Travay ak Antre (9)
Tradisyon etnik ki anrasinen byen fon yo ak fason moun yo wè bagay yo mete yon lonbray sou lespri lòm ki pi ak inosan tankou lespri yon timoun, twò bonè, kote y ap frape nanm lòm san okenn ti tras «limanite», kòmsi se ak yon enpasyalite ki di tankou fè. Metòd dyab sa yo itilize yo ekstrèmman kriyèl, epi se kòmsi «edikasyon» ak «fòmasyon» tounen metòd tradisyonèl wa dyab yo itilize pou l touye lòm. Avèk «ansèyman pwofon» li an, li kouvri nanm lèd li a nèt; lè l abiye ak po mouton, li eseye jwenn konfyans lòm, epi li pwofite okazyon lè lòm plonje nan letaji ak angoudisman pou l devore l nèt. Podyab limanite — ki jan yo ta fè konnen tè kote yo te leve a se tè dyab yo, epi moun ki te elve yo, an reyalite se lènmi k ap fè yo mal. Epoutan lòm pa reveye ditou; aprè l fin satisfè grangou l ak swaf li, li prepare l pou l remèt «favè paran l te fè l» lè yo t ap elve l la. Pou lòm ta aji konsa toutbonvre! Jodi a, li toujou pa konnen «wa» ki te elve l la se lènmi li. Tè a kouvri ak zo mò, dyab yo ap banboche san rete, epi yo kontinye ap devore lachè lòm nan «wayòm mò yo», sa k fè rès kò moun yo antere ansanm avèk yo, epi anven, y ap eseye anglouti dènye moun ki rete yo, moun kò yo domaje yo. Epoutan lòm toujou rete inyoran, epi li pa janm trete dyab yo kòm lènmi l, men okontrè li sèvi yo ak tout kè l. Yon pèp ki pèvèti konsa senpleman pa kapab konnen Bondye. Èske li fasil pou Bondye vin nan lachè, epi vini nan mitan yo, pou Li akonpli tout travay Li pou sali yo a? Ki jan lòm, ki gentan plonje nan kote mò yo ye a, ta kapab satisfè egzijans Bondye yo? Ala anpil nuit Bondye pase san dòmi poutèt travay li ap fè pou limanite a. Depi nan pi gwo wotè yo pou rive nan pwofondè ki pi ba yo, Li desann nan lanfè vivan kote lòm abite a pou L viv avèk lòm nan dènye bout tè a. Li pa janm plenyen pou mizè ki gen nan mitan lòm, epi Li pa janm repwoche lòm pou rebelyon li, men Li andire imilyasyon ekstrèm pandan Li menm L ap akonpli travay Li a pèsonèlman. Ki jan Bondye ta ka fè pati lanfè? Ki jan Li ta ka pase lavi Li nan lanfè? Men pou byen tout limanite, pou tout limanite nèt kapab jwenn repo pi bonè, Li andire imilyasyon epi Li soufri enjistis lè Li vini sou tè a, epi Li menm antre pèsonèlman nan «lanfè» ak «kote mò yo ye a», nan twou tig la, pou Li sove lòm. Ki jan lòm kalifye pou l opoze ak Bondye? Ki rezon li genyen pou l plenyen kont Bondye? Ki jan li ka gen odas pou l gade Bondye nan vizaj? Bondye ki nan syèl la vini nan peyi sa a ki pi sal epi ki chaje ak imoralite, epi Li pa janm devwale tout sa ki deranje Li, ni plenyen kont lòm, men okontrè Li aksepte ravaj[1] ak opresyon lòm an silans. Li pa janm reponn ak vyolans kont egzijans lòm yo ki san rezon, Li pa janm fè lòm egzijans ki depase limit, epi Li pa janm fè lòm egzijans ki san rezon; Li senpleman fè tout travay lòm bezwen, kote L andire tout difikilte san Li pa plenyen: anseye, bay eklèsisman, repwoche, rafine atravè pawòl yo, raple, egzòte, konsole, jije, epi ekspoze. Kiyès nan etap Li yo ki pa t fèt pou lavi lòm? Malgre Li retire nan men lòm, espwa li te genyen sou lavni ak desten li, kiyès nan etap Bondye akonpli yo ki pa t fèt pou desten lòm? Kiyès nan yo ki pa t fèt pou lòm ka siviv? Kiyès nan yo ki pa t fèt pou libere lòm anba soufrans sa a ak anba opresyon fòs fènwa yo ki nwa tankou lannwit? Kilès nan yo ki pa fèt pou byen lòm? Kiyès ki ka konprann kè Bondye, ki tankou kè yon manman ki chaje ak lanmou pou pitit li? Kiyès ki kapab konprann kè Bondye ki chaje ak gwo dezi pou lòm? Kè Bondye ki chaje ak pasyon ak gwo espwa Li genyen nan lòm yo jwenn kòm repons kè frèt, kout je frèt ak endiferan, ansanm ak repwòch ak jouman lòm ap repete san rete; moun reponn yo ak pawòl ki blese, ak iwoni, epi ak mepri; yo jwenn tou moun k ap pase li nan rizib, k ap pilonnen li ak rejè li, avèk enkonpreyansyon li, plent li, fason li evite li, fason li kouri pou Li, epi ak sèlman twonpri, atak, ak amètim. Pawòl chalere yo jwenn kòm repons fwon moun ki mare ak kòlè ak defi frèt plizyè milye dwèt k ap lonje sou Bondye. Tout sa Bondye ka fè se andire doulè Li pou Li ap sèvi moun tankou yon bèf ki dispoze travay, tèt bese.[2] Pandan anpil solèy ak lalin te pase, pandan anpil fwa Li te anfas zetwal yo, tèlman gen anpil fwa Li pati douvanjou epi L retounen lè solèy kouche, epi L vire tounen nan kabann Li, kote L ap andire yon gwo soufrans ki mil fwa pi rèd pase doulè Li te genyen lè L te separe ak Papa L la, kote L ap andire atak ak destriksyon lòm fè sou Li, epi fason lòm ap trete L. Lòm reponn imilite Bondye ansanm ak karaktè kache Li avèk prejije[3], avèk pwennvi ki pa jis ak tretman ki pa jis yo fè L sibi, epi lòm reponn fason Bondye ap travay an silans lwen je moun, pasyans Li, ansanm ak tolerans Li avèk koutje plen konvwatiz; lòm ap eseye pilonnen Bondye jouk Li mouri, san pran souf, epi l ap eseye pilonnen Bondye pou fè L antre anba tè. Atitid lòm nan fason li trete Bondye se yon atitid «rize ki ra anpil», epi Bondye, ki sibi entimidasyon ak mepri nan men lòm, vin kraze plat anba pye yon kantite moun, moun pa ka konte, tandiske lòm mete tèt li byen wo, kòmsi li ta vle «vin wa sou tèt mòn nan», kòmsi li vle pran pouvwa absoli,[4] pou l dirije dèyè yon rido, pou l fè Bondye tounen yon direktè nan koulis k ap swiv règ epi ki konsyansye, ki pa gen dwa ni fè rezistans ni fè okenn defi. Lòm fè Bondye jwe wòl Dènye Anperè a, kote L se maryonèt yo manipile jan yo vle,[5]ki pa gen okenn libète ditou. Pa gen mo pou eksplike zèv lòm yo, donk ki dwa l genyen pou l egzije Bondye tèl ou tèl bagay? Ki dwa li genyen pou l pwopoze «sijesyon» bay Bondye? Ki dwa li genyen pou l egzije pou Bondye senpatize ak feblès li yo? Kisa ki fè l diy pou l resevwa mizèrikòd Bondye? Kisa ki fè l diy pou l resevwa grandè lespri Bondye plizyè fwa? Kisa ki fè l diy pou l resevwa padon Bondye plizyè fwa? Kote konsyans li? Li te fin brize kè Bondye depi lontan, li gen lontan depi l kite kè Bondye an miyèt moso. Bondye te vini nan mitan lòm ak yon vizaj ki reyonnen ak limyè epi yon kè ki plen ak lajwa, avèk espwa pou lòm ta montre Li yon ti jantiyès, menmsi se ak yon ti kal chalè sèlman nan afeksyon li. Epoutan kè Bondye toujou poko ka jwenn konsolasyon nan men lòm, tout sa L resevwa se atak ak touman k ap ogmante san rete[6]. Kè lòm twò avid, dezi li san mezi, li pa ka janm satisfè, li toujou ap fè mechanste e li aji san reflechi, li pa janm pèmèt Bondye gen okenn libète oswa dwa pou L pale, epi li pa kite okenn lòt chwa pou Bondye apa pou L soumèt anba imilyasyon, epi pèmèt lòm manipile Li nenpòt jan l vle.
Depi kreyasyon an jouk jounen jodi a, Bondye andire anpil soufrans, epi Li sibi anpil atak. Epoutan, menm jounen jodi a, lòm toujou pa diminye egzijans li genyen pou Bondye yo, li toujou ap egzamine Bondye an pwofondè, li toujou pa gen okenn tolerans pou Li, epi li pa fè anyen lòt apa «konseye» Li, «kritike» Li, epi «disipline» Li, kòmsi li pè anpil pou Bondye pa pran move chemen an, pou Bondye sou latè pa vin otoritè epi derezonab, oswa pou L pa aji san reflechi nan aksyon Li, oswa pou Li pa reyalize anyen ki gen valè. Lòm toujou gen kalite atitid sa a anvè Bondye. Ki jan sa ta fè pa rann Bondye tris? Lè Li te vin nan lachè, Bondye andire gwo soufrans ak imilyasyon; ala sa pi mal toujou, lè yo fè Bondye aksepte ansèyman lòm? Arive Li nan mitan lòm retire tout libète L, kòmsi Li te nan prizon nan kote mò yo ye a, epi Li aksepte pou lòm analize L an detay san Li pa fè okenn ti rezistans. Èske sa pa yon wont? Lè «Jezi» te vini nan yon fanmi moun òdinè, Li te soufri pi gwo enjistis la. Sa ki pi imilyan toujou sèke Li te vini nan mond pousyè sa a epi Li te rabese Tèt Li nan nivo ki pi ba a, epi Li pran yon lachè ki ekstrèmman òdinè. Èske se pa yon soufrans sa ye pou Bondye Trè Wo a tounen yon senp èt imen? E èske se pa pou limanite Li fè sa? Èske te gen kèk moman kote L t ap panse ak Tèt Li sèlman? Aprè Jwif yo te fin rejte L epi touye L, epi moun yo te fin pase L nan rizib ak nan betiz, Li pa t janm plenyen kont ni Syèl la oswa ni kont tè a. Jodi a, trajedi sa a ki gen plizyè milye ane depi l te pase a parèt ankò nan mitan pèp sa a ki sanble ak Jwif yo. Èske yo pa komèt menm peche yo? Kisa ki fè lòm diy pou l resevwa pwomès Bondye yo? Èske moun ki opoze ak Bondye yo epi ki resevwa benediksyon L yo apre a, èske se pa moun yo ye? Poukisa lòm pa janm fè fas ak jistis, oswa chèche verite a? Poukisa li pa janm enterese nan sa Bondye ap fè? Kote dwati li a? Kote ekite li a? Èske li gen odas pou l reprezante Bondye? Kote sans jistis li genyen an? Nan tout sa lòm renmen yo, konbyen ladan yo Bondye renmen tou? Lòm toujou lage bèl pèl nan fènwa,[7 li toujou konfonn blan ak nwa,[8] li siprime jistis ak verite, epi li leve lenjistis ak sa ki pa dwat byen wo anlè. Lòm chase limyè a, epi li pran plezi l nan mitan fènwa a. Moun k ap chèche verite a ansanm ak jistis yo okontrè pouse limyè a ale, moun k ap chèche Bondye yo pilonnen L anba pye yo, epi yo leve pwòp tèt yo byen wo nan syèl la. Lòm pa diferan de yon bandi.[9] Kote kapasite li pou li rezone? Kiyès ki kapab fè diferans ant sa k byen ak sa k mal? Kiyès ki kapab defann jistis? Kiyès ki dispoze soufri pou verite a? Moun yo fewòs epi yo dyabolik! Apre yo fin kloure Bondye sou kwa a, yo bat bravo epi yo rele byen fò pou eksprime lajwa, rèl sovaj yo pa janm sispann. Yo tankou poul ak chen, y ap fè konplo ansanm epi yo fè manèv an kachèt, yo tabli pwòp wayòm pa yo, yo mele nan tout bagay, san yo pa kite okenn kote san twoub, yo fèmen je yo epi yo kontinye rele tankou moun fou san rete; avèk poul k ap chante ak chen k ap jape, yon move anbyans anvayi toupatou, sa ki rann bagay yo trè «anime», epi moun k ap «vin fè bri» yo kontinye ap parèt, yo tout ap leve non «gloriye» zansèt yo byen wo. Depi lontan chen ak poul sa yo voye Bondye jete nan yon kwen nan lespri yo epi yo pa janm bay sa k ap pase nan kè Bondye okenn atansyon. Se pa etonan dèske Bondye di lòm sanble ak yon chen oswa yon poul: Lè yon chen jape yon lonbray, yon santèn lòt gwonde pou fè eko. Nan fason sa a, avèk anpil bri li mennen travay Bondye a nan epòk n ap viv la, san li pa okipe l de ki nati travay Bondye a, de si wi ou non gen jistis ladan l, de si wi ou non Bondye gen yon kote pou L mete pye L, de ki jan demen ap ye, de jan li ba, ansanm ak pwòp salte l. Lòm pa janm reflechi seryezman sou bagay sa yo, li pa janm enkyete tèt li pou demen, epi li ranmase tout sa ki itil ak tout sa ki gen valè pou l sere sou lestomak li, kote li pa kite anyen pou Bondye apa kras ak rès manje.[10] Ala limanite mechan! Li pa gen okenn santiman pou Bondye, epi aprè l fin pran tout sa k pou Bondye epi l devore l an kachèt, li voye Bondye jete byen lwen dèyè l, san li pa bay egzistans Li okenn atansyon ankò. Li jwi sa Bondye ba li, epoutan li opoze ak Bondye, epi li pilonnen L anba pye, pandan bouch li ap di mèsi epi l ap louwe Bondye; li priye Bondye, epi l konte sou Bondye, pandan l ap twonpe Bondye tou; li «egzalte» non Bondye, epi li leve je l gade vizaj Bondye, men ak yon awogans san limit e san okenn tras imilite, li chita sou twòn Bondye a tou pou l jije «sa ki pa jis» lakay Bondye; bouch li pwononse pawòl ki di li dwe Bondye, epi li gade pawòl Bondye yo, epoutan nan kè l, l ap joure Bondye; li pretann li «tolere» Bondye epoutan l ap toupizi Bondye, epi bouch li di se pou Bondye l ap fè l; li kenbe bagay Bondye yo nan men l, epi nan bouch li l ap moulen manje Bondye ba li a, pandan je l fikse sou Bondye ak yon rega ki frèt epi ki endiferan, kòmsi l ta vle vale L nèt; li gade verite a men li pèsiste pou l di se konplo Satan li ye; li gade jistis la men li fòse l tounen yon zak kote moun nye tèt li; li gade zèv lòm yo epi li pèsiste ap di se sa Bondye ye; li gade don natirèl lòm genyen yo epi l pèsiste ap di yo se verite a; li gade zèv Bondye yo epi li pèsiste ap di yo se awogans ak ògèy, fyète ak panse se li ki pi dwat; lè lòm konsidere Bondye, li pèsiste pou li mete etikèt sou Li kòm moun, epi l ap fè gwo efò pou mete L sou chèz yon kreyati Bondye ki nan konplisite ak Satan; li konnen trè byen sa yo se deklarasyon Bondye yo ye, men li pa vle rele yo lòt jan ke ekriti yon moun; li konnen trè byen Lespri a manifeste nan lachè, sa vle di Bondye vin nan lachè, men li annik di lachè sa a se desandan Satan; li konnen trè byen Bondye enb epi L ret kache, men li deklare se Satan sèlman ki sibi imilyasyon, tandiske Bondye genyen laviktwa. Ala yon bann moun ki pa vo anyen! Lòm pa menm diy pou l sèvi kòm chen gad! Li pa fè diferans ant nwa ak blan, epi l menm fè esprè pou l defòme nwa pou l fè l tounen blan. Èske fòs lòm yo ansanm ak pèsekisyon san rete lòm fè ap ka tolere jou Bondye emansipe Tèt Li a? Aprè l fin chwazi opoze ak Bondye pa esprè, lòm pa menm bay konsekans sa okenn enpòtans, oswa li menm rive jouk nan pwen pou l touye L, san li pa bay Bondye okenn posibilite pou L manifeste Tèt Li. Kote gen okenn dwati menm? Kote gen okenn lanmou menm? Li chita akote Bondye, epi li fè Bondye met ajenou pou L mande l padon, pou L soumèt ak tout aranjman li yo, pou L dakò ak tout manèv li yo, epi li egzije pou Bondye pran modèl sou li nan tout sa Li fè, sinon l ap move anpil[11] epi l ap vin gen yon raj asasen. Ki jan Bondye ta fè pa chaje ak lapenn anba yon kalite enfliyans fènwa konsa, k ap nwa pase pou blan? Ki jan L ta fè pa enkyete L? Poukisa yo di lè Bondye te kòmanse dènye travay Li a, li te tankou travay kote Li t ap kreye syèl la ak tè a? Zèv lòm yo tèlman «rich», «sous dlo lavi k ap koule san rete a» kontinye «rafrechi» jaden ki nan kè lòm san rete, tandiske «sous dlo lavi» lòm nan ap lite kont Bondye san okenn ezitasyon;[12] li opoze ak Bondye san okenn posibilite pou rekonsilyasyon, epi li pran plas Bondye pou l bay moun pwovizyon san li pa pè konsekans yo, lòm ap kopere avè l san li pa pran danje ki gen ladan l yo an konsiderasyon. E ki rezilta sa bay? Lòm mete Bondye sou kote ak endiferans, epi l mete L byen lwen, kote pèsonn pa p okipe L, paske yo pè anpil pou Li pa atire atansyon moun, epi yo pè anpil pou sous dlo lavi Bondye a pa atire lòm, epi pou L pa genyen lòm. Kidonk, aprè l fin fè eksperyans pandan plizyè ane nan zafè mond lan, li fè konplo ak manèv an kachèt kont Bondye, epi li menm fè Bondye tounen sib pou pini L. Se kòmsi Bondye vin tounen tankou yon bwa nan je l, epi li pa ka tann pou mete men sou Li, epi jete L nan dife a pou L ka rafine epi pirifye. Lè lòm wè Bondye sanble Li nan yon pozisyon difisil, li pete ri ak tout fòs, li danse ak lajwa, epi li di Bondye antre nan rafinman tou, epi li di l ap boule tout enpite sal ki nan Bondye yo pou yo disparèt nèt, kòmsi se sa sèlman ki rasyonèl e ki fè sans, kòmsi se fason sa ki reprezante chemen ki pi jis epi ki pi rezonab nan Syèl la. Konpòtman lòm sa a ki vil ak brital sanble volontè, men an menm tan li sanble pa volontè. Lòm devwale ni vizaj lèd li ni nanm li ki efreyan, e ki sal, ansanm ak aparans yon mandyan ki merite pitye; aprè l fin fè deblozay toupatou, li pran yon aparans mizerab epi l ap sipliye Syèl la pou padone l, kote l ap bay aparans yon ti chen ki merite pitye san mezi. Lòm toujou aji nan fason yon moun pa atann, li toujou «monte sou do yon tig pou l fè lòt moun pè»,[a] li toujou ap jwe yon wòl san yo pa montre pi piti konsiderasyon, pou kè Bondye, ni li pa fè okenn konparezon konpòtman l avèk pwòp pozisyon l. Li senpleman reziste kont Bondye an silans, kòmsi Bondye te fè l lenjistis, e Li pa ta dwe trete li konsa, epi kòmsi Syèl la te avèg epi l ap fè espre fè bagay yo difisil pou li. Se konsa lòm kontinye ap fè konplo mechan an kachèt, epi li pa diminye egzijans li fè Bondye yo ditou, li veye chak mouvman Bondye avèk je predatè l, epi l ap fikse je l ak anpil raj, san l pa janm reflechi sou lefètke li se lènmi Bondye, okontrè, li espere jou a ap rive kote Bondye ap leve bwouya a, fè bagay yo klè, sove l anba «bouch tig la», epi fè l jwenn reparasyon pou sa li konsidere kòm enjistis li sibi. Menm jodi a, moun yo toujou pa reyalize y ap jwe wòl kote yo opoze ak Bondye a, menm wòl anpil lòt moun te jwe atravè tout epòk yo; ki jan yo ta fè konnen depi lontan, nan tout sa y ap fè, yo deja devye sou chemen an, epi tout sa yo te konprann yo, gen lontan depi lanmè anglouti yo.
Kiyès ki te janm aksepte verite a? Kiyès ki te janm akeyi Bondye ak de bra louvri? Kiyès ki janm tann ak kè kontan aparisyon Bondye? Konpòtman lòm gen lontan depi l kòwonpi, e li fin avili tanp Bondye a jouk moun pa ka rekonèt li ankò. Men, lòm toujou ap kontinye ak pwòp travay pa l, san li pa janm gen okenn konsiderasyon pou Bondye. Se kòmsi opozisyon li kont Bondye anrasinen nan li pou tout tan san okenn posibilite pou chanjman, e kòm rezilta, li ta pito tonbe anba madichon pase pou li aksepte pou yo mete limit sou pawòl li ak aksyon l yo gen plis kontrent toujou. Ki jan moun konsa ta ka rive konnen Bondye? Ki jan yo ta ka jwenn repo nan prezans Bondye? E ki jan yo ta ka diy pou yo parèt devan Bondye? San dout, pa gen anyen mal nan si yon moun konsakre tèt li nan plan jesyon Bondye a — men poukisa moun yo toujou voye travay Bondye a ansanm ak tout sa Bondye ye nèt nan dènye plas nan panse yo pandan yo menm yo konsakre tout kè yo ak tout sakrifis yo san rezèv? San okenn dout, lespri devouman san egoyis moun yo genyen an gen anpil valè — men ki jan yo ta fè konnen «swa» y ap file a pa gen kapasite pou reprezante sa Bondye ye ditou? San dout, bon entansyon moun yo gen anpil valè epi yo ra—men ki jan yo ta fè anglouti «trezò ki pa gen pri» a?[13] Chak moun pami nou dwe reflechi sou pase nou: Poukisa nou pa t janm chape anba chatiman ansanm ak madichon san pitye yo? Poukisa moun yo toujou gen «bon relasyon» konsa ak pawòl majestye ansanm ak jijman ki dwat yo? Èske Bondye ap pase yo anba eprèv toutbonvre? Èske Bondye ap rafine yo pa esprè? Epi ki jan moun yo antre nan eksperyans rafinman an? Èske yo konnen travay Bondye a toutbonvre? Ki leson moun yo aprann nan travay Bondye a ansanm ak nan pwòp antre pa yo? Mwen swete pou moun yo pa bliye egzòtasyon Bondye a, epi pou yo gen disènman pou konprann travay Bondye a, pou yo idantifye li klèman, epi byen jere pwòp antre pa yo nan lavi.
Nòt anba paj:
1. Yo itilize mo «ravaj» la pou ekspoze rebelyon limanite a.
2. Ekspresyon « kòm repons fwon moun ki mare ak kòlè ak defi frèt plizyè milye dwèt k ap lonje sou Bondye, sèvi moun tankou yon bèf ki dispoze travay, tèt bese » a te yon sèl fraz okòmansman, men yo divize l an de pati isit la pou rann bagay yo pi klè. Premye pati fraz la fè referans ak aksyon lòm yo, tandiske dezyèm pati a endike doulè Bondye andire a, epi li montre Bondye enb epi Li kache.
3. «Prejije» fè referans ak konpòtman rebèl moun yo.
4. Ekspresyon «pran pouvwa absoli» a fè referans ak konpòtman rebèl moun yo. Yo mete tèt yo byen wo, yo anchennen lòt moun, yo fè yo swiv yo epi soufri pou yo. Yo se fòs ostil kont Bondye yo.
5. Yo itilize «maryonèt» la pou yo moke moun ki pa konnen Bondye yo.
6. Yo itilize «ap ogmante san rete» a pou atire atansyon sou konpòtman meprizab moun yo genyen.
7. Ekspresyon «lage bèl pèl nan fènwa» a endike moman kote moun yo tòde entansyon Bondye yo pou fè yo tounen bagay satanik, an jeneral li fè referans ak tout konpòtman kote moun yo rejte Bondye.
8. Ekspresyon «konfonn blan ak nwa» a fè referans ak melanje verite a avèk ilizyon yo, epi jistis avèk sa ki lèd.
9. Yo itilize mo «bandi» a pou endike moun yo san rezon epi yo pa gen okenn disènman.
10. Yo itilize ekspresyon «kras ak rès manje» a pou endike konpòtman kote moun yo ap oprime Bondye.
11. Mo «move anpil» la fè referans a vizaj lèd lòm nan moman li an kòlè epi li pèdi pasyans lan.
12. Ekspresyon «san okenn ezitasyon» la fè referans ak lè moun yo ap aji san reflechi, epi yo pa gen kè ki gen krentif pou Bondye ditou.
13. «Trezò ki pa gen pri» a fè referans a tout sa Bondye ye nèt.
a. Sa a tradui baze sou tèks sous la «hú jiǎ hǔ wēi», ki se yon pwovèb chinwa. Li fè referans ak yon istwa kote yon rena fè lòt bèt yo pè kouri ale paske l t ap mache nan konpayi yon tig, konsa li t ap «prete» laperèz ak prestij tig la enpoze a. Sa a se yon metafò yo itilize la a pou fè referans ak moun k ap «prete» prestij yon lòt moun pou yo entimide oswa oprime lòt moun.