Chapit 94
Mwen retounen Siyon ankò, avèk premye pitit gason Mwen yo; èske nou vrèman konprann vrè sans pawòl sa yo? Mwen deja raple nou sa plizyè fwa: Mwen vle nou grandi byen vit pou nou gouvène ansanm avèk Mwen. Èske nou sonje sa? Tout bagay sa yo gen rapò dirèkteman ak enkanasyon Mwen: Mwen soti Siyon, Mwen vin nan mond lan nan kò fizik, pou Mwen kapab jwenn, atravè kò fizik la, yon gwoup moun ki gen menm kè ak menm panse ak Mwen; apre sa, Mwen pral retounen Siyon. Sa vle di Mwen toujou bezwen kite kò fizik la pou Mwen retounen nan kò orijinal Mwen. Se sa ki vrè sans ekspresyon «retounen Siyon ankò» a. Se vrè sans ak pwen santral tout plan jesyon Mwen an tou; sa se menm pati ki pi enpòtan nan plan jesyon Mwen an. Pèsonn pa ka anpeche sa, e sa pral reyalize tousuit. Lè nou nan kò fizik la, nou pa janm ka debarase nou nèt anba konsepsyon ak panse lèzòm; alewè pou nou ta debarase nou anba sant bagay terès yo oswa anba pousyè, epi n ap toujou rete ajil. Se sèlman nan kò a nou kapab kalifye pou nou jwi benediksyon. Ki sa benediksyon yo ye? Èske nou sonje sa? Nan kò fizik la, pa ka pale de benediksyon; se poutèt sa, chemen ki mennen soti nan kò fizik la pou rive nan kò a se yon chemen chak premye pitit gason dwe suiv. Nan kò fizik la, gwo dragon wouj la ap maltrete nou epi pèsekite nou (paske nou pa gen pouvwa e nou poko jwenn glwa); men nan kò a, tout bagay ap diferan anpil, epi n ap santi nou fyè epi n ap kontan anpil. Jou kote yo t ap maltrete nou ak t ap peze nou yo pral fini nèt ale, epi n ap libere pou tout tan, n ap vin lib. Se konsa sa dwe fèt pou Mwen kapab mete sa Mwen ye a ak tout sa Mwen posede nan nou; sinon, n ap sèlman gen kalib Mwen. Kèlkeswa jan yon moun imite yon lòt moun nan aparans, yo pa kapab vin egzakteman menm jan. Se sèlman nan kò espirityèl ki sen an (sa vle di kò a) yo kapab vin egzakteman menm jan (sa vle di yo gen menm kalib, yo menm jan nan sa yo ye ak nan sa yo posede, epi yo kapab fè yon sèl lespri, rete ini, san divizyon ni separasyon, paske yo tout se kò espirityèl ki sen an).
Poukisa nou kòmanse rayi mond lan kounye a, epi poukisa nou vin degoute manje, mete rad ak tout kalite bagay anmèdan konsa? Anplis, poukisa nou pa ka tann pou nou debarase nou de yo? Sa se yon siy ki montre nou pral antre nan mond espirityèl la (kò a). Nou tout gen yon presantiman sou sa, men degre a pa menm pou tout moun. Mwen pral sèvi ak diferan moun, diferan evènman ak diferan bagay pou yo tout sèvi etap Mwen an ki pi enpòtan; tout bagay dwe sèvi Mwen. Mwen dwe fè sa. (Natirèlman, Mwen pa kapab reyalize sa pandan Mwen nan kò fizik la; se sèlman Lespri Mwen an menm ki fè travay sa a, paske lè a poko rive.) Sa se dènye ti fonksyon tout mond linivè a gen pou l akonpli. Tout moun dwe fè lwanj Mwen epi aklame Mwen ak kè kontan. Gwo travay Mwen an fini. Sèt bòl flewo yo vide soti nan men Mwen; sèt loraj yo gwonde, sèt twonpèt yo sonnen, epi sèt so yo louvri—pou mond linivè a, pou kantite nasyon ak pèp moun pa ka konte yo, pou mòn yo, rivyè yo ak tout bagay. Ki sa sèt bòl flewo yo ye? Ki sa yo vize egzakteman? Poukisa Mwen di se soti nan men Mwen yo pral vide? Se apre yon bon bout tan tout moun ap vin totalman konvenki epi konprann tout bagay nèt. Menm si Mwen ta di nou sa kounye a, nou t ap konprann sèlman yon ti pati. Dapre imajinasyon lèzòm, sèt bòl flewo yo vize tout peyi ak pèp nan mond lan, men an reyalite, se pa sa. «Sèt bòl flewo yo» fè referans ak enfliyans Satan ak demon yo, ansanm ak konplo gwo dragon wouj la (objè Mwen sèvi avè l pou l rann Mwen sèvis). Lè sa a, Mwen pral lage Satan ak gwo dragon wouj la pou yo chatye pitit gason Mwen yo ak pèp Mwen an; konsa, sa pral montre kiyès ki pitit gason Mwen yo e kiyès ki pèp Mwen an. Moun yo egare yo se moun Mwen pa t predestine; men nan moman sa a, premye pitit gason Mwen yo pral gouvène ansanm avèk Mwen. Sepandan, se atravè sa a Mwen pral fè pitit gason Mwen yo ak pèp Mwen an vin konplè. Vide sèt bòl flewo yo pa gen rapò ak tout nasyon ak pèp yo; sa konsène sèlman pitit gason Mwen yo ak pèp Mwen an. Jwenn benediksyon pa yon bagay ki fasil; fòk yo peye tout pri a. Lè pitit gason Mwen yo ak pèp Mwen an fin grandi, sèt bòl flewo yo pral disparèt nèt, epi yo pap egziste ankò apre sa. Ki sa «sèt loraj yo k ap gwonde» vle di? Sa pa difisil pou konprann. Nan moman Mwen menm ak premye pitit gason Mwen yo vin tounen kò a, se lè sa a sèt loraj yo pral gwonde. Sa pral souke tout linivè a, tankou si syèl la ak tè a t ap chavire. Tout moun pral konnen sa; pèsonn pap rete san konnen sa. Nan moman sa a, Mwen menm ak premye pitit gason Mwen yo pral resevwa glwa ansanm epi kòmanse pwochen etap travay la. Anpil moun pral mete ajenou pou mande mizèrikòd ak padon akoz gwondman sèt loraj yo. Men, sa pap Epòk Lagras la ankò; se moman gwo kòlè a. Mwen pap epanye okenn moun ki fè sa ki mal (moun k ap fè fònikasyon, ki sèvi ak lajan ki pa pwòp, ki pa gen limit klè nan relasyon yo ak moun lòt sèks, ki eseye deranje jesyon Mwen an epi fè l dega, ki pa gen disèneman espirityèl, moun move lespri posede, oswa lòt moun konsa—tout moun eksepte moun Mwen chwazi yo). Mwen pap padone yon sèl nan yo; Mwen pral jete yo tout nan kote mò yo ye a, kote yo pral peri pou tout tan! «Sèt twonpèt yo k ap sonnen» pa vle di gen yon gwo anviwònman ki ostil, ni sa pa vle di gen yon deklarasyon pou mond lan; tout sa yo se konsepsyon lèzòm. «Sèt twonpèt yo» fè referans ak deklarasyon Mwen fè lè Mwen an kòlè anpil. Lè vwa Mwen (jijman majestye ak jijman Mwen pwononse lè Mwen an kòlè anpil) soti, sèt twonpèt yo sonnen. (Nan sitiyasyon aktyèl la, nan kay Mwen an, sa se bagay ki pi sevè a, e pèsonn pa ka chape anba li.) Lè sa a, tout demon ki nan kote mò yo ye a ak nan lanfè, kit yo gwo kit yo piti, pral kouri toupatou ak men yo sou tèt yo, y ap kriye, y ap griyen dan yo, san yo pa jwenn kote pou yo kache. Kounye a, se pa sonnen sèt twonpèt yo ankò; se kòlè ekstrèm Mwen ak jijman Mwen an ki pi sevè a, pèsonn pa ka chape anba yo e tout moun dwe sibi yo. Sa k ap devwale kounye a se pa sa ki nan sèt so yo. Sèt so yo fè referans ak benediksyon nou pral jwi alavni. «Louvri so yo» vle di yo fè nou konnen benediksyon sa yo sèlman, men nou poko jwi yo. Lè nou va jwi benediksyon sa yo, se lè sa a n ap konnen sa ki nan sèt so yo. Kounye a, se sèlman yon pati nou rive touche; li poko konplè. Mwen kapab sèlman fè nou konnen sa yo, etap pa etap, pandan travay Mwen pral fè pi devan, pou nou ka viv eksperyans sa yo pèsonèlman, pou nou santi yon glwa san parèy epi pou nou rejwi san rete, avèk anpil kè kontan.
Jwi benediksyon premye pitit gason yo pa yon bagay ki fasil, e se pa yon bagay yon moun òdinè kapab rive jwenn nonplis. Mwen pral ensiste sou sa yon lòt fwa ankò, epi pale pi fèm: Mwen dwe fikse egzijans sevè pou premye pitit gason Mwen yo; sinon, yo pa t ap kapab bay non Mwen glwa. Mwen rejte san ezitasyon nenpòt moun ki gen move repitasyon nan mond lan, epi Mwen rejte pi plis toujou nenpòt moun ki gen konduit seksyèl dezòdone. (Yo pa menm ka fè pati pèp Bondye a; Mwen mete aksan espesyal sou pwen sa a.) Pa panse sa nou te fè nan tan pase a fini epi tout bagay regle—ki jan yon bagay konsa ta ka posib! Èske jwenn estati premye pitit gason an tèlman fasil? Menm jan an tou, Mwen rejte nenpòt moun ki opoze ak Mwen, nenpòt moun ki pa konnen Mwen pandan Mwen nan kò fizik la, nenpòt moun ki anpeche Mwen fè volonte Mwen, ak nenpòt moun ki pèsekite Mwen. Se konsa Mwen sevè (paske Mwen reprann tout pouvwa Mwen nèt)! Finalman, Mwen rejte nenpòt moun ki pa janm rankontre okenn difikilte nan lavi li. Yo tout dwe menm jan ak Mwen, sa vle di yo dwe soti nan tribilasyon, menm si tribilasyon yo piti. Si yo pa pase nan sa, se kalite moun sa yo Mwen pral voye ale ak yon kout pye. Pa aji san wont, pa pran pòz ou se premye pitit gason Mwen pandan w ap fè ale vini devan Mwen; prese retire kò ou! Anvan sa, ou te konn rakonte Mwen ti bagay san enpòtans, nan espwa pou ou fè Mwen plezi. Ala avèg ou avèg! Èske ou pa konnen Mwen degoute ou? Ou menm, moun san valè! Èske ou panse Mwen pa konnen move zak ou yo? Ou kache yo ankò e ankò, ou kontinye kache yo! Èske ou pa konnen ou deja montre figi dyabolik ou? Menmsi lòt moun pa wè sa, èske ou panse Mwen menm pa ka wè li? Moun ki sèvi Mwen yo pa bon ditou; se yon bann moun san valè yo ye, e fòk Mwen regle zafè yo. Mwen pral jete yo nan gwo twou san fon an epi boule yo nèt!
Ou pale yon fason ki pa gen respè pou Bondye, ou aji san devouman, epi ou pa kolabore ak lòt moun jan sa dwe fèt; epi yon moun konsa toujou vle vin wa? Èske ou pa nan rèv? Èske se pa imajinasyon san fondman? Gade sa ou ye menm! Ou se yon moun san valè! Ki itilite yon moun konsa genyen? Fè moun sa a soti devan Mwen tousuit! Tout moun dwe byen konprann pawòl Mwen yo, jwenn enspirasyon nan pawòl Mwen yo, rekonèt tout pouvwa Mwen epi konnen sajès Mwen. Yo te konn di souvan kò espirityèl ki sen an te parèt. Alò, èske nou ta di kò espirityèl ki sen an parèt oswa li poko parèt? Èske pawòl Mwen yo se pawòl vid? Ki sa kò espirityèl ki sen an ye? Nan ki kondisyon kò espirityèl ki sen an egziste? Sa depase sa lèzòm kapab imajine, epi yo pa kapab konprann li. Mwen di nou: Mwen san defo; tout bagay nan Mwen parèt aklè, epi tout bagay libere (paske Mwen aji avèk sajès e Mwen pale lib). Pa gen okenn nan aksyon Mwen yo ki fè wont; tout bagay fèt nan limyè, pou tout moun ka vin totalman konvenki, epi pou pèsonn pa ka jwenn okenn bagay ladan yo pou sèvi ak li kont Mwen. Se sa ki esplike sa mo «sen» an vle di nan ekspresyon «kò espirityèl ki sen» an. Se poutèt sa, Mwen te ensiste plizyè fwa: Mwen pa vle okenn moun ki fè bagay ki fè wont. Sa se youn nan dekrè administratif Mwen yo, epi li fè pati dispozisyon Mwen tou. «Kò espirityèl la» fè referans ak deklarasyon Mwen yo. Pawòl Mwen yo toujou gen yon objektif e yo toujou gen sajès, men yo pa anba okenn kontrent. (Mwen di sa Mwen vle di; se Lespri Mwen an k ap fè tande vwa Li, epi se moun Mwen ye a k ap pale.) Mwen pale lib, epi pawòl Mwen yo libere; lè sa Mwen di a pa ann akò ak konsepsyon lèzòm, se lè sa a moun yo parèt aklè. Se aranjman apwopriye Mwen fè a. Se poutèt sa, chak fwa Mwen menm kòm moun pale oswa aji, se yon bon okazyon pou Mwen ekspoze sibstans Satan an. Lè Mwen menm kòm moun fin resevwa onksyon, kò espirityèl ki sen an parèt. Alavni, «kò espirityèl ki sen» an pral fè referans ak kò a. Sans sa a gen de aspè: gen yon aspè ki valab kounye a, epi gen yon lòt aspè ki pral valab alavni. Men alavni, kò espirityèl ki sen an pral diferan anpil ak sa li ye kounye a; diferans lan pral tankou diferans ki genyen ant syèl ak tè. Pèsonn pa ka konprann sa nèt; se Mwen menm ki pral oblije revele sa ba nou pèsonèlman.