Travay ak Antre (6)

Travay ak antre fèt pou pratik; yo fè referans ak travay Bondye ak antre lòm nan. Lefètke lòm fondamantalman pa kapab wè aklè nan vrè figi Bondye ansanm ak nan travay Bondye pote pi gwo difikilte pou antre li. Jouk jounen jodi a, anpil moun toujou pa konnen ki travay Bondye pral akonpli nan dènye jou yo, ni poukisa Bondye te andire gwo imilyasyon pou Li vin nan lachè pou L pataje ni bon ni move moman ansanm ak lòm. Soti nan objektif travay Bondye a rive nan objektif plan Bondye pou dènye jou yo, lòm pa konnen anyen nan bagay sa yo ditou. Pou divès rezon, moun yo toujou endiferan epi pawòl yo pa klè[1] konsènan antre Bondye egzije nan men yo a, sa ki pote gwo difikilte pou travay Bondye fè nan lachè a. Sanble tout moun tounen obstak epi, jouk jounen jodi a, yo toujou pa wè klè. Pou rezon sa a, Mwen panse nou ta dwe pale sou travay Bondye fè sou lòm nan, ansanm ak entansyon ijan Bondye a, pou fè nou tout tounen sèvitè fidèl Bondye ki, menm jan ak Jòb, ta pito mouri olye pou yo ta rejte Bondye, y ap andire tout imilyasyon; epi ki, menm jan ak Pyè, pral bay tout nou menm nèt pou Bondye epi tounen konfidan Bondye genyen nan dènye jou yo. Mwen swete tout frè ak sè yo ta kapab fè tout sa yo kapab epi bay tout yo menm nèt pou volonte selès Bondye, pou yo tounen sèvitè ki sen nan kay Bondye a, epi pou yo jwi pwomès san fen Bondye bay yo, yon fason pou kè Bondye Papa a kapab jwi yon repo pezib san pèdi tan. “Akonpli volonte Bondye Papa a” ta dwe deviz tout moun ki renmen Bondye. Pawòl sa yo ta dwe sèvi kòm gid lòm pou antre li ansanm ak bousòl k ap gide aksyon li yo. Se rezolisyon sa a lòm ta dwe genyen. Fini travay Bondye sou tè a nèt epi kopere ak travay Bondye nan lachè a—sa a se devwa lòm. Yon jou, lè travay Bondye a fini, lòm yo ap di Li orevwa avèk kè kontan pandan L ap retounen bonè al jwenn Papa a ki nan syèl la. Èske sa a se pa responsablite lòm ta dwe akonpli a?

Lè Bondye te retounen nan twazyèm syèl la, nan Epòk Lagras la, travay Bondye t ap fè pou L rachte tout limanite a te deja antre nan dènye faz li an reyalite. Sèl sa k te rete sou tè a se te kwa Jezi te pote sou do L la, bèl twal fen yo te vlope Jezi ladan l lan, ansanm ak kouwòn pikan ak wòb wouj vif Jezi te mete a (bagay sa yo se te objè Juif yo te itilize pou pase L nan rizib). Sa vle di, aprè travay krisifiksyon Jezi a te fin fè yon gwo eskonbrit, bagay yo te vin kalme ankò. Depi lè sa a, disip Jezi yo te kòmanse kontinye travay Li a, yo t ap pran swen legliz yo toupatou kòm bèje epi yo t ap wouze yo. Men sa travay yo a te genyen ladan l: Yo te mande tout moun repanti, konfese peche yo epi batize; e tout apot yo te simaye vrè istwa ak sikonstans reyèl krisifiksyon Jezi a, konsa tout moun pa t gen lòt chwa ke pwostène tèt yo devan Jezi pou yo konfese peche yo; e anplis de sa, apot yo te ale toupatou pou preche pawòl Jezi te di yo. Depi nan pwen sa a, yo te kòmanse bati legliz nan Epòk Lagras la. Sa Jezi te fè pandan epòk sa a se te pale sou lavi lòm tou, ansanm ak entansyon Papa a ki nan syèl la, anpil nan pawòl ak pratik sa yo te diferan anpil de sa k genyen jodi a sèlman, paske se te yon epòk diferan. Sepandan, esans yo se menm: Toude se egzakteman travay Lespri Bondye fè nan lachè. Kalite travay ak deklarasyon sa kontinye pandan tout vwayaj la rive jouk jounen jodi a, e konsa y ap toujou pataje kalite bagay sa nan mond relijye jodi a, epi li pa chanje ditou. Lè travay Jezi a te fini, legliz yo te gentan pran bon chemen Jezikri a. Epoutan, Bondye te inisye plan L lan pou yon lòt etap nan travay Li a, ki se kesyon sou Li k ap vini nan lachè nan dènye jou yo. Jan lòm wè l la, krisifiksyon Bondye a te deja mete yon fen nan travay enkanasyon Bondye a, li te rachte tout limanite, epi sa te pèmèt Li kenbe kle kote mò yo ye a. Tout moun panse travay Bondye a fin akonpli nèt. Anfèt, nan je Bondye, se sèlman yon ti pati nan travay Li a ki te akonpli. Sèl sa L te fè se te rachte limanite; Li pa t konkeri limanite, alewè pou L ta chanje ledè satanik lòm nan. Se poutèt sa Bondye di: “Malgre kò Mwen ki enkane a te pase anba doulè lanmò, sa pa t objektif konplè enkanasyon Mwen an. Jezi se Pitit Gason byenneme Mwen, e Li te kloure sou kwa a pou Mwen, men Li pa t mete fen nan travay Mwen an nèt. Li te fè yon pati ladan l sèlman.” Konsa Bondye te inisye dezyèm seri plan an pou kontinye travay enkanasyon an. Entansyon final Bondye se te pou L pèfeksyone epi genyen tout moun ki sove anba grif Satan yo, se sa k fè Bondye te prepare, yon lòt fwa ankò, pou L afwonte danje ki genyen nan vini nan lachè. Sa “enkanasyon” vle di se vini san glwa (paske travay Bondye a poko fini), men parèt pito nan idantite Pitit Gason byenneme a, kòm Kris, ki fè Bondye plezi anpil la. Se poutèt sa yo di sa se “afwonte danje”. Kò ki enkane a gen yon fòs ki fèb anpil epi Li dwe fè anpil atansyon[2], epi pouvwa Li kanpe lwen anpil parapò ak otorite Papa a ki nan syèl la; Li sèlman akonpli fonksyon lachè a, Li konplete travay Bondye Papa a ansanm ak komisyon Li an san Li pa enplike nan lòt travay, epi Li konplete yon sèl pati nan travay la sèlman. Se poutèt sa yo te bay Bondye non “Kris la” kou L te vini sou tè a — se sa ki sans ki kache nan non sa a. Rezon ki fè yo di arive sa vini avèk eprèv se paske se yon sèl moso nan travay la ki ap konplete. Anplis de sa, Bondye Papa a rele Li sèlman “Kris” ak “Pitit Gason byenneme”, men Li pa ba Li tout glwa a, egzakteman paske kò ki enkane a vini pou l fè yon sèl moso nan travay la, se pa pou l reprezante Papa a ki nan syèl la, men se pito pou l akonpli fonksyon Pitit Gason byenneme a. Lè Pitit Gason byenneme a fin konplete tout komisyon Li te aksepte sou zepòl Li a, lè sa a Papa a ap ba Li tout glwa a ansanm ak idantite Papa a. Yon moun ka di sa a se “lwa syèl la”. Paske Moun ki vini nan lachè a ak Papa a ki nan syèl la twouve Yo nan de domèn diferan, Yo toude ap gade youn lòt sèlman nan Lespri, Papa a ap voye je sou Pitit Gason byenneme a men Pitit Gason an pa kapab wè Papa a ki lwen L. Se paske fonksyon lachè a kapab akonpli yo twò piti e yo kapab touye Li nan nenpòt ki moman, ki fè arive sa a chaje ak gwo danje. Sa ekivalan ak Bondye ki lage Pitit Gason byenneme Li a nan bouch yon tig ankò, kote lavi Li an danje, kote L mete L nan yon kote ki gen pi gwo konsantrasyon Satan an. Menm nan sikonstans grav sa yo, Bondye te toujou remèt Pitit Gason byenneme Li a bay moun ki nan yon kote ki plen ak enpite ansanm ak imoralite pou yo ka “elve L pou L vin granmoun”. Se paske aji nan fason sa a se sèl mwayen pou fè travay Bondye a parèt apwopriye epi natirèl, epi se sèl mwayen pou akonpli tout volonte Bondye Papa a epi konplete dènye pati travay Li a nan mitan limanite. Jezi pa t fè plis pase akonpli yon sèl etap nan travay Bondye Papa a. Akoz baryè kò ki enkane a te enpoze a ansanm ak diferans ki genyen nan travay ki gen pou konplete a, Jezi Li menm pa t konnen t ap gen yon dezyèm retou nan lachè. Se poutèt sa, pa gen okenn espesyalis biblik ni okenn pwofèt ki te oze bay pwofesi aklè ki fè konnen Bondye t ap enkane ankò nan dènye jou yo, sa vle di, Li t ap vini nan lachè ankò pou fè dezyèm pati travay Li a nan lachè. Se poutèt sa, pa gen pèsonn ki te reyalize Bondye te deja kache tèt Li nan lachè depi lontan. Sa pa etonan, piske se aprè Jezi te fin resisite sot nan lanmò epi L te monte nan syèl la Li te aksepte komisyon sa a, kidonk pa gen okenn pwofesi aklè sou dezyèm enkanasyon Bondye a, epi lespri moun pa kapab rive konprann sa ditou. Nan tout pil liv pwofesi ki nan Bib la, pa gen okenn pawòl ki mansyone sa aklè. Men lè Jezi te vini pou L fè travay Li, te deja gen yon pwofesi klè ki te di yon vyèj pral vin ansent, epi l ap fè yon pitit gason, sa vle di L te vin fòme nan vant manman l grasa Sentespri a. Malgre sa, Bondye te toujou di te gen risk pou Li mouri lè sa te fèt, ebyen alewè jodi a? Sa pa etonan Bondye di enkanasyon sa a nan yon nivo danje ki plizyè milye fwa pi gwo pase sa ki te genyen pandan Epòk Lagras la. Nan anpil kote, Bondye pwofetize L ap genyen yon gwoup venkè nan tè Sinim nan—se nan Lès mond lan venkè yo gen pou fèt. Konsa, kote Bondye poze pye L nan dezyèm enkanasyon Li a, se san dout nan tè Sinim nan, zòn egzak kote gwo dragon wouj la kouche anwoule. Se la, Bondye pral genyen desandans gwo dragon wouj la pou l ka bat li nèt epi fè l wont nèt. Bondye pral reveye moun sa yo, ki gen yon gwo fado soufrans sou do yo, L ap souke yo jiskaske yo byen reveye, epi L ap fè yo soti nan bwouya a epi rejte gwo dragon wouj la. Y ap leve sot nan rèv yo a, y ap rekonèt nati gwo dragon wouj la, y ap kapab bay Bondye tout kè yo, y ap leve kanpe anba opresyon fòs fènwa yo, y ap kanpe nan Lès mond lan, epi y ap tounen prèv viktwa Bondye. Se sèlman nan fason sa a Bondye pral jwenn laglwa. Pou rezon sa a sèlman, Bondye mennen travay ki te fini ann Izrayèl la vin nan peyi kote gwo dragon wouj la kouche anwoule a epi, prèske demil ane aprè L te fin pati, Li vini yon lòt fwa ankò nan lachè pou L kontinye travay Epòk Lagras la. Nan je lòm, Bondye ap lanse yon nouvo travay nan lachè. Men nan je Bondye, L ap kontinye travay Epòk Lagras la, sèlman avèk yon poz de kèk milye ane, epi sèlman avèk yon chanjman nan kote ansanm ak pwogram travay Li a. Malgre imaj kò ki enkane a pran nan travay jodi a parèt konplètman diferan de imaj Jezi a, Yo soti nan menm esans ak menm rasin nan, epi Yo soti nan menm sous la. Petèt koki deyò Yo a diferan nan plizyè fason, men vrè istwa travay Yo a idantik. Apre tou, epòk yo diferan menm jan lannwit ak lajounen. Kidonk, kòman travay Bondye a ka fè swiv yon fòmil ki pa janm chanje? Oubyen ki jan diferan etap nan travay Li a ta ka bare youn lòt?

Jezi te pran aparans yon Juif, Li te konfòme L ak fason Juif yo te konn abiye, epi L te grandi ap manje manje Juif. Sa a se aspè imen nòmal Li. Men jodi a kò ki enkane a pran fòm yon sitwayen nan Azi epi L grandi nan peyi gwo dragon wouj la. Bagay sa yo pa an kontradiksyon ditou ak objektif enkanasyon Bondye a. Okontrè, yo konplete youn lòt, sa ki fè siyifikasyon enkanasyon Bondye akonpli pi plis toujou. Paske yo rele kò ki enkane a “Pitit lòm nan” oswa “Kris la”, nou pa ka pale de koki ekstèn Kris la ki la jodi a nan menm nivo ak Jezikri. Apre tou, yo rele kò lachè sa a “Pitit lòm nan” epi Li gen imaj yon kò lachè. Chak etap nan travay Bondye a genyen yon siyifikasyon ki trè pwofon ladan l. Jezi te vin fòme nan vant manman L grasa Sentespri a paske Li te gen pou L rachte pechè yo. Li te dwe san peche. Men se sèlman alafen, lè Li te oblije pran resanblans lachè ki gen peche epi Li te pran peche pechè yo sou Li, Li te sove yo anba kwa modi a, kwa Bondye te sèvi pou L chatye limanite a. (Kwa a se zouti Bondye itilize pou Li madichonnen epi chatye limanite; chak fwa yo mansyone madichonnen ak chatye, sa fè referans espesyalman ak pechè yo.) Objektif la se te pou asire tout pechè yo t ap repanti epi, pa mwayen krisifiksyon an, pou fè yo konfese peche yo. Sa vle di, nan objektif pou rachte tout limanite, Bondye te enkane nan yon kò lachè ki te fòme nan vant manman L grasa Sentespri a epi L te pran peche tout limanite sou Li. Pou dekri sa nan langaj toulejou, Li te ofri yon kò lachè ki sen an echanj pou tout pechè yo, sa ki ekivalan ak lè yo mete Jezi kòm yon ofrann pou peche devan Satan pou “sipliye” Satan pou l pran tout limanite inosan li te pilonnen an epi remèt li bay Bondye. Se poutèt sa l te nesesè pou L te fòme nan vant manman L grasa Sentespri a pou etap sa a nan travay redanmsyon an akonpli. Sa te yon kondisyon nesesè, yon “trete lapè” nan batay ant Bondye Papa a ak Satan. Se poutèt sa se sèlman aprè yo te fin remèt Jezi bay Satan etap travay sa a te konkli. Sepandan, jodi a travay redanmsyon Bondye a reyalize yon nivo grandè san parèy, epi Satan pa gen okenn pretèks ankò pou l fè egzijans, kidonk Bondye pa bezwen fòme nan vant manman L grasa Sentespri a ankò pou Li enkane. Piske natirèlman Bondye sen epi Li inosan, nan enkanasyon sa a Bondye pa Jezi nan Epòk Lagras la ankò. Sepandan, enkanasyon sa a toujou la poutèt volonte Bondye Papa a epi pou li ka mennen dezi Bondye Papa a nan yon akonplisman konplè. Asireman sa a se pa yon fason ki pa rezonab pou eksplike bagay yo, pa vre? Èske lè Bondye vini nan lachè Li dwe swiv règleman?

Anpil moun ap chèche prèv nan Bib la, nan lespwa y ap jwenn yon pwofesi sou enkanasyon Bondye a. Kijan lòm ta ka fè konnen depi lontan Bondye sispann “travay” nan Bib la epi Li depase limit li yo pou L antreprann, avèk anpil plezi, travay Li te planifye depi lontan an men L pa t janm pale lòm de li a avèk panse san koyerans epi ki dekonekte li yo? Moun yo twò manke rezon. Aprè yo fèk goute yon ti kras nan dispozisyon Bondye, y ap monte sou yon estrad epi yo chita nan yon “chèz woulant” kalite siperyè ak anpil endiferans pou yo enspekte travay Bondye a, yo menm ale twò lwen, yo kòmanse edike Bondye ak diskou k ap fè grandizè epi k ap vire won sou tout bagay anba solèy la. Gen anpil “ti granmoun” ki, ak linèt lekti nan je l epi k ap pase men nan bab li, louvri paj ki vin jòn nan “ansyen almanak” (Bib) la li pase tout yon lavi l ap li a. Pandan l ap bougonnen pawòl epi ak je l ki sanble ap briye avèk enèji, kounya li vire nan Liv Revelasyon an, kounya nan Liv Dànyèl la, epi kounya nan Liv Ezayi a ke tout moun byen konnen. Pandan je l fikse sou paj aprè paj ki chaje ak ti mo toupiti, l ap li an silans, pandan sèvo l ap travay san rete. Bridsoukou, men k ap karese bab la rete epi l kòmanse rale l. Detanzantan ou ka tande son pwal nan bab k ap rache. Kalite konpòtman dwòl sa a pran moun pa sipriz. “Poukisa l sèvi ak tout fòs sa? Poukisa l fache konsa?” Lè nou gade ti granmoun nan ankò, nou wè sousi li kanpe pwent kounye a. Pwal blan nan sousi a desann, tankou plim zwa, egzakteman a de santimèt parapò ak po je ti granmoun sa a, kòmsi se te pa aza epoutan se nan yon fason tèlman pafè. Ti granmoun nan kenbe je l fikse sou paj yo ki sanble kouvri ak mwazi, l ap plede reli menm paj yo. Li pa ka anpeche tèt li sote kanpe epi l kòmanse ap pale vit kòmsi l ap fè yon ti pale[3] ak yon moun, malgre ti limyè k ap soti nan je l la pa janm kite almanak la. Bridsoukou li kouvri paj li ye a epi l vire imedyatman sou “yon lòt mond”. Mouvman l yo gen anpil presipitasyon[4] ladan yo epi yo fè moun pè, jiskaske yo prèske pran moun pa sipriz. Nan moman sa, sourit ki te soti nan twou l la epi, pandan l te an silans lan, ki te kòmanse santi l ase alèz pou l deplase lib la, vin tèlman panike akoz mouvman l yo moun pa t atann nan kote li kouri tounen vit antre nan twou a epi l disparèt ladan l tankou lafimen, san li pa janm parèt ankò. Epi kounye a, men goch ti granmoun nan rekòmanse mouvman pase men nan bab li a ke li te kanpe pou yon ti moman an, anlè ak anba, anlè ak anba. Li leve kite chèz li a, li kite liv la sou biwo a. Van an antre nan fant pòt la ak nan fenèt ki ouvri a, san pitye li soufle liv la fèmen, epi li ouvri l ankò. Sanble gen yon tristès ki pa ka eksplike nan sèn sa a, e eksepte pou son paj liv yo van an ap vante a, se kòmsi tout bagay tonbe an silans. Li menm, ak de men l kwaze dèyè do l, l ap fè ale vini nan pyès la, detanzantan l kanpe, detanzantan l kòmanse, l ap souke tèt li detanzantan, epi nan bouch li sanble l ap repete pawòl sa yo: “O! Bondye! Èske Ou t ap reyèlman fè sa?” Detanzantan li di tou, pandan l ap souke tèt li wi, “Bondye! Kiyès ki kapab sonde travay Ou a? Èske li pa difisil pou chèche tras Ou yo? Mwen kwè Ou pa fè bagay pou kreye pwoblèm san rezon.” Nan moman an, ti granmoun nan fonse sousi li byen di epi li fèmen je l fò, li montre li jennen, epi l bay yon ekspresyon ki chaje ak anpil doulè, kòmsi l ap pran tan l pou l konsidere bagay la avèk anpil swen. Podyab ti granmoun sa! Pou l te viv tout lavi l epi “malerezman” pou l tonbe sou bagay sa a nan aswè lavi li. Kisa moun ka fè pou sa? Mwen menm tou Mwen pa gen solisyon epi Mwen san fòs pou Mwen fè anyen. Kiyès pou nou bay tò dèske ansyen almanak li a vin jòn avèk laj? Kiyès pou nou bay tò dèske bab li ak sousi l kouvri, diferan pati nan figi l nèt ale, tankou nèj blan? Se kòmsi pwal ki nan bab li a reprezante ansyènte l. Epoutan kiyès ki te konnen lòm ta kapab vin sòt nan yon nivo kote l t ap chèche prezans Bondye nan yon ansyen almanak? Konbyen fèy papye yon ansyen almanak kapab genyen? Èske li vrèman kapab anrejistre tout zèv Bondye yo yon fason ki konplè nèt? Kiyès ki oze garanti sa? Epoutan, lòm reyèlman panse li ka chèche aparisyon Bondye epi satisfè entansyon Bondye yo nan diskite sou ti detay ki nan mo yo[5, nan espwa sa ap pèmèt li antre nan lavi a. Men, ki jan bagay sa yo ta kapab fasil konsa? Èske sa a se pa yon fo rezònman ki nan yon nivo ki pi absid e ki san sans lan? Èske ou pa wè sa ridikil?

Nòt anba paj:

«Pawòl yo pa klè» endike moun yo pa gen yon entèlijans klè sou travay Bondye a.

2. “Gen yon fòs ki fèb anpil epi Li dwe fè anpil atansyon” endike gen twòp difikilte lachè a, epi travay yo fèt la twò limite.

3. “Ti pale” se yon metafò pou figi lèd moun genyen lè y ap fè rechèch sou travay Bondye a.

4. “anpil presipitasyon” fè referans ak mouvman ki fèt ak anpresman e k ap prese “ti granmoun” nan fè pandan l ap sèvi ak Bib la kòm referans.

5. “Diskite sou ti detay ki nan mo yo” itilize kòm iwoni pou ekspè nan fo rezònman san sans yo, k ap pèdi tan yo nan rache mo yo men ki pa chèche laverite oswa ki pa konnen travay Sentespri a.

Anvan: Travay ak Antre (5)

Apre: Travay ak Antre (8)

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger