Chapit 9

Mwen vle fè ou sonje ke ou pa dwe pran pawòl mwen yo alalejè ditou ni trete yo ak neglijans, 0u dwe koute yo, obeyi yo, epi aji ann akò ak entansyon Mwen yo. Ou dwe toujou rete vijilan, ou pa dwe janm gen yon nati ki ògeye ni panse ou se yon moun ki pi dwat ke tout moun; ou dwe toujou konte sou Mwen pou debarase ou de ansyen tandans natirèl ki te abite anndan ou yo. Ou ta dwe toujou kapab rete nan yon kondisyon nòmal devan Mwen, epi gen yon dispozisyon ki estab. Panse ou yo dwe klè, san konfizyon e okenn moun, evenman, oswa bagay pa ta dwe domine yo oswa enfliyanse yo. Ou ta dwe toujou kapab rete an silans nan prezans Mwen, epi toujou pwoche bò kote Mwen epi kominye avèk Mwen, san rete. Ou dwe demontre fòs ak kouraj, epi rete fèm nan temwayaj ou pou Mwen; leve kanpe epi pale pou Mwen, san ou pa pè sa lòt moun ka di. Ou dwe satisfè entansyon Mwen yo sèlman, epi pa kite pèsonn domine ou. Ou dwe swiv sa Mwen revele ba ou yo ann akò ak entansyon Mwen yo, san ou pa pran reta. Kijan ou santi ou nan fon kè ou? Èske ou santi ou mal alèz? Ou pral konnen sa aklè. Poukisa ou pa ka leve kanpe, pale pou Mwen epi montre konsiderasyon pou fado Mwen an? W ap pèsiste nan fè ti manèv pa ou an kachèt, men Mwen wè tout bagay aklè. Mwen se sipò ou ak boukliye ou, epi tout bagay nan men Mwen. Kisa ou pè menm? Èske ou pa twò santimantal? Ou dwe debarase ou de santiman ou yo pi vit posib; Mwen pa aji selon santiman, men Mwen pratike jistis pito. Si yon moun fè yon bagay ki pa nan avantaj legliz la, menm si se paran ou, sa pa akseptab! Mwen te revele ou entansyon Mwen yo, e ou pa dwe inyore yo. Okontrè, ou dwe ba yo anpil atansyon. Lage tout lòt bagay yo pou ou swiv Mwen ak tout kè ou—M ap pwoteje ou e M ap toujou kenbe ou nan men Mwen. Ou pa dwe toujou rete timid epi anba kontrent mari ou oswa madanm ou; ou dwe kite volonte Mwen akonpli.

Kwè! Kwè! Mwen se Toupisan ou an. Petèt ou gen yon ti konpreyansyon sou sa, men ou dwe toujou rete vijilan. Pou legliz la, pou volonte Mwen, epi pou jesyon Mwen, ou dwe devwe ak tout kè ou; tout mistè yo ak rezilta yo ap vin klè pou ou. P ap gen reta ankò; jou yo ap rive nan bout yo. Kisa ou ta dwe fè? Kijan pou ou chèche grandi epi vin gen plis matirite nan lavi? Kijan pou ou vin pare pi vit pou Mwen itilize ou? Kijan pou ou asire ou ke volonte Mwen akonpli? Ou dwe byen reflechi sou sijè sa yo, epi antre nan yon kominyon ki pi pwofon avèk Mwen. Konte sou Mwen, kwè nan Mwen, ou pa dwe janm neglijan, epi ou dwe ka fè bagay yo ann akò ak direksyon Mwen ba ou yo. Ou dwe byen ekipe ak verite a, ou dwe manje li epi bwè li pi souvan. Ou dwe mete chak verite an pratik. Se sèlman lè sa a w ap konprann bagay yo aklè.

Èske kounye a ou santi ou pa gen ase tan? Èske ou santi gen yon chanjman anndan ou, kòmsi fado ou a vin pi lou? Entansyon Mwen yo repoze sou ou; lespri ou dwe klè, epi ou pa dwe detounen ou de yo. Ou dwe toujou rete konekte avèk Mwen, epi toujou pwoche bò kote Mwen, kominye avèk Mwen, montre konsiderasyon pou kè Mwen, e ou dwe kapab kopere nan sèvi Mwen, yon fason pou entansyon Mwen yo parèt aklè devan nou. Toujou rete veyatif! Rete veyatif! Pa lage, pa menm yon ti kras; sa se devwa ou, epi travay Mwen chita ladan l.

Nan pwen sa a, petèt ou kòmanse konprann yon ti kras, epi ou santi sa vrèman mèvèye. Ou te gen kèk dout nan tan lontan, paske ou te toujou santi sa diferan nèt ak nosyon, lide ak konsepsyon lèzòm, men kounye a ou konprann li anjeneral. Sa a se travay mèvèye Mwen an, epi se travay mèvèye Bondye tou; ou dwe rete veyatif, tann epi mache ladan l nèt ale. Tan an nan men Mwen; pa gaspiye l, epi pa janm lage menm pou yon ti moman; lè w gaspiye tan, sa retade travay Mwen epi li anpeche volonte Mwen reyalize nan ou. Ou dwe medite epi kominye avèk Mwen souvan. Ou dwe prezante tout aksyon ou, tout mouvman ou, tout panse ou ak tout lide ou, ansanm ak fanmi ou, mari ou, pitit gason ou yo ak pitit fi ou yo devan Mwen tou. Pa konte sou tèt ou nan sa w ap fè yo, sinon M ap fache, epi w ap peye sa chè.

Toujou kontwole chak pa w ap fè, epi toujou mache selon pawòl Mwen yo. Ou dwe gen sajès Mwen. Si w ap fè fas ak difikilte, vin devan Mwen, epi M ap gide ou. Pa aji san reflechi ni kominye nenpòt ki jan. Sa pa pote okenn avantaj pou lavi ou, paske ou manke konesans epi ou pa ka fè diferans ant bon pawòl ak move pawòl. Se sèlman lè move bagay fin rive w, ou nan yon move kondisyon epi ou pa gen prezans Lespri Sen an ankò, ou vin rann ou kont de sa, men lè sa a, li gentan twò ta. Kounye a, pa gen tan pou pèdi, kidonk ou pa dwe pran reta ditou nan kous lavi a; ou dwe swiv tras pye Mwen yo trè pre. Lè vin gen nenpòt difikilte, pwoche bò kote Mwen pou ou medite souvan, epi kominye dirèkteman avèk Mwen. Si ou kapab byen konprann chemen sa a, sa ap fè li pi fasil pou ou antre ladan l pi devan.

Pawòl Mwen yo pa adrese avèk ou sèlman; Tout moun nan legliz la gen mankman pa yo nan diferan domèn. Nou dwe kominye plis, nou dwe kapab manje ak bwè poukont nou pandan devosyon espirityèl pa nou yo, epi kapab konprann verite esansyèl yo epi mete yo an pratik touswit. Ou dwe chèche konprann reyalite pawòl Mwen, byen konprann sans fondamantal yo ak prensip yo, epi pa janm lage yo. Toujou medite, toujou kominye avèk Mwen, epi tikras pa tikras, bagay yo ap vin parèt aklè. Ou pa ka annik pwoche bò kote Bondye pou yon ti moman, epi kite yon lòt bagay ki rive ou twouble w, anvan menm kè ou jwenn tan pou l poze devan Li. Lespri ou toujou gen konfizyon, ou pa wè bagay yo aklè, epi ou pa kapab wè figi Mwen; sa ki fè ou pa rive konprann kè Mwen aklè. Menm lè ou rive konprann li yon ti kras, ou pa sèten epi ou toujou gen dout. Se sèlman lè Mwen posede tout kè ou, lè okenn bagay ki gen rapò ak mond lan pa twouble lespri ou ankò, epi ou kapab tann byen trankil avèk yon kè ki pwòp, M pral revele nou bagay yo tikras pa tikras, youn apre lòt, ann akò ak entansyon Mwen yo. Nou dwe rive konprann chemen sa a ki pèmèt nou pwoche bò kote Mwen. Kèlkeswa moun ki frape w oswa ki joure w, oubyen kèlkeswa jan bagay moun ofri w yo ta bèl, ou pa dwe aksepte anyen ki anpeche w pwoche bò kote Bondye; konsa, kè w ap nan men Mwen, epi li p ap janm kite bò kote Mwen. Lè w pwoche bò kote Mwen konsa epi ou kominye avèk Mwen nan fason sa a, paran w, mari w, pitit ou yo, lòt relasyon familyal ou yo ak tout bagay nan mond lan ki mare w yo ap disparèt nan lespri w. W ap toujou santi yon dousè nan kè w ou prèske pa ka dekri, epi w ap goute yon bagay ki santi bon e ki gen bon gou. Ou menm avèk Mwen ap vin vrèman enseparab. Si nou kontinye konsa, n ap konprann sa ki nan kè Mwen. Nou p ap janm pèdi wout nou pandan n ap kontinye avanse, paske se Mwen ki chemen nou, epi tout bagay egziste grasa Mwen. Nan ki pwen lavi nou pral vin gen matirite, lè n ap kapab detache nou ak mond lan, lè n ap kapab debarase nou de santiman nou yo, lè n ap kapab kite mari nou ak pitit nou yo dèyè, epi lè lavi nou ap vin gen matirite… tout bagay sa yo ap rive nan moman Mwen fikse a. Enkyetid pa itil anyen.

Ou dwe rive antre avèk yon atitid ki pozitif. Si w rete ap tann san ou pa fè anyen, sa vle di ou toujou gen yon atitid ki negatif. Ou dwe pran inisyativ pou kopere avèk Mwen; ou dwe fè efò, ou pa dwe parese. Toujou kominye avèk Mwen epi vin gen yon relasyon ki pi sere toujou avèk Mwen. Si ou pa konprann, pa prese pou w jwenn rezilta touswit. Se pa paske Mwen p ap di ou sa, men se paske Mwen vle wè si ou konte sou Mwen lè ou devan Mwen, epi si ou gen lafwa pou ou depann de Mwen. Ou dwe toujou pwoche bò kote Mwen, epi mete tout bagay nan men Mwen. Pa fè bak pou granmesi. Si ou kontinye pwoche bò kote Mwen konsa pandan yon kantite tan, entansyon Mwen yo ap parèt aklè devan ou san ou pa menm rann ou kont. Si ou rive konprann yo, lè sa a, w ap vrèman vin fasafas avèk Mwen — w ap vrèman jwenn figi Mwen. Nan fon kè ou, ou pral wè bagay yo aklè epi ou pral santi w byen fèm. Ou pral gen yon bagay ou ka konte sou li, ansanm ak fòs, lafwa ak yon chemen pou w avanse. Tout bagay pral vin fasil pou ou.

Anvan: Chapit 8

Apre: Chapit 13

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger