Travay ak Antre (4)
Si lòm kapab vrèman antre ann akò ak travay Sentespri a, lavi li ap pouse byen vit, tankou yon jèrm banbou aprè yon lapli prentan. Baze sou nivo espirityèl pifò moun genyen kounye a, yo jis pa bay lavi a enpòtans, olye de sa, yo valorize sèten bagay ekstèn ki pa gen okenn valè. Oswa y ap kouri adwat agoch, y ap travay san okenn objektif, yon fason dezòdone epi san konsantrasyon, san yo pa konnen nan ki direksyon yo ta dwe ale, alewè pou kiyès yo dwe fè l. Yo senpleman ap “kache tèt yo nan imilite”. Verite a se, pa gen anpil nan mitan nou ki konnen anyen konsènan entansyon Bondye yo pou dènye jou yo. Prèske pa gen nan nou ki konnen tras Bondye, men sa ki pi mal toujou, pa gen pèsonn ki konnen kisa akonplisman final Bondye ap ye. Poutan, tout moun, grasa kouraj ak andirans sèlman, ap pase anba disiplin ak tretman lòt moun, kòmsi y ap chofe kò yo epi prepare yo pou yo montre mis yo [1]pandan y ap tann jou kote yo kapab leve tèt yo byen wo ankò. Mwen p ap fè okenn kòmantè sou “espektak etranj” sa yo nan mitan limanite, men gen yon pwen nou tout dwe konprann. Kounye a pifò moun ap devlope nan direksyon yon fason ki anòmal [2], epi nan etap antre yo y ap mache nan yon enpas [3]. Ka gen anpil moun ki panse se yon paradi andeyò mond imen an lòm anvi wè a, yo kwè se domèn libète a, men an reyalite, se pa sa. Oswa petèt yon moun ta ka di moun yo deja pèdi chemen yo. Men, kèlkeswa sa moun yo ap fè, Mwen toujou vle pale de sa lòm ta dwe antre ladan an. Kalite ak defo anpil moun se pa sijè prensipal diskou sa a. Mwen espere nou tout, frè ak sè yo, ap kapab konprann pawòl Mwen yo nan bon fason an epi nou p ap mal konprann entansyon Mwen an.
Bondye enkane nan peyi Lachin kontinantal la, oswa jan konpatriyòt nan Ong Kong ak Taywann di yo, “kontinan” an. Lè Bondye te sot nan syèl la pou L vini sou tè a, pèsonn ni nan syèl la ni anba l te okouran de sa, paske se sa ki vrè siyifikasyon retou Bondye an kachèt la. Li gen lontan depi L ap travay epi L ap viv nan lachè, epoutan pèsonn pa rann yo kont. Menm jouk jounen jodi a, pa gen pèsonn ki rekonèt sa. Petèt sa ap rete yon “mistè” etènèl. Arive Bondye nan lachè fwa sa a, se yon bagay li enposib pou okenn moun rann yo kont de li. Kèlkeswa jan travay Lespri a gran e li gen gwo enpak, Bondye toujou rete kalm, Li pa janm kite anyen parèt. Yon moun kapab di etap sa a nan travay Li a se kòmsi se nan domèn selès la li t ap fèt. Malgre sa klè pou tout moun ki gen je pou gade, pèsonn pa rekonèt sa. Lè etap sa a nan travay Bondye a fini, tout moun pral reveye sot nan rèv long yo a, epi y ap chanje atitid abityèl yo a. [4] Mwen sonje yon fwa Bondye te di: “Vini nan lachè fwa sa a se tankou tonbe nan twou tig la.” Sa sa vle di sèke, paske nan etap travay Bondye sa a Bondye vini nan lachè epi, anplis de sa, Li fèt nan abita gwo dragon wouj la, Li fè fas ak yon danje ki pi ekstrèm pase anvan an toujou lè L vini sou tè a fwa sa a. Sa Li afwonte se kouto, zam, baton, ak bout bwa; sa Li afwonte se tès yo; sa Li afwonte se foul moun ki gen figi yo plen ak entansyon pou touye L. Li an danje pou yo touye L a nenpòt ki moman. Bondye te vini avèk kòlè. Sepandan, Li te vini pou L fè travay pèfeksyon an, sa ki vle di Li te vini pou L fè dezyèm pati nan travay Li a, pati k ap kontinye aprè travay redanmsyon an. Poutèt etap sa a nan travay Li a, Bondye konsakre tout atansyon L ak swen e L ap sèvi ak tout mwayen posib pou L evite atak tès yo, Li rete enb epi kache, san L pa janm fè wè ak orijin Li. Lè Jezi te sove lòm sou kwa a, Li te fè sa sèlman pou konplete travay redanmsyon an; Li pa t vini pou fè travay pèfeksyon an. Konsa, se sèlman mwatye nan travay Bondye a ki te fèt, epi fini travay redanmsyon an se te sèlman mwatye nan tout plan Li an. Pandan nouvo epòk la ta pral kòmanse epi ansyen epòk la ta pral fini, Bondye Papa a te kòmanse reflechi sou dezyèm pati travay Li a epi fè preparasyon pou li. Sa pa t pwofetize byen klè nan tan pase yo ke Bondye ta pral enkane nan dènye jou yo, konsa sa te poze yon fondasyon pou arive Bondye nan lachè pi byen kache fwa sa a. Nan pwent douvanjou, san bann ak pakèt moun yo pa t konnen, Bondye te vin sou tè a epi Li te kòmanse lavi Li nan lachè. Lè moman sa a te rive, moun yo pa t rann yo kont. Petèt yo tout t ap dòmi di; petèt anpil nan moun ki t ap veye yo t ap tann, e petèt anpil t ap priye an silans devan Bondye ki nan syèl la. Poutan, pami tout pakèt moun sa yo, pa t gen yon sèl ki te konnen Bondye te gentan rive sou tè a. Bondye te travay konsa yon fason pou L kapab reyalize travay Li a pi fasilman epi pou L reyalize pi bon rezilta, epi tou pou anpeche plis tès. Lè somèy prentan lòm nan fini, travay Bondye a ap gentan fini depi lontan epi L ap kite tè a, sa k ap mete yon fen nan lavi Li t ap pase ap monte desann ak sejou Li sou tè a. Paske travay Bondye a egzije pou Bondye aji pèsonèlman epi pale pèsonèlman, e paske pa gen okenn mwayen pou lòm entèvni, Bondye te andire anpil soufrans lè L te vin sou tè a pou Li fè travay la Li menm. Lòm pa kapab pran plas Bondye nan travay Li a. Se poutèt rezon sa a Bondye te afwonte danje ki te plizyè milye fwa pi gran pase danje ki te nan Epòk Lagras la pou L desann nan tè kote gwo dragon wouj la abite a pou L fè pwòp travay pa Li, pandan Li bay tout panse ak tout swen Li, pou rachte gwoup moun pòv sa a, pou rachte gwoup moun sa a ki plonje nan yon pil fimye. Malgre pèsonn pa konnen egzistans Bondye, Bondye pa boulvèse pou sa, paske sa pote gwo benefis pou travay Li. Tout moun atwòs e ekstrèmman mechan; kijan yo ta kapab tolere egzistans Bondye? Se poutèt sa, kòm Li vin sou tè a, Bondye kenbe silans Li. Kèlkeswa nivo kriyote ekstrèm lòm genyen, Bondye pa bay sa atansyon, men Li senpleman kontinye fè travay Li sipoze fè a yon fason pou L kapab akonpli pi gwo misyon Papa ki nan syèl la te konfye Li a. Kiyès pami nou ki rekonèt bèlte Bondye? Kiyès ki montre plis konsiderasyon pou fado Bondye Papa a pase pa Pitit Gason L lan? Kiyès ki kapab konprann volonte Bondye Papa a? Lespri Bondye Papa a ki nan syèl la souvan gen kè sote, epi Pitit Li a ki sou tè a rete ap sipliye poutèt volonte Bondye Papa a, kè Li ap kase fè miyèt moso. Èske gen yon moun ki konnen lanmou Bondye Papa a gen pou Pitit Gason Li a? Èske gen yon moun ki konnen ak ki kalite kè Pitit Gason byenneme a sonje Bondye Papa a? Piske Yo separe ant syèl la ak tè a, de sa yo toujou ap gade youn lòt depi byen lwen, y ap swiv youn lòt nan Lespri a. O limanite! Ki lè w ap pran kè Bondye an konsiderasyon? Ki lè w ap konprann entansyon Bondye yo? Papa a ak Pitit la toujou konte youn sou lòt. Donk poukisa Yo ta dwe separe, youn anlè nan syèl la ak lòt la anba sou tè a? Papa a atache ak Pitit Li a menm jan Pitit la renmen Papa L. Donk poukisa Papa a dwe tann Pitit la avèk yon gwo dezi pwofon ki fè l mal konsa? Yo gendwa pa t separe pandan lontan, epoutan kiyès ki konnen konbyen jou ak nwit Papa a pase ap anvi reyini avè L avèk yon gwo dezi k ap fè L soufri, ak pandan konbyen tan L ap tann retou rapid Pitit Gason byenneme L la? Li obsève, Li chita an silans, epi Li tann; pa gen youn nan bagay sa yo Li pa fè pou retou rapid Pitit Gason byenneme L la. Pitit Gason an ki t ap monte desann rive jouk nan bout tè a: ki lè Y ap reyini ankò? Malgre, yon fwa Yo reyini, Y ap ansanm pou letènite, kòman Li ka andire plizyè milye jou ak nwit separasyon, youn anlè nan syèl la ak lòt la anba sou tè a? Plizyè deseni sou tè a sanble tankou plizyè milenè nan syèl la. Kòman Bondye Papa a pa ta ka gen kè sote? Lè Bondye vin sou tè a, Li fè eksperyans yon kantite chanjman san bout nan mond imen an menm jan lòm fè sa tou. Bondye inosan, donk poukisa Li ta dwe andire menm soufrans ak lòm? Se pa etonan si Bondye Papa a tèlman swete prezans Pitit Gason L lan prese prese konsa; kiyès ki kapab konprann kè Bondye? Bondye bay lòm twòp; kòman lòm kapab byen rekonpanse kè Bondye? Epoutan lòm bay Bondye twò piti; kòman Bondye, pou rezon sa a, pa t ap gen kè sote?
Prèske pèsonn nan mitan moun yo pa konprann ijans ki genyen nan eta lespri Bondye a, paske kalib moun yo vrèman ba epi lespri yo vrèman angoudi, epi yo tout pa ni gade ni bay sa Bondye ap fè a atansyon. Se poutèt sa, Bondye toujou gen kè sote pou lòm, kòmsi nati bèt lòm te ka eklate nenpòt ki moman. De sa, yon moun kapab wè plis toujou ki jan gwo tès ap suiv arive Bondye sou tè a. Men, nan enterè pou L rann yon gwoup moun konplè, Bondye, ki chaje ra bouch ak glwa, te di lòm tout entansyon Li yo, san L pa kache l anyen. Li pran yon rezolisyon fèm pou L rann gwoup moun sa a konplè, e konsa, kit Li fè fas ak difikilte oswa tès, Li detounen je L epi Li inyore tout bagay sa yo. Li senpleman fè pwòp travay pa L nan silans, ak konviksyon fèm ke yon jou, lè Bondye fin pran glwa Li, lòm ap rive konnen L, epi ak kwayans ke, yon fwa Bondye fin rann lòm konplè, l ap konprann kè Bondye totalman. Kounye a, ka gen moun k ap teste Bondye, oswa k ap mal konprann Bondye, oswa k ap plenyen kont Bondye; Bondye pa pran okenn nan bagay sa yo pèsonèlman. Lè Bondye desann nan glwa, tout moun pral konprann tout sa Bondye ap fè se pou bonè limanite, epi yo tout pral konprann tout sa Bondye fè se pou limanite kapab viv pi byen. Arive Bondye a gen tès ki soti nan lòm k ap suiv li, epi li akonpaye avèk majeste ak kòlè. Lè Bondye kite lòm, Li ap gentan pran glwa depi byen lontan, epi L ap kite yo chaje ra bouch ak glwa ansanm ak lajwa retou Li. Kèlkeswa fason moun yo rejte Bondye k ap travay sou tè a, Li pa pran sa pèsonèlman, epi Li senpleman kontinye ap fè travay Li a. Kreyasyon mond lan pa Bondye remonte a plizyè dizèn milyon ane. Li vin sou tè a pou L fè yon kantite travay ki pa ka mezire, epi Li fè eksperyans total rejè ak kalomni mond imen an. Pèsonn pa akeyi arive Bondye; yo senpleman gade L yon fason ki frèt. Pandan plizyè milye ane pakou difisil sa yo, konduit lòm gentan blese Bondye nan pi fon nanm Li depi byen lontan. Li pa bay rebelyon lòm nan atansyon ankò, e okontrè Li fè yon lòt plan pou L transfòme epi pirifye lòm. Mokri, kalomni, pèsekisyon, tribilasyon, soufrans krisifiksyon an, eksklizyon anba men lòm, elatriye, ke Bondye rankontre depi Li vini nan lachè a: Bondye goute kont nan bagay sa yo. Bondye ki vini nan lachè a soufri nèt anba tout difikilte mond imen an. Lespri Bondye Papa a ki nan syèl la gentan twouve sèn sa yo ensipòtab depi lontan epi, pandan Li panche tèt Li dèyè e Li fèmen je L, L ap tann Pitit Gason byenneme L la retounen. Sèl sa Li swete se pou limanite koute epi soumèt, santi wont ki pi ekstrèm nan devan lachè Li a, epi sispann rebele kont Li. Sèl sa Li swete se pou limanite kapab kwè nan egzistans Bondye. Depi lontan Li sispann fè pi gwo egzijans bay lòm, paske Bondye peye yon pri ki twò wo, epoutan lòm ap viv san sousi,[5] epi li pa pran travay Bondye a oserye menm yon ti kras.
Malgre sa Mwen ap di jodi a konsènan travay Bondye a kapab gen anpil “absidite san fondman”[6] ladan l, li gen yon rapò byen pwofon ak antre lòm nan kanmenm. Mwen senpleman ap pale yon ti kras sou travay epi answit pale yon ti kras sou antre, men toude aspè yo egalman endispansab, e lè yo konbine, yo pote menm plis benefis pou lavi lòm. De aspè sa yo youn konplete lòt[7] epi yo pote anpil benefis, sa k pèmèt moun yo pi byen konprann entansyon Bondye yo epi bati yon pon nan relasyon ki genyen ant moun yo ak Bondye. Grasa diskou jodi a sou travay la, relasyon limanite ak Bondye amelyore pi plis, konpreyansyon mityèl la vin pi pwofon, epi lòm vin kapab montre pi gwo konsiderasyon pou fado Bondye a; lòm vin santi sa Bondye santi, pou l vin gen pi gwo lafwa li pral chanje pa Bondye epi l ap tann Bondye reparèt. Sa a se sèl egzijans Bondye fè lòm jodi a—pou l viv selon yon moun ki renmen Bondye, fè sa yon fason pou limyè kristalizasyon sajès Bondye a kapab klere nan epòk fènwa sa a epi pou fason moun ap viv la kapab kite yon paj klere byen bèl nan travay Bondye a, k ap briye pou toutan nan Lès nan mond lan, k ap atire atansyon mond lan ak admirasyon bann ak pakèt moun yo. San okenn dout, sa a se yon pi bon antre toujou pou moun nan epòk kounye a ki renmen Bondye.
Nòt anba paj:
1. Nou itilize ekspresyon “chofe kò yo epi prepare yo pou yo montre mis yo” a pou fè iwoni.
2. “Anòmal” vle di antre moun yo devye epi eksperyans yo se yon sèl bò.
3. “Yon enpas” vle di chemen moun yo pran an ale alankont entansyon Bondye yo.
4. “Chanje atitid abityèl yo a” fè referans a fason konsepsyon ak pwennvi moun yo genyen sou Bondye chanje, yon fwa yo rive konnen Bondye.
5. “Viv san sousi” vle di moun yo endiferan konsènan travay Bondye a epi yo pa konsidere l kòm yon bagay enpòtan.
6. “Absidite san fondman” vle di fondamantalman moun yo pa kapab konprann sou kisa pawòl Bondye di yo baze e yo pa gen okenn lide de kisa L ap pale. Yo itilize fraz sa a yon fason iwonik.
7. “Youn konplete lòt” vle di konbine ni “travay” ni “antre” nan kominyon t ap pote menm plis benefis pou konesans nou genyen sou Bondye.