nati nou toujou rete menm jan li te ye anvan an, e posiblite pou nou trayi Mwen toujou rete san pousan. Se poutèt sa travay Mwen an dire lontan konsa, paske nati nou difisil anpil pou chanje. Kounye a, pandan n ap fè devwa nou, nou tout ap andire difikilte jan nou kapab, men reyalite ki pa ka nye a sèke chak moun nan nou kapab trayi Mwen, retounen anba pouvwa Satan, retounen nan kan li epi reprann ansyen lavi nou. Lè sa a, nou p ap kapab montre menm yon ti tras limanite oswa resanblans moun, jan nou kapab fè sa kounye a. Nan ka grav yo, nou pral peri epi, anplis de sa, yo pral fè nou sibi kondanasyon etènèl, pini nou sevèman, san nou pa janm kapab reyenkane ankò. Se pwoblèm sa a ki devan nou. Mwen ap raple nou bagay sa yo nan fason sa a, premyèman, pou travay Mwen an pa fèt pou gremesi, epi dezyèmman, pou nou tout kapab viv nan jou limyè yo. An verite, kesyon pou konnen si travay Mwen an fèt pou gremesi oswa non an pa pwoblèm ki pi enpòtan an. Sa ki pi enpòtan an se pou nou kapab gen yon lavi kè kontan ak yon bèl avni. Travay Mwen se travay ki sove nanm moun. Si nanm ou tonbe nan men Satan, lachè ou p ap viv anpè. Si Mwen pwoteje lachè ou, nanm ou ap san dout anba swen Mwen tou. Si Mwen rayi ou toutbon, lachè ou ak nanm ou ap tonbe tousuit nan men Satan. Èske ou kapab imajine nan ki kondisyon ou t ap ye lè sa a? Si yon jou pawòl Mwen yo pa gen okenn efè sou nou, lè sa a, swa Mwen pral livre nou tout bay Satan epi kite l ogmante touman li fè nou sibi a jiskaske kòlè Mwen fin disparèt nèt, swa Mwen pral pini nou pèsonèlman, nou menm moun ki pa kapab rachte, paske kè nou ki trayi Mwen yo p ap janm chanje rive lè sa a.
Nou tout ta dwe egzamine tèt nou san pèdi tan, pou nou wè ki kantite tandans pou trayi Mwen ki toujou rete nan nou. Mwen ap tann repons nou avèk anpil anvi. Pa trete Mwen yon fason sipèfisyèl, tankou se pou lafòm sèlman. Mwen pa janm jwe jwèt ak moun. Si Mwen di Mwen pral fè yon bagay, Mwen pral fè l san mank. Mwen espere chak nan nou ap pran pawòl Mwen yo oserye, olye nou konsidere yo tankou yon istwa syans fiksyon. Sa Mwen vle nan men nou se aksyon konkrè, se pa imajinasyon nou. Kounye a, nou dwe reponn kesyon Mwen yo, jan yo prezante la a:
1. Si ou se yon moun k ap rann sèvis tout bon, èske ou kapab sèvi Mwen avèk devouman, san ou pa fè sa pou lafòm sèlman ni san ou pa gen okenn atitid negatif?
2. Si ou ta vin dekouvri Mwen pa janm apresye ou, èske ou t ap toujou kapab rete pou sèvi Mwen pandan tout lavi ou?
3. Si Mwen kontinye aji avèk anpil frètè anvè ou, malgre tout efò ou fè, èske ou t ap kapab kontinye travay pou Mwen san moun pa remake ou?
4. Si, apre ou fin fè kèk depans pou Mwen, Mwen pa satisfè menm ti demann ou genyen yo, èske ou t ap dekouraje epi santi ou desi ak Mwen, oswa menm vin ranpli ak rankin, rive jis nan pwen pou ou joure byen fò?
5. Si ou toujou rete fidèl anpil anvè Mwen epi ou gen anpil lanmou pou Mwen, men ou ta vin sibi touman maladi, difikilte finansye, abandon zanmi ak fanmi ou, oswa nenpòt lòt malè nan lavi, èske fidelite ak lanmou ou genyen pou Mwen t ap toujou rete menm jan an?
6. Si okenn nan bagay ou te imajine nan kè ou pa koresponn ak sa Mwen fè, ki jan ou ta dwe kontinye mache sou chemen ki devan ou a?
7. Si ou pa resevwa okenn nan bagay ou te espere jwenn yo, èske ou t ap kapab kontinye suiv Mwen?
8. Si ou pa janm konprann objektif ak siyifikasyon travay Mwen an, èske ou kapab yon moun ki soumèt, ki pa jije ni tire konklizyon selon pwòp volonte ou?
9. Èske ou kapab bay tout pawòl Mwen te di yo ak tout travay Mwen te fè pandan Mwen t ap viv nan mitan lòm anpil valè?
10. Èske ou kapab yon moun k ap suiv Mwen fidèlman, ki dispoze andire soufrans pandan tout lavi ou pou Mwen, menm si ou pa jwenn anyen an retou?
11. Poutèt Mwen, èske ou kapab renonse ak reflechi sou chemen ou pral pran pou siviv nan lavni, planifye li oswa prepare li?
Kesyon sa yo reprezante dènye egzijans Mwen genyen pou nou, e Mwen espere nou tout kapab ban Mwen repons. Si ou deja satisfè youn oswa de nan egzijans kesyon sa yo, ou toujou bezwen kontinye fè efò. Si ou pa kapab satisfè menm youn nan egzijans sa yo, ou se yon moun yo pral lage nan lanfè kanmenm. Pou moun konsa, Mwen pa bezwen di anyen ankò, paske se moun ki pa kapab ann amoni avè Mwen. Kijan Mwen ta ka kenbe yon moun lakay Mwen si moun sa a kapab trayi Mwen nan nenpòt sikonstans? Kanta pou moun ki kapab toujou trayi Mwen nan pifò sikonstans, Mwen pral obsève fason yo aji anvan Mwen fè lòt aranjman. Sepandan, tout moun ki kapab trayi Mwen, kèlkeswa sikonstans yo, Mwen pap janm bliye yo. Mwen pral kenbe chak nan yo nan memwa Mwen epi tann okazyon pou Mwen fè yo peye pou move zak yo te fè. Tout egzijans Mwen te prezante yo se bagay nou dwe egzamine nan pwòp tèt nou. Mwen espere nou tout ap reflechi seryezman sou yo, san nou pa trete Mwen yon fason sipèfisyèl, tankou se pou lafòm sèlman.
Nan yon avni ki pa twò lwen, Mwen pral konpare repons nou ban Mwen yo ak egzijans Mwen yo pou verifye si yo koresponn. Lè sa a, Mwen pap mande nou anyen ankò, ni Mwen pap ba nou lòt avètisman sensè. Olye de sa, Mwen pral egzèse otorite Mwen: Moun ki dwe rete yo ap rete; moun ki dwe jwenn rekonpans yo ap jwenn rekonpans; moun ki dwe livre bay Satan yo ap livre bay Satan; moun ki dwe sibi gwo pinisyon yo ap sibi gwo pinisyon; epi moun ki dwe peri yo ap detwi. Konsa, p ap gen pèsonn ankò pou vin twouble Mwen pandan jou Mwen yo.
Èske ou kwè pawòl Mwen yo? Èske ou kwè gen pinisyon pou move zak moun fè yo? Èske ou kwè Mwen pral pini tout mechan sa yo ki twonpe Mwen epi trayi Mwen? Èske ou ta renmen jou sa a rive pi bonè oswa pi ta? Èske ou se yon moun ki pè pinisyon anpil, oswa yon moun ki pito kontinye reziste Mwen, menm si sa vle di ou pral oblije sibi pinisyon?
Lè jou sa a rive, èske ou kapab imajine si w ap viv nan mitan rejwisans ak ri, oswa si w ap kriye epi griyen dan? Ki kalite rezilta ou espere jwenn? Èske ou janm reflechi seryezman pou konnen si ou kwè nan Mwen san okenn dout, oswa si ou doute Mwen nèt ale? Èske ou janm egzamine avèk anpil atansyon ki kalite konsekans ak rezilta aksyon ak konpòtman ou yo pral pote pou ou? Èske ou swete anpil pou tout pawòl Mwen yo reyalize youn apre lòt, oswa èske sa fè ou pè anpil pou tout pawòl Mwen yo rive vre youn apre lòt? Si ou swete Mwen ale talè konsa pou Mwen akonpli pawòl Mwen yo, ki jan ou ta dwe jere pwòp pawòl ak aksyon ou yo? Si ou pa swete Mwen ale, epi ou pa swete tout pawòl Mwen yo reyalize tousuit, poukisa ou kwè nan Mwen menm? Èske ou vrèman konnen rezon ki fè w ap suiv Mwen? Si sèl rezon ou se elaji konesans ou, pa gen okenn nesesite pou ou pase nan tout sa. Si se pou ou jwenn benediksyon epi chape anba dezas k ap vini an, poukisa ou pa enkyete ou pou pwòp konduit ou? Poukisa ou pa mande tèt ou si ou kapab satisfè egzijans Mwen yo? Poukisa ou pa mande tèt ou tou si ou kalifye pou eritye benediksyon k ap vini yo?