Anèks 3: Se Sèlman Nan Kad Jesyon Bondye a ke Lòm Ka Sove

Nan zye tout moun, jesyon Bondye a se yon bagay ki yo pa abitye avè l menm paske moun yo konsidere travay Li a kòm yon bagay ki pa gen okenn rapò avèk yo. Moun yo panse ke jesyon Bondye a se travay Li sèlman epi sa konsène li menm sèlman─epi se poutèt sa limanite pa bay jesyon Li a okenn enpòtans. Se konsa, kesyon delivrans limanite vin tounen yon bagay ki vag epi ki pa klè, e jodi a, li pa plis pase yon diskou vid. Malgre lòm swiv Bondye pou li ka jwenn delivrans epi antre nan destinasyon mèveye a, li pa enterese ditou nan fason Bondye ap fè travay Li a. Lòm pa okipe sa Bondye te planifye, ni wòl pa li pou li kapab sove. Sa a se yon bagay ki vrèman tris. Delivrans lòm pa ka separe de jesyon Bondye a, ni li pa ka separe de plan Li an. Poutan, lòm pa bay jesyon Bondye a okenn enpòtans, e konsa, li vin pi lwen Bondye toujou. Sa lakòz plis moun toujou, ki pa konprann kesyon ki gen rapò dirèk ak delivrans lan—tankou sa sa vle di pou yon moun lè ou se yon kreyati, kisa sa vle di kwè nan Bondye, kijan pou adore Bondye, ak lòt bagay ankò — vin fè pati gwoup moun k ap swiv Bondye yo. Se poutèt sa, li nesesè pou nou pale kounye a sou jesyon Bondye a, yon fason pou chak moun k ap swiv Li ka byen konprann sa sa vle di swiv Li epi kwè nan Li. Lè nou fè sa, sa ap ede chak moun chwazi avèk plis presizyon chemen pou yo swiv la, olye pou yo swiv Bondye senpleman pou jwenn benediksyon, pou evite malè, oswa pou yo ka distenge tèt yo de lòt moun.

Malgre jesyon Bondye a se yon bagay ki pwofon pou lòm, li pa depase kapasite lòm pou konprann li. Sa a se paske tout travay Bondye konekte ak jesyon Li ak travay Li fè pou sove limanite; epi li konsène lavi, fason moun viv, ak destine limanite. Nou ka di travay Bondye fè nan mitan lòm ak sou lòm nan se yon bagay ki vrèman pratik e ki gen anpil sans. Lòm ka wè li epi viv li; li pa yon bagay abstrè. Si lòm pa kapab aksepte tout travay Bondye fè, ki sans travay Li genyen lè konsa? Epi, kijan yon jesyon konsa ka mennen lòm nan delivrans? Anpil moun k ap swiv Bondye enterese sèlman nan fason pou yo jwenn benediksyon oswa pou yo evite malè. Kou yo tande pale de travay ak jesyon Bondye a, yo fè silans epi yo pèdi tout enterè. Yo panse ke konprann sijè konplike sa yo p ap ede lavi yo grandi ni pote okenn benefis. Kòm rezilta, byenke yo tande enfòmasyon sou jesyon Bondye a, yo pa pran l oserye. Yo pa konsidere l kòm yon bagay presye pou yo aksepte, e yo pa menm chèche konprann li nan fason pou yo entegre l nan lavi yo. Objektif moun sa yo lè y ap swiv Bondye a senp anpil; yo gen yon sèl objektif: jwenn benediksyon. Moun sa yo pa vle pran tan pou yo konsidere okenn lòt bagay ki pa gen rapò ak objektif sa a. Pou yo menm, jwenn benediksyon se objektif ki pi lejitim ki fè yo kwè nan Bondye—se sa menm ki bay lafwa yo valè. Si yon bagay pa sèvi objektif sa a, kèlkeswa sa li ye, sa pa fè yo ni cho ni frèt. Se ka pifò moun ki kwè nan Bondye jodi a. Objektif yo ak entansyon yo sanble lejitim, paske pandan yo kwè nan Bondye, yo bay tèt yo pou Bondye, yo konsakre tèt yo bay Bondye, epi yo fè devwa yo. Yo sakrifye jenès yo, yo abandone fanmi ak karyè yo, e yo menm pase plizyè ane lwen lakay yo ap kouri monte desann. Pou yo atenn objektif final yo, yo chanje pwòp enterè yo, fason yo wè lavi a, e menm direksyon y ap swiv; poutan, yo pa ka chanje objektif ki fè yo kwè nan Bondye. Yo ap kouri monte desann pou jesyon aspirasyon pa yo; kèlkeswa jan wout la long, epi kèlkeswa kantite difikilte, danje, ak obstak ki genyen sou wout la, yo rete detèmine epi yo pa pè lanmò. Ki fòs k ap pouse yo kontinye konsakre yo nan fason sa a? Èske se konsyans yo? Èske se gran karaktè nòb yo genyen an? Èske se detèminasyon yo genyen pou yo konbat fòs mal yo jiskobou? Èske se lafwa yo genyen pou yo rann temwayaj pou Bondye san yo pa chèche okenn rekonpans? Èske se devouman yo genyen pou yo dakò abandone tout bagay pou yo ka reyalize volonte Bondye? Oubyen èske se lespri devouman yo genyen ki fè yo toujou mete sou kote egzijans pèsonèl ki egzajere? Pou yon moun ki pa t janm konprann travay jesyon Bondye a rive bay tout li menm konsa, se yon gwo mirak toutbonvre! Pou kounye a, ann pa pale sou kantite bagay moun sa yo bay. Sepandan, konpòtman yo merite ke nou pase yon ti tan pou nou byen egzamine yo. Apa de avantaj ki mache sere sere avèk yo, èske ta ka gen lòt rezon ki fè moun ki pa janm konprann Bondye ta peye yon pri ki wo konsa pou Li? La, nou vin dekouvri yon pwoblèm lòm pa t janm idantifye anvan: relasyon Lòm genyen ak Bondye a baze sèlman sou enterè pèsonèl toutouni. Se yon relasyon ant yon moun k ap resevwa benediksyon ak yon moun k ap bay benediksyon. Pou n di l klèman, se relasyon ki genyen ant yon anplwaye ak yon patwon. Anplwaye a travay di sèlman pou l ka resevwa rekonpans patwon an bay. Nan kalite relasyon sa a ki baze sou enterè pèsonèl, pa gen okenn afeksyon fanmi; se yon senp echanj. Ou pa ni renmen, yo pa ni renmen w, sèlman charite ak mizèrikòd. Pa gen konpreyansyon, sèlman yon endiyasyon toufe ki san defans ak twonpri. Pa gen entimite, sèlman yon twou san fon ki pa ka travèse. Kounye a ke bagay yo rive nan pwen sa a, kiyès ki ka chanje direksyon sa? Epi konbyen moun ki kapab vrèman konprann nan ki pwen relasyon sa a vin grav? Mwen kwè lè lòm plonje tèt li nan atmosfè lajwa ke benediksyon ba li, pa gen pèsonn ki ka imajine jan kalite relasyon sa a avèk Bondye se yon bagay ki fè wont e ki lèd.

Bagay ki pi tris konsènan kwayans limanite nan Bondye, sèke lòm ap pouswiv pwòp pwojè pa li nan mitan travay Bondye a, poutan li pa bay jesyon Bondye a okenn atansyon ditou. Pi gwo echèk nan kwayans limanite nan Bondye sèke, pandan l ap chèche soumèt devan Bondye epi adore l, li ap bati pwòp rèv pa li sou yon destinasyon ideyal anmenmtan epi l ap fè plan pou li jwenn pi gwo benediksyon ak pi bon destinasyon an. Menmsi moun yo konprann jan yo mizerab, rayisab, e yo merite pitye, konbyen ladan yo ki ka abandone fasilman aspirasyon ak espwa yo? Epi, kiyès ki kapab kanpe epi sispann fè pwojè pou pwòp tèt pa yo? Bondye bezwen moun ki pral kolabore sere sere avèk Li pou reyalize jesyon Li a. Li bezwen moun ki pral konsakre tout lespri yo ak tout kò yo nan travay jesyon Li a, yon fason pou yo ka soumèt devan Li. Li pa bezwen moun k ap lonje men ba Li pou mande Li charite chak jou, alewè pou moun ki depanse yon ti kras pou Li epi k ap tann pou mande Li remèt yo li. Bondye rayi moun ki bay yon ti kontribisyon tou piti, epi apre sa, ki fin rive. Li rayi moun ki gen kè di sa yo ki opoze ak travay jesyon Li a, epi ki vle pale sèlman sou ale nan syèl la ak jwenn benediksyon. Li rayi plis toujou moun ki pran avantaj opòtinite travay delivrans Li a ofri, pou pwòp enterè pa yo. Sa a se paske moun sa yo pa t janm bay enpòtans ak sa Bondye vle reyalize ak jwenn nan travay jesyon Li a. Yo sèlman enterese nan fason yo ka pran avantaj opòtinite travay Bondye a ofri a pou yo jwenn benediksyon. Yo pa pran kè Bondye an konsiderasyon ditou, yo konsantre nèt sou pwòp avni yo ak desten yo. Moun ki opoze ak travay jesyon Bondye a, epi ki pa gen menm yon ti enterè pou konnen ki jan Bondye sove limanite ak entansyon Li yo, se moun k ap fè sa yo renmen fè, andeyò kad travay jesyon Bondye a. Bondye pa ni sonje ni apwouve aksyon yo, alewè pou l ta gade yo avèk favè.

Nan imansite kosmòs la ak fimaman an, yon kantite kreyati san mezi ap viv epi repwodui; yo swiv lwa lavi a nan yon sik san fen, epi yo respekte yon règ ki pa janm chanje. Moun ki mouri yo pote istwa moun vivan yo ale avèk yo, epi moun ki vivan yo repete menm istwa trajik moun ki peri yo te viv la. Kidonk, limanite pa ka anpeche tèt li poze kesyon sa yo: Poukisa n ap viv? Epi poukisa fòk nou mouri? Kiyès k ap dirije mond sa a? Epi kiyès ki te kreye limanite sa? Èske se lanati ki te kreye limanite vre ? Èske limanite ka vrèman kontwole pwòp desten li? … Se kesyon sa yo limanite ap poze san rete depi plizyè milye ane. Malerezman, plis limanite vin obsede ak kesyon sa yo, se plis li devlope yon swaf pou lasyans. Lasyans ofri yon satisfaksyon kout ak yon plezi tanporè pou kò a, men li pa ka libere limanite anba santiman izolman, solitid, ansanm ak yon santiman laperèz ak enpisans — ke moun nan apèn rive kache — ki byen fon nan nanm li. Limanite jis sèvi ak konesans syantifik li ka wè ak pwòp je l epi konprann avèk sèvo l pou l angoudi kè l. Poutan, kalite konesans syantifik sa a pa sifi pou anpeche limanite eksplore mistè yo. Limanite pa konnen tou senpleman kiyès ki Souvren linivè a ak tout sa ki ladan l, alewè pou yo ta konnen kòmansman ak avni limanite. Limanite oblije viv anba lwa sa a. Pèsonn pa ka chape anba l, ni pèsonn pa ka chanje l; paske, pami tout bagay e anlè linivè a, gen yon Sèl — ki la de letènite jiska letènite — ki gen tout pouvwa sou tout bagay. Se Li menm limanite pa t janm wè, Li menm limanite pa t janm konnen, e nan egzistans Li limanite pa t janm kwè—poutan, se Li menm ki te soufle souf lavi a nan zansèt limanite yo e ki te bay limanite lavi. Se Li menm ki pran swen limanite e ki ba li manje, sa ki pèmèt li egziste; epi se Li menm ki gide limanite depi nan kòmansman jiska jodi a. Sa ki pi enpòtan toujou, se sou Li sèlman limanite konte pou l ka siviv. Li gen tout pouvwa sou tout bagay ak sou tout èt vivan nan linivè a. Se Li menm ki gouvène kat sezon yo, e se Li ki regle chanjman nan van, jèl, nèj ak lapli. Li bay limanite limyè solèy epi Li fè lannwit vini. Se Li menm ki te etabli syèl la ak tè a; Li te bay limanite mòn, lak, rivyè, ansanm ak tout èt vivan ki ladan l yo. Zèv Li yo prezan toupatou, pouvwa Li prezan toupatou, sajès Li prezan toupatou, epi otorite Li prezan toupatou. Chak nan lwa ak règ sa yo se yon manifestasyon zèv Li yo, yon revelasyon sajès ak otorite Li. Ki moun ki ka retire tèt yo anba souverènte Li? Epi ki moun ki ka libere tèt yo anba plan Li yo? Tout bagay egziste anba je Li; anplis, tout bagay viv anba souverènte Li. Zèv Li yo ak pouvwa Li pa kite limanite okenn lòt chwa ke rekonèt ke Li egziste toutbonvre, epi rekonèt tou se Li menm ki gen tout pouvwa sou tout bagay. Pa gen okenn lòt ke Li ki ka gouvène linivè a, alewè pou ta kontinye pran swen limanite san rete. Kit ou kapab rekonèt zèv Bondye yo, kit ou pa kapab, kit ou kwè nan egzistans Bondye, kit ou pa kwè, pa gen dout ke se Bondye ki detèmine desten ou, epi pa gen dout ke se Bondye k ap toujou gen tout pouvwa sou tout bagay. Egzistans Li ak otorite Li pa depann de si limanite rekonèt yo oswa konprann yo. Se Li menm sèl ki konnen pase, prezan ak lavni limanite, epi se Li menm sèl ki ka detèmine desten limanite. Kit ou kapab aksepte reyalite sa a, kit ou pa kapab, sa pa pral pran tan anvan limanite wè tout bagay sa yo ak pwòp je l; se yon reyalite Bondye pral reyalize talè konsa. Moun viv epi yo mouri anba je Bondye. Yo viv pou jesyon Bondye a, epi yo fèmen je yo pou dènye fwa pou jesyon sa a—yo vini epi yo ale san rete, ale vini ale vini. San okenn eksepsyon, tout bagay sa yo fè pati souverènte Bondye ak plan Li. Jesyon Bondye a ap avanse san rete; li pa t janm sispann. L ap fè limanite rekonèt egzistans Li, kwè nan souverènte Li, wè zèv Li yo, epi retounen nan wayòm Li a. Se sa ki plan Li, e se travay Li t ap dirije depi plizyè milye ane.

Lè mond lan te kreye, Bondye te kòmanse travay jesyon Li a, e lòm nan kè travay sa a. Nou ka di ke se pou byen lòm Bondye te kreye tout bagay. Piske travay jesyon Li a dire plizyè milye ane — li ​​pa fèt nan kèk minit oswa segond, ni nan yon batje, ni nan youn oubyen de lane — Li te oblije kreye lòt bagay ki nesesè pou limanite ka viv, tankou solèy la, lalin nan, tout kalite kreyati vivan, manje, ak yon anviwònman pou viv. Se konsa travay jesyon Bondye a te kòmanse.

Apre sa, Bondye te lage limanite nan men Satan, epi lòm te viv anba pouvwa Satan; sa te mennen tikras pa tikras nan travay Bondye pou premye epòk la: istwa Epòk Lalwa a... Pandan plizyè milye ane nan Epòk Lalwa a, limanite te vin abitye ak prensip ki dirije Epòk Lalwa a epi yo te pran l kòm yon bagay ki nòmal. Tikras pa tikras, lòm te vin detounen l de Bondye. Konsa, pandan yo t ap obsève lalwa a, yo te konn adore zidòl tou epi fè move bagay. Yo pa t gen pwoteksyon Jewova, epi yo te senpleman ap viv lavi yo devan lotèl ki nan tanp lan. An reyalite, travay Bondye te gentan kite yo depi lontan; e malgre Izrayelit yo te toujou rete kole ak lalwa a, e yo te toujou site non Jewova, e menm kwè avèk lògèy ke se yo menm sèl ki te pèp Jewova e ki te moun Jewova te chwazi yo, glwa Bondye te kite yo san bri san kont...

Lè Bondye ap fè travay Li, Li toujou kite yon kote an silans epi Li reyalize nouvo travay ke Li kòmanse a tou dousman yon lòt kote. Pou moun ki pèdi sansiblite yo, sa sanble ak yon istwa kont. Moun toujou bay bagay sa ki ansyen yo plis valè pase tout lòt bagay; yo konsidere bagay nouvo oswa bagay yo pa abitye avèk yo kòm lènmi oswa kòm yon bagay ki deranje yo. Konsa, kèlkeswa nouvo travay Bondye ap fè, depi nan kòmansman rive jis nan fen, lòm se dènye pami tout kreyati ki vin konn sa.

Jan sa te toujou fèt, apre travay Jewova te fè nan Epòk Lalwa a, Bondye te kòmanse nouvo travay Li pou dezyèm etap la: pran fòm moun — sa vle di, vin nan lachè tankou lòm pandan dis oswa ven ane — epi pale ak fè travay Li nan mitan kwayan yo. Poutan, san okenn eksepsyon, pèsonn pa t konn sa; se apre Seyè Jezi te fin kloure sou kwa a epi Li te fin resisite ke sèlman yon ti gwoup moun te rekonèt Li se Bondye ki te pran fòm moun. Sa ki te vin kreye pwoblèm, se lè yon nonm yo rele Pòl te parèt; epi vin kanpe an ènmi mòtèl pou Bondye. Menm apre Bondye te frape l epi li te vin tounen yon apot, Pòl pa t chanje ansyen nati l la, epi li te kontinye mache nan wout opozisyon kont Bondye. Pandan peryòd li t ap travay la, Pòl te ekri anpil lèt; malerezman, jenerasyon ki te vin apre yo te konsidere lèt li yo kòm pawòl Bondye, e yo te menm mete yo nan Nouvo Testaman an epi konfonn yo ak pawòl Bondye te pwononse yo. Se te yon gwo wont depi lè Ekriti yo te parèt! Èske se pa t yon erè ki te fèt akoz gwo foli lòm? Yo pa t konnen ditou ke, nan dosye travay Bondye nan Epòk Lagras la, lèt oswa ekriti espirityèl lòm pa t dwe la ditou pou yo pran plas travay ak pawòl Bondye. Men, se pa sijè a sa, kidonk ann tounen nan premye sijè nou an. Touswit apre dezyèm etap travay Bondye a te fini—apre krisifiksyon an—travay Bondye t ap fè pou sove lòm anba peche (sa vle di, pou Li retire lòm anba men Satan) te akonpli. Konsa, depi moman sa a, limanite te gen sèlman pou li aksepte Seyè Jezi kòm Sovè a, pou peche l yo te padone. Nan yon sans, peche lòm pa t reprezante yon obstak ankò pou li jwenn delivrans epi parèt devan Bondye, ni li pa t sèvi ankò kòm mwayen pou Satan akize lòm. Sa a se paske Bondye Li menm te fè yon travay konkrè, Li te vin gen aparans ak avangou lachè ki gen peche a, epi Li menm Li te ofrann pou peche a. Konsa, lòm te desann soti sou kwa a, epi li te rachte epi sove gras ak lachè Bondye a—ki te sanble ak lachè ki gen peche a. Se konsa, apre Satan te fin kaptire li, lòm te fè yon pa anplis pou li aksepte delivrans Bondye a. Natirèlman, etap travay sa a te jesyon Bondye ki te pi pwofon e ki te pi devlope pase sa ki te fèt nan Epòk Lalwa a.

Men sa jesyon Bondye a ye: Li lage limanite nan men Satan—yon limanite ki pa konnen ditou kisa Bondye ye, kisa Kreyatè a ye, ki jan pou adore Bondye, ni poukisa li dwe soumèt devan Bondye—epi Li kite Satan kowonpi li jan li vle; apre sa, tikras pa tikras, Li reprann li nan men Satan, jiskaske li rive adore Bondye nèt ale epi rejte Satan. Se sa ki jesyon Bondye a. Sa ka sanble ak yon lejann, epi li ka parèt difisil pou konprann. Moun yo santi se yon istwa lejandè paske yo pa gen okenn lide sou kantite bagay ki rive lòm pandan plizyè milye ane ki pase yo; alewè, yo pa konnen konbyen istwa ki pase nan kòsmòs la ak nan fimaman an. Epi sitou, se paske yo tou senpleman pa ka wè ak je mòtèl yo mond ki pi mèveye e ki bay plis laperèz, yon mond ki egziste lòt bò mond materyèl la. Sa sanble yon bagay yo pa ka konprann paske yo pa konprann siyifikasyon delivrans Bondye bay limanite oswa siyifikasyon travay jesyon Li a, epi yo pa konprann ki kalite limanite Bondye vrèman vle. Èske se yon gwoup moun Satan pa t janm rive kowonpi ditou, menm jan sa te ye pou Adan ak Èv? Non! Objektif jesyon Bondye a se pou Li genyen yon gwoup moun k ap adore Li epi k ap soumèt devan Li. Malgre Satan te kowonpi limanite sa a, yo pa konsidere Satan kòm papa yo ankò; okontrè, yo rekonèt jan Satan lèd e yo rejte l, epi yo vin devan Bondye pou yo aksepte jijman ak chatiman Bondye. Yo vin konprann diferans ki genyen ant sa ki lèd ak sa ki sen, epi yo vin rekonèt grandè Bondye ak mechanste Satan. Yon limanite konsa p ap sèvi Satan ankò, p ap adore Satan, ni p ap onore Satan. Sa a se paske yo se yon gwoup moun Bondye genyen vre. Sa a se siyifikasyon travay Bondye ap fè pou l jere limanite. Pandan travay jesyon sa a, limanite se sib koripsyon Satan; anmenmtan, limanite se sib delivrans Bondye tou, epi se pwodui Bondye ak Satan ap goumen pou li a. Pandan Bondye ap fè travay Li, Li reprann lòm pazapa nan men Satan, konsa lòm vin pi pre Bondye toujou...

Apre sa, te vin gen Epòk Wayòm nan; se yon etap travay ki pi pratik, men tou, se etap ki pi difisil pou lòm aksepte. Sa rive paske, plis lòm pwoche bò kote Bondye, se plis baton Bondye a pwoche bò kote l, epi se plis figi Bondye parèt klè devan li. Apre redanmsyon limanite, lòm retounen ofisyèlman nan fanmi Bondye a. Lòm te panse se te moman pou l jwi lavi a, poutan li sibi yon atak dirèk nan men Bondye, yon bagay pèsonn pa t janm ka prevwa: An reyalite, se yon batèm pèp Bondye a dwe “jwi.” Lè yo sibi yon tretman konsa, moun yo pa gen lòt chwa ke kanpe pou yo reflechi: “Mwen se ti mouton ki te pèdi pandan plizyè ane a, sa ki te koute Bondye chè anpil pou l te ka rachte m; alò, poukisa Bondye ap trete m konsa? Èske se fason Bondye genyen pou l pase m nan betiz epi demaske m?...” Apre plizyè ane eksperyans, e apre li fin pase anba soufrans rafinman ak chatiman, lòm vin solid. Malgre lòm pèdi “glwa” ak “romans” tan lontan yo, san l pa menm rann li kont, li vin konprann prensip sou fason pou l konpòte l, ansanm ak gwo entansyon Bondye genyen pou li sove limanite depi anpil ane. Ti pa ti pa, lòm kòmanse rayi pwòp britalite l, jan li difisil pou donte l, tout move konpreyansyon li te genyen sou Bondye, ak tout egzijans egzajere li te fè anvè Li. Nou pa ka tounen dèyè. Evènman ki pase yo tounen souvni lòm regrèt, epi pawòl ak lanmou sansib Bondye tounen fòs ki gide nouvo lavi lòm nan. Blesi lòm yo geri jou apre jou, kò l vin solid, epi li kanpe pou l wè figi Toupisan an... Sa fè m wè li te toujou bò kote m, ap veye sou mwen. Souri Li ak bèl figi Li toujou pwovoke emosyon; kè Li toujou gen menm sousi pou limanite Li te kreye a, epi men Li toujou cho e pisan menm jan yo te ye nan kòmansman an. Se kòmsi lòm te retounen nan epòk Jaden Edenn nan, men kounye a, li pa koute tantasyon sèpan an ankò epi li pa kache devan fas Jewova ankò. Lòm mete ajenou devan Bondye pou li adore l, li gade figi Bondye ki souri ba li, epi li ofri sakrifis ki pi presye li genyen an—O! Seyè Mwen, Bondye mwen!

Lanmou ak mizèrikòd Bondye anvayi chak ti detay nan travay jesyon Li a; kèlkeswa si moun yo rive konprann oswa pa konprann gwo entansyon Bondye yo, Li fè travay Li te deside reyalize a avèk yon pèseverans san fay. Kèlkeswa nivo konpreyansyon moun yo genyen de jesyon Bondye a, tout moun ka fè eksperyans ak èd ansanm ak avantaj travay Bondye a pote pou lòm. Petèt, jodi a, ou pa santi okenn nan lanmou oswa pwovizyon lavi Bondye bay la; men, toutotan ou pa vire do bay Bondye epi ou pa abandone detèminasyon w pou chèche verite a, gen yon jou kote figi Bondye k ap souri a ap parèt devan w. Paske, objektif travay jesyon Bondye a se rekipere limanite ki anba pouvwa Satan, se pa abandone limanite ke Satan fin kowonpi epi ki opoze ak Bondye.

23 septanm 2005

Anvan: Ki Pozisyon Ou sou Trèz Epit yo?

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger