Travay ak Antre (1)

Depi lè moun yo te kòmanse mache sou bon chemen lafwa nan Bondye a, gen anpil bagay yo toujou pa t konprann klè. Yo toujou nan gwo konfizyon konsènan travay Bondye a, e konsènan anpil nan travay yo menm yo ta dwe fè. Sa rive paske, yon bò, yo gen devyasyon nan eksperyans pa yo epi kapasite konpreyansyon limite; yon lòt bò, se paske travay Bondye a poko mennen moun yo nan etap sa a. Kidonk, pou tout moun, pifò zafè espirityèl yo pa fin klè. Non sèlman nou pa fin klè sou sa nou ta dwe antre ladan li, men nou pi inyoran toujou konsènan travay Bondye a. Se pa sèlman yon lakin ki egziste nan nou; pi plis toujou, se yon gwo fay ki komen nan tout moun ki nan mond relijye a. Men ki kote kle ki eksplike poukisa moun yo pa konnen Bondye chita, e fay sa a se yon defo komen tout moun k ap chèche Bondye pataje. Pa gen yon grenn moun ki janm konnen Bondye, oswa ki janm wè vrè vizaj Li. Se sa ki fè travay Bondye a vin difisil menm jan ak deplase yon mòn oswa vide lanmè a. Gen anpil moun ki sakrifye lavi yo pou travay Bondye a; gen anpil moun yo mete deyò poutèt travay Li a; gen anpil moun, poutèt travay Li a, yo te toumante jouk yo mouri; gen anpil moun ki mouri enjisteman avèk je yo ranpli ak dlo lanmou pou Bondye; gen anpil moun ki sibi pèsekisyon ki mechan e ki inimen…. Lefètke trajedi sa yo rive — èske se pa akòz mank konesans moun yo genyen sou Bondye? Kijan yon moun ki pa konnen Bondye ta kapab gen figi pou l parèt devan Li? Kijan yon moun ki kwè nan Bondye epi poutan k ap pèsekite Li ta kapab gen figi pou l parèt devan Li? Sa yo se pa sèlman feblès moun ki nan mond relijye a, men okontrè yo se feblès nou avèk yo genyen an komen. Moun yo kwè nan Bondye san yo pa konnen Li; se sèl rezon sa ki fè yo pa gen yon kè ki gen krentif pou Bondye, epi yo pa gen okenn krentif pou Li nan fon kè yo. “Gen menm kèk moun ki, avèk odas e san okenn wont, fè travay yo menm yo envante nan kouran sa a, epi ki fè travay Bondye konfye yo a selon pwòp egzijans pa yo ak pwòp dezi egzajere yo.” Anpil moun komèt move zak san reflechi; pa gen plas pou Bondye nan je yo menm, epi yo fè sa ki fè yo plezi. Èske egzanp sa yo pa manifestasyon pafè egoyis ki nan kè lèzòm? Èske egzanp sa yo pa montre nan ki pwen eleman twonpri a prezan an kantite nan lèzòm?” Moun yo ka posede yon entèlijans ekstraòdinè, men kijan talan yo ta ka ranplase travay Bondye a? Moun ka vrèman montre konsiderasyon pou fado Bondye a, men yo pa dwe twò egoyis. Èske zèv moun yo vrèman “diven”? Èske yon moun ka garanti sa a san pou san? Pou rann temwayaj pou Bondye, pou eritye glwa Li — sa se Bondye k ap fè yon eksepsyon pou leve moun anlè; kijan moun ta ka diy pou sa? Travay Bondye a fèk kòmanse, epi pawòl Li yo fèk kòmanse pwononse. Nan pwen sa a, moun deja santi yo satisfè ak tèt yo, men èske sa se pa lawont y ap rale sou tèt yo? Yo gen yon konpreyansyon ki vrèman trè ba. Menm pi gwo teorisyen an, menm pi gwo oratè ki gen anpil elokans, pa kapab dekri tout abondans Bondye a, alewè pou nou menm? Nou pa ta dwe bay tèt nou plis valè pase syèl la, men okontrè nou ta dwe wè tèt nou pi ba pase nenpòt moun ki gen bon sans e k ap chèche renmen Bondye — sa a se chemen pou nou antre a. Nou ta dwe wè tèt nou pi ba pase tout lòt moun. Poukisa nou wè tèt nou wo konsa? Poukisa nou bay tèt nou tout valè sa a? Nan vwayaj long lavi a, se sèlman premye pa yo nou fèk fè. Sèl sa nou wè se bra Bondye, se pa totalite Bondye a. Nou bezwen wè plis nan travay Bondye a, pou nou dekouvri plis nan sa nou ta dwe antre ladan l, paske chanjman ki fèt nan nou yo twò piti.

Travay Bondye pou pèfeksyone lòm epi transfòme dispozisyon li a se yon travay ki pa janm sispann, paske lòm gen twòp mank epi li lwen anpil parapò ak nivo estanda Li mande yo. Konsa, nou ka di, nan je Bondye, n ap toujou rete tibebe ki fèk fèt pou tout tan, ki gen trè kèk nan eleman ki fè Li plezi yo, paske nou se senpleman kreyati nan men Bondye. Si yon moun tonbe nan satisfaksyon ak pwòp tèt li, èske Bondye pa t ap gen degoutans pou li? Lè yo di nou kapab satisfè Bondye jodi a, se sèlman parapò ak lachè nou; men, si yo ta konpare nou avèk Bondye, yo t ap toujou bat nou sou tèren an. Lachè lòm pa janm ranpòte laviktwa menm yon sèl fwa. Se sèlman atravè travay Sentespri a ke lòm ka rive gen aspè ki itil. An verite, pami tout bagay Bondye kreye yo, lòm nan nivo ki pi ba a. Malgre se li ki mèt tout bagay, lòm se sèl pami kreyati yo Satan ap pase nan betiz, se li sèl ki viktim anba koripsyon Satan an nan plizyè fason ki pa gen fen. Lòm pa janm gen otonomi sou anyen. Pifò moun ap viv nan kote imoral Satan an epi y ap sibi mepri li; li jwe ak yo nan tout direksyon jouk yo rete mwatye vivan, y ap andire chak monte desann, chak difikilte ki nan mond imen an. Apre li fin jwe avèk yo, Satan mete fen nan desten yo. E konsa moun yo pase tout lavi yo nan yon nwaj konfizyon, san yo pa janm pwofite bon bagay Bondye te prepare pou yo a; okontrè, Satan maltrete yo epi li kite yo an myèt moso. Epi kounye a yo vin pi fèb toujou e san enèji ak san motivasyon, epi yo senpleman pa gen okenn anvi pou yo enterese nan travay Bondye a. Si moun pa gen anvi pou yo enterese nan travay Bondye a, eksperyans yo kondane pou l toujou rete fragmante e enkonplè, epi antre yo ap toujou rete yon espas vid. Nan plizyè milye ane depi Bondye te vini nan mond lan, gen anpil moun ki gen gwo ideyal Bondye te itilize pou travay pou Li pandan yon pakèt ane; men sa ki konnen travay Li yo tèlman ra yo prèske pa egziste. Se pou rezon sa a, yon kantite moun nou pa ka konte jwe wòl reziste kont Bondye nan menm moman y ap travay pou Li a, paske, olye yo fè travay Li a, an reyalite se travay lèzòm yo fè nan yon pozisyon Bondye ba yo. Èske yo ka rele sa travay? Kijan yo kapab antre ladan l? Limanite pran gras Bondye a epi li antere l. Poutèt sa, atravè jenerasyon pase yo, moun ki fè travay Li yo gen yon ti antre nan reyalite a. Yo senpleman pa pale sou konesans yo genyen de travay Bondye a, paske yo gen yon konpreyansyon piti de sajès Bondye a. Nou kapab di, byenke gen anpil moun k ap sèvi Bondye, yo pa t janm wè grandè Li, epi se poutèt sa yo tout monte tèt yo kòm “Bondye” pou lòt moun adore.

Pandan anpil ane, Bondye rete kache pami tout bagay; Li obsève pandan plizyè prentan ak otòn kache dèyè yon vwal bwouya; Li pase anpil jou ak nwit ap gade anba depi nan twazyèm syèl la; Li mache pami lòm pandan anpil mwa ak ane. Li chita an silans anlè bann ak pakèt moun yo, ap tann pandan anpil ivè frèt. Menm yon sèl fwa Li pa janm montre Tèt Li aklè bay pyès moun, ni Li pa janm fè yon ti bri, epi Li ale san kite okenn siy epi Li tounen avèk menm silans lan. Kiyès ki kapab konnen vrè vizaj Li? Menm yon sèl fwa Li pa janm pale avèk lòm, menm yon sèl fwa Li pa janm parèt devan lòm. Kijan sa ta ka posib pou li fasil pou moun fè travay Bondye te konfye a? Yo pa menm rann yo kont ke konnen Li se bagay ki pi difisil pami tout bagay. Jodi a Bondye pale avèk lòm, men lòm pa janm konnen Li, paske antre nan lavi li twò limite epi li san pwofondè. Soti nan pwennvi Li, moun yo pa kalifye ditou pou yo rankontre avèk Bondye. Yo gen yon konpreyansyon sou Bondye ki limite, epi yo twò lwen Li. Anplis de sa, kè yo genyen pou yo kwè nan Bondye a twò konplike, epi senpleman yo pa genyen imaj Bondye a nan fon kè yo ditou. Kòm rezilta, tout efò, enèji ak sakrifis Bondye a, ansanm ak travay Li a, vin tounen tankou moso lò ki antere anba sab, ki pa ka bay menm yon ti limyè. Pou Bondye, kalib, entansyon, ak pwennvi moun sa yo bay degoutans nan nivo ki pi ekstrèm nan. Kapasite yo pou yo konprann nan ba anpil, yo angoudi nan yon nivo ekstrèm, yo dejenere epi yo vilgè, yo gen karaktè esklav, epi yo fèb e san volonte; yo tankou bèf ak chwal moun oblije rale mennen tout kote. Kanta pou antre nan lespri a, oswa antre nan travay Bondye a, yo pa okipe sa ditou, yo pa gen okenn volonte menm pou yo andire soufrans pou laverite. Kijan sa ta ka fasil pou Bondye fè kalite moun sa yo vin konplè? Kidonk, se yon pwen kapital pou nou kòmanse antre nou an apati ang sa a — pou atravè travay nou ak antre nou an nou kòmanse konnen travay Bondye a.

Anvan: Tout moun ki pa konnen Bondye se moun ki reziste kont Bondye

Apre: Travay ak Antre (2)

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger