Bondye Se Sous Lavi Lòm

Depi nan moman ou vin nan mond sa a ap kriye, ou kòmanse ranpli responsablite w. Pou plan Bondye a ak pou òdinasyon Li, ou jwe wòl ou epi ou kòmanse vwayaj lavi w. Kèlkeswa kote ou soti, epi kèlkeswa vwayaj ki devan ou an, nan nenpòt ka, pèsonn pa kapab chape anba òkestrasyon ak aranjman Syèl la, epi pèsonn pa kapab kontwole pwòp desten yo, paske se sèl Sila a ki gen souverènte sou tout bagay ki kapab fè travay sa a. Depi lè limanite te kòmanse egziste, Bondye te toujou ap fè travay Li nan fason sa a, L ap jere linivè sa a epi L ap dirije lwa ki fè tout bagay chanje ak trajektwa yo swiv pou yo deplase. Menm jan ak tout bagay, nan silans epi san yo pa rann yo kont, tout moun ap jwenn nouriti nan dousè Bondye, nan lapli Li ak nan lawouze Li; menm jan ak tout bagay, tout moun ap viv anba òkestrasyon men Bondye san yo pa rann yo kont. Kè lòm ak lespri lòm nan pla men Bondye, epi tout lavi lòm anba je Bondye tou. Kèlkeswa si ou kwè nan tout bagay sa yo oswa ou pa kwè, chak bagay san manke youn, kit li vivan kit li mouri, pral vire, chanje, renouvle, epi disparèt dapre panse Bondye yo. Se konsa Bondye gen souverènte sou tout bagay.

Lè lannuit rive an silans, pèsonn pa rann yo kont, paske kè moun yo pa kapab santi ki jan lannuit rive oswa ki kote l soti. Lè lannuit chape kò l an silans, moun yo akeyi limyè lajounen an, men kè moun yo konnen mwens toujou sou ki kote limyè lajounen sa a soti oswa ki jan l fè chase lannuit la, epi yo pa rann yo kont ditou ni sou youn ni sou lòt. Chanjman k ap repete sa yo ak altènans ant lannuit ak lajounen mennen limanite nan diferan peryòd youn apre lòt ak diferan kontèks epòk k ap swiv youn lòt yo, pandan yo akonpli travay Bondye a nan chak peryòd ansanm ak plan Li pou chak epòk. Lòm travèse diferan peryòd sa yo pandan l ap swiv Bondye, epoutan li pa konnen Bondye gen souverènte sou desten tout bagay ansanm ak èt vivan yo, epi li pa konnen ki jan Bondye òkestre tout bagay epi dirije tout bagay. Sa se yon bagay ni moun jodi a ni moun nan tan lontan pa t janm rive konnen. Rezon an se pa paske aksyon Bondye yo twò kache, ni paske plan Bondye a poko reyalize, men se paske kè lòm ak lespri lòm twò lwen Bondye—nan pwen kote, menm lè lòm «ap swiv Bondye», li toujou ap sèvi Satan, poutan l pa rann li kont. Pèsonn pa pran inisyativ pou chèche tras pa Bondye ak aparisyon Bondye, epi pèsonn pa dispoze viv nan mitan swen ak pwoteksyon Bondye. Okontrè, yo dispoze aksepte pou Satan, dyab mechan an, wouye yo, dekwa pou yo ka adapte yo ak mond sa a epi adapte yo ak lwa ki fè limanite mechan sa a siviv. Nan pwen sa a, kè lòm ak lespri lòm tounen ofrann lòm ofri bay Satan, yo tounen manje Satan, epi, sa k pi rèd la, yo tounen yon kote Satan abite pou lontan, epi yo tounen yon lakou rekreyasyon Satan pran kòm pwòp byen l natirèlman. Konsa, san l pa rann li kont, lòm pa konprann ankò prensip ki montre l kijan pou l konpòte l, epi li pa konprann ki kote valè ak siyifikasyon egzistans lòm ye ankò. Lwa Bondye yo ak alyans ki genyen ant Bondye ak lòm nan vin flou tikras pa tikras nan kè lòm, epi lòm pa chèche Bondye ankò, li pa ba Li atansyon ankò. Tank tan ap pase, pa gen pèsonn ki konprann siyifikasyon kreyasyon lòm Bondye te fè a ankò, pa gen pèsonn ki konprann pawòl ki soti nan bouch Bondye yo, epi pa gen pèsonn ki konprann anyen ki soti nan Bondye. Lè sa a, lòm kòmanse reziste kont lwa yo ak òdonans yo ki soti nan Bondye, epi kè lòm ak lespri lòm vin angoudi... Bondye pèdi moun Li te kreye nan kòmansman an, alòske lòm pèdi rasin li te genyen okòmansman an tou. Sa a se tristès limanite sa a. Anfèt, depi nan kòmansman jouk kounye a, Bondye ap mete sou sèn yon trajedi pou limanite, kote lòm se ni aktè prensipal la ni viktim nan. Pèsonn pa kapab reponn kiyès egzakteman ki direktè trajedi sa a.

Nan gwo espas mond lan, lanmè tounen tè epi tè tounen lanmè, atravè yon pakèt sik moun pa ka konte. Apa Sila a ki gen souverènte sou tout bagay pami tout sa ki egziste, pa gen pèsonn ki kapab gide epi dirije limanite sa a; ni pa gen okenn «moun pisan» k ap travay di pou limanite sa a oswa k ap prepare anyen pou yo; epi sitou pa gen pèsonn ki kapab dirije limanite sa a pou l avanse nan direksyon yon destinasyon briyan epi libere l anba enjistis ki gen nan mond lòm nan. Bondye ap fè soupi pou avni limanite, kè L ap fann pou tonbe limanite tonbe a, epi L nan lapenn pandan limanite ap desann pazapa, epi l ap pran yon chemen ki pa gen retou. Pèsonn pa janm reflechi sou sa: Ki kote limanite sa a—ki fann kè Bondye nèt epi ki vire do ba Li pou l chèche sila a ki mechan an—ap prale? Se egzakteman poutèt sa pèsonn pa eseye santi kòlè Bondye, pèsonn pa eseye chèche chemen pou fè Bondye plezi, pèsonn pa eseye pwoche pi pre Bondye, epi sitou pèsonn pa eseye konprann lapenn Bondye ak doulè Bondye. Menm apre yo fin tande vwa Bondye, moun yo toujou fè pwòp wout yo, yo toujou vire do bay Bondye, yo evite bon tretman ak swen Bondye, yo kouri pou laverite Bondye a, epi yo prefere vann tèt yo bay Satan, ki ostil anvè Bondye. Epi kiyès ki te janm poze tèt li kesyon sou ki jan Bondye pral trete lòm, ki pa ba Li enpòtans ditou, si lòm pèsiste nan yon tèt di konsa? Pèsonn pa konnen Bondye raple epi egzòte limanite plizyè fwa paske, nan men L, Li prepare dezas moun pa t janm wè anvan. Dezas sa yo ap ensipòtab pou chè lòm ak nanm lòm; yo p ap sèlman pini chè lòm men y ap vize nanm lòm. Ou bezwen konnen: Ki kalite kòlè Bondye pral dechaje lè plan Li a tonbe nan dlo epi lè rapèl ak egzòtasyon Li yo pa resevwa anyen an retou? Sa a se yon bagay okenn kreyati Bondye pa t janm fè eksperyans ni konnen ditou. Se poutèt sa, Mwen di dezas sa yo san presedan epi yo p ap janm rive ankò. Sa se paske plan Bondye a se pou L kreye limanite sèl fwa sa a sèlman epi sove limanite sèl fwa sa a sèlman, epi se premye fwa a epitou dènye fwa a. Se poutèt sa, pèsonn pa kapab apresye entansyon ki mande anpil efò ansanm ak atant chofe Bondye genyen pandan L ap sove limanite fwa sa a.

Bondye te kreye mond imen sa a epi L te mennen lòm—èt vivan sa a Bondye bay lavi a—nan mond lòm nan. Apre sa, lòm te vin gen paran, li te vin gen moun li renmen, epi l pa t poukont li ankò. Depi premye fwa lòm wè mond materyèl sa a, li destine pou l egziste nan òdinasyon Bondye. Se souf lavi ki soti nan Bondye a k ap soutni chak èt vivan pandan l ap «grandi pou l tounen yon granmoun». Nan pwosesis sa a, pèsonn pa santi lòm ap viv epi l ap «grandi» anba swen Bondye. Okontrè, moun yo kwè lòm «grandi» grasa swen ak nouriti paran li ba li epi se ensten lavi lòm ki dirije fason li «grandi», paske pèsonn pa konnen kiyès ki te bay lòm «lavi» oswa ki kote lavi sa a soti, epi sitou pèsonn pa konnen ki jan ensten lavi a kreye mirak. Sèl sa lòm konnen sèke se manje ki baz pou lavi l kontinye, pèseverans se sous egzistans lavi l, epi konviksyon ki nan tèt li se kapital li bezwen pou l siviv. Lòm pa remake gras Bondye ansanm ak pwovizyon Li menm yon ti kras, epi konsa li gaspiye lavi Bondye te ba li a... Pa gen menm yon sèl grenn moun Bondye ap veye sou li lajounen kou lannuit ki pran inisyativ pou l adore Bondye. Bondye annik fè travay Li te planifye a sou lòm, ki pa gen okenn espwa ditou, nan lespwa yon jou lòm ap reveye soti nan rèv li epi l ap konprann valè lavi ansanm ak siyifikasyon lavi a toudenkou, l ap konprann pri Bondye te peye pou tout sa Li te bay lòm, epi l ap konprann gwo anvi ki nan kè Bondye pandan L ap tann avèk anpil pasyon pou lòm tounen vin jwenn Li. Pèsonn pa janm fouye chèche konnen tout sekrè sa yo konsènan sous lavi lòm ansanm ak fason li kontinye a. Se sèl Bondye, ki konprann tout sa, ki andire an silans blesi ak gwo kou lòm ba Li, li menm ki resevwa tout bagay nan men Bondye, epoutan li toujou rete engra. Lòm jwi tout sa lavi a pote yon fason toutafè natirèl, epi menm jan an tou, li «toutafè natirèl» pou lòm trayi Bondye, pou l bliye Bondye, epi pou l fè chantaj ak Bondye. Èske plan Bondye a vrèman enpòtan konsa? Èske lòm—èt vivan sa a ki soti nan men Bondye a—vrèman enpòtan konsa? Plan Bondye a enpòtan san okenn dout, men èt vivan men Bondye kreye a egziste pou byen plan Li a. Se poutèt sa, Bondye pa kapab detwi plan Li poutèt rayisman Li genyen pou limanite sa a. Se pou byen plan Li a ansanm ak souf ki soti nan bouch Li a Bondye andire tout soufrans yo—se pa pou chè lòm, men se pou lavi lòm. Li fè sa pou L reprann lavi Li te soufle a, men se pa pou L reprann chè lòm. Sa a se plan Li.

Tout moun ki vin nan mond sa a dwe pase nan pwosesis lavi ak lanmò, epi pifò ladan yo te fè eksperyans sik lavi ak lanmò. Moun ki vivan yo pral mouri talè, epi moun ki mouri yo pral retounen talè. Tout sa yo se vwayaj lavi Bondye te aranje pou chak èt vivan. Epoutan vwayaj ak sik lavi sa yo se reyalite menm Bondye vle lòm wè a: Lavi Bondye bay lòm nan ap koule san rete epi ni chè a, ni tan, ni espas pa limite l. Sa a se mistè lavi Bondye bay lòm nan, epi se prèv tou lavi soti nan Bondye okòmansman. Malgre anpil moun pa kwè lavi lòm soti nan Bondye, kit yo kwè Bondye egziste oswa yo nye egzistans Bondye, tout moun jwi tout sa ki soti nan Bondye yon fason inevitab. Si yon jou Bondye ta chanje lide toudenkou epi Li ta vle reprann tout bagay sou tè a epi Li ta vle reprann lavi L, lè sa a anyen nan tout sa p ap egziste. Bondye sèvi ak lavi Li pou L bay tout bagay pwovizyon kit yo vivan kit yo pa vivan, epi avèk gwo pouvwa Li ak otorite L Li fè tout sa mache nan lòd. Sa se yon reyalite pèsonn pa kapab imajine epi ki difisil tou pou nenpòt moun konprann. Reyalite sa yo lòm twouve ki difisil pou konprann yo se egzakteman manifestasyon ak prèv pouvwa lavi Bondye. Nan pwen sa a, M ap di ou yon sekrè: Pa gen okenn kreyati Bondye ki kapab sonde grandè lavi Bondye ak enèji lavi Li. Se konsa sa ye kounye a, se te konsa nan tan lontan, epi se konsa sa ap ye tou nan lavni. Dezyèm sekrè M ap di ou la se sa a: Sous lavi pou tout kreyati yo soti nan Bondye. Kèlkeswa jan fòm ak estrikti lavi yo kapab diferan, epi kèlkeswa kalite èt vivan ou ye, ou pa kapab ale kont chemen lavi Bondye te trase a. Nan nenpòt ka, Mwen sèlman espere lòm kapab konprann sa a: San swen ak pwoteksyon Bondye epi san pwovizyon Bondye, lòm p ap resevwa tout sa l ta dwe resevwa a, kèlkeswa jan l eseye avèk dilijans oswa kèlkeswa jan l goumen. Si lòm pèdi pwovizyon lavi Bondye ba li a, lè sa a li pèdi valè pou l viv la epi li pèdi siyifikasyon lavi a. Kòman Bondye ta kapab pèmèt lòm, ki gaspiye valè lavi Bondye a san okenn rezon, pran tèt li alèz konsa? Se jan Mwen te di l anvan an: Pa bliye Bondye se sous lavi ou. Si lòm pa bay tout sa Bondye ba li yo valè, nonsèlman Bondye ap reprann sa L te bay nan kòmansman an, men sa ki pi rèd la L ap fè lòm peye doub pri a pou ranbouse tout sa Bondye te depanse a.

26 me 2003

Anvan: Nou Dwe Konsidere Aksyon Nou Yo

Apre: Soupi Toupisan an

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger