Pawòl pou Jèn yo ak Granmoun yo

Mwen fè anpil gwo travay sou tè a, e Mwen mache nan mitan limanite pandan anpil ane; poutan, moun yo raman konnen imaj Mwen ak dispozisyon Mwen, epi se kèk moun sèlman ki kapab eksplike travay Mwen fè a nèt. Tèlman gen anpil bagay moun yo manke; pèsonn pa janm vrèman konprann sa Mwen fè, epi nan fon kè yo, moun yo toujou rete sou gad yo, kòmsi yo pè anpil pou Mwen ta mete yo nan yon lòt sitiyasyon epi apre sa Mwen pa ta okipe yo. Se poutèt sa, atitid moun yo anvè Mwen toujou tyèd, ansanm ak yon dòz prekosyon ki fò. Sa rive paske moun yo rive nan pwen kote yo ye kounye a san yo pa konprann travay M ap fè a; e sitou, yo twouble anpil akoz pawòl Mwen pale avèk yo. Yo kenbe pawòl Mwen yo nan men yo, san yo pa konnen si yo dwe angaje yo pou yo kwè ladan yo san yo pa janm tranble, oswa si yo dwe rete nan endesizyon epi bliye yo. Yo pa konnen si yo dwe mete yo an pratik, oswa si yo dwe tann pou yo wè; si yo dwe mete tout bagay sou kote epi suiv Mwen avèk kouraj, oswa si yo dwe kontinye kenbe relasyon zanmitay yo ak mond lan menm jan ak anvan. Mond enteryè moun yo tèlman konplike, e yo tèlman rize. Paske moun yo pa kapab wè pawòl Mwen yo aklè ni konprann yo nèt, anpil ladan yo twouve li difisil pou mete yo an pratik epi yo gen difikilte pou yo depoze kè yo devan Mwen. Mwen konprann byen difikilte nou yo. Gen anpil feblès ki inevitab lè yon moun ap viv nan lachè, e anpil faktè objektif kreye difikilte pou nou. Nou nouri fanmi nou, nou pase jounen nou ap travay di, epi mwa ak ane yo ap pase nan difikilte. Gen anpil difikilte nan viv nan lachè—Mwen pa nye sa, e, natirèlman, egzijans Mwen gen pou nou yo fèt ann akò avèk difikilte nou yo. Egzijans ki nan travay M ap fè yo, yo tout baze sou vrè nivo nou. Petèt, nan tan lontan, egzijans moun te fè nou nan travay yo te melanje ak kèk eleman ki te twòp pou nou, men nou dwe konnen Mwen pa janm gen egzijans ki ekzajere pou nou nan sa Mwen di ak sa Mwen fè. Tout egzijans yo baze sou nati moun, sou lachè, ak sou sa yo bezwen. Nou dwe konnen sa, e Mwen kapab di nou sa trè klè: Mwen pa opoze ak kèk fason rezonab moun genyen pou yo panse, e Mwen pa opoze ak nati moun genyen natirèlman. Se sèlman paske moun yo pa konprann ki sa estanda Mwen mande yo ye toutbon, ni yo pa konprann siyifikasyon orijinal pawòl Mwen yo, ki fè moun yo kontinye gen dout sou pawòl Mwen yo jouk kounye a; e pa menm genyen mwatye nan moun yo ki kwè nan pawòl Mwen yo. Rès yo se moun ki pa kwè, e gen plis toujou ki renmen tande Mwen “rakonte istwa.” Anplis de sa, gen anpil moun ki renmen gade espektak la. Mwen avèti nou: Anpil nan pawòl Mwen yo deja devwale bay moun ki kwè nan Mwen yo, e moun ki renmen admire bèl peyizaj wayòm nan, men ki fèmen deyò pòtay li, Mwen deja elimine yo. Èske nou pa senpleman move zèb Mwen rejte yo? Ki jan nou te ka gade Mwen ki prale, epi akeyi M ak kè kontan lè Mwen retounen? Mwen di nou, aprè moun Niniv yo te tande pawòl Jewova ki te plen kòlè, yo te repanti imedyatman, yo te mete rad sak sou yo epi yo te chita nan sann. Se paske yo te kwè nan pawòl Li yo ki fè yo te ranpli ak laterè ak gwo laperèz, epi konsa yo te repanti avèk rad sak ak sann. Kanta pou moun jodi a, malgre nou menm tou nou kwè nan pawòl Mwen yo, e pi plis toujou, nou kwè Jewova vini ankò nan mitan nou jodi a. Atitid nou moutre sèlman yon mank respè, kòmsi nou t ap annik gade Jezi ki te fèt nan Jide sa gen plizyè milye ane epi ki kounye a desann nan mitan nou. Mwen konprann byen jan kè nou chaje ak twonpri; pifò nan nou suiv Mwen akoz kiryozite, e nou vin chèche Mwen akoz vid ki nan nou. Lè twazyèm swè nou an kraze—swè pou nou te viv nan lapè ak kè kontan—kiryozite nou disparèt tou. Twonpri ki egziste nan kè chak nan nou vin ekspoze atravè pawòl ak aksyon nou yo. Pou M pale avèk franchiz, nou sèlman kirye pou konnen Mwen; men nou pa gen krentif pou Mwen. Nou pa pran prekosyon ak lang nou, e pi plis toujou, nou pa egzèse okenn kontwòl sou konpòtman nou. Alò, ki kalite lafwa nou genyen toutbonvre? Èske li sensè? Nou annik sèvi ak pawòl Mwen yo pou chase enkyetid nou yo, soulaje annui nou, epi ranpli espas vid ki rete nan lavi nou. Kilès pami nou ki mete pawòl Mwen yo an pratik? Kilès ki gen lafwa toutbonvre? Nou kontinye ap rele byen fò pou nou di Bondye se yon Bondye ki egzamine sa ki nan fon kè moun, men ki jan Bondye nou rele konsa nan kè nou an ka ann akò avèk Mwen? Piske se konsa nou ap rele byen fò, poukisa nou aji konsa? Èske se ta lanmou sa a nou vle remèt Mwen an retou? Gen anpil pawòl sou devouman nan bouch nou, men kote sakrifis nou yo ye, kote bon zèv nou yo? Si se pa t pawòl nou ki rive nan zòrèy Mwen, ki jan Mwen ta ka rayi nou konsa? Si nou te kwè toutbon nan Mwen, ki jan nou ta ka tonbe nan yon eta ki tèlman fè n wont konsa? Vizaj nou tris anpil, kòmsi nou te nan Lanfè ap sibi jijman. Nou pa gen menm yon ti kal vitalite; nou pale avèk feblès sou vwa ki nan fon kè nou, e nou menm chaje ak plent ak madichon. Depi lontan, nou pèdi lafwa nou nan sa Mwen fè, e menm lafwa nou te genyen okòmansman an disparèt; konsa, ki jan nou ta kapab suiv Mwen jouk nan fen an? Piske se konsa bagay yo ye, ki jan nou ka fè sove?

Malgre travay Mwen an trè itil pou nou, men pawòl Mwen yo toujou pa gen okenn efè sou nou epi yo pa bay okenn rezilta nan nou. Li difisil pou Mwen jwenn moun Mwen kapab pèfeksyone, nan yon pwen kote jodi a, Mwen prèske pèdi espwa nan nou. Mwen chèche pami nou pandan plizyè ane, men li difisil pou Mwen jwenn yon moun ki kapab vin konfidan Mwen. Mwen santi kòmsi Mwen pa gen kouraj pou Mwen kontinye travay sou nou, ni Mwen pa gen lanmou pou Mwen kontinye renmen nou. Sa se paske depi lontan Mwen gen degoutans pou “reyalizasyon” nou yo, yo piti anpil e yo mizerab; se tankou Mwen pa t janm pale nan mitan nou e Mwen pa t janm travay sou nou. Reyalizasyon nou yo tèlman bay kè plen. Nou toujou pote malè ak wont sou tèt nou, e nou prèske pa gen okenn valè. Mwen prèske pa kapab jwenn menm tras resanblans yon moun nan nou, ni Mwen pa ka santi okenn tras yon moun nan nou. Kote sant fre nou an ye? Kote pri nou te peye pandan plizyè ane yo ye, e kote rezilta yo ye? Èske nou pat janm jwenn okenn rezilta? Travay Mwen an kounye a gen yon nouvo kòmansman, yon nouvo demaraj. Mwen pral reyalize gwo plan, e Mwen pral kòmanse yon travay ki pi gwo toujou, men nou menm nou toujou ap woule kò nou nan labou tankou dejenere menm jan ak anvan. N ap viv nan dlo sal tan pase a, e pratikman nou pa t rive libere tèt nou anba sitiyasyon nou te ye okòmansman an. Se poutèt sa, nou poko jwenn anyen nan pawòl Mwen yo. Nou toujou poko sòti tèt nou nan ansyen espas labou ak dlo sal nou an, e nou konnen pawòl Mwen yo sèlman; men an reyalite, nou poko antre nan domèn libète pawòl Mwen yo. Se poutèt sa, pawòl Mwen yo pa janm vin klè pou nou; yo tankou yon liv pwofesi ki te sele pandan plizyè milye ane. Mwen parèt devan nou nan lavi nou, men nou toujou pa rann nou kont. Nou pa menm konnen Mwen. Prèske mwatye nan pawòl Mwen pale yo se pawòl jijman sou nou, e yo pwodui mwatye nan efè yo, sa ki kite nou etoudi epi nan konfizyon. Lòt mwatye a se pawòl ki anseye nou sou lavi ak sou fason pou kondwi tèt nou. Sepandan, sanble pou nou, pawòl sa yo pa menm egziste, oswa se kòmsi se pawòl timoun nou t ap koute, nou toujou reponn pawòl sa yo ak yon souri kache, men nou pa janm mete yo an pratik. Nou pa janm bay bagay sa yo enpòtans; se toujou akoz kiryozite ki fè nou konn obsève aksyon Mwen yo. Kòm rezilta, kounye a nou tonbe nan fènwa e nou pa kapab wè limyè a, e se konsa nou ap kriye avèk anpil lapenn nan fènwa a. Sa Mwen vle se soumisyon nou, yon soumisyon san kondisyon; e plis toujou, Mwen mande pou nou gen yon konviksyon total e san okenn dout sou tout sa Mwen di. Nou pa dwe adopte yon atitid neglijans, e sitou, nou pa dwe trete pawòl Mwen yo yon fason selektif, ni nou pa dwe rete endiferan anvè pawòl Mwen yo ak travay Mwen an, jan nou abitye fè sa. Travay Mwen fini nan mitan nou, e Mwen bay nou anpil pawòl Mwen; men si nou trete Mwen yon fason sipèfisyèl konsa, Mwen pa gen lòt chwa pase bay fanmi moun lòt nasyon yo sa nou pa ni jwenn ni mete an pratik. Pami tout kreyati yo, kiyès ladan yo se pa Mwen ki kenbe li nan men Mwen? Pifò nan nou rive nan yon “laj avanse,” e nou pa gen fòs pou nou aksepte kalite travay sa a Mwen fè a. Nou toujou tankou yon zwazo Hanhao,[a] k ap viv sèlman pou l pa mouri grangou, e nou pa janm pran pawòl Mwen yo oserye. Jèn yo chaje a vanite, yo lage kò yo nan plezi san mezi, e yo menm bay travay Mwen an mwens atansyon toujou. Yo pa gen okenn enterè nan bon manje delika ki sou tab festen Mwen an; yo tankou yon ti zwazo ki soti nan kalòj li ki vole byen lwen pou al dekouvri lòt kote. Ki jan kalite jèn ak granmoun konsa ta ka itil Mwen? Moun ki gen anpil laj yo pare pou yo sèvi ak pawòl Mwen yo kòm yon pansyon jouk yo antre nan tonm yo, konsa, aprè yo fin mouri, nanm yo kapab monte nan syèl la; pou yo menm, sa sifi. Se poutèt sa, granmoun sa yo kounye a toujou ap kenbe “gwo anbisyon” ak yon “lafwa ki pa janm brannen.” Malgre yo gen anpil pasyans pou travay Mwen an e yo posede kalite moun ki granmoun genyen pou yo dwat epi pou yo pa janm bese tèt yo, yo refize kite nenpòt moun oswa nenpòt bagay rale yo ale oswa fè yo tonbe—an verite, yo tankou yon fò ki enpenetrab—èske lafwa moun sa yo pa chaje ak yon lè lanmò ak sipèstisyon? Ki kote chemen yo ye? Pou yo menm, èske chemen yo pa twò long, twò lwen? Kijan yo ta ka konnen entansyon Mwen yo? Menm si lafwa yo merite lwanj, konbyen nan granmoun sa yo ki pa sèlman ap suiv nan konfizyon, men ki vrèman ap chèche lavi? Konbyen ki vrèman konprann vrè siyifikasyon travay Mwen an? Objektif yo se pa suiv Mwen nan monn sa a jodi a pou, nan yon avni ki toupre, yo pa desann nan lanfè, men pou Mwen mennen yo nan yon lòt domèn? Èske nou panse destinasyon nou se yon bagay ki senp konsa? Malgre nou menm jèn yo, nou tout tankou jèn lyon, nou raman gen vrè chemen an nan kè nou. Jenès nou pa bay nou dwa pou resevwa plis nan travay Mwen an; okontrè, nou toujou pwovoke degoutans Mwen anvè nou. Malgre nou jèn, swa nou manke vitalite, swa nou manke anbisyon, e nou toujou pa janm pran yon pozisyon klè sou avni nou; se kòmsi nou pa bay sa enpòtans, epoutan nou toujou kenbe l nan kè nou. Yo ta ka di vitalite, aspirasyon ak pozisyon fèm ki ta dwe jwenn lakay jèn yo pa egziste nan nou ditou. Nou menm, kalite jèn sa yo, nou pa gen okenn pozisyon fèm e nou pa kapab fè diferans ant sa ki kòrèk ak sa ki pa kòrèk, ant sa ki bon ak sa ki mal, ant sa ki bèl ak sa ki lèd. Li enposib pou jwenn yon bagay ki nouvo nan nou. Prèske tout nan nou demode nan fason nou panse, e nou menm, kalite jèn sa yo, nou aprann suiv foul la tou, kòm si nou pa gen bon sans. Nou pa janm kapab fè yon diferans klè ant sa ki byen ak sa ki mal, nou pa kapab fè diferans ant sa ki vrè ak sa ki fo, nou pa janm fè efò pou nou rive nan ekselans, e nou pa kapab konnen ni sa ki kòrèk, ni sa ki pa kòrèk, sa ki verite ak sa ki ipokrizi. Nou gen yon sant relijyon sou nou ki pi fò e ki pi grav toujou pase sa ki sou granmoun yo. Nou fyè, dominan e nou pa rezonab; nou renmen konpetisyon anpil, e nou gen yon gwo tandans pou nou goumen—ki jan kalite jèn sa a ta ka posede verite a? Ki jan yon moun ki pa kapab kenbe pozisyon li ta ka rete fèm nan temwayaj li? Ki jan yon moun ki pa kapab fè diferans ant sa ki byen ak sa ki mal ta ka rele yon jèn? Ki jan yon moun ki pa gen vitalite, vigè, frechè, kalm ak estabilite yon jèn ta ka rele yon moun k ap suiv Mwen? Ki jan yon moun ki pa gen verite, ki pa gen yon sans jistis, men ki renmen jwe ak goumen, ta ka diy pou sèvi kòm temwen Mwen? Jèn yo pa ta dwe plen twonpri, ni yo pa ta dwe gen yon atitid ki gen prejije anvè lòt moun. Yo pa ta dwe fè aksyon destriktif ak abominab. Yo pa ta dwe san aspirasyon, san elan, ni san yon lespri ki chaje ak enèji pou yo fè efò pou yo pwogrese. Yo pa ta dwe dekouraje konsènan avni yo, ni yo pa ta dwe pèdi espwa nan lavi oswa lafwa nan lavni. Yo ta dwe gen pèseverans pou yo kontinye mache sou chemen verite yo chwazi kounye a, pou yo reyalize dezi yo genyen pou yo konsakre tout lavi yo ban Mwen. Yo pa ta dwe san verite, ni yo pa ta dwe chache kouvèti pou ipokrizi ak enjistis; yo ta dwe rete fèm sou pozisyon yo pran an. Yo pa ta dwe annik suiv kouran an, men yo ta dwe gen lespri pou yo oze fè sakrifis epi lite pou jistis ak verite. Yo ta dwe gen kouraj pou yo pa soumèt anba opresyon fòs fènwa yo, epi pou yo transfòme siyifikasyon egzistans yo. Yo pa ta dwe annik soufri bagay yo san yo pa reyaji, men plis toujou, yo ta dwe gen yon lespri ki chita sou senserite ak franchiz, ansanm ak yon lespri padon anvè frè ak sè yo. Natirèlman, sa yo se egzijans Mwen genyen pou tout moun, ansanm ak egzòtasyon Mwen bay tout moun. Men plis toujou, se pawòl Mwen pou rekonfòte tout jèn yo. Nou dwe pratike selon pawòl Mwen yo. An patikilye, jèn yo pa ta dwe san rezolisyon pou yo byen disène bagay yo epi chèche jistis ak verite. Nou ta dwe pouswiv tout bagay ki bèl ak bon, epi nou ta dwe vin genyen reyalite tout bagay pozitif yo. Anplis de sa, nou dwe responsab pwòp lavi nou, e nou pa dwe pran li alalejè. Li ra pou moun, aprè yo fin vini nan mond pou yo rankontre Mwen, e li ra tou pou yo gen opòtinite pou yo chèche verite a epi jwenn li. Poukisa nou pa ta bay bèl peryòd sa a valè kòm bon chemen pou nou pouswiv nan lavi sa a? E poukisa nou toujou gen yon atitid konsa ki meprize verite ak jistis? Poukisa nou toujou ap pilonnen tèt nou epi depafini tèt nou poutèt enjistis ak salte ki pran moun pou jwèt? E poukisa nou aji tankou granmoun sa yo k ap pratike sa moun ki enjis yo pratike. Lavi nou ta dwe plen ak jistis, verite ak sentete; nou pa t janm sipoze vin dejenere byen bonè konsa, epi tonbe nan Lanfè konsa. Èske nou pa santi sa t ap yon malè terib? Èske nou pa santi sa t ap yon enjistis ki terib?

Nou tout ta dwe fè travay nou an yon fason ki pafè nèt, epi nou ta dwe ofri l sou lotèl Mwen an, pou nou fè l tounen sèl sakrifis la—epi pi gwo sakrifis la—nou prezante ban Mwen. Nou tout ta dwe rete fèm nan pwòp pozisyon nou, san nou pa kite chak ti van k ap pase pote nou ale tankou nyaj nan syèl la. Nou travay di pandan mwatye lavi nou; alò, poukisa nou pa ta chèche destinasyon nou ta dwe genyen an? Nou travay di pandan mwatye lavi nou, men nou kite paran nou yo, ki tankou kochon ak chen, trennen verite a ak siyifikasyon egzistans pèsonèl nou ale nan tonm nan. Èske ou pa panse sa se yon gwo enjistis kont ou? Èske ou pa santi viv lavi a konsa pi pa fè sans pase nenpòt lòt fason pou viv? Chèche verite a ak bon chemen an nan fason sa a pral finalman lakòz pwoblèm, fè vwazen yo malalèz epi fè tout fanmi an malere; e sa pral mennen nan dezas ki mòtèl. Si ou viv konsa, èske sa pa vle di w ap mennen yon lavi ki pa gen prèske okenn valè? Lavi kiyès ki ta ka gen plis chans pase pa w la, e lavi kiyès ki ta ka pi ridikil pase pa w la? Èske ou pa chèche Mwen pou ou jwenn lajwa Mwen ak pawòl Mwen pou rekonfòte ou? Men, aprè ou fin kouri toupatou pandan mwatye lavi ou, ou pwovoke Mwen jouk Mwen vin move anpil, epi Mwen pa okipe ou ankò ni Mwen pa apwouve ou—èske sa pa vle di tout lavi ou te pase pou gremesi? Ki jan ou ta ka gen figi pou ou al rankontre nanm tout sen sa yo atravè tout jenerasyon yo ki te libere anba purgatwa? Ou tyèd anvè Mwen, e finalman ou pwovoke yon dezas fatal. Li ta pi bon pou ou pwofite okazyon sa a pou ou fè yon vwayaj ak kè kontan atravè gwo lanmè a, epi apre sa obeyi “misyon” Mwen an. Mwen te di nou sa depi lontan: Moun ki menm jan avèk ou jodi a, ki tyèd men ki pa vle ale, vag Mwen kreye yo pral finalman vale epi anglouti yo. Èske nou kapab vrèman pwoteje tèt nou? Èske ou vrèman gen konfyans fason ou pouswiv kounye a kapab garanti pèfeksyon ou? Èske kè ou pa rèd e li pa vle chanje? Jan ou suiv la, jan ou chèche a, jan ou viv la, ak kalite karaktè ou genyen—ki jan bagay sa yo ta ka jwenn apwobasyon Mwen?

Nòt anba paj:

a. Istwa zwazo Hanhao a sanble anpil ak fab Ezòp la sou foumi an ak krikèt la. Zwazo Hanhao a prefere dòmi olye li bati yon nich pandan tan an cho, malgre vwazen li, yon Pika, te avèti l plizyè fwa. Lè sezon fredi rive, zwazo a mouri anba fredi.

Anvan: Karaktè Nou Tout Tèlman Ba!

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger