Chapit 99

Paske vitès travay Mwen an ap akselere, pèsonn pa ka swiv tras pye Mwen, e pèsonn pa ka penetre lespri Mwen, men se chemen sa a ki dwe pran. Sa a se “moun mouri” (sa vle di, moun ki pa ka konprann entansyon Mwen, ki pa ka konprann sa M vle di nan pawòl Mwen yo; sa a se yon lòt eksplikasyon “moun mouri”, e li pa vle di “Lespri M abandone yo”) nan fraz “leve soti nan lanmò” M te deja pale de li a. Lè nou menm ak Mwen fin pase soti nan faz sa a pou nou antre nan kò a, lè sa a, vrè sans “leve soti nan lanmò” a pral akonpli (sa vle di, sa a se vrè sans leve soti nan lanmò). Kounye a, men nan ki eta nou tout ye: Nou pa ka konprann entansyon Mwen, e nou pa ka jwenn tras pye Mwen. Anplis, nou pa ka rete trankil nan lespri nou. Kòm rezilta, nou pa santi nou alèz nan tèt nou. Kalite eta sa a se egzakteman “soufrans” M te mansyone a. Moun pa ka sipòte soufrans sa a. Nan yon bò, n ap panse a pwòp avni nou, epi nan yon lòt bò, n ap aksepte dife Mwen ak jijman Mwen k ap vin sou nou soti nan tout direksyon. Anplis, nou pa ka byen konprann okenn règ nan ton ak fason M pale, e nan yon sèl jou pawòl, gen plizyè kalite ton. Bagay sa yo fè nou soufri anpil. Sa yo se etap travay Mwen. Sa a se sajès Mwen. Nan lavni, nou pral fè eksperyans pi gwo soufrans nan sans sa a, e tout sa se pou revele tout moun ipokrit — sa ta dwe klè kounye a! Se konsa M travay. Avèk kalite soufrans sa a k ap motive nou, e apre nou fin pase nan doulè sa a ki egal ak lanmò, nou pral antre nan yon lòt mond. Nou pral antre nan kò a, e n ap renye avè M, pou nou dirije bann ak pakèt nasyon ak pèp yo.

Poukisa, dènyèman, M ap pale ak yon ton ki pi sevè? Poukisa ton Mwen an varye konsa, e poukisa fason M travay la varye konsa tou? Sajès Mwen te nan bagay sa yo. M di pawòl Mwen yo pou tout moun ki te aksepte non sa a (kit yo kwè pawòl Mwen yo ka akonpli, kit yo pa kwè), kidonk tout moun dwe tande ak wè pawòl Mwen yo, e pèsonn pa dwe sibi presyon, paske Mwen gen fason pa M pou M travay e Mwen gen sajès Mwen. M sèvi ak pawòl Mwen yo pou M jije moun, pou M revele moun, epi pou M ekspoze nati lòm. Konsa, Mwen seleksyone moun Mwen te chwazi yo, e M elimine moun Mwen pa t predestine ni chwazi yo. Tout sa se sajès Mwen, e se mèvèy travay Mwen. Sa a se metòd Mwen pou faz sa a ki nan travay Mwen an. Nan mitan lèzòm, èske gen yon moun ki ka byen konprann entansyon Mwen yo? Èske gen yon moun ki ka pran chay Mwen an an konsiderasyon? Se Mwen menm, Bondye k ap fè travay la. Gen yon jou ki pral rive kote nou pral konprann enpòtans pawòl sa yo ki soti nan Mwen nèt, e nou pral konprann aklè poukisa M vle di pawòl sa yo. Sajès Mwen pa gen fen, li pa gen limit, li pa ka mezire, e lèzòm pa ka penetre l ditou. Lèzòm ka wè sèlman yon pòsyon ladan l atravè sa M fè, men sa yo wè a toujou gen defo e li pa konplè. Lè nou fin pase nèt soti nan faz sa a pou antre nan pwochen faz la, lè sa a n ap kapab wè l aklè. Sonje! Kounye a se epòk ki pi presye a — se dènye faz kote nou nan lachè. Lavi nou kounye a se dènye pati lavi fizik nou. Lè nou antre nan mond espirityèl la soti nan lachè, lè sa a nou p ap gen okenn doulè ankò. Nou pral rejwi anpil, nou pral kontan anpil, e n ap sote ak kè kontan san rete. Men, nou dwe konprann aklè pawòl M ap di yo se pou premye pitit gason yo sèlman, paske se premye pitit gason yo sèlman ki merite benediksyon sa a. Antre nan mond espirityèl la se pi gwo benediksyon an, benediksyon ki pi wo a, e se bagay ki gen plis valè pou moun jwi. Bagay nou jwenn kounye a pou nou manje ak pou nou mete sou nou se pa anyen plis pase plezi lachè; se lagras, e Mwen pa bay bagay sa yo okenn enpòtans ditou. Pwen prensipal travay Mwen an se nan pwochen faz la (antre nan mond espirityèl la epi fè fas ak linivè ak monn nan).

Mwen te di M deja jete gwo dragon wouj la atè e M kraze l. Ki jan nou fè pa kwè pawòl Mwen yo? Poukisa nou toujou vle andire pèsekisyon ak tribilasyon pou Mwen? Èske se pa yon pri nou pa bezwen peye? Mwen te fè nou sonje plizyè fwa, nou sèlman bezwen jwi, pandan Mwen menm M ap fè travay la, pèsonèlman. Poukisa nou tèlman anvi aji konsa? Nou vrèman pa konn jwi! Mwen te prepare tout bagay nèt pou nou — poukisa pa gen youn nan nou ki vin jwenn Mwen pou reklame l? Nou toujou pa sèten de sa M di! Nou pa konnen Mwen! Nou panse M ap di pawòl san sans pou fè nou plezi sèlman; tèt nou vrèman pa klè! (Preparasyon konplè M pale de yo vle di nou dwe gade sou Mwen plis epi priye plis devan Mwen, pandan M ap travay pèsonèlman, e M ap madichonnen tout moun ki reziste kont Mwen epi pini tout moun ki pèsekite nou.) Nou pa konnen anyen sou pawòl Mwen yo! M revele tout mistè Mwen yo ban nou, men konbyen nan nou ki vrèman konprann yo aklè? Konbyen nan nou ki konprann yo an pwofondè? Kisa twòn Mwen an ye? Kisa baton fè Mwen an ye? Kiyès nan nou ki konnen? Lè yo mansyone twòn Mwen an, pifò moun panse se kote M chita, oswa se kote M rete, oswa se moun Mwen ye a. Tout sa yo se konpreyansyon enkòrèk — se yon pil bagay moun mal konprann tou senpleman! Pa gen youn nan entèpretasyon sa yo ki kòrèk, pa vre? Se konsa nou tout konprann ak sezi li — sa a se yon devyasyon ekstrèm nan konpreyansyon! Kisa otorite ye? Ki rapò ki genyen ant otorite ak twòn nan? Twòn nan se otorite Mwen. Lè premye pitit gason Mwen yo leve twòn Mwen an byen wo, se lè sa a premye pitit gason Mwen yo pral resevwa otorite a nan men M. Se Mwen sèl ki gen otorite, kidonk se Mwen sèl ki gen twòn nan. Nan lòt mo, apre premye pitit gason Mwen yo fin soufri menm jan M te soufri a, y ap aksepte sa Mwen ye ak sa Mwen genyen, e y ap resevwa tout bagay nan men M; se pwosesis sa a ki pral fè yo rive nan pozisyon premye pitit gason. Se va lè premye pitit gason Mwen yo leve twòn Mwen an byen wo, e se va lè sa a tou yo pral resevwa otorite a nan men M. Kounye a nou ta dwe konprann sa! Tout sa M di klè e san okenn anbigwite, pou tout moun ka konprann. Lage pwòp nosyon nou, epi tann pou nou resevwa mistè M ap revele ban nou yo! Alò, kisa baton fè a ye? Nan faz anvan an, se te pawòl sevè Mwen yo, men kounye a li diferan ak anvan: Kounye a baton fè a se aksyon Mwen yo, ki se gwo dezas ki chaje ak otorite. Kidonk, chak fwa yo mansyone baton fè a, li toujou ale ansanm ak otorite. Sans orijinal baton fè a se an rapò ak gwo dezas yo — li se yon pati nan otorite. Tout moun dwe wè sa aklè, e se sèlman konsa yo ka byen konprann entansyon Mwen yo epi resevwa revelasyon nan pawòl Mwen yo. Nenpòt moun ki gen travay Sentespri a kenbe baton fè a nan men l, e se li menm ki gen otorite e ki gen dwa egzekite nenpòt nan gwo dezas yo. Sa a se youn nan dekrè administratif Mwen yo.

Tout bagay louvri devan nou (sa a se pòsyon ke yo te montre aklè a), e tout bagay kache pou nou (sa a se pòsyon sekrè pawòl Mwen yo). M pale avèk sajès: M kite nou konprann sèlman sans literal kèk nan pawòl Mwen yo, alòske M kite nou sezi sans lòt yo (men pifò moun pa kapab sezi l), paske sa a se lòd travay Mwen an swiv. M ka di nou vrè sans pawòl Mwen yo sèlman lè nou rive nan yon sèten nivo espirityèl. Sa a se sajès Mwen, e sa yo se zèv mèveye Mwen (pou M fè nou vin pafè e pou M bat Satan nèt epi imilye dyab yo). Se jis lè nou antre nan yon lòt mond n ap kapab konprann nèt. M oblije fè l konsa paske nan nosyon lòm gen anpil bagay moun pa ka konprann ditou, e menm si M pale aklè, nou p ap konprann toujou. Apre tou, lespri moun limite, e gen anpil bagay M ka transmèt nou sèlman apre nou fin antre nan mond espirityèl la; sinon, lachè lèzòm pa ka sipòte l, e sa ka sèlman deranje jesyon Mwen. Sa a se vrè sans “lòd travay Mwen” M pale de li a. Nan nosyon nou, nan ki mezi nou konprann Mwen? Èske konpreyansyon nou san defo? Èske se konesans nan lespri? Se poutèt sa, M dwe fè nou pase nan yon lòt mond pou nou ka konplete travay Mwen epi swiv volonte Mwen. Alò, kisa lòt mond sa a ye egzakteman? Èske vrèman, jan moun imajine l, se yon kalite vizyon transandan? Èske vrèman se yon bagay tankou lè, ki pa ka wè ni santi, men ki egziste kanmenm? Jan M te di a, eta moun ki nan kò a se eta yon moun ki gen chè ak zo, ki gen fòm ak imaj. Sa a vrè nèt e pa gen dout ladan l, e tout moun dwe kwè l. Sa a se vrè eta nan kò a. Anplis, nan kò a pa gen okenn bagay moun rayi. Men, egzakteman kisa eta sa a ye? Lè moun pase soti nan lachè pou antre nan kò a, yon gwo gwoup dwe parèt. Sa vle di, y ap libere tèt yo anba kay lachè yo, e nou ka dekri sa tankou chak moun klase selon kalite pa yo: Lachè rasanble ak lachè, e kò a rasanble ak kò a. Kounye a, moun ki kite fanmi yo, paran yo, madanm yo, mari yo, pitit gason yo ak pitit fi yo, kòmanse antre nan mond espirityèl la. Finalman, men jan sa ye: Sitiyasyon nan mond espirityèl la se ke premye pitit gason yo rasanble ansanm, y ap chante, y ap danse, y ap fè lwanj epi y ap aklame non Mwen ki sen. Sa a se yon sèn ki bèl e ki toujou nouvo. Tout se pitit gason Mwen renmen yo, k ap fè lwanj pou Mwen pou tout tan san rete, k ap toujou leve non Mwen ki sen an byen wo. Sa a se sitiyasyon an apre antre nan mond espirityèl la, sa a se travay la apre antre nan mond espirityèl la tou, e sa a se tou sitiyasyon M te pale de li a, sitiyasyon fè bèje pou legliz la nan mond espirityèl la. Anplis, se ke M parèt atravè moun Mwen ye a nan chak nasyon nan linivè a ak nan mitan bann ak pakèt nasyon ak pèp yo, avèk otorite Mwen, kòlè Mwen ak jijman Mwen, e pi plis toujou, avèk baton fè Mwen pou M gouvène bann ak pakèt nasyon ak pèp yo. Atravè sa, yon temwayaj ki souke syèl la ak tè a rann pou Mwen nan mitan bann ak pakèt pèp yo ak nan tout linivè a, sa ki fè bann ak pakèt pèp yo ak tout bagay sou mòn yo, nan rivyè yo, nan lak yo ak nan dènye bout latè fè lwanj pou Mwen epi ban Mwen glwa, epi konnen Mwen, sèl Bondye a menm, ki se Kreyatè tout bagay, ki gide tout bagay, ki jere tout bagay, ki jije tout bagay, ki akonpli tout bagay, ki pini tout bagay e ki detwi tout bagay. Se sa, alò, ki se aparisyon moun Mwen ye a.

Anvan: Chapit 94

Apre: Chapit 100

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger