Travay ak Antre (5)
Jodi a nou tout konnen Bondye ap mennen moun sou bon chemen lavi a, Li ap gide lòm pou l fè pwochen pa a pou antre nan yon lòt epòk, Li ap gide lòm pou l depase ansyen epòk fènwa sa a, pou l soti nan lachè, pou l chape anba opresyon fòs fènwa yo ansanm ak enfliyans Satan, yon fason pou chak moun kapab viv nan yon mond libète. Pou yon bèl demen, epi pou moun yo ka gen plis asirans nan pa yo demen, Lespri Bondye a planifye tout bagay pou lòm, epi pou lòm kapab gen plis jwisans, Bondye depanse tout efò, enèji ak sakrifis Li nan lachè pou Li prepare chemen ki devan lòm nan, pou fè jou lòm ap tann nan rive pi vit. Mwen swete nou tout bay bèl moman sa a valè; jwenn okazyon pou nou ansanm ak Bondye se yon bagay ki ra anpil. Malgre nou pa t janm konnen Li, nou deja pase anpil tan ansanm ak Li depi lontan. Si sèlman tout moun te kapab sonje bèl jou sa yo ki pase byen vit yo nan memwa yo pou toutan, pou yo fè yo tounen trezò yo bay plis valè sou tè a. Travay Bondye a parèt aklè devan lòm depi lontan — men paske kè moun yo twò konplike, epi paske yo pa t janm gen okenn enterè ladan l, travay Bondye a toujou rete nan eta li te ye okòmansman an. Li sanble, panse yo, konsepsyon yo ak mantalite yo rete demode, jiska yon pwen kote mantalite anpil ladan yo sanble ak sa òm primitif nan tan lontan yo te genyen, san yo pa chanje menm yon ti kras. Kòm konsekans, moun yo toujou nan konfizyon epi yo pa konprann klèman travay Bondye ap fè a. Yo nan pi gwo konfizyon toujou sou sa y ap fè epi sou sa yo ta dwe antre ladan l. Bagay sa yo kreye gwo difikilte nan travay Bondye a epi yo anpeche lavi moun yo pwogrese. Akoz nati lòm ak kalib li ki fèb, yo pa kapab rive konprann travay Bondye a ditou, epi yo pa janm bay bagay sa yo enpòtans yo. Si nou vle gen pwogrè nan lavi nou, nou dwe kòmanse bay detay ki nan lavi nou atansyon, kòmanse ak ti bagay yo, yon fason pou nou ka metrize antre nou nan lavi a, pou transfòme kè chak moun pami nou nèt, epi pou rezoud pwoblèm vid ki nan kè nou ansanm ak lavi raz epi tris k ap fatige nou an, konsa chak moun pami nou ap kapab renouvle depi anndan rive deyò epi mennen yon lavi ki vrèman elve, ki depase limit materyèl yo, ak lib. Objektif la se pou chak moun pami nou kapab vin vivan, pou lespri nou ka reviv, epi pou nou rive genyen resanblans yon èt vivan. Pami tout frè ak sè nou rankontre yo, raman nou jwenn youn ki gen vitalite epi ki fre. Yo tout sanble ak òm primitif nan tan lontan, yo sòt epi san konprann, san okenn pèspektiv pou yo devlope. Sa ki pi mal toujou, frè ak sè Mwen te rankontre yo te malelve e san okenn sivilizasyon, menm jan ak sovaj k ap viv nan mòn yo.. Yo pa konnen prèske anyen sou bòn manyè, alewè pou yo ta konnen prensip debaz sou fason pou yon mounkonpòte tèt li. Gen anpil jenn sè, malgre yo parèt entèlijan ak desan, epi yo grandi, vin bèl tankou flè, ki kanmenm toujou abiye tèt yo yon fason ki pa «konvansyonèl». Cheve youn nan sè yo[a] kouvri tout figi l, jiskaske moun pa ka menm wè je l. Malgre trè vizaj li parèt pwòp epi inosan, kwafi li bay repiyans, sa ki bay moun yon santiman dwòl, kòmsi l te pi gwo kriminèl nan yon sant detansyon pou jèn. Je l, ki klè epi briyan tankou emwòd nan dlo, fè yon gwo kontras ak rad li ansanm ak kwafi li, sa ki fè yo sanble ak de lantèn yon moun wè toudenkou nan mitan yon nwit nwa kou lank, ki detanzantan voye yon limyè klere ak kout je ki pèse moun, ki fè plim sou kò moun kanpe, epoutan sa parèt tou kòmsi l ap kache pou yon moun espre. Lè Mwen rankontre l, li toujou ap chèche mwayen pou l chape kite «sèn» nan, tankou yon asasen ki fèk touye yon moun epi, ki pè anpil pou yo pa dekouvri l, k ap evite moun tout tan; e menm jan an tou, li tankou Afriken nwa yo[1] ki te esklav pandan plizyè jenerasyon epi ki pa janm ka leve tèt yo devan moun. Tout seri konpòtman sa yo, san konte fason moun sa yo abiye ak pran swen aparans yo, t ap mande plizyè mwa travay pou amelyore yo.
Pandan plizyè milye ane, pèp Chinwa a mennen yon lavi esklav, epi sa te koz anpil kontrent nan panse yo, konsepsyon yo, lavi yo, langaj yo, konpòtman yo ak aksyon yo kote yo pa t rete okenn libète ditou. Plizyè milye ane istwa pran moun ki te gen lavi ak yon lespri epi li fin depafini yo pou fè yo tounen yon bagay ki sanble ak kadav ki pa gen lespri. Anpil moun ap viv anba kouto bouche Satan an, anpil moun ap viv nan kay ki tankou nich bèt sovaj, anpil moun ap manje menm manje ak bèf oswa chwal, epi anpil moun kouche, san konesans nan yon gwo dezòd, nan «kote mò yo ye a». Aparans moun yo genyen sou deyò a sanble ak sa òm primitif te genyen, kote pou yo repoze a se tankou yon lanfè, epi antanke konpayon, yo antoure ak tout kalite lespri enpi ak move lespri. Sou deyò, èt imen parèt tankou «bèt» ki siperyè; men anfèt, y ap viv e abite ak lespri enpi. San pèsonn pou gouvène yo, moun yo ap viv nan pyèj Satan an, yo mare nan filè li yo san okenn fason pou yo chape. Olye pou nou di yo rasanble ak moun yo renmen nan kay ki konfòtab, ap mennen yon lavi ki gen kè kontan ak satisfaksyon, nou ta dwe pito di èt imen ap viv nan kote mò yo ye a, y ap fè zafè ak demon yo epi y ap frekante dyab yo. Anfèt, Satan toujou kenbe moun yo anba pouvwa li, y ap viv kote lespri ki pa pwòp rasanble, epi lespri ki pa pwòp sa yo manipile yo, kòmsi kabann yo se te yon kote pou kadav yo dòmi, kòmsi yo se te yon nich konfòtab. Lè yon moun antre nan kay yo, lakou a frèt epi l dezole, yon van frèt ap soufle nan branch chèch yo. Lè ou louvri pòt pou antre nan «kote y ap viv la», pyès kay la fè nwa kou lank — ou te ka lonje men w epi ou pa wè dwèt ou. Yon ti limyè fofile antre nan yon fant nan pòt la, sa ki fè pyès la parèt pi sonb epi pi tèrib toujou. Detanzantan, rat yo ap pouse rèl dwòl, kòmsi y ap pran plezi yo. Tout sa ki anndan chanm nan bay repiyans epi li fè moun pè, tankou yon kay kote yo fèk mete moun ki t ap viv ladan li an nan sèkèy. Kabann nan, lenn yo, ak ti kabinè san anyen espesyal ki nan chanm nan tout kouvri ak pousyè; atè a, plizyè ti tabourè parèt tankou bèt ki montre dan yo epi k ap soti grif yo, epi gen twal arenyen ki pandye sou mi yo. Gen yon glas ki chita sou tab la, ak yon peny an bwa bò kote l. Lè w ap pwoche bò glas la, ou pran yon balèn epi ou limen li. Ou wè glas la kouvri ak pousyè, sa ki kreye yon kalite «makiyaj» sou imaj moun yo[b] yon fason pou yo sanble ak moun ki fèk soti nan yon tonm. Peny lan plen ak cheve. Tout bagay sa yo fin vye epi yo senp, e yo sanble ak bagay yon moun ki fèk mouri sot itilize. Lè yon moun gade peny lan, li santi kòmsi gen yon kadav ki lonje sou kote l. Cheve ki nan peny lan, ki pa gen okenn san k ap sikile ladan yo, gen menm sant ak kadav. Yon van frèt antre nan fant pòt la, kòmsi yon fantom ap fofile nan fant lan, pou l retounen vin abite nan chanm nan. Gen yon atmosfè glase, lou ki anvayi chanm nan, epi toudenkou, vin gen yon move sant, menm jan ak yon kadav k ap pouri, epi nan moman sa a yon moun ka wè gen yon pil vye bagay divès kalite pandye sou mi yo, sou kabann nan gen dra an dezòd, ki sal epi k ap bay move odè, gen grenn manje nan kwen an, kabinè a chaje ak pousyè, atè a kouvri ak ti branch bwa ak tè, elatriye — kòmsi se yon moun mouri ki fèk sot itilize yo — epi yo tout bagay sa yo sanble y ap bondi souu ou, y ap griyen dan yo epi y ap bay kout grif nan lè a. Sa sifi pou ba ou frison. Pa gen okenn tras lavi okenn kote nan chanm nan; tout bagay fènwa e imid, tankou kote mò yo ye a ak lanfè Bondye te pale de yo a, tankou yon tonm. Kabinè ki pa pentire a, tabourè yo, ankadreman fenèt yo, ansanm ak pòt yo tout sanble yo abiye ak rad dèy epi y ap rann yon omaj an silans bay mò yo. Moun ap viv nan monn anba tè sa depi plizyè dizèn ane, plizyè syèk oswa menm plizyè milenè, yo soti byen bonè epi yo retounen byen ta. Yo soti nan «tonm» yo depi lè l fènk jou, lè kòk ap chante, epi pandan y ap gade syèl la epi yo voye yon kout je gade atè, yo kòmanse ak aktivite yo pou jounen an. Lè solèy la kouche dèyè mòn yo, yo trennen kò fatige yo tounen nan «tonm» nan; lè yo fin plen vant yo aswè gentan rive. Aprè sa, lè yo fin fè preparasyon pou yo kite «tonm» nan demen ankò, yo tenyen limyè a, ki sanble l ap bay yon klète menm jan ak flanm fosfò. Nan moman sa a, sèl sa moun ka wè anba limyè lalin nan se pil ti tonm ki gaye toupatou tankou ti mòn nan tout kwen., Detanzantan ou ka tande moun k ap wonfle anndan «tonm yo», son an ap monte epi desann. Tout moun yo kouche ap dòmi di, epi lespri kin pa pwòp yo ansanm ak fantom yo sanble y ap repoze an silans tou. Detanzantan, yon moun tande kòkèy k ap rele byen lwen — son rèl dezolan sa yo nan yon nwit kalm epi an silans konsa sifi pou ba ou frison nan rèl do ou epi fè cheve w kanpe... Kiyès ki konnen konbyen ane moun yo pase nan yon anviwònman konsa, y ap mouri epi y ap fèt ankò! Kiyès ki konnen konbyen tan yo rete nan mond lèzòm kote moun ak fantom melanje, e sa ki pi rèd toujou, kiyès ki konnen konbyen fwa yo fè di mond lan orevwa! Nan lanfè sou latè sa a moun yo ap mennen yon vi ak kè kontan, kòmsi yo pa gen okenn pawòl pou yo plenyen, paske yo gentan fin abitye depi byen lontan ak lavi kote mò yo ye a. Se poutèt sa, moun yo santi yo atire pa kote sa a kote lespri ki pa pwòp yo rete a, kòmsi lespri ki pa pwòp yo se zanmi yo ak konpayon yo, kòmsi mond lèzòm nan se yon gwoup bandi[2]—paske nati orijinal lòm nan disparèt an silans depi byen lontan, li disparèt san l pa kite okenn tras. Aparans moun yo gen yon bagay ladan l ki fè yo sanble ak lespri ki pa pwòp; pi plis toujou, se lespri ki pa pwòp yo k ap manipile aksyon yo. Jodi a, sou deyò, yo pa diferan ditou ak lespri ki pa pwòp yo, kòmsi se lespri sa yo ki te fè yo fèt. Anplis, moun yo gen yon afeksyon ak yon atachman ekstrèm pou zansèt yo, epi yo toujou soutni yo. Pèsonn pa konnen depi lontan Satan fin toupizi lòm nan yon pwen konsa, jiskaske lòm vin tankou goriy k ap viv nan mòn yo. Je yo ki wouj ak san gen yon rega k ap sipliye, epi nan ti limyè fèb k ap briye ladan yo gen yon ti tras malis tèrib ki soti nan yon lespri ki pa pwòp. Figi yo kouvri ak rid, fann tankou kòs yon pye pen, bouch yo pouse soti, kòmsi Satan te travay sou yo, zòrèy yo kouvri ak kras anndan kou deyò, do yo koube, janm yo ap lite pou sipòte kò yo, epi bra yo ki tounen zo sèlman ap balanse ale vini avèk yon ritm regilye. Yo sanble pa gen anyen sou yo apa po ak zo, men, an menm tan, yo gra tankou yon lous nan mòn. Yo sanble pa gen anyen sou yo apa po ak zo, men an menm tan yo gra tankou yon lous nan mòn. Andedan kou deyò, ni nan fason yo pran swen tèt yo, ni nan fason yo abiye, yo sanble ak yon makak nan tan lontan — se kòmsi, jodi a, makak sa yo poko menm evolye nèt pou yo pran fòm[3] lòm modèn nan, tèlman yo anreta!
Lòm ap viv kòtakòt ak zannimo yo, epi yo byen antann yo nan amoni, san pa gen gwo chirepit oswa dezakò nan pawòl. Lòm pran swen zannimo yo ak anpil atansyon ansanm ak prekosyon, epi zannimo yo egziste pou pèmèt lòm siviv, espesyalman pou sèvi enterè lòm, san yo pa jwenn okenn avantaj pou tèt yo, epi yo obeyi ak soumèt yo nèt devan lòm. Nan aparans, relasyon ant lòm ak zannimo yo sanble sere anpil [4] epi li chita sou amoni[5]—epi sanble lespri ki pa pwòp yo, se konbinezon pafè ant lòm ak zannimo yo. Se poutèt sa, lòm ak lespri ki pa pwòp yo sou tè a gen yon relasyon ki pi sere toujou epi yo pa ka separe: Lòm pa janm koupe lyen ak lespri ki pa pwòp yo; pandanstan, lespri ki pa pwòp yo pa sere anyen pou tèt yo epi yo «konsakre» tout sa yo genyen ba lòm. Chak jou, moun yo ap banboche nan «palè wa lanfè a», y ap pran plezi yo ansanm ak «wa lanfè a» (zansèt yo) epi wa lanfè a ap manipile yo, sa ki fè, jodi a, moun yo vin kouvri ak salte, epi, aprè yo fin pase tout tan sa a nan kote mò yo ye a, depi lontan yo sispann swete retounen nan «mond vivan yo». Konsa, kou yo wè limyè a, epi yo wè egzijans Bondye yo, ak fason Bondye kondui tèt Li, ansanm ak travay Li, yo santi yo boulvèse epi yo enkyè, yo toujou ap anvi retounen kote mò yo ye a pou yo rete ak fantom yo. Yo te bliye Bondye depi lontan, e se poutèt sa yo toujou ap monte desann nan simityè a. Lè Mwen rankontre yon moun, Mwen eseye pale avèk li, epi se sèlman nan moman sa a Mwen dekouvri moun ki kanpe devan Mwen an pa moun ditou. Cheve l pa penyen, figi l sal, epi gen yon bagay lè li souri ki montre tout dan l, epi li sanble ak yon lou. Menm jan an tou, li sanble l gen maladrès yon fantom ki fèk sot nan tonm li epi ki wè moun nan mond vivan yo. Moun sa a toujou ap eseye fòme yon souri sou bouch li; souri parèt alafwa trèt epi malveyan. Lè li souri ak Mwen, se kòmsi li gen yon bagay pou l di men sanble li pa ka jwenn mo yo pou eksprime li, e konsa sèl sa l ka fè se kanpe sou kote, ak yon vizaj san ekspresyon epi egare. Lè w gade l pa dèyè, li prezante «imaj pisan pèp Chinwa k ap travay di a»; nan moman sa yo li parèt pi detestab toujou, sa ki fè moun sonje imaj desandan lejandè Yan Huang/Yan Wang[c] nan lejann moun yo ap pale de yo a. Lè Mwen poze l kesyon, li bese tèt li an silans. Li pran anpil tan pou li reponn, epi li parèt trè jennene li pa t alèz, lè l fè sa. Li pa ka kenbe men l an plas, epi li souse de dwèt li tankou yon chat. Se sèlman lè sa a Mwen reyalize men l sanble ak men yon moun ki fèk sot ap chache nan fatra, ak zong chire ki tèlman pèdi koulè yo yon moun pa t ap janm konnen yo te sipoze blan, zong «fen» ki gen yon kouch kras pwès anba yo. Sa ki bay plis degoutans, do men l sanble ak po yon poul yo fèk plimen. Prèske tout liy ki travèse men l yo sanble chaje ak tras san ak swe li te bay nan travay li; nan chak liy gen gen yon bagay ki sanble ak salte, ki ap degaje yon «lòdè tè», Sa montre tou jan lespri andirans ak soufrans li genyen an gen anpil valè e li merite lwanj — jiskaske lespri soufrans sa a menm ankre byen fon nan chak liy ki nan men l yo. Soti nan tèt rive nan pye, pa gen okenn nan rad li mete ki sanble ditou ak po yon bèt, men li pa konnen, menm si li ta «onorab» anpil, valè l aktyèlman vo mwens pase fouri yon rena — mwens, menm, pase yon sèl plim pan, paske depi lontan rad li fè l tèlman lèd li parèt pi mal pase yon kochon ak yon chen. Ti kòsaj chèch li a ap pandye jis nan mitan do l, epi janm pantalon l yo — ki sanble ak trip poul — ekspoze lède l nèt anba bèl limyè solèy la. Yo kout e etwat, kòmsi se pou montre pye l gen lontan depi yo pa mare yo ankò: Pye l yo gwo, yo pa «ti pye lotus an lò ki mezire twa pous» ankò, jan sa te ye nan ansyen sosyete a. Fason moun sa a abiye tèlman alamòd, men li tèlman vilgè tou. Lè Mwen rankontre avè l, li toujou timid, figi l vin tou wouj tankou san. Se kòmsi li pa janm ka leve tèt li, kòmsi lespri kip a pwòp yo fin pilonnen l, epi li pa gen kouraj pou l gade moun nan je ankò. Pousyè kouvri figi l. Pousyè sa a, ki tonbe sot nan syèl la, sanble l tonbe yon fason enjis sou figi l sèlman, sa ki fè l sanble ak plim ti zwazo. Je l sanble ak je yon ti zwazo tou: yo piti epi yo chèch, san okenn briyans. Lè l ap pale, pawòl li toujou soti ak ezitasyon epi l ap evite pale klè, sa fè lòt moun wè li repiyan epi li bay yo degoutans. Epoutan menm moun kalite sa a, anpil lòt moun ap fè lwanj pou yo kòm «reprezantan nasyon an». Èske sa a se pa yon blag? Bondye vle chanje moun yo, pou Li sove yo, pou Li rache yo soti nan tonm moun mouri yo, pou yo ka chape anba lavi y ap mennen nan kote mò yo ye a ansanm ak nan lanfè a.
Nòt anba paj:
1. «Afriken nwa yo» fè referans ak moun nwa Bondye te modi yo, ki te esklav pandan plizyè jenerasyon.
2. «Yon gwoup vwayou» fè referans ak koripsyon limanite, epi kijan pa gen okenn èt imen ki sen nan mitan limanite.
3. «Evolye nèt pou yo pran fòm» fè referans ak «evolisyon» òm primitif pou yo pran fòm moun jodi a. Entansyon an se yon iwoni: Anfèt, pa gen okenn bagay ki rele yon teyori ansyen makak ki fè yon tranzisyon pou yo tounen èt imen k ap mache dwat sou de pye.
4. Yo itilize mo «entim» nan yon fason iwonik.
5. Yo itilize mo «an amoni» nan yon fason iwonik.
a. «Youn nan sè yo» pa parèt nan tèks orijinal la. Yo ajoute l nan tradiksyon sa a pou kreye yon tranzisyon ki pi fliyid epi ki pi klè soti nan fòm pliryèl «anpil jenn sè» pou ale nan fòm sengilye «l».
b. Nan tèks orijinal la yo ekri «figi moun yo».
c. «Yan» ak «Huang» se non de anperè nan mitoloji a ki te pami premye moun ki te pote kilti nan peyi Lachin. «Yan Wang» se non Chinwa pou «wa lanfè a». Lè yo pwononse yo nan lang Mandaren, «Yan Huang» ansanm ak «Yan Wang» prèske gen menm son.