Travay ak Antre (3)

Bondye konfye lòm anpil bagay, e Li pale sou antre yo nan plizyè fason tou. Men, paske kalib moun yo vrèman ba, anpil nan pawòl Bondye yo pa rive pran rasin. Gen plizyè rezon ki eksplike poukisa kalib moun yo ba konsa: koripsyon nan panse ak moralite lòm, ansanm ak yon mank bon edikasyon; sipèstisyon feyodal ki pran kontwòl kè lòm; fason moun ap viv ki kowonpi e ki dekadan ki lakòz anpil maladi nan kwen ki pi fon nan kè lòm; yon konpreyansyon kiltirèl ki sipèfisyèl anpil, kote prèske katreven-dizuit pousan nan moun yo manke edikasyon kiltirèl e anplis, se sèlman kèk grenn moun ki resevwa nivo edikasyon kiltirèl ki pi wo. Kidonk, fondamantalman moun yo pa gen okenn lide kisa Bondye oswa Lespri a vle di, men yo sèlman gen yon imaj Bondye ki flou e ki pa klè yo pran nan sipèstisyon feyodal yo. Enfliyans toksik ak panse feyodal ki rete byen fon nan kè lòm pandan plizyè milye ane nan “lespri nasyonal” la mare moun yo epi anchennen yo. Sa kite yo san yon ti gout libète, san okenn anbisyon ni pèseverans, epi san okenn dezi pou yo fè pwogrè. Olye de sa, sa fè yo rete negatif epi fè bak, yo anrasinen nan yon mantalite esklav, elatriye. Faktè objektif sa yo bay yon aparans sal e lèd moun pa ka efase sou vizyon ideyolojik moun yo, sou aspirasyon pèsonèl yo, moralite yo ak dispozisyon yo. Li sanble lèzòm ap viv nan yon mond fènwa ki chaje ak teworis, e pèsonn nan mitan yo pa panse depase l, oswa panse ale nan yon mond ideyal. Okontrè, yo pase jou yo ak yon santiman satisfaksyon anvè sitiyasyon yo nan lavi a: fè pitit epi leve yo, fè efò, swe, fè travay yo, epi reve gen yon fanmi ki konfòtab epi ki gen kè kontan, gen renmen nan maryaj yo, pitit ki gen respè pou yo, lajwa nan dènye jou yo, epi viv lavi yo nan lapè... Pandan plizyè dizèn, plizyè milye, plizyè dizèn milye ane jouk jounen jodi a, moun yo ap gaspiye tan yo nan fason sa a. Pa gen pèsonn k ap kreye lavi ki pi bèl la, sèl sa ki enterese yo se touye youn lòt, kouri dèyè popilarite ak avantaj pèsonèl, epi fè konplo youn kont lòt nan mond fènwa sa a. Kiyès ki janm chèche entansyon Bondye yo? Èske gen moun ki janm bay travay Bondye a atansyon? Tout pati nan moun yo ki anba enfliyans fènwa a gentan tounen nati imen depi lontan. Se poutèt sa, li difisil anpil pou akonpli travay Bondye a, epi moun yo gen mwens volonte toujou pou yo bay sa Bondye konfye yo jodi a atansyon. Kèlkeswa jan sa ye, Mwen kwè pawòl sa yo M ap pwononse p ap bay moun yo pwoblèm piske sa Mwen ap pale a se istwa ki la depi plizyè milye ane. Lè w ap pale de istwa, sa vle di w ap pale de reyalite epi, anplis de sa, de eskandal ki klè pou tout moun. Kidonk, ki sans ki genyen nan di yon bagay ki kontrè ak reyalite a? Men Mwen kwè tou, moun ki rasyonèl yo, lè yo wè pawòl sa yo, yo pral reveye epi y ap fè gwo efò pou yo fè pwogrè. Bondye espere tou pou lèzòm kapab viv epi travay nan lapè ak satisfaksyon. Sepandan, Bondye gen entansyon pou lèzòm kapab renmen Li e pou tout limanite rive antre nan repo a. Anplis sa, se gwo dezi Bondye pou tout tè a ranpli ak glwa Li. Li senpleman fè tris ke lèzòm rete plonje nan inyorans epi yo pa reveye, yo tèlman kòwonpi anba men Satan, jodi a yo pa gen resanblans moun ankò. Se poutèt sa panse, moralite, ak edikasyon lòm fòme yon lyen ki enpòtan, epi fòmasyon nan konesans kiltirèl la fòme yon dezyèm lyen, pou pi byen ogmante kalib kiltirèl lèzòm epi chanje vizyon lespri yo genyen.

An reyalite, egzijans Bondye gen pou limanite yo pa wo konsa, men paske diferans ant kalib moun yo ak nivo estanda Bondye mande a tèlman gwo, pifò moun senpleman leve tèt yo epi gade anlè nan direksyon egzijans Bondye yo men yo manke kapasite pou yo reyalize yo. Kondisyon natirèl moun yo, ansanm ak sa yo vin genyen aprè yo fèt, pa ase ditou pou satisfè egzijans Bondye yo. Men, rekonèt pwen sa a senpleman pa yon solisyon ki garanti yon rezilta. Dlo ki lwen pa kapab retire yon swaf ki la kounye a. Menm si moun yo konnen yo pi ba pase pousyè, si yo pa gen detèminasyon pou yo satisfè kè Bondye, alewè pou yo ta gen chemen avanse pou yo satisfè egzijans Bondye yo, eben ki valè kalite konesans sa a genyen? Èske se pa tankou tire dlo ak yon panye banbou—yon efò ki totalman initil? Pwen santral sa Mwen ap di a gen rapò ak antre a; se sa ki sijè prensipal la.

Pandan pwosesis antre lòm nan, lavi a toujou raz, li plen ak eleman monotòn nan lavi espirityèl la, tankou priye, manje ak bwè pawòl Bondye yo, oswa patisipe nan reyinyon, e se poutèt sa moun yo toujou santi kwè nan Bondye pa pote gwo plezi. Aktivite espirityèl sa yo toujou fèt sou baz dispozisyon satanik kòwonpi limanite genyen depi okòmansman an. Malgre pafwa moun yo kapab resevwa eklèsisman Sentespri a, panse yo te genyen depi okòmansman an, dispozisyon yo, fason y ap viv, ak abitid yo toujou anrasinen anndan yo, e se poutèt sa nati fondamantal yo rete san chanje. Aktivite sipèstisye moun yo ap pratike yo se sa Bondye rayi plis pase lòt bagay, men anpil moun toujou pa kapab lage yo, paske yo panse se Bondye ki òdone aktivite sipèstisye sa yo, e menm jodi a yo poko fin abandone yo nèt. Bagay tankou aranjman jèn yo fè pou fèt maryaj ak twouso pou lamarye; kado lajan, resepsyon, ak lòt fason konsa yo selebre evènman ki bay kè kontan; fòmil ansyen yo ki pase de jenerasyon an jenerasyon; tout aktivite sipèstisye ki pa gen okenn sans yo fè pou moun ki mouri yo ak fineray yo: Bondye wè bagay sa yo pi detestab toujou. Menm jou adorasyon an (ansanm ak Saba a, jan mond relijye a obsève l la) detestab pou Li; epi Bondye rejte ak mepri relasyon sosyal ak entèraksyon monn nan ki genyen pami moun yo pi plis toujou. Menm Fèt Prentan an ak jou Nwèl la, ke tout moun konnen, se pa Bondye ki òdone yo, alewè pou jwèt ak dekorasyon pou jou fèt sa yo tankou kouplè, peta, lanp, Sent Sèn, kado Nwèl, ak selebrasyon Nwèl yo—èske yo pa zidòl nan lespri moun yo? Pataj pen ak diven nan jou Saba a, epi bèl twal fen blan se zidòl yo ye menm plis toujou. Tout jou fèt tradisyonèl ki popilè nan peyi Lachin, tankou Jou Kote Dragon Leve Tèt, Fèt Bato Dragon an, Fèt Mitan Otòn nan, Fèt Laba a, ak Joudlan, ansanm ak fèt nan mond relijye a, tankou Pak, Jou Batèm, ak jou Nwèl la, se anpil moun ki te envante tout fèt sa yo ki pa gen okenn jistifikasyon epi ki pase yo de jenerasyon an jenerasyon depi nan tan lontan rive jodi a. Se imajinasyon rich ak konsepsyon entèlijan limanite ki pèmèt yo pase de jenerasyon an jenerasyon jouk jodi a. Yo sanble yo pa gen okenn defo, men an reyalite se jwèt Satan ap jwe ak limanite. Plis yon kote chaje ak Satan yo, epi plis kote sa a demode epi li anreta, se plis koutim feyodal li yo anrasinen byen fon. Bagay sa yo mare moun byen sere, yo pa kite okenn espas ditou pou yo fè okenn mouvman. Anpil nan fèt ki nan mond relijye a sanble genyen anpil orijinalite epi yo sanble fòme yon pon pou rive nan travay Bondye a, men an reyalite se kòd envizib Satan sèvi pou mare moun pou anpeche yo rive konnen Bondye—tout bagay sa yo se konplo Satan. An reyalite, lè yon etap nan travay Bondye a fini, Li deja detwi zouti ak stil epòk sa a, san Li pa kite okenn tras. Sepandan, “kwayan devwe” yo ap kontinye adore objè materyèl vizib sa yo; pandan tan sa a, yo mete sa Bondye genyen yo nan pwent dèyè lespri yo, yo pa etidye l, yo sanble yo chaje ak lanmou pou Bondye alòske an reyalite yo gen tan pouse L deyò nan kay la depi lontan epi yo mete Satan sou tab la pou yo adore. Pòtrè Jezi yo, Kwa a, Mari, Batèm Jezi, ak Dènye Soupe a—moun yo adore yo kòm “Seyè ki nan Syèl la”, tout pandan y ap rele byen fò san sispann: “Seyè, Papa ki nan syèl la”. Èske tout bagay sa a se pa yon blag? Jouk jounen jodi a, Bondye desteste anpil pawòl ak pratik tankou sa ki pase de jenerasyon an jenerasyon nan mitan limanite; yo bloke chemen ki devan Bondye a di, sa ki pi mal toujou, yo lakòz gwo pèt pou antre limanite a. Lè nou mete sou kote nan ki nivo Satan kòwonpi limanite, moun yo chaje ra bouch ak bagay tankou lwa Witness Lee a, eksperyans Lawrence yo, sondaj Watchman Nee yo, ak travay Pòl la. Pa gen okenn mwayen ditou pou Bondye travay sou èt imen yo, paske yo gen twòp endividyalis anndan yo, twòp lwa, règ, règleman, sistèm, ak lòt bagay ankò; bagay sa yo, anplis ti koulè sipèstisyon feyodal moun yo, fin kaptire epi devore limanite. Li sanble kòmsi panse moun yo se yon fim enteresan an koulè k ap rakonte yon istwa fe, kote gen kreyati fantastik k ap vwayaje sou nyaj, yo tèlman gen imajinasyon yo fè moun sezi, yo fè yo etoudi epi san mo pou yo pale. Pou di verite a, travay Bondye vin fè jodi a se sitou pou Li regle ak efase ti koulè sipèstisyon imen yo epi transfòme vizyon lespri yo genyen nèt. Travay Bondye a pa dire jouk jodi a grasa eritaj ki pase de jenerasyon an jenerasyon pami limanite; se yon travay Li kòmanse pèsonèlman epi Li menm pèsonèlman fini l, san Li pa gen okenn bezwen pran plas eritaj yon gwo pèsonalite espirityèl kèlkonk, oswa erite okenn travay ki gen yon nati reprezantatif Bondye te fè nan kèk lòt epòk. Èt imen yo pa bezwen enkyete yo pou okenn nan bagay sa yo. Jodi a Bondye gen yon stil inik pou Li pale epi pou Li travay, kidonk poukisa ta gen okenn bezwen pou moun ap bat tèt yo pou bagay sa yo? Si lèzòm ap mache nan chemen jodi a anndan kouran k ap koule kounye a pandan y ap kontinye eritaj “zansèt” yo, yo p ap rive nan destinasyon yo. Bondye gen yon gwo repiyans pou fason patikilye sa a lòm ap aji a, menm jan Li gen degoutans pou ane, mwa, ak jou ki nan mond moun yo.

Pi bon fason pou chanje dispozisyon moun se korije pati sa yo nan kwen ki pi fon nan kè moun yo ki anpwazonnen anpil yo, sa k ap pèmèt moun yo kòmanse chanje panse ak moralite yo. Toudabò, moun yo bezwen wè byen klè tout rit relijye, aktivite relijye, ane ak mwa, ak fèt sa yo se bagay Bondye rayi. Yo ta dwe kase chenn panse feyodal sa yo epi derasinen chak grenn tras tandans sipèstisye ki anrasinen byen fon nan yo a. Tout bagay sa yo enkli nan antre limanite a. Nou dwe konprann poukisa Bondye ap retire limanite nan koutim yo, epi poukisa ankò Li mennen limanite lwen règleman yo. Se pòt sa a n ap pase pou nou antre a, e malgre bagay sa yo pa gen anyen pou wè ak eksperyans espirityèl nou, se yo menm ki pi gwo obstak k ap bloke antre nou, k ap bloke nou pou nou pa konnen Bondye. Yo fòme yon filè ki pran moun yo nan pyèj. Anpil moun li Bib la twòp epi yo menm kapab resite plizyè pasaj nan Bib la pakè. Nan antre yo jodi a, san yo pa rann yo kont, moun yo sèvi ak Bib la pou yo evalye travay Bondye a, kòmsi baz etap sa a nan travay Bondye a se Bib la e sous li se Bib la. Lè travay Bondye a ann akò ak Bib la, moun yo bay travay Bondye a anpil sipò epi yo gade Li avèk yon gwo respè tounèf; lè travay Bondye a pa kadre ak Bib la, moun yo vin tèlman enkyete sa fè yo swe, y ap chèche baz travay Bondye a ladan l; si yo pa mansyone okenn bagay konsènan travay Bondye a nan Bib la, moun yo ap inyore Bondye. Yo kapab di, an sa ki konsène travay Bondye a jodi a, pifò moun aksepte l avèk krent epi ak prekosyon, yo ba l yon soumisyon kote y ap chwazi sa y ap pran ak sa y ap kite, epi konnen li pa fè yo ni cho ni frèt; kanta pou bagay ki te nan tan pase yo, yo kenbe mwatye ladan yo epi yo abandone lòt mwatye a. Èske yo kapab rele sa antre? Yo kenbe liv lòt moun yo epi yo toujou trete yo tankou trezò, yo pran yo pou «kle annò» pou pòt wayòm nan, epi yo senpleman pa enterese nan sa Bondye egzije de yo jodi a. Anplis, anpil “ekspè entèlijan” kenbe pawòl Bondye yo nan men goch yo epi yo kenbe “chèdèv” lòt moun nan men dwat yo, kòmsi yo vle jwenn baz pawòl Bondye jodi yo anndan chèdèv sa yo nan objektif pou yo pwouve totalman pawòl Bondye yo kòrèk, epi yo menm eksplike pawòl Bondye yo bay lòt moun pandan y ap melanje yo avèk chèdèv yo, kòmsi yo t ap travay. Pou di verite a, gen anpil “chèchè syantifik” nan mitan limanite ki pa gen okenn konsiderasyon pou dènye dekouvèt syantifik jodi a, dekouvèt syantifik ki pa gen parèy (ki vle di travay Bondye a, pawòl Bondye yo, ak chemen pou antre nan lavi a), e konsa tout moun yo “endepandan”, y ap “preche” toupatou sou fòs bèl ti pawòl dous yo, epi y ap fè wè ak “bon non Bondye a”. Pandan tan sa a, pwòp antre pa yo an danje, epi yo sanble yo rete lwen egzijans Bondye yo menm jan kreyasyon an lwenmoman sa a. Èske li fasil pou fè travay Bondye a? Li sanble moun yo deja deside pou yo kite mwatye nan yo menm pou yè epi mennen mwatye pou jodi a, livre mwatye bay Satan epi ofri mwatye bay Bondye, kòmsi se fason sa a pou yo soulaje konsyans yo epi santi yon ti rekonfò. Mond anndan moun yo tèlman kache avèk malis, yo pè pou yo pa pèdi ni demen ni yè tou, yo pè anpil ni pou yo pa ofanse Satan ni pou yo pa komèt yon ofans kont Bondye jodi a ki sanble Li la, men ki sanble Li pa la. Paske moun yo echwe seryezman nan sa ki gen rapò ak devlopman ideyolojik ak moral yo, yo manke anpil anpil disèneman, epi yo senpleman pa ka distenge si wi ou non travay jodi a se travay Bondye. Petèt se paske panse sipèstisye feyodal moun yo tèlman pwofon sa fè depi lontan yo mete sipèstisyon ak laverite, Bondye ak zidòl nan menm kategori, san yo pa chèche fè diferans ant bagay sa yo, epi yo sanble yo pa kapab fè distenksyon klè menm lè y ap kase tèt yo nan reflechi. Se poutèt sa èt imen yo kanpe nan wout yo epi yo pa fè yon pa an devan ankò. Tout pwoblèm sa yo rive poutèt moun yo manke bon kalite edikasyon ideyolojik la, e sa kreye gwo difikilte pou antre yo. Kòm rezilta, moun yo pa janm santi okenn enterè nan travay vrè Bondye a, men y ap “ret kole san yo pa vle lage” [1] nan travay lòm (tankou moun yo konsidere ki gran yo) kòmsi yo te make ak sa. Èske sa yo se pa pi nouvo sijè limanite ta dwe antre ladan yo a?

Nòt anba paj:

1. Nou itilize ekspresyon “kenbe kole san yo pa vle lage” a pou fè iwoni. Fraz sa a endike moun yo gen tèt di epi yo pa vle obeyi, yo atache ak ansyen bagay yo epi yo pa vle lage yo.

Anvan: Travay ak Antre (2)

Apre: Travay ak Antre (4)

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger