Ki Pozisyon Ou sou Trèz Epit yo?

Nouvo Testaman an nan Bib la gen trèz epit Pòl yo. Pandan tan Pòl t ap fè travay li, li te ekri trèz lèt sa yo pou legliz ki te kwè nan Jezi Kris yo. Sa vle di, se apre Jezi te monte nan syèl la Bondye te chwazi Pòl, epi li te ekri lèt sa yo. Lèt li yo rann temwayaj sou rezireksyon Seyè Jezi ak jan Li te monte nan syèl la apre lanmò Li, epi yo preche tou chemen repantans lan ak chemen pou moun pote kwa yo. Natirèlman, ansèyman sa yo ak temwayaj sa yo te la pou enstwi frè ak sè yo ki te nan divès zòn nan Jide nan epòk sa a, paske nan epòk sa a, Pòl te yon sèvitè Seyè Jezi, e Bondye te chwazi l pou rann temwayaj sou Seyè Jezi. Nan chak peryòd travay Sentespri a, Li chwazi divès moun pou fè diferan travay Li yo, sa vle di, pou fè travay apot yo pou kontinye travay Bondye Li menm ap fini a. Si Sentespri a te fè travay la dirèkteman, san Li pa t chwazi pèsonn, li t ap difisil pou travay la egzekite. Konsa, apre Bondye te fin frape Pòl atè sou wout Damas la, Li te chwazi l pou rann temwayaj sou Seyè Jezi. Li te yon apot ki pa t fè pati douz disip Jezi yo. Anplis preche levanjil la, li te pran responsablite travay pastoral la nan legliz ki te nan divès kote yo. Sa vle di, li te pran swen frè ak sè yo nan legliz yo─sètadi, li te dirije frè ak sè ki te nan Seyè a. Temwayaj Pòl la se te fè konnen reyalite rezirèksyon Seyè Jezi ak jan Li te monte nan syèl la, epi anseye moun pou yo repanti, konfese peche yo epi mache sou chemen kwa a. Li te youn nan moun ki te rann temwayaj sou Jezi Kris nan epòk sa a.

Yo te chwazi trèz epit Pòl yo pou mete nan Bib la. Li te ekri tout trèz lèt yo pou abòde diferan eta moun ki te nan divès kote yo. Se anba enspirasyon Sentespri a li te ekri yo, e li te anseye frè ak sè yo toupatou antanke apot (nan pozisyon yon sèvitè Seyè Jezi). Kidonk, lèt Pòl yo pa t soti nan pwofesi, ni yo pa t soti dirèkteman nan vizyon; okontrè, li te ekri yo akoz travay li te pran responsablite pou l fè a. Lèt sa yo pa gen anyen dwòl ladan yo, ni yo pa difisil pou konprann menm jan ak pwofesi yo. Pawòl sa yo se senpleman epit; yo pa ni pwofesi ni mistè. Yo se pawòl ansèyman òdinè sèlman. Menmsi anpil nan pawòl sa yo ka difisil pou moun sezi oubyen konprann, yo soti sèlman nan pwòp konpreyansyon Pòl ak nan eklèsisman Sentespri a. Pòl te sèlman yon apot; li te yon sèvitè Seyè Jezi te itilize, li pa t yon pwofèt. Pandan l t ap vwayaje nan divès rejyon, li te ekri frè ak sè ki te nan legliz yo. Lè li te malad tou, li te ekri legliz li pa t kapab ale ladan yo, men ki te toujou nan lespri li. Konsa, moun nan epòk sa a te konsève lèt li yo. Apre sa, jenerasyon ki te vin apre yo te rasanble yo, òganize yo epi mete yo nan Bib la apre kat Levanjil yo. Natirèlman, yo te chwazi pi bon lèt li te ekri yo pou mete yo ansanm nan yon koleksyon. Epit sa yo te itil pou lavi frè ak sè ki nan legliz yo, e yo te gen anpil renome nan epòk li a. Lè Pòl te ekri lèt sa yo, objektif li se pa t ekri yon liv espirityèl ki t ap pèmèt frè ak sè l yo jwenn yon chemen pou pratike, ni ekri yon biyografi espirityèl pou eksprime pwòp eksperyans li. Li pa t gen entansyon ekri yon liv pou l vin yon otè. Li t ap senpleman ekri frè ak sè l yo ki te nan legliz Seyè Jezi Kris la. Antanke sèvitè, Pòl te anseye frè ak sè l yo, li te pale de fado li te genyen an avèk yo, li te fè yo konnen entansyon Seyè Jezi yo ansanm ak travay Li te konfye moun pou yo fè alavni. Se travay sa a Pòl te fè. Pawòl li yo te pote anpil leson pou eksperyans frè ak sè ki te vin apre yo. Verite li te pataje nan anpil lèt sa yo se sa moun ki t ap viv nan Epòk Lagras la te dwe pratike. Se poutèt sa jenerasyon ki te vin apre yo te mete lèt sa yo nan Nouvo Testaman an. Kèlkeswa jan desten final Pòl te ye, sa ki sèten, sèke li te yon moun Bondye te itilize nan epòk li a, e li te soutni frè ak sè li yo ki te nan legliz yo. Desten final li te detèmine selon esans li, ansanm ak lefètke Bondye te frape l atè okòmansman. Li te kapab di pawòl sa yo nan epòk sa a paske Sentespri a t ap travay nan li, e se akoz travay Sentespri a Pòl te gen yon fado pou legliz yo. Konsa, li te kapab bay frè ak sè l yo sa yo te bezwen. Sepandan, akoz kèk sikonstans espesyal, Pòl pa t kapab ale nan legliz yo pou l travay pèsonèlman. Se poutèt sa li te ekri lèt pou avèti frè ak sè l yo ki te nan Seyè a. Okòmansman, Pòl te konn pèsekite disip Seyè Jezi yo, men apre Jezi te monte nan syèl la, sa vle di, apre “limyè” a te klere sou Pòl, li te sispann pèsekite disip Seyè Jezi yo, epi li pa t pèsekite sen ki t ap preche levanjil la pou chemen Seyè a ankò. Apre Pòl te wè Jezi parèt devan l tankou yon limyè ki klere fò, li te aksepte komisyon Seyè a te konfye l la. Li te yon moun Sentespri a te itilize pou preche levanjil la.

Travay Pòl te fè nan epòk sa a se te senpleman pou soutni frè ak sè l yo epi ba yo sa yo te bezwen. Li pa t tankou kèk moun ki te vle fè yon karyè, ekri zèv literè, chèche lòt debouche, oubyen jwenn lòt chemen andeyò Bib la pou dirije moun ki nan legliz yo, yon fason pou yo tout te kapab jwenn yon nouvo antre nan lavi. Pòl se te yon moun Bondye te itilize. Lè li t ap fè bagay sa yo, se sèlman responsablite l li t ap ranpli. Si li pa t gen okenn fado pou legliz yo, yo t ap konsidere li kòm yon moun ki neglije responsablite li. Si te gen yon bagay ki te lakòz dezòd oubyen yon zak trayizon nan legliz la ki te fè moun ki ladan l yo vin nan yon eta ki pa nòmal, yo t ap kapab konsidere Pòl kòm yon moun ki pa t byen fè travay li. Si yon travayè pote yon fado pou legliz la, epi li travay selon tout kapasite li, sa pwouve moun sa a se yon travayè ki reponn ak nòm yo─yon moun Bondye itilize ki reponn ak nòm yo. Si yon moun pa gen okenn fado pou legliz la, si li pa jwenn okenn rezilta nan travay li, epi pifò moun li dirije yo fèb, oubyen yo menm rive tonbe, ebyen, yon travayè konsa pa ranpli devwa l. Menm jan an tou, Pòl pa t yon eksepsyon. Se poutèt sa, li te oblije pran swen legliz yo epi ekri lèt voye bay frè ak sè l yo souvan. Se konsa li te kapab bay legliz yo sa yo te bezwen epi pran swen frè ak sè l yo. Se sèlman nan fason sa a legliz yo te kapab jwenn sa yo te bezwen ak swen pastoral nan men li. Pawòl ki nan lèt li te ekri yo te gen anpil pwofondè. Men, lè li t ap ekri frè ak sè l yo, li te deja resevwa limyè Sentespri a, epi li te entegre eksperyans pèsonèl li ansanm ak fado li te santi a nan sa l t ap ekri yo. Pòl te senpleman yon moun Sentespri a te itilize, e eksperyans pèsonèl li te melanje nan tout sa l te ekri nan lèt li yo. Travay li te fè a te reprezante sèlman travay yon apot. Li pa t reprezante travay Sentespri a te fè dirèkteman, e li te diferan tou ak travay Kris la. Pòl t ap senpleman fè devwa l. Se poutèt sa li te bay frè ak sè l yo ki te nan Seyè a sa yo te bezwen, lè l te pataje avèk yo fado li te genyen an ansanm ak eksperyans ak konpreyansyon pèsonèl li. Pòl te senpleman ap fè travay Bondye te konfye l la lè l te pataje pwòp konpreyansyon ak konesans li. Sa pa t ditou yon travay Bondye Li menm te fè dirèkteman. Se poutèt sa, travay Pòl la te gen ladan l eksperyans lèzòm, ansanm ak opinyon ak konpreyansyon lèzòm sou travay legliz la. Sepandan, nou pa kapab di opinyon ak konpreyansyon sa yo se te travay movè zespri yo, ni se te travay lachè ak san. Nou kapab sèlman di se te konesans ak eksperyans yon moun anba limyè Sentespri a. Lè Mwen di sa, Mwen vle di lèt Pòl yo pa liv ki soti nan syèl la. Yo pa sakre, e se pa t ditou Sentespri a ki te pwononse yo oubyen eksprime yo. Yo se senpleman yon ekspresyon fado Pòl te genyen pou legliz la. Objektif Mwen lè M di tout bagay sa yo, se pou fè nou konprann diferans ki genyen ant travay Bondye ak travay lòm: travay Bondye reprezante Bondye Li menm, tandiske travay lòm reprezante devwa ak eksperyans lòm. Nou pa dwe konsidere travay nòmal Bondye kòm entansyon lòm, ni konsidere travay sinatirèl Li kòm entansyon Bondye. Alewè pou nou ta konsidere gwo predikasyon lòm yo kòm pawòl Bondye pwononse oubyen kòm liv ki soti nan syèl la! Tout pwennvi sa yo pa konfòm ak prensip etik yo. Anpil moun, lè yo tande Mwen ap analize trèz epit Pòl yo an detay, yo panse moun pa dwe li lèt Pòl yo, epi yo panse Pòl te yon moun ki te komèt peche ki grav anpil. Gen menm anpil moun ki panse pawòl Mwen yo pa gen okenn konsiderasyon pou santiman lòt moun, ki panse evalyasyon Mwen fè sou epit Pòl yo pa egzak, e ki panse yo pa kapab konsidere lèt sa yo kòm ekspresyon eksperyans ak fado lòm. Okontrè, yo kwè yo ta dwe konsidere yo kòm pawòl Bondye. Yo kwè yo gen menm enpòtans ak liv Revelasyon Jan an, yo pa kapab retire anyen ladan yo ni ajoute anyen sou yo, alewè pou moun ta esplike yo nenpòt kòman. Èske tout bagay sa yo se pa deklarasyon moun fè ki pa kòrèk? Èske se pa paske moun yo pa gen bon sans ditou? Lèt Pòl yo pote anpil benefis pou moun, e yo deja gen de mil ane depi yo egziste. Sepandan, jis jounen jodi a, gen anpil moun toujou ki pa kapab konprann sa li te di nan epòk sa a. Nan je moun, lèt Pòl yo se pi gwo chèdèv nan tout relijyon kretyen an. Pèsonn pa kapab dekode yo, e pèsonn pa kapab konprann yo nèt. An reyalite, lèt sa yo jis tankou biyografi yon moun espirityèl, e yo pa kapab konpare ak pawòl Jezi yo ni ak gwo vizyon Jan te wè yo. Okontrè, sa Jan te wè yo se te gwo vizyon ki soti nan syèl la─pwofesi konsènan pwòp travay Bondye─yon bagay lòm pa t kapab reyalize. Tandiske lèt Pòl yo se sèlman istwa sa yon moun te wè ak eksperyans li te fè. Se bagay lòm kapab fè, yo pa ni pwofesi ni vizyon; yo se senpleman lèt yo te voye nan divès kote. Sepandan, pou moun nan epòk sa a, Pòl se te yon moun k ap travay, e pawòl li yo te gen valè poutèt li te yon moun ki te aksepte misyon yo te konfye l la. Se poutèt sa, lèt li yo te itil pou tout moun ki t ap chèche Kris la. Menmsi se pa t Jezi Li menm ki te pwononse pawòl sa yo, yo te kanmenm endispansab pou epòk pa yo a. Konsa, moun ki te vin apre Pòl yo te mete lèt li yo nan Bib la, sa ki te pèmèt yo rive jouk jounen jodi a. Èske nou konprann sa Mwen vle di a? Mwen senpleman ap bay yon eksplikasyon egzak sou lèt sa yo epi Mwen ap analize yo an detay. Mwen pa nye ni benefis yo pote pou moun, ni valè yo genyen kòm referans. Si, apre nou fin li pawòl Mwen yo, non sèlman nou rejte lèt Pòl yo, men nou konsidere yo kòm erezi oubyen kòm bagay ki pa gen okenn valè, sa ap senpleman vle di kapasite nou pou konprann twò fèb, menm jan ak kapasite nou pou wè bagay yo ak jije yo. Se sèten yon moun pa kapab di pawòl Mwen yo panche twòp sou yon sèl bò. Èske nou konprann kounye a? Sa ki pi enpòtan pou nou konprann, se sitiyasyon reyèl travay Pòl la nan epòk sa a ak kontèks kote li te ekri lèt li yo. Si nou gen yon pwennvi ki kòrèk sou sikonstans sa yo, n ap genyen yon pwennvi ki kòrèk sou epit Pòl yo tou. Anmenmtan, yon fwa ou fin konprann esans lèt sa yo, evalyasyon w ap fè sou Bib la ap kòrèk, epi w ap konprann poukisa jenerasyon ki te vin apre yo te adore epit Pòl yo konsa pandan tout ane sa yo, epi poukisa gen anpil moun menm ki trete Pòl tankou Bondye. Si nou pa t konprann, èske nou pa t ap panse konsa tou?

Yon moun ki pa Bondye Li menm pa kapab reprezante Bondye Li menm. Nou kapab sèlman di travay Pòl la te soti an pati nan konpreyansyon yon moun, e an pati nan limyè Sentespri a. Pòl te ekri pawòl sa yo grasa konpreyansyon moun ak limyè Sentespri a. Sa pa yon bagay ki ra. Konsa, li te inevitab pou pawòl li yo te melanje ak kèk eksperyans lèzòm, epi pita li te sèvi ak pwòp eksperyans li pou bay frè ak sè yo sa yo te bezwen epi soutni yo nan epòk sa. Lèt li te ekri yo pa kapab klase kòm etid sou lavi, ni kòm biyografi oubyen mesaj, alewè pou yo ta verite legliz la pratike oswa dekrè administratif legliz la. Antanke yon moun ki gen yon fado─yon moun Sentespri a voye fè travay─se yon bagay li senpleman oblije fè. Si Sentespri a chwazi moun epi Li ba yo yon fado, men yo pa pran responsablite travay legliz la, yo pa kapab byen jere zafè legliz la, ni rezoud tout pwoblèm li yo yon fason ki satisfezan, sa pwouve moun sa yo pa ranpli devwa yo. Se poutèt sa, pa t gen anpil mistè pou yon apot te kapab ekri lèt pandan l t ap fè travay li. Sa te fè pati travay li; li te gen obligasyon pou l fè sa. Lè li t ap ekri lèt yo, objektif li se pa t ekri yon etid sou lavi oswa yon biyografi espirityèl, alewè pou li ta ouvri yon lòt chemen pou sen yo. Okontrè, li te fè sa pou li ranpli pwòp fonksyon li, pou l yon sèvitè Bondye ki fidèl, yon fason pou l te kapab rann Bondye kont lè l fin akonpli travay Bondye te konfye l yo. Li te dwe pran responsablite l anvè tèt li ak anvè frè ak sè l yo nan travay li. Li te dwe byen fè travay li epi pran zafè legliz la ak tout kè l. Tout sa te fè pati travay li.

Si nou rive konprann lèt Pòl yo, n ap gen yon konpreyansyon ak yon evalyasyon ki kòrèk sou epit Pyè ak Jan yo tou. Nou p ap janm konsidere lèt sa yo ankò kòm liv ki soti nan syèl la, ni kòm bagay ki sakre e pèsonn pa gen dwa manyen. Alewè pou nou ta konsidere Pòl kòm Bondye! Dayè, travay Bondye diferan ak travay lòm; donk, kòman ekspresyon Bondye ta kapab menm jan ak ekspresyon lòm? Bondye gen pwòp dispozisyon pa Li, tandiske lòm gen devwa li dwe ranpli. Dispozisyon Bondye eksprime nan travay Li, tandiske devwa lòm manifeste nan eksperyans li ak nan sa l ap chèche yo. Konsa, se atravè travay ki fèt la nou kapab wè aklè si se yon ekspresyon Bondye oubyen yon ekspresyon lòm. Sa pa egzije pou Bondye Li menm bay eksplikasyon, ni pou lòm fè gwo efò pou rann temwayaj. Alewè pou Bondye Li menm ta bezwen reprime nenpòt moun! Tout bagay sa yo parèt natirèlman; yo pa ni bagay yo fòse fè, ni bagay lòm kapab entèvni ladan yo. Nou kapab konnen devwa lòm atravè eksperyans li, san l pa bezwen fè lòt travay anplis pou l fè eksperyans. Pandan lòm ap fè devwa l, tout esans li kapab revele, tandiske Bondye kapab eksprime dispozisyon Li te toujou genyen an pandan L ap fè travay Li. Si se travay lòm, sa pa kapab kache. Si se travay Bondye, li pi enposib toujou pou nenpòt moun kache dispozisyon Bondye, alewè pou lòm ta kapab kontwole l. Yo pa kapab di okenn moun se Bondye, alewè pou yo ta konsidere travay ak pawòl li kòm bagay ki sakre oubyen ki pa kapab chanje. Nou kapab di Bondye se yon moun paske Li te pran kò lachè, men nou pa kapab konsidere travay Li kòm travay lòm oswa kòm devwa lòm. Anplis, nou pa kapab mete pawòl Bondye pwononse yo ak lèt Pòl yo nan menm nivo, ni pale de jijman ak chatiman Bondye tankou yo se menm bagay ak pawòl ansèyman lòm yo. Kidonk, gen prensip ki pèmèt nou fè diferans ant travay Bondye ak travay lòm. Diferans sa yo baze sou esans travay yo, se pa sou dimansyon travay la ni sou efikasite tanporè li. Pifò moun fè erè sou kesyon prensip sa a, paske lòm gade sou aparans deyò a, sa li kapab reyalize, tandiske Bondye gade esans lan, yon bagay je fizik lòm pa kapab wè. Si ou konsidere pawòl ak travay Bondye kòm devwa lòm òdinè, epi ou konsidere travay lòm fè ki gen gwo anplè kòm travay Bondye ki pran kò lachè a, olye ou konsidere l kòm devwa lòm nan ap ranpli, èske se pa yon erè prensip ou fè? Lèt ak biyografi lòm ekri se bagay yo kapab fè fasilman, men se sèlman sou baz travay Sentespri a. Sepandan, pawòl Bondye pwononse yo ak travay Li fè a se pa bagay lòm kapab reyalize fasilman, ni bagay sajès ak panse lòm kapab atenn, alewè pou moun ta kapab eksplike yo nèt apre yo fin fè rechèch sou yo. Si kesyon prensip sa yo pa fè nou reyaji ditou, sa pwouve lafwa nou pa vrèman sensè ni serye. Nou kapab sèlman di lafwa nou vag, li bwouye epi li pa gen prensip. San nou pa menm konprann kesyon ki pi fondamantal yo konsènan Bondye ak lòm, èske se pa yon lafwa ki manke kapasite pou l wè klè? Kòman Pòl ta kapab sèl moun Bondye te itilize pandan tout epòk yo? Kòman li ta kapab sèl moun ki te janm travay pou legliz la? Kòman li ta kapab sèl moun ki te ekri legliz yo pou soutni yo? Kèlkeswa dimansyon oswa enfliyans travay moun sa yo, oubyen rezilta travay yo, èske prensip ak esans travay yo pa sanble? Èske travay moun sa yo pa diferan nèt ak travay Bondye? Menmsi gen diferans byen klè ant chak etap travay Bondye yo, e menmsi anpil nan metòd travay Li yo pa fin menm, èske yo tout pa gen yon sèl esans ak yon sèl sous? Konsa, si yon moun toujou pa konprann bagay sa yo aklè jounen jodi a, sa vle di kapasite l pou rezone twò fèb. Si, apre yon moun fin li pawòl sa yo, li toujou di lèt Pòl yo sakre, pèsonn pa gen dwa manyen yo, e yo diferan ak biyografi nenpòt lòt moun espirityèl, sa vle di kapasite moun sa a pou rezone pa nòmal ditou. San okenn dout, yon moun konsa se yon ekspè nan doktrin ki pa gen bon sans menm. Menmsi ou adore Pòl, ou pa kapab sèvi ak gwo afeksyon ou gen pou li a pou defòme verite sou sa ki te pase yo oubyen pou nye egzistans verite a. Anplis, sa Mwen di yo pa vle di ditou pou moun boule tout travay ak lèt Pòl yo, ni pou yo nye valè yo genyen kòm referans nèt. Kèlkeswa sa k rive, entansyon Mwen lè Mwen di pawòl sa yo, se pou nou rive gen yon konpreyansyon ki kòrèk ak yon evalyasyon ki rezonab sou tout bagay ak tout moun. Se sèlman sa ki montre yon moun gen yon kapasite nòmal pou rezone; se sèlman sa moun ki jis e ki posede verite a sipoze genyen.

Anvan: Pawòl pou Jèn yo ak Granmoun yo

Apre: Anèks 3: Se Sèlman Nan Kad Jesyon Bondye a ke Lòm Ka Sove

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger