Chapit 100

Mwen rayi tout moun Mwen pa t predestine ni chwazi yo. Se poutèt sa, Mwen dwe mete moun sa yo deyò lakay Mwen youn apre lòt, pou tanp Mwen ka sen e san tach, pou lakay Mwen toujou rete nouvo e pa janm vin ansyen, pou non Mwen ki sen an pwoklame pou tout tan, epi pou pèp Mwen ki sen an se moun M renmen. Yon kalite sèn konsa, yon kalite kay konsa, yon kalite wayòm konsa se objektif Mwen ak kote Mwen rete; se baz kote M te kreye tout bagay. Pèsonn pa kapab souke l ni chanje l. Se sèlman Mwen menm ak pitit gason Mwen renmen yo k ap viv ansanm ladan l, e Mwen p ap pèmèt pèsonn pilonnen l anba pye, Mwen p ap pèmèt okenn bagay okipe l, alevwa pou M ta pèmèt okenn bagay dezagreyab rive. Tout bagay pral se lwanj ak aklamasyon, e tout bagay pral se yon sèn lèzòm pa ka imajine. Mwen sèlman swete nou ofri tout efò nou ban Mwen ak tout kè nou, tout lespri nou ak tout fòs nou. Kit se jodi a, kit se demen, kit nou se moun ki rann sèvis pou Mwen, kit nou se moun ki resevwa benediksyon, nou tout dwe bay mezi fòs nou pou wayòm Mwen an. Se yon obligasyon tout moun ki te kreye dwe pran sou yo, e li dwe fèt epi aplike konsa. Pou bote wayòm Mwen an toujou rete nouvo, e pou lakay Mwen rete ann amoni epi ini, Mwen pral manevre tout bagay pou yo rann sèvis. Pèsonn pa gen dwa defye Mwen, e nenpòt moun ki fè sa dwe sibi jijman epi jwenn madichon. Kounye a, madichon Mwen yo kòmanse tonbe sou chak nasyon ak chak pèp, e madichon Mwen yo pi sevè toujou pase jijman Mwen. Kounye a se moman pou kòmanse kondane tout moun, se poutèt sa yo di se madichon. Se paske kounye a se dènye epòk la, se pa tan kreyasyon an. Piske epòk yo chanje, kounye a vitès travay Mwen an vin trè diferan. Akoz bezwen travay Mwen an, moun Mwen bezwen yo diferan tou: moun yo dwe abandone yo, yo pral abandone yo; moun yo dwe koupe jete yo, yo pral koupe yo jete; moun yo dwe touye yo, yo pral touye yo; e moun yo dwe kite yo, fòk yo kite yo. Sa a se yon tandans inevitab ki pa depann de volonte lèzòm, e pèsonn pa kapab chanje sa. Sa dwe fèt selon entansyon Mwen yo! Mwen abandone moun Mwen vle abandone, e Mwen elimine moun Mwen vle elimine; pèsonn pa dwe aji jan li vle. Mwen kite moun Mwen vle kite, e Mwen renmen moun Mwen vle renmen; sa dwe fèt selon entansyon Mwen yo! Mwen pa aji selon santiman lachè; nan Mwen, gen sèlman jistis, jijman ak kòlè — pa gen okenn santiman lachè ditou. Pa gen menm yon ti tras lèzòm nan Mwen, paske se Bondye menm Mwen ye, se Bondye an pèsòn Mwen ye. Piske tout moun wè limanite Mwen, men yo pa wè divinite Mwen, yo vrèman avèg! Yo vrèman gen tèt yo nan dezòd!

Nou dwe kenbe sa Mwen di nou an nan kè nou, nou dwe konprann kè Mwen atravè pawòl Mwen yo epi pran chay Mwen an an konsiderasyon. Konsa, n ap vin konnen tout puisans Mwen e n ap wè moun Mwen ye a. Paske pawòl Mwen yo se pawòl ki gen sajès, pèsonn pa kapab konprann prensip oswa règ ki dèyè pawòl Mwen yo. Moun panse Mwen ap aji avèk twonpri ak riz, e yo pa rive konnen Mwen atravè pawòl Mwen yo; okontrè, yo blasfeme kont Mwen. Ala yo avèg e yo inyoran! Yo pa gen menm yon ti kras disènman. Chak fraz Mwen di gen otorite ak jijman ladan l, e pèsonn pa kapab chanje pawòl Mwen yo. Depi pawòl Mwen yo soti, bagay yo ap akonpli san mank dapre pawòl Mwen yo; sa a se dispozisyon Mwen. Pawòl Mwen yo se otorite, e nenpòt moun ki modifye yo ofanse chatiman Mwen, e Mwen dwe frape l. Nan ka ki grav, yo detwi pwòp lavi yo epi yo ale kote mò yo ye a, oswa nan twou san fon an. Sa a se sèl fason Mwen aji avèk limanite, e lèzòm pa gen okenn mwayen pou chanje sa — sa a se dekrè administratif Mwen an. Sonje sa! Pèsonn pa gen dwa vyole dekrè Mwen an; tout bagay dwe fèt selon entansyon Mwen yo! Nan tan pase yo, Mwen te twò toleran avèk nou, e nou te sèlman rankontre pawòl Mwen yo. Pawòl Mwen te di sou frape moun yo poko tounen reyalite. Men, apati jodi a, tout kalamite yo (sa ki konsène dekrè administratif Mwen yo) pral vini youn apre lòt pou pini tout moun ki pa sou menm liy ak entansyon Mwen yo. Fòk reyalite yo parèt — sinon, moun pa t ap kapab wè kòlè Mwen, e yo t ap lage kò yo nan debòch ankò e ankò. Sa a se yon etap nan plan jesyon Mwen an, e se fason Mwen fè pwochen etap travay Mwen an. Mwen di nou sa davans pou nou ka evite komèt ofans epi soufri pèdisyon pou toutan. Sa vle di, apati jodi a, Mwen pral fè tout moun, eksepte premye pitit gason Mwen yo, pran plas pa yo selon entansyon Mwen yo, e Mwen pral chatye yo youn apre lòt. Mwen p ap kite menm yon sèl ladan yo chape. Nou mèt oze lage kò nou nan debòch ankò! Ou mèt oze fè rebèl ankò! Mwen te di sa deja: Mwen jis anvè tout moun, Mwen pa gen menm yon ti tras santiman, e sa sèvi pou montre pèsonn pa dwe ofanse dispozisyon Mwen. Sa a se moun Mwen ye a. Pèsonn pa kapab chanje sa. Tout moun tande pawòl Mwen yo, e tout moun wè figi Mwen ki plen glwa. Tout moun dwe soumèt devan Mwen nèt ale e san okenn rezèv — sa a se dekrè administratif Mwen an. Tout moun nan tout linivè a ak nan bout latè yo dwe fè lwanj pou Mwen epi ban Mwen glwa, paske se sèl Bondye a menm Mwen ye, paske se Bondye an pèsòn Mwen ye. Pèsonn pa kapab chanje pawòl Mwen yo ni fason Mwen chwazi mo Mwen yo, ni fason Mwen pale ak konpòte Mwen, paske tout bagay sa yo se bagay ki pou Mwen sèlman, bagay Mwen genyen depi nan tan ki pi ansyen yo e ki pral egziste pou toutan.

Moun yo gen entansyon pou teste Mwen, e yo vle jwenn nan pawòl Mwen yo yon bagay yo kapab sèvi kont Mwen, pou yo ka kalomnye M. Èske se pou w kalomnye M? Èske se pou moun jije M nenpòt jan? Èske se pou moun pale de afè M nenpòt jan? Nou vrèman se yon bann moun ki pa konnen sa ki bon pou nou! Nou pa konnen Mwen ditou! Kisa Mòn Siyon an ye? Kisa kote Mwen rete a ye? Kisa bon peyi Kanaan an ye? Kisa baz kote Mwen te kreye tout bagay la ye? Poukisa, pandan dènye jou sa yo, Mwen kontinye ap mansyone mo sa yo? Mòn Siyon an, kote Mwen rete a, bon peyi Kanaan an, baz kote Mwen te kreye tout bagay la — tout sa yo se an referans ak moun Mwen ye a (an referans ak kò a). Tout moun panse bagay sa yo se kote ki egziste fizikman. Moun Mwen ye a se Mòn Siyon; se kote Mwen rete a. Nenpòt moun ki antre nan domèn espirityèl la ap monte sou Mòn Siyon epi l ap antre kote Mwen rete a. Mwen te kreye tout bagay anndan moun Mwen ye a; sa vle di, tout bagay te kreye anndan kò a, se poutèt sa se baz la. Poukisa Mwen di nou pral retounen nan kò a ansanm avè M ankò? Se la sans orijinal la ye. Tout non sa yo, menm jan ak non “Bondye” a, pa gen okenn sans nan yo menm; okontrè, se diferan non Mwen bay diferan kote. Se poutèt sa, pa bay sans literal yo twòp enpòtans; konsantre sèlman sou tande pawòl Mwen yo. Nou dwe wè yo konsa; se lè sa a n ap kapab konprann entansyon Mwen yo. Poukisa Mwen toujou ap raple nou gen sajès nan pawòl Mwen yo? Konbyen nan nou ki te reflechi sou sans ki dèyè sa? Nou tout ap analize avègleman e nou manke bon sans!

Jiska kounye a, nou toujou pa konprann pifò bagay Mwen te di nan tan pase yo. Nou toujou nan dout e nou pa kapab satisfè kè Mwen. Nenpòt lè nou vin sèten de chak fraz Mwen di, se lè sa a lavi nou ap vin gen matirite. Pou Mwen, yon jou se tankou mil ane, e mil ane se tankou yon jou; kijan nou konsidere tan Mwen pale a? Ki jan nou ta esplike l? Nou mal entèprete l! Anplis, pifò moun ap diskite avèk Mwen sou sa, paske yo vle jwenn yon bagay pou sèvi kont Mwen — nou pa konnen sa ki bon pou nou! Fè atansyon, sinon Mwen pral frape w! Lè jou a rive kote tout bagay vin klè, n ap konprann tout bagay nèt. Mwen toujou pa di nou sa kounye a. (Kounye a se moman pou revele moun; tout moun dwe fè atansyon epi veye pou yo ka satisfè entansyon Mwen yo.) Mwen pral revele tout moun atravè pawòl Mwen yo, e vrè fòm yo pral parèt aklè pou montre si yo vrè oswa si yo fo. Si yon moun se yon pwostitye oswa yon jezabel, Mwen dwe revele l. Mwen te di sa deja: Mwen fè bagay yo san Mwen pa leve menm yon dwèt, e Mwen sèvi sèlman ak pawòl Mwen yo pou revele moun. Mwen pa pè okenn degizman; depi pawòl Mwen yo soti, ou oblije montre vrè fòm ou, e kèlkeswa jan ou byen degize tèt ou, Mwen pral wè atravè l san mank. Sa a se prensip aksyon Mwen yo — Mwen sèvi sèlman ak pawòl, san Mwen pa depanse okenn fòs ditou. Moun ap swe pou konnen si pawòl Mwen yo pral akonpli oswa si yo p ap akonpli, e yo vin enkyete poutèt Mwen epi yo fè tèt chaje pou Mwen, men efò sa yo pa vrèman nesesè; se yon pri yo peye pou granmesi. W ap enkyete pou Mwen, men èske pwòp lavi pa w vin gen matirite? E pwòp desten pa w menm? Mande tèt ou sa souvan epi pa fè bagay yo alalejè. Tout moun ta dwe pran travay Mwen an an konsiderasyon, epi atravè aksyon Mwen yo ak pawòl Mwen yo, wè moun Mwen ye a, pou yo vin konnen Mwen pi plis — pou yo konnen tout puisans Mwen, konnen sajès Mwen, konnen mwayen ak metòd Mwen te itilize pou kreye tout bagay — epi konsa, fè lwanj pou Mwen san rete. Mwen pral fè tout moun wè sou kiyès Mwen mete men dekrè administratif Mwen yo, sou kiyès Mwen ap travay, sa Mwen vle fè, ak sa Mwen vle akonpli. Se yon bagay chak grenn moun dwe atenn, paske sa a se dekrè administratif Mwen an. Mwen pral akonpli sa Mwen di. Pèsonn pa dwe analize pawòl Mwen yo nenpòt jan; tout moun dwe wè prensip ki dèyè aksyon Mwen yo atravè pawòl Mwen yo, epi atravè pawòl Mwen yo, konnen kisa kòlè Mwen ye, kisa madichon Mwen ye, ak kisa jijman Mwen ye. Tout bagay sa yo chita sou pawòl Mwen yo, se bagay chak grenn moun dwe wè, e anplis, yo dwe wè yo nan chak grenn pawòl Mwen yo.

Anvan: Chapit 84

Apre: Chapit 104

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger