Travay ak Antre (8)
Mwen di plizyè fwa travay Bondye nan dènye jou yo fèt nan objektif pou chanje kè chak moun, pou chanje nanm chak moun, yon fason pou kè yo, ki sibi gwo chòk, kapab touche epi chanje, konsa pou sove nanm yo, ki te sibi domaj pwofon akoz peche; se nan objektif pou reveye lespri yo, pou fonn kè yo ki frèt la, epi pèmèt li reprann lavi. Sa se pi gwo entansyon Bondye. Pou kounye a, ann mete sou kote kesyon ki gen rapò ak nivo devlopman lavi lòm ak pwofondè eksperyans li, kèlkeswa nivo yo ta rive, lè kè moun yo vin reveye, lè yo leve sot nan rèv yo epi yo vin byen konnen tout dega gwo dragon wouj la lakòz la, travay ministè Bondye a ap fin akonpli. Jou travay Bondye a fini an, se jou sa a tou kote lòm kòmanse ofisyèlman sou bon chemen lafwa nan Bondye a. Nan moman sa a, ministè Bondye ap rive nan bout li, sa vle di travay Bondye ki tounen lachè a ap fini nèt. Lè sa lòm pral kòmanse ofisyèlman akonpli devwa li dwe akonpli a — li pral akonpli ministè pa li. Sa yo se etap travay Bondye a. Se poutèt sa, nou ta dwe chèche chemen pou antre nan reyalite a, apati konesans nou genyen sou bagay sa yo. Tout sa, se bagay nou dwe konprann. Se sèlman lè lòm fin sibi yon chanjman nan fon kè li l ap kapab antre pi byen nan reyalite a, paske travay Bondye se sali konplè lòm — lòm ki te rachte, ki toujou ap viv anba fòs fènwa yo, epi ki pa t janm reveye — pou lòm ka soti nan kote demon yo rasanble a; se pou lòm kapab libere anba plizyè milye ane peche, epi pou l kapab vin moun Bondye renmen, epi pou yo kapab voye gwo dragon wouj la jete jiska lanmò li, pou wayòm Bondye a kapab tabli fèm, epi pou kè Bondye ka jwenn repo pi vit; se pou pèmèt nou eksprime, san rezèv, tout rayisman k ap bouyi nan lestomak nou, pou elimine mikwòb mwazi sa yo, pou pèmèt nou soti anba lavi sa a ki pa diferan de lavi yon bèf oswa lavi yon cheval, pou nou pa esklav ankò, pou gwo dragon wouj la pa kontinye pilonnen nou ni pase nou lòd jan l vle ankò; nou p ap fè pati nasyon ki echwe sa a ankò, nou p ap fè pati gwo dragon wouj la ankò, li menm peche l yo ki rive jis nan syèl la, epi nou p ap esklav li ankò. Bondye ap kraze nich demon yo an miyèt moso kanmenm, epi nou pral kanpe bò kote Bondye — se pou Bondye nou ye, e nou pa fè pati anpi esklav sa a. Depi lontan Bondye rayi sosyete fènwa sa a jis nan zo Li. Li manje dan Li, Li pa ka tann pou Li poze pye Li sou vye sèpan sa a ki chaje ak peche ki pi orib yo, pou l pa kapab leve ankò pou tout letènite, epi pou l pa janm fè lòm okenn mal ankò; Li p ap eskize aksyon li te fè nan tan lontan yo, Li p ap tolere fason li twonpe lòm nan, epi Li pral regle avè l pou chak peche li te fè pandan tout epòk yo. Bondye p ap kite chèf tout fòs mal yo Li p ap ba li okenn chans, pa menm nan pi piti mezi a;[1] Li pral detwi l nèt!
Tè sa a, ki sal depi plizyè milye ane, si tèlman sal anpil, li prèske enposib pou sipòte sa, mizè gaye toupatou, fantom ap kouri toupatou san kontwòl, y ap fè riz epi y ap twonpe moun, y ap fè akizasyon san fondman,[2] y ap sèvi ak metòd ki mechan san okenn pitye, y ap pilonnen vil fantom sa a epi kite kadav gaye toupatou ladan li; Sant kadav k ap pouri anvayi tout tè a epi li gaye nan lè a, epi y ap veye l ak vijilans.[3] Kiyès ki kapab wè mond ki pi lwen pase syèl yo? Dyab la mare tout kò lòm byen sere, li bouche toude je ak yon vwal l, epi li fèmen bouch li byen di. Wa dyab yo fè dega pandan plizyè milye ane, rive jouk jounen jodi a, kote l ap kontinye siveye vil fantom ak anpil atansyon, kòmsi se te yon palè demon pèsonn pa ka penetre; pandanstan, bann chen gad sa yo ap fikse ak je yo louvri byen gran, yo pè anpil pou Bondye pa pran yo pa sipriz epi elimine yo tout nèt, san Li pa kite okenn kote pou yo gen lapè ak kè kontan. Kijan moun ki nan yon vil fantom konsa ta kapab janm wè Bondye? Èske yo ta kapab janm pwofite tandrès ak bèlte Bondye? Èske yo ta kapab janm konprann sa ki gen rapò ak mond lèzòm nan? Kiyès nan nou ki ka konprann entansyon Bondye genyen ak tout kè Li yo? Se pa etonan, donk, pou Bondye ka vin nan lachè a rete kache nèt: Nan yon sosyete fènwa konsa, kote demon yo san pitye e yo pa gen okenn tras limanite nan yo, kòman wa demon yo, k ap touye moun san li pa bat je l, ta kapab tolere egzistans yon Bondye ki gen anpil lanmou, ki gen bonte, epi ki sen tou? Kòman li ta kapab bat bravo epi aklame arive Bondye? Bann souflantchou sa yo! Yo rann mal pou byen, sa gen lontan depi yo te kòmanse trete Bondye tankou lènmi yo, y ap maltrete Bondye, yo sovaj anpil, yo pa gen okenn konsiderasyon ditou pou Bondye, yo atake moun epi yo piye yo, yo pèdi tout konsyans yo, yo aji kont tout sa konsyans yo mande, epi yo twonpe limanite ki inosan jiskaske yo angoudi lespri li. Ki zafè siksesè ansyen saj yo? Ki zafè lidè byenneme sa? Yo tout se yon bann mechan ki opoze ak Bondye! Se paske yo bouch yo nan tout bagay ki lakoz tout sa ki anba syèl la nan yon eta fènwa ak dezòd! Ki istwa libète relijyon sa a? Ki dwa ak enterè lejitim sitwayen yo? Tout sa se trik pou kouvri mechanste! Kiyès ki te soutni travay Bondye a? Kiyès ki te bay lavi yo oswa san yo te koule pou travay Bondye a? Lèzòm, ki te rete nan esklavaj pandan plizyè jenerasyon, kote esklavaj la te nan yon liy san rete soti nan paran pou rive nan pitit yo, vin mete Bondye nan esklavaj san okenn konsiderasyon — kijan pou sa pa ta pwovoke yon kòlè ki pa janm sispann? Plizyè milye ane rayisman konsantre nan kè a, plizyè dizèn milye ane mechanste grav nan kè a—kijan sa pa ta pwovoke rayisman? Vanje Bondye, detwi lènmi Li a nèt — ann wè si l ap ka kontinye fè dega epi gouvène kòm tiran apre sa! Kounye a se moman an: Sa gen lontan depi lòm rasanble tout fòs li, epi li pral konsakre tout efò li, enèji li ak sakrifis li epi li pral peye kèlkeswa pri a pou sa, pou l rache figi lèd dyab sa a epi pèmèt moun yo, ki te avèg, epi ki andire tout kalite soufrans ak difikilte, leve anba doulè yo epi rebele kont ansyen dyab mechan sa a. Poukisa nou bloke travay Bondye a ak tout fò nou opwen pa menm yon gout pa ka pase? Poukisa nou itilize divès trik pou twonpe pèp Bondye a? Kote vrè libète ak dwa ansanm ak enterè lejitim yo ye? Kote jistis la ye? Kote konsolasyon an ye? Kote chalè a ye? Poukisa nou fè konplo pou twonpe pèp Bondye a? Poukisa nou itilize fòs pou anpeche Bondye vini? Poukisa nou pa pèmèt Bondye mache alèz sou tè Li te kreye a? Poukisa nou pèsekite Bondye san rete jis Li pa gen okenn kote pou L poze tèt Li? Kote chalè pami moun yo ye? Kote akèy moun yo rezève pou Li a? Poukisa nou lakòz Bondye gen yon gwo anvi dezespere konsa? Poukisa nou fè Bondye ap pede rele nou konsa? Poukisa nou pouse Bondye rive nan pwen kote Li enkyete L pou Pitit gason byenneme Li a? Sosyete fènwa sa a ansanm ak chen gad mizerab sa yo—poukisa yo pa pèmèt Bondye antre soti jan L vle nan mond Li te kreye a? Poukisa lòm, k ap viv nan mitan soufrans, pa konprann? Se pou nou, Bondye andire gwo doulè, ak gwo lapenn k ap rache kè L, Li te bay Pitit gason byenneme Li a, pwòp chè Li ak pwòp san Li, pou L te ka ofri nou Li — alò poukisa nou kontinye fèmen je nou sou sa? Devan je tout moun, nou rejte vini Bondye a, epi nou refize amitye Bondye. Poukisa nou san konsyans konsa? Èske nou vle kontinye ap andire enjistis nan yon sosyete fènwa konsa? Poukisa, olye pou nou ta plen vant nou ak rayisman ki gen plizyè milye ane depi l ap akimile, nou pito boure vant nou avèk <<poupou>> wa demon an?
Ki gwosè obstak ki genyen nan travay Bondye a? Èske gen yon moun ki te janm konn sa? Piske moun yo bloke anba gwo kwayans sipèstisye ki anrasinen byen fon anndan yo, kiyès ki kapab konnen vrè figi Bondye? Avèk konesans kiltirèl demode sa a ki sitèlman san pwofondè epi ki absid, kijan yo ta kapab konprann pawòl Bondye pale yo konplètman? Menm lè yo pale avèk yo fasafas, epi yo nouri yo bouch a bouch, kijan yo ta kapab konprann? Pafwa se tankou y ap jwe mizik pou yon bèf k ap manje zèb: Moun yo pa gen okenn reyaksyon ditou, y ap souke tèt yo epi yo pa konprann anyen. Kijan pou sa pa ta bay gwo enkyetid? «Istwa kiltirèl ak konesans kiltirèl ansyen ki lwen»[4] sa a nouri yon gwoup moun ki tèlman pa vo anyen. Ki kilti ansyen—ki eritaj presye? Se yon pil fatra! Sa gen lontan depi li tounen yon wont ki p ap janm fini, epi li pa vo lapenn pou yo mansyone li! Li anseye moun yo riz ak teknik pou yo opoze ak Bondye, epi «gidans ki byen òdone e ki dou»[5] edikasyon nasyonal la fè moun yo vin pi rebèl toujou kont Bondye. Chak pati nan travay Bondye a difisil anpil, epi chak etap nan travay Li sou tè a mete Bondye nan yon pozisyon ki trè konplike. Ala travay Li sou tè a difisil anpil! Ala pa L ap fè nan travay Li sou tè a difisil anpil: Pou feblès, limit, mank matirite, inyorans, ak tout bagay ki konsène lòm, Bondye fè plan ki byen detaye epi Li pran tout bagay an konsiderasyon. Lòm tankou yon tig an papye moun pa oze kontrarye ni pwovoke; apèn yo manyen l, li atake, oubyen li tonbe epi li pèdi wout li, epi se kòmsi, depi gen yon ti mank atansyon, li retounen nan menm eta l te ye a, oubyen li inyore Bondye, oubyen l al kouri jwenn paran l yo ki sanble ak kochon ak chyen pou l lage kò l nan bagay sal ki nan kò yo. Ala yon gwo obstak! Nan prèske chak etap travay Li, Bondye sibi yon tès, epi nan prèske chak etap Bondye riske gwo danje. Pawòl Li yo sensè epi yo serye, e yo pa gen okenn malveyans, epoutan kiyès ki dispoze pou l aksepte yo? Kiyès ki dispoze pou l soumèt nèt? Sa fann kè Bondye. Li fatige tèt Li lajounen kou lannuit pou lòm, Li anvayi ak enkyetid pou lavi lòm, epi Li fè konsesyon pou feblès lòm. Li andire anpil gwo difikilte ak detou nan chak etap travay Li a, pou chak pawòl Li pale; Li toujou twouve L nan yon sitiyasyon kote Li pa konn sa pou L fè, epi L ap panse ak feblès, rebelyon, mank matirite, ak vilnerabilite lòm... lajounen kou lannuit fwa apre fwa. Kiyès ki te janm konn sa? Bay kiyès Li ka louvri kè Li? Kiyès ki t ap kapab konprann? Li toujou rayi peche lòm, ansanm ak mank karaktè lòm, lachte lòm, epi Li toujou ap enkyete pou vilnerabilite lòm, epi L ap reflechi sou chemen ki devan lòm nan. Pandan L ap gade pawòl ak aksyon lòm, Li toujou ranpli ak mizerikòd, ansanm ak kòlè, epi bagay sa yo toujou pote gwo doulè nan kè Li, lè L wè yo. Apre tou, lòm ki inosan vin angoudi; poukisa pou Bondye ta toujou ap rann bagay yo difisil pou li? Lòm ki vilnerab pèdi tout pèseverans li nèt; poukisa pou Bondye ta toujou gen yon kòlè ki pa janm bese kont li? Lòm ki fèb epi ki san fòs pa gen okenn vitalite ankò; poukisa pou Bondye ta toujou ap reprimande l pou rebelyon l lan? Kiyès ki kapab reziste anba menas Bondye ki nan syèl la? Apre tou, lòm fèb, epi kòm Li pa gen absoliman okenn lòt chwa, Bondye bloke kòlè Li nan fon kè Li, Li pèmèt lòm pran tan l pou l reflechi sou tèt li. Epoutan lòm, k ap soufri anpil, pa apresye entansyon Bondye yo ditou. Ansyen wa dyab yo pilonnen l anba pye li men li pa rann li kont ditou, epi li toujou mete tèt li kont Bondye, oubyen li pa ni cho ni frèt ak Bondye. Bondye pale anpil pawòl, epoutan kiyès ki te janm pran yo oserye? Lòm pa konprann pawòl Bondye yo, epoutan li pa boulvèse ni li pa gen okenn swaf; li pa t janm vrèman konnen esans vye dyab la. Moun ap viv kote mò yo ye a, nan lanfè, men yo kwè y ap viv nan yon «palè anba lanmè»; gwo dragon wouj la ap pèsekite yo, epoutan yo panse yo jwenn «favè»[6] nan men leta; dyab la ap pase yo nan rizib epoutan yo panse y ap pwofite atizana siperyè lachè a. Ala yon bann voryen ki sal epi ki ba! Lòm rankontre ak malè, men li pa konn sa, epi nan sosyete fènwa sa a li sibi kalamite sou kalamite,[7] epoutan li pa janm reveye. Kilè l ap wete dispozisyon l genyen pou l trete tèt li byen an ak dispozisyon esklav li genyen an? Poukisa li manke konsiderasyon pou kè Bondye? Èske l aksepte opresyon ak difikilte sa a an silans? Èske li pa swete pou jou a rive kote l ka chanje fènwa tounen limyè? Èske li pa swete rekipere jistis ak laverite yo te fè lenjistis yo? Èske li dispoze gade moun k ap rejte laverite epi y ap tòde reyalite yo san l pa fè anyen? Èske li dispoze kontinye andire lenjistis sa a? Èske l dispoze pou l vin yon esklav? Èske l dispoze pou l peri nan men Bondye ansanm ak esklav peyi ki echwe sa a? Kote detèminasyon ou? Kote anbisyon ou? Kote diyite ou? Kote entegrite ou? Kote libète ou? Èske ou dispoze bay tout lavi ou nèt[8] pou gwo dragon wouj la, wa dyab yo? Èske ou dispoze kite l toumante ou jiska lanmò nan lavi sa a? Sifas fon lanmè a nan dezòd epi li fè nwa; pèp la ap plenyen kont Syèl la ak tè a, epi tout kreyati vivan yo plonje nan mizè. Kilè lòm ap kapab leve tèt li byen wo? Lòm mèg epi li fin depafini, kijan li ta kapab lite avèk dyab mechan e tiran sa a? Poukisa li pa bay Bondye lavi li imedyatman l kapab? Poukisa li toujou ap ezite? Kilè li kapab fini travay Bondye a? Y ap pèsekite l epi y ap toupizi l konsa san l pa gen okenn objektif, epi finalman tout lavi l pase anven; poukisa pou l ta twouve l nan tout prese sa a pou l vini, epi tout kouri sa a pou l ale? Poukisa li pa sere yon bagay ki gen anpil valè pou l bay Bondye? Èske li bliye plizyè milye ane rayisman an?
Petèt, anpil moun deteste kèk nan pawòl Bondye yo, oubyen petèt yo pa deteste yo ni yo pa enterese nan yo. Kèlkeswa jan sa ye, reyalite yo pa kapab tounen sa ki fo e san sans; pèsonn pa gendwa pale pawòl ki ale kont reyalite yo. Fwa sa a, Bondye vin nan lachè pou Li fè kalite travay sa a, pou Li fini travay Li poko fini an, pou Li mete fen nan epòk sa a, pou Li jije epòk sa a, pou Li sove moun ki chaje ak peche yo anba mond lanmè soufrans lan epi pou Li transfòme yo nèt. Juif yo te kloure Bondye sou kwa a, sa ki te mete fen nan «vwayaj Bondye nan Jide a». Pa twò lontan apre sa, Bondye Li menm te vini nan mitan lèzòm yon lòt fwa ankò, Li rive an silans nan peyi gwo dragon wouj la. An reyalite, mond relijye eta Juif la te gentan koke imaj Jezi sou mi yo depi lontan, epi ak bouch yo pèp la t ap rele «Seyè Jezikri». Yo pa t menm konnen Jezi te gen tan aksepte lòd Papa Li yon dezyèm fwa depi lontan pou L tounen nan mitan lèzòm, pou L fini dezyèm etap travay Li a Li te poko fini an. Kòm rezilta, pandan tout moun te fikse je yo sou Li, Li pran yo pa sipriz: Li te fèt nan yon lòt mond kote yon epòk te ranplase yon lòt, epi Li parèt nan mitan lèzòm ak aparans yon moun ki òdinè nèt. An reyalite, avèk chanjman epòk yo, abiman L ak tout aparans Li chanje, kòmsi Li te fèt yon lòt fwa. Kijan moun yo ta kapab konnen Li se egzakteman menm Seyè Jezikri la ki te desann sot sou kwa a epi ki te resisite a? Li pa gen okenn mak blese ditou sou Li, menm jan Jezi pa t sanble ak Jewova ditou a. Jezi jodi a gen lontan depi Li pa gen aparans epòk ki pase yo ankò. Kijan moun yo ta kapab rekonèt Li? «Toma» ki sispèk la toujou ap doute si L se Jezi ki resisite a, epi li toujou vle wè mak klou yo nan men Jezi anvan l kapab gen lespri l anpè; san l pa wè yo, l ap toujou kanpe sou yon nyaj dout, epi li p ap kapab poze pye l sou tè fèm pou l suiv Jezi. Podyab «Toma» — kijan li ta kapab konnen Jezi vini pou Li fè travay Bondye Papa a te konfye L la? Poukisa pou Jezi ta bezwen gen mak klou yo sou Li? Èske mak klou sa yo se mak Jezi? Li vini pou Li travay pou volonte Bondye Papa a; poukisa pou L ta vini abiye epi ranje kò L tankou yon Juif ki t ap viv plizyè milye ane de sa? Èske aparans eksteryè Bondye pran nan lachè a kapab anpeche travay Bondye a? Pou kiyès règleman fiks sa a ye? Poukisa, lè Bondye ap travay, sa dwe fèt ann akò ak imajinasyon lòm? Sèl bagay Bondye konsantre sou li nan travay Li, se pou l bay rezilta. Li pa aji dapre lalwa, e pa gen okenn règleman nan travay Li—kijan lòm ta kapab sonde l? Kijan lòm ta kapab byen konprann travay Bondye a lè l konte sou konsepsyon l ak imajinasyon l yo? Kidonk, li t ap pi bon pou nou kalme nou kòrèkteman: Pa fè gwo zafè pou ti detay, epi pa fè yon gwo deblozay pou bagay ki nouvo pou nou, pou nou pa fè tèt nou tounen yon blag, pou lòt moun pa pase ou nan rizib. Ou gen tout ane sa yo ap kwè nan Bondye epoutan ou toujou pa konnen Bondye. Finalman, ou plonje nan chatiman; ou menm, yo plase nan «premye ran an»,[9] yo konte w pami moun k ap resevwa chatiman yo. Li t ap pi bon pou ou pa pran nan pwòp pyèj ou nan chèche fè wè jan ou entèlijan. Èske vizyon kout ou a kapab vrèman wè Bondye, Li menm ki wè tout bagay depi nan letènite pou rive nan letènite? Èske eksperyans san pwofondè ou yo kapab pèmèt ou byen konprann entansyon Bondye yo nèt? Pa vin ògeye. Apre tou, Bondye pa fè pati mond lan—kidonk kijan travay Li ta kapab fèt jan ou te atann nan?
Nòt anba paj:
1. «Chèf tout mechanste» fè referans ak ansyen dyab la. Fraz sa a eksprime yon rayisman ki ekstrèm.
2. «Fè akizasyon san fondman» fè referans ak metòd dyab la itilize pou fè moun yo mal la.
3. «Gen gwo siveyans» endike metòd dyab la itilize pou l fè moun soufri anpil yo sitèlman mechan opwen li gen gwo kontwòl sou moun yo e sa pa ba yo okenn espas pou yo fè mouvman.
4. Yo itilize «lwen» pou pase nan rizib.
5. Yo itilize «gidans ki byen òdone epi ki dou» pou pase nan rizib.
6. Yo itilize «favè» pou pase moun ki sanble pa gen vi nan yo epi ki pa konsyan de tèt yo nan rizib.
7. «Sibi kalamite sou kalamite» endike moun ki fèt nan peyi gwo dragon wouj la pa kapab leve tèt yo byen wo.
8. «Bay tout lavi ou nèt» itilize nan yon sans pejoratif.
9. Yo itilize «premye ran an» pou pase moun k ap chèche Bondye ak anpil zèl yo nan rizib.