Chapit 89

Li pa fasil pou fè tout bagay ann akò avèk entansyon Mwen yo. Se pa yon kesyon de fòse tèt ou pou fè sanblan; okontrè, sa depann de si Mwen te ba ou kalib Mwen yo anvan Mwen te kreye mond lan. Tout bagay sa yo depann de Mwen. Se pa bagay lèzòm ka reyalize. Mwen renmen moun Mwen vle renmen, epi moun Mwen deklare ki se premye pitit gason an, se li menm toutbonvre ki premye pitit gason an. Se egzakteman sa! Ou ka eseye fè sanblan, men se ap pou granmesi! Èske ou panse mwen pa ka rekonèt ou pou sa ou ye a? Èske sa sifi pou ou senpleman montre yon bon konpòtman devan mwen? Èske se yon bagay ki senp konsa? Non, li pa senp konsa ditou; fòk ou gen pwomès Mwen, epi fòk Mwen chwazi w davans. Èske ou panse Mwen pa konnen sa w ap fè dèyè do M? Ou lage kò w nan debòch! Kou sèvis w ap fè pou Mwen an fini, kouri tounen nan lètan dife ak souf la! Lè M wè ou, ou ban Mwen degoutans ak repiyans. Tout moun k ap sèvi Mwen, tout moun ki pa devwe tèt yo nèt nan sèvis pou Mwen, tout moun ki lage kò yo nan debòch san kontwòl, ak tout moun ki pa fè efò pou konprann entansyon Mwen an yo—apre sèvis nou an fini, prese soti devan je Mwen! Sinon, M ap mete nou deyò ak kout pye! Moun sa yo pa ka rete nan kay Mwen an (sa vle di, legliz la) menm pou yon ti moman ankò. Yo tout dwe soti isit la pou yo pa pote lawont pou non Mwen epi gate repitasyon Mwen. Moun sa yo se pitit gwo dragon wouj la; se gwo dragon wouj la ki te voye yo pou deranje jesyon Mwen an. Yo espesyalize nan twonpe moun pou yo ka deranje travay Mwen an. Pitit gason Mwen! Fòk ou wè sa klè! Pa mele ak kalite moun sa yo. Lè w wè kalite moun sa yo, fè vit pou w rete lwen yo yon fason pou w pa tonbe nan pyèj yo; sa ta ka lakòz anpil pèt nan lavi w! Mwen plis rayi moun ki pale san reflechi, ki aji san reflechi, ki pase tan ap fè blag ak ri, epi k ap pale koze initil bagay. Mwen pa vle okenn nan moun sa yo; yo tout se menm kalite moun ak Satan! Yo pase tan ap fawouche moun lè yo pa gen anyen pou yo fè. Ki kalite kreyati sa yo ye? Yo pale bagay ki pa gen sans epi yo aji san reflechi. Èske yo toujou pa gen okenn wont? An reyalite, kalite moun sa yo pa gen okenn valè; sa gen lontan depi Mwen te wè ki moun yo ye toutbon epi Mwen te abandone yo. Sinon, poukisa yo pa ta resevwa disiplin nan men Mwen, epi poukisa yo ta kontinye pale bagay ki pa gen sans? Se pitit gwo dragon wouj la yo ye toutbonvre! Kounye a, Mwen kòmanse retire bagay sa yo youn pa youn. Èske Mwen ta ka itilize desandan Satan yo kòm premye pitit gason Mwen yo, kòm pitit gason Mwen yo ak pèp Mwen? Èske sa pa t ap vle di Mwen nan konfizyon? Mwen pap janm fè yon bagay konsa. Èske nou byen konprann sa?

Tout sa nou rankontre jodi a, kit li bon kit li move, Mwen te ranje l ak men saj Mwen; se Mwen menm ki aranje tout bagay e tout anba kontwòl Mwen. Sa a se pa yon bagay lèzòm ka reyalize fasilman. Gen moun ki toujou gen pla men yo k ap swe epi k ap enkyete pou Mwen, men y ap enkyete pou granmesi! Yo neglije travay enpòtan yo a epi yo pa chèche antre nan lespri a, poutan yo swete grandi nan lavi. Yo espere pou granmesi! Yo pa enkyete ditou, poutan yo toujou vle satisfè entansyon Mwen yo! Nou enkyete pou Mwen, men Mwen pa enkyete! Kidonk, poukisa ou menm ou enkyete? Nan aksyon nou, nou trete Mwen avèk neglijans, epi nou bay manti anpil. Mwen di w sa! Depi kounye, M ap mete moun tankou nou deyò nan kay Mwen an. Moun konsa pa merite sèvi M nan kay Mwen an. Mwen rayi yo paske yo blasfeme kont Mwen ak aksyon yo. Lè yo te di “blasfèm kont Mwen se yon peche ki pa ka jwenn padon,” de kiyès yo t ap pale? Èske ou byen konprann sa? Yon moun konsa deja komèt peche sa a, men li pa kwè pwoblèm nan rive nan nivo ki grav konsa. Yo se moun ki vrèman gen konfizyon, ki avèg, ki inyoran, e ki manke konpreyansyon espirityèl! M ap mete w deyò! (Paske sa a se tès Satan ap fè sou Mwen, Mwen rayi sa anpil, e Mwen te deja pale sou sijè sa a plizyè fwa; sa fè M fache chak fwa. Mwen pa ka kenbe kòlè M, e pèsonn pa ka kanpe l. Lè a poko rive, si se pa t sa M t ap gen tan fin regle zafè moun sa a lontan!) (Sa gen rapò ak lefètke kounye a, gen anpil moun ki toujou pa kwè ke etranje yo pral chache an foul nan peyi Lachin; menm jiska prezan yo toujou pa kwè, e sa fè kòlè Mwen monte epi debòde.)

Nan kay Mwen an, ki kalite moun ki ann akò ak entansyon Mwen yo? Sa vle di, anvan kreyasyon an, ki kalite moun Mwen te chwazi davans pou viv nan kay Mwen an pou toutan? Èske nou konn sa? Èske nou te konsidere ki kalite moun Mwen renmen ak ki kalite moun Mwen rayi? Kay Mwen an se pou moun ki panse menm jan avèk Mwen, e ki pataje bon moman tankou moman difisil avèk Mwen—sa vle di, moun ki pataje ni benediksyon ni difikilte yo. Tout moun sa yo kapab renmen sa Mwen renmen epi rayi sa Mwen rayi. Yo kapab abandone sa Mwen rayi. Si Mwen di yo pa ka manje, yo dispoze pou yo kite vant yo vid pou yo satisfè entansyon Mwen. Kalite moun sa a prè pou rete devwe anvè Mwen epi bay tout yo menm pou Mwen; yo kapab pran an konsiderasyon entansyon Mwen yo ki mande anpil efò, epi yo toujou travay di pou Mwen. Se poutèt sa, moun sa yo, Mwen ba yo estati premye pitit gason yo, Mwen ba yo tout sa Mwen genyen: Mwen gen kapasite pou dirije tout legliz yo, epi Mwen ba yo sa a; Mwen gen sajès, e Mwen ba yo sa tou; Mwen ka soufri pou pratike laverite, epi Mwen pral bay moun sa yo detèminasyon, pou fè yo kapab soufri pou tout bagay pou Mwen; Mwen gen bon kalib, e Mwen pral ba yo li, pou yo kapab egzakteman menm jan ak Mwen, san okenn ti diferans, pou lòt moun ka wè Mwen lè yo wè moun sa yo. Kounye a, M ap mete tout divinite M anndan moun sa yo pou pèmèt yo viv yon aspè nan divinite M nan nèt, yon fason pou yo ka manifeste M nèt; se sa ki entansyon Mwen. Pa chèche sanble avè M nan aparans (tankou manje oswa abiye menm jan avè M); tout bagay sa yo pa sèvi anyen, epi se detwi n ap detwi tèt nou si n ap pouswiv bagay konsa. Sa a se paske moun k ap chèche imite M nan aparans se sèvitè Satan, epi kalite efò sa a se yon konplo Satan; li reflete anbisyon Satan. Ou chèche sanble avè M, men èske ou merite sa? M ap kraze w anba pye M jiskaske w mouri! Travay Mwen an ap kontinye fèt san rete, l ap pwopaje nan tout nasyon toupatou nan mond lan. Swiv tras Mwen byen vit!

Anvan: Chapit 88

Apre: Chapit 94

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger