Travay ak Antre (2)

Travay ak antre nou yo trè fèb; lòm pa bay fason pou l travay la enpòtans e li menm pi neglijan toujou konsènan antre nan lavi a. Lòm pa konsidere bagay sa yo kòm leson li ta dwe antre ladan yo; kidonk, nan eksperyans nou, prèske tout sa nou wè se miraj ki vid. Yo pa mande nou anpil bagay kanta pou kesyon travay, men, kòm moun pou Bondye pèfeksyone, nou ta dwe aprann leson nou konsènan travay pou Bondye, yon fason pou nou kapab vin ann akò ak entansyon Bondye yo byenvit. Atravè epòk yo, yo te rele moun ki te fè travay yo ouvriye oswa apot, ki se mo ki fè referans ak yon ti gwoup moun Bondye itilize. Poutan, travay M ap pale jodi a pa fè referans sèlman ak ouvriye oswa apot, men pito li vize tout moun Bondye genyen pou Li pèfeksyone yo. Petèt gen anpil moun ki pa vrèman enterese nan sa, men, poutèt antre a, li t ap pi bon pou nou pale de laverite sou zafè sa a.

Konsènan travay, lòm kwè travay se kouri toupatou pou Bondye, preche tout kote, epi bay tout li menm poutèt Li. Byenke kwayans sa a kòrèk, li twò panche sou yon sèl bò; sa Bondye mande lòm se pa sèlman kouri toupatou pou Li, men pito, se rann plis sèvis ak bay moun sa yo bezwen nan lespri a. Anpil frè ak sè, menm aprè tout ane eksperyans sa yo, pa janm panse sou kesyon travay pou Bondye a, paske fason lòm vin ak lide travay la pa konpatib avèk sa Bondye mande. Se poutèt sa, lòm pa enterese ditou nan zafè travay la, epi se egzakteman pou rezon sa a antre lòm nan panche anpil sou yon sèl bò tou. Nou tout ta dwe kòmanse antre nou an avèk travay pou Bondye, yon fason pou nou kapab fè fas ak chak aspè eksperyans lan. Se nan sa nou ta dwe antre. Travay pa vle di kouri toupatou pou Bondye, men li fè referans pito ak si lavi lòm ansanm ak sa lòm ap viv la kapab bay Bondye plezi. Travay fè referans ak lè moun sèvi ak lwayote yo anvè Bondye ansanm ak konesans yo sou Bondye pou yo rann temwayaj pou Bondye, epi pou yo rann lòm sèvis. Sa a se responsablite lòm epi se sa tout moun ta dwe konprann. Nou ta kapab di antre nou an se travay nou, e nou ap chèche antre pandan n ap fè travay pou Bondye a. Fè eksperyans travay Bondye a pa sèlman vle di nou konnen kijan pou nou manje ak bwè pawòl Li yo; sa k pi enpòtan an, nou dwe konnen kijan pou nou rann temwayaj bay Bondye, epi nou dwe kapab sèvi Bondye, epi dwe kapab rann lòm sèvis e ba li sa li bezwen. Sa a se travay, epi se antre nou tou; sa a se sa chak moun ta dwe akonpli. Gen anpil moun ki sèlman konsantre yo sou kouri toupatou pou Bondye epi preche tout kote, epoutan yo neglije eksperyans pèsonèl yo epi yo pa bay antre yo nan lavi espirityèl la ase atansyon. Se sa ki fè moun k ap sèvi Bondye yo vin tounen moun k ap reziste kont Bondye. Moun sa yo, ki pase tout ane sa yo ap sèvi Bondye epi rann lòm sèvis, senpleman konsidere travay ak preche kòm antre, epi okenn ladan yo pa janm konsidere eksperyans espirityèl pèsonèl yo kòm yon antre ki enpòtan. Olye de sa, yo pran eklèsisman yo jwenn nan travay Sentespri a kòm yon resous pou yo anseye lòt moun. Lè y ap preche, yo chaje ak fado epi yo resevwa travay Sentespri a, epi atravè mwayen sa a y ap libere vwa Sentespri a. Nan moman sa a, moun k ap travay yo tonbe satisfè ak pwòp tèt yo konplètman, kòmsi travay Sentespri a te vin tounen eksperyans espirityèl pèsonèl pa yo; yo santi tout pawòl y ap pwononse yo soti nan yo menm, men anmenmtan kòmsi pwòp eksperyans pa yo pa vrèman klè jan yo dekri l la. Anplis, anvan yo pale yo pa gen okenn lide de sa yo pral di a, men lè Sentespri a travay nan yo, pawòl yo soti an kantite tankou yon dlo k ap koule san rete. Apre ou fin preche yon fwa nan yon fason konsa, ou santi vrè nivo espirityèl ou a pa piti jan ou te kwè a, epi lè gen plizyè egzanp konsa kote Sentespri a ap travay sou ou, ou vin detèmine ou deja gen nivo espirityèl epi ou kwè pa erè travay Sentespri a se pwòp antre pa w ansanm ak sa w ye a menm. Lè ou toujou ap fè eksperyans nan fason sa a, w ap vin neglijan konsènan pwòp antre w la, w ap tonbe nan parès san w pa rann ou kont, epi w ap sispann bay antre pèsonèl ou enpòtans. Pou rezon sa a, lè w ap rann lòt moun sèvis, ou dwe fè yon distenksyon klè ant nivo espirityèl ou ak travay Sentespri a. Sa kapab fasilite antre ou pi byen epi pote plis benefis pou eksperyans ou. Lè lòm pran travay Sentespri a kòm eksperyans pèsonèl pa l, sa vin tounen yon sous koripsyon. Se poutèt sa Mwen di, kèlkeswa devwa n ap fè a, nou ta dwe konsidere antre nou an kòm yon leson endispansab.

Yon moun travay pou satisfè entansyon Bondye yo, pou mennen tout moun ki ann akò ak entansyon Bondye yo devan Li, pou mennen lòm bay Bondye, epi pou prezante travay Sentespri a ak gidans Bondye a bay lòm, epi konsa, pèfeksyone fwi travay Bondye yo. Kidonk, li nesesè pou nou konprann esans travay la klè nèt. Chak moun Bondye itilize diy pou l travay pou Bondye, sa vle di, tout moun gen opòtinite pou Sentespri a itilize li. Poutan, gen yon pwen nou dwe reyalize: Lè lòm fè travay Bondye te konfye a, se yon opòtinite lòm resevwa pou Bondye itilize l, men nivo espirityèl lòm pa sèlman sa li di ak sa l konnen. Sèl sa nou kapab fè se pi byen konnen pwòp feblès pa nou pandan n ap fè travay nou an, epi jwenn plis eklèsisman nan men Sentespri a. Nan fason sa a, n ap kapab jwenn yon pi bon antre pandan n ap fè travay nou an. Si lòm konsidere gidans ki soti nan Bondye a kòm pwòp antre pa l epi kòm yon bagay ki natirèl anndan tèt li, lè sa a pa gen okenn posiblite pou nivo espirityèl lòm nan grandi. Eklèsisman Sentespri a bay moun yo fèt lè yo nan yon kondisyon nòmal; nan moman sa yo, souvan moun yo konfonn eklèsisman yo resevwa a ak vrè nivo espirityèl pa yo, paske fason Sentespri a bay eklèsisman an eksepsyonèlman nòmal, epi Li sèvi ak sa ki natirèl anndan lòm. Lè moun yo ap travay epi pale, oswa lè y ap priye epi pratike devouman espirityèl yo, yon verite ap parèt klè sanzatann pou yo. Poutan, an reyalite, sa lòm wè a se sèlman eklèsisman Sentespri a (natirèlman, eklèsisman sa a gen rapò ak koperasyon lòm nan) e li pa reprezante vrè nivo espirityèl lòm nan. Apre yon peryòd kote lòm ap fè eksperyans kote l jwenn kèk difikilte ak eprèv, vrè nivo espirityèl lòm nan devwale nan sikonstans sa yo. Se lè sa a sèlman lòm ap dekouvri nivo espirityèl li a pa gran konsa, epi dezi egoyis li, konsiderasyon pèsonèl li, avaris li, ansanm ak lòt bagay konsa yo tout pral parèt aklè. Se sèlman apre plizyè sik eksperyans konsa anpil moun ki reveye anndan lespri yo pral reyalize sa yo te fè eksperyans nan tan lontan an se pa t pwòp reyalite endividyèl pa yo, men yon eklèsisman tanporè Sentespri a te bay, epi se sèlman limyè sa a lòm te resevwa. Lè Sentespri a bay lòm eklèsisman pou l konprann laverite, se souvan nan yon fason ki klè ak presi, san Li pa eksplike kijan bagay yo te fè rive oswa kote yo prale. Sa vle di, olye Li mete difikilte lòm yo nan revelasyon sa a, Li revele laverite a dirèkteman. Lè lòm rankontre difikilte nan pwosesis pou l antre a, epi apre sa li mete eklèsisman Sentespri a nan eksperyans li, sa vin tounen eksperyans pratik lòm nan. Pa egzanp, gen yon sè ki pa t marye ki te pale konsa nan kominyon: “Nou p ap chèche glwa ak richès ni konvwate bonè ki gen nan lanmou ant yon mari ak yon madanm; n ap chèche sèlman pou nou bay Bondye yon kè ki pwòp epi ki konsantre sou Li sèlman.” Li te kontinye pou l di, “Kou moun marye, gen anpil bagay k ap toumante yo, epi kè yo ki renmen Bondye a pa sensè ankò. Kè yo toujou konsantre sou fanmi yo ansanm ak konjwen yo, e konsa mond anndan yo a vin pi konplike anpil...” Lè li t ap pale a, se kòmsi sa k t ap soti nan bouch li a se sa li t ap panse nan kè l; pawòl li yo te pwofon epi pisan, kòmsi tout sa li te di te soti nan zantray kè li, epi kòmsi pi gwo dezi li se te bay tout li menm nèt pou Bondye epi espwa li se pou frè ak sè ki menm jan avè l yo ta pataje menm detèminasyon an. Nou kapab di detèminasyon ou ansanm ak emosyon ou santi nan moman sa a soti totalman nan travay Sentespri a. Lè fason Bondye ap travay la chanje, w ap vin gen kèk ane anplis nan laj ou tou; w ap wè tout kamarad klas ou ansanm ak zanmi w yo ki gen menm laj avè w pran mari, oswa ou tande apre entèl fin marye, konjwen l te mennen l al viv nan vil epi li jwenn yon travay la. Lè ou wè li, ou pral kòmanse santi jalouzi, paske w wè jan li chaje ak cham ak elegans soti nan tèt rive nan pye, epi, lè l ap pale avè w, li gen yon stil moun lavil, san pa gen okenn tras moun andeyò san rafinman ki rete soul i ankò. Lè w wè sa, sa pral brase anpil santiman nan ou. Ou menm, kòm ou te bay tout ou menm pou Bondye pandan tout tan sa a, ou pa gen ni fanmi ni karyè, epi ou te andire anpil eprèv netwayaj; ou te antre nan laj mwayen sa gen kèk tan, epi jenès ou te glise ale an silans depi byen lontan, kòmsi ou te nan yon rèv. Kounye a, apre ou fin fè tout wout sa a rive jis jodi a, ou pa konnen ki kote pou ou poze. Nan moman sa a, ou pran nan yon toubiyon panse, kòmsi ou te pèdi tèt ou. Ou poukont ou, san w pa kapab kalme w pou w ka jwenn dòmi, je w ret klè pandan tout nuit long lan, anvan menm ou rann ou kont ou kòmanse ap panse sou detèminasyon w ansanm ak ve solanèl ou te fè bay Bondye yo, epi w ap plenyen, “Poukisa mwen tonbe nan yon eta ki bay lapenn konsa kanmenm?” San ou pa rann ou kont, ou kite dlo koule nan je w an silans epi ou santi yon doulè ki fann kè w. Lè ou vini devan Bondye pou w priye, w ap sonje, nan jou lè w te ansanm ak Bondye yo, jan nou te pwòch anpil, e enseparab. Sèn apre sèn ap parèt devan je w, epi sèman ou te fè jou sa a sonnen yon lòt fwa ankò nan zòrèy ou: “Èske Bondye pa sèl bon zanmi mwen?” Lè sa a, ou deja dechire anba kriye, “Bondye! Bondye byenneme m nan! Mwen deja bay tout kè mwen nèt ba Ou. Mwen swete pwomèt tèt mwen ba Ou pou letènite, epi m ap renmen Ou san chanje pandan tout rès vi m….” Se sèlman pandan w ap lite anba soufrans entans sa a ou vrèman santi jan Bondye bèl, e se sèlman lè sa a ou reyalize klèman: Mwen te bay Bondye tout mwen menm depi byen lontan. Apre w fin resevwa yon gwo kou konsa, ou vin gen plis matirite kanta pou zafè sa a, epi ou wè travay Sentespri a te fè nan moman sa a se pa t yon bagay ou te posede. Nan eksperyans w ap fè apre pwen sa a, ou p ap santi w bloke ankò nan aspè antre sa a; se kòmsi sikatris ansyen blese w yo pote yon gwo benefis pou antre ou la. Chak fwa ou rankontre yon sitiyasyon konsa, w ap sonje imedyatman dlo ou te kriye jou sa a, kòmsi ou te reyini ak Bondye apre nou te fin separe, epi ou pral toujou pè pou relasyon ou avèk Bondye pa kase yon lòt fwa ankò epi pou atachman afektif (relasyon nòmal) ant ou menm ak Bondye pa ta domaje. Sa a se travay ou ansanm ak antre ou. Kidonk, an menm tan nou resevwa travay Sentespri a, nou dwe bay antre nou an plis enpòtans toujou, pou nou wè egzakteman kisa travay Sentespri a ye epi kisa antre nou an ye, epitou pou nou mete travay Sentespri a anndan antre nou an, yon fason pou nou ka resevwa pèfeksyon Sentespri a plis toujou epi pou esans travay Sentespri a ka fèt anndan nou. Pandan n ap fè eksperyans travay Sentespri a, nou pral vin konnen Sentespri a, ansanm ak pwòp tèt nou, anplis, nan mitan yon kantite soufrans entans ki pa ka konte, nou pral devlope yon relasyon nòmal avèk Bondye, epi relasyon ant nou menm ak Bondye a ap vin pi pwòch de jou an jou. Apre inonbrab fwa yo netwaye nou epi rafine nou, nou pral devlope yon vrè lanmou pou Bondye. Se poutèt sa nou dwe reyalize nou pa dwe pè soufrans, kou, ansanm ak tribilasyon; sa k fè pè a se lè nou gen travay Sentespri a sèlman men nou pa gen antre pa nou an. Lè jou a rive pou travay Bondye a fini, nou t ap travay pou granmesi; menmsi nou te fè eksperyans travay Bondye a, nou pa t ap rive konnen Sentespri a ni nou pa t ap gen pwòp antre pa nou. Eklèsisman Sentespri a reyalize nan lòm nan pa la pou kenbe pasyon lòm, men se pou louvri yon chemen pou antre lòm nan, epitou pou pèmèt lòm rive konnen Sentespri a, epi konsa pou l devlope yon kè ki gen krentif epi k ap adore Bondye.

Anvan: Travay ak Antre (1)

Apre: Travay ak Antre (3)

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger