Chapit 13

Nan kondisyon nou ye kounye a, nou rete kole ak nosyon sou “pwòp tèt nou” nan yon fason ki grav anpil, epi deranjman relijye nou yo grav anpil; nou pa kapab aji nan lespri, nou pa kapab byen konprann travay Sentespri a, epi nou rejte nouvo limyè a. Ou pa kapab wè solèy lajounen paske ou avèg, ou pa konnen moun, ou pa janm ka kite “paran” ou yo, ou manke disèneman nan lespri ou, ou pa rekonèt travay Sentespri a, epi ou pa gen okenn lide kijan pou ou manje ak bwè pawòl Mwen an. Se yon pwoblèm ke ou pa konnen kijan pou ou manje ak bwè li poukont ou. Travay Sentespri a ap avanse chak jou ak yon vitès ekstraòdinè—gen nouvo limyè chak jou; gen bagay ki nouvo epi ki fre chak jou. Epoutan ou pa konprann. Okontrè, ou renmen egzamine bagay yo ak anpil atansyon, ou li selon preferans pèsonèl ou, oswa ou li bagay ki pase yo san ou pa kenbe yo nan tèt ou, epi ou koute san lespri ou pa la. Ou pa priye avèk dilijans nan lespri, ni ou pa konte sou Mwen oswa medite sou pawòl Mwen yo plis. Kidonk, tout sa ou genyen se senpleman pawòl, règleman, ak doktrin yo. Ou dwe gen yon lide klè sou fason pou ou manje ak bwè pawòl Mwen, epi ou dwe pote pawòl Mwen devan M pi souvan.

Moun jou sa yo pa janm kapab bliye pwòp tèt yo; yo toujou panse yo gen rezon. Y ap vire an won nan pwòp ti mond pa yo, epi yo pa moun ki dwat. Yo gen move entansyon ak move objektif, epi si yo kontinye nan bagay sa yo, lè sa a, se sèten y ap jije yo, epi, nan ka ki grav yo, y ap elimine yo. Ou dwe bay anpil enpòtans nan kenbe yon kominyon san rete avèk Mwen, epi pou ou pa kominye ak nenpòt moun ou vle. Ou dwe gen yon konpreyansyon sou moun w ap kominye ak yo a, epi ou dwe kominye sou zafè espirityèl nan lavi a; se lè sa a sèlman ou kapab bay lòt moun lavi epi konble sa yo manke yo. Ou pa dwe pale avèk yo sou yon ton kòmsi w ap fè yo leson; fondamantalman, se pa bon pozisyon pou ou pran.. Nan kominyon an, ou dwe gen yon konpreyansyon sou zafè espirityèl yo, ou dwe gen sajès, epi ou dwe kapab byen konprann sa ki nan kè lòt moun nan. Si ou gen pou sèvi lòt moun, lè sa a ou dwe yon moun ki dwat, epi ou dwe pataje sa ou genyen.

Bagay ki pi enpòtan kounye a se pou ou kapab kominye avèk Mwen, pou ou gen relasyon entim avèk Mwen, pou ou manje ak bwè poukont ou, pou ou pwoche pi pre Bondye, pou ou vin konprann zafè espirityèl yo pi vit posib, epi pou ou wè klè nan anviwònman an ak sa ki tabli bò kote ou. Èske ou kapab konprann sa Mwen ye a? Li enpòtan anpil pou ou manje ak bwè baze sou sa ou manke, epi viv selon pawòl Mwen! Rekonèt men Mwen, epi pa gen okenn plent nan kè ou. Si ou plenyen epi ou eseye kouri, ou ka pèdi opòtinite pou Bondye ba ou gras Li. Kòmanse nan pwoche pi pre Mwen. Kisa ou manke, epi kijan ou ta dwe pwoche pi pre Mwen epi konprann kè Mwen? Rezon ki fè moun yo pa rive pwoche pi pre Mwen se paske yo pa kapab bliye “pwòp tèt” yo. Dispozisyon yo toujou enstab, yo toujou cho epi frèt, epi moun sa yo vin satisfè ak tèt yo e yo panse yo pi jis ke tout moun nan menm moman yo goute yon ti kras dousè. Gen kèk ki poko reveye. Nan sa ou di yo, ki kantite ladan yo ki reflete sa ou ye toutbonvre? Ki kantite ladan l ki pou defann pwòp tèt ou, ki kantite ladan l ki se imite lòt moun, epi ki kantite ladan l ki se swiv règleman? Rezon ki fè ou pa kapab santi oswa konprann travay Sentespri a se paske ou pa konnen kijan pou ou pwoche pi pre M. Ou toujou ap medite sou bagay pa deyò yo, pandan w ap konte sou nosyon ak panse “pwòp tèt ou”; w ap fè egzamen apwofondi an kachèt epi w ap fè ti manèv pa ou, e ou pa kapab mete yo aklè. Sa montre ou pa vrèman konprann travay Sentespri a. Si ou konnen toutbonvre yon bagay pa soti nan Bondye, poukisa ou pè kanpe epi rejte li? Konbyen moun ki te ka kanpe epi pale pou Mwen? Ou pa menm gen yon ti kal nan kouray yon pitit gason.

Tout sa ki tabli kounye a se yon fòmasyon pou kwasans lavi nou, pou rann lespri nou pi vijilan epi ouvri je espirityèl nou pou fè lespri nou vin file epi pou louvri je espirityèl nou, yon fason pou nou kapab rekonèt ki bagay ki soti nan Bondye. Avèk sa ki soti nan Bondye, ou pral sèvi avèk kapasite ak yon sans responsablite, epi w ap estab nan lespri a. Tout bagay ki pa soti nan Mwen vid; yo pa ba ou anyen, yo lakòz yon vid nan lespri ou, yo fè ou pèdi lafwa ou, yo mete distans ant ou menm avèk Mwen, epi yo bloke ou anndan pwòp lespri pa ou. Pandan w ap viv kounye a nan lespri a, ou kapab depase tout sa ki pou mond lan, men viv nan panse ou se kite Satan pran tèt ou; sa a se yon enpas. Li trè senp kounye a: Konte sou Mwen ak kè ou, epi lespri ou ap vin djanm imedyatman. W ap gen yon chemen pou ou pratike, epi M ap gide chak pa ou fè. Pawòl Mwen ap manifeste aklè pou ou nan tout moman epi nan tout kote. Kèlkeswa kote oswa kilè, oswa jan anviwònman an ostil, toutotan ou konte sou Mwen ak tout kè ou, M ap fè ou wè klè, epi kè Mwen ap manifeste aklè pou ou, epi w ap kouri ale pi devan san ou pa pèdi wout ou. Gen moun ki sèlman eseye fouye nan bagay ki deyò yo, epoutan yo pa konnen kijan pou yo chèche anndan lespri yo. Byen souvan yo pa kapab jwenn travay Sentespri a. Aprè sa, lè yo kominye ak lòt moun, yo tou senpleman vin gen plis konfizyon, yo pa gen okenn chemen pou yo swiv epi yo pa konnen sa pou yo fè. Moun sa yo pa konnen ki maladi yo genyen; byenke yo posede anpil bagay epi yo byen ranpli anndan yo, men èske sa itil yon bagay? Èske ou gen yon chemen pou ou swiv vre? Èske ou gen limyè oswa eklèsisman? Èske ou gen nouvo konpreyansyon? Èske ou fè pwogrè, oswa èske ou fè bak? Èske ou kapab mache ansanm ak nouvo limyè a? Ou tou senpleman pa kapab soumèt; soumisyon ou pale de li souvan an pa lòt bagay ke pawòl sèlman. Èske ou viv yon lavi soumisyon?

Ki gwosè obstak moun ki panse yo pi jis ke tout moun yo, ki konfòtab ak sitiyasyon yo, ki satisfè ak tèt yo, epi ki gen ògèy yo ye? Kiyès pou blame lè w pa kapab antre nan reyalite a? Ou ta dwe egzamine tèt ou avèk swen pou wè si ou se yon moun ki dwat. Èske objektif ak entansyon ou yo prepare poutèt Mwen? Èske se nan prezans Mwen ou fè ak di tout pawòl ak aksyon ou yo? Mwen egzamine tout panse ak lide ou yo an pwofondè. Èske pa gen okenn repwòch nan ou? Ou mete yon fo vizaj pou lòt moun kapab wè epi ou rete kalm pandan w ap pran aparans yon moun ki panse li pi jis ke tout moun; ou fè sa pou pwoteje tèt ou. Ou vle kouvri mechanste ou, epi ou menm ap envante fason pou ou lage mechanste sa sou do yon lòt moun. Ala twonpri k ap viv anndan kè ou! Reflechi sou tout sa ou di. Èske se pa t pou pwòp avantaj ou, epi ou te pè pou nanm ou pa t blese, ki fè ou te pran defans Satan epi ou te vòlè manje ak bwè frè ak sè ou yo pa fòs? Kisa ou gen pou ou di pou defann tèt ou? Èske ou panse pwochenn fwa w ap kapab dedomaje manje ak bwè Satan fin pran fwa sa a? Ou wè li klè kounye a; èske sa a se yon bagay ou kapab dedomaje? Èske ou kapab ratrape tan ki pèdi a? Nou dwe egzamine tèt nou plizyè fwa pou wè poukisa pa t gen manje ak bwè ki te fèt nan reyinyon ki sot pase yo, epi kiyès ki te lakòz pwoblèm sa a. Nou dwe pale sou bagay sa yo youn pa youn jiskaske yo klè. Si nou pa mete yon fren serye sou moun konsa, epi si frè ak sè yo pa rive rekonèt yo pou sa yo ye a, eben, bagay konsa ap rive ankò. An verite, je espirityèl nou fèmen; twòp nan nou avèg! Anplis de sa, moun ki kapab wè yo pa bay sa enpòtans. Yo pa kanpe epi pran lapawòl, epi yo menm tou, yo avèg. Moun ki wè men ki pa pran lapawòl yo, se bèbè yo ye. Gen twòp moun andikape isit la.

Gen moun ki pa konprann kisa verite a ye, kisa lavi a ye, epi kisa chemen an ye, epi yo pa konprann Lespri a. Yo menm aplike pawòl Mwen yo tankou senp fòmil. Sa a se yon aplikasyon rijid e mekanik pawòl Mwen. Yo pa menm konprann kisa vrè rekonesans ak lwanj ye. Gen moun ki pa kapab jwenn sa ki vital ak prensipal la; olye de sa, yo pran sa ki segondè a. Kisa sa vle di egzakteman pou deranje jesyon Bondye a? Kisa sa vle di pou demoli konstriksyon legliz la? Kisa sa vle di pou deranje travay Sentespri a? Kisa yon sèvitè Satan ye? Yo dwe byen konprann verite sa yo, epi yo pa dwe sèlman pase sou yo. Kisa egzakteman ki fè pa t gen manje ak bwè fwa sa a? Gen moun ki kwè yo ta dwe fè lwanj pou Bondye byen fò jodi a, men kijan yo ta dwe fè lwanj pou Li? Èske fè lwanj pou Li sèlman vle di chante kantik epi danse? Èske lòt metòd yo pa konte kòm lwanj? Gen moun ki vin nan reyinyon yo ak konsepsyon ki fè yo kwè depi yo fè lwanj ak kè kontan, sa vle di y ap fè lwanj Bondye. Moun yo gen konsepsyon sa yo, epi yo pa bay atansyon ak sa Sentespri a gen entansyon fè; finalman, y ap toujou fini pa koze deranjman. Pa t gen manje ak bwè nan reyinyon sa a; nou tout di nou pran fado Bondye a an konsiderasyon epi nou pral soutni temwayaj legliz la, men kiyès nan mitan nou ki pran fado Bondye a an konsiderasyon vre? Mande tèt ou: Èske ou se yon moun ki montre konsiderasyon pou fado Bondye a? Èske ou kapab pratike dwati pou Bondye? Èske ou kapab kanpe epi pale pou Mwen? Èske ou kapab mete verite a an pratik avèk fèmte? Èske ou gen ase kouraj pou ou goumen kont tout zèv Satan yo? Èske ou kapab mete santiman ou sou kote epi ekspoze Satan poutèt verite Mwen an? Èske ou ka viv yon fason ki satisfè entansyon Mwen? Èske ou ofri kè ou nan moman enpòtan yo? Èske ou se yon moun ki swiv volonte Mwen? Poze tèt ou kesyon sa yo souvan, epi reflechi sou yo souvan. Kado Satan yo anndan ou, epi se fòt ou si ou pa konprann moun e ou pa rive rekonèt pwazon Satan an; ou tou senpleman ap chèche lanmò. Satan fin twonpe ou seryezman; ou tou senpleman vin pa gen lespri klè. Ou sou ak diven fònikasyon an, w ap balanse devan dèyè, ou pa kapab kenbe yon pozisyon ki fèm, epi ou pa gen okenn chemen pou ou mete an pratik. Ou pa manje epi bwè kòmsadwa, ou antre nan batay ak diskisyon san reflechi, ou pa konnen sa ki byen ak sa ki mal, epi ou swiv nenpòt moun ki pran devan. Èske gen yon verite anndan ou menm? Gen moun ki defann tèt yo; yo menm falsifye bagay yo epi yo pratike twonpri, y ap kominye ak lòt moun, epi kòm rezilta yo kite moun san okenn chemen pou yo swiv. Èske entansyon, objektif, motivasyon, ak sous moun sa yo soti nan Mwen? Èske ou panse li posib pou konpanse frè ak sè ou yo ki pa t ka jwenn manje ak bwè yo? Jwenn de twa moun pou ou kominye ak yo, epi mande yo; kite yo pale poukont yo: Èske yo te jwenn okenn pwovizyon? Oswa èske vant yo te ranpli ak dlo sal ansanm ak fatra, sa ki kite yo san yon chemen pou yo swiv? Èske sa pa menm jan ak demoli legliz la? Kisa ki rive lanmou ant frè ak sè yo? Ou ap etidye an kachèt kiyès ki gen rezon ak kiyès ki gen tò. Poukisa ou pa ka santi ou gen yon fado pou legliz la? An jeneral, ou konn byen repete slogan, men lè bagay yo rive toutbonvre, ou pa konn ki pozisyon pou ou pran. Gen nan nou ki konprann men ki sèlman plenyen tou ba, tandiske gen lòt ki konprann epi ki pran lapawòl, men pèsonn pa di yon mo ankò. Ou pa konnen kisa ki soti nan Bondye epi kisa travay Satan an ye. Kisa ki rive santiman lavi nou te genyen an? Nou tou senpleman pa kapab byen konprann travay Sentespri a, ni nou pa konprann li, epi nou gen anpil difikilte pou aksepte nouvo bagay. Ou sèlman aksepte bagay ki relijye ak pwofàn yo, ansanm ak bagay ki konfòm ak nosyon moun yo. Kòm rezilta, w ap goumen san reflechi. Konbyen moun ki kapab byen konprann travay Sentespri a? Konbyen ki ki santi yo vrèman gen yon fado pou legliz la? Èske ou byen konprann li? Chante kantik se yon fason pou fè lwanj pou Bondye, men lè y ap pale de verite ki konsène fè lwanj pou Bondye a, ou manke klète; fason ou aji a rijid epi li baze sou fòmil. Èske sa pa sèlman pwòp nosyon ou yo? Ou toujou rete atache fèm ak nosyon pa w yo; ou pa kapab konsantre sou sa Sentespri a pral fè jodi a, ou pa kapab santi sa frè ak sè w yo santi, epi ou pa kapab chèche entansyon Bondye yo an silans. Ou prese anpil pou ou aji avègleman. Kantik yo byen chante, men alafen, tout bagay se yon dezòd total. Èske gen vrè manje ak bwè tout bon? Èske ou wè kiyès vrèman ki lakòz deranjman yo? Ou pa viv nan lespri a ditou; pito, ou atache ak tout kalite nosyon. Kote fado ou santi pou legliz la? Nou dwe wè travay Sentespri a ap pwogrese pi vit toujou kounye a. Nou atache ak pwòp nosyon nou yon fason ki grav anpil epi nou reziste kont travay Sentespri a—èske nou pa avèg? Èske nou pa tankou mouch k ap frape nan mi epi k ap vole fè bri toupatou? Si nou kontinye nan fason sa a, y ap abandone nou.

Moun ki vin konplè anvan katastwòf yo se moun ki soumèt devan Bondye. Yo viv nan konte sou Kris, yo rann temwayaj ba Li, epi yo egzalte Li. Yo se pitit gason ki pote laviktwa yo epi yo se bon sòlda Kris la. Li trè enpòtan kounye a pou ou kalme tèt ou, epi vin pwoche pi pre Bondye pou ou kominye avèk Li. Si ou pa kapab pwoche pi pre, w ap pran chans pou Satan pran ou kòm prizonye. Si ou kapab pwoche pi pre Mwen epi kominye avèk Mwen, lè sa a tout verite ap manifeste pou ou kanmenm, epi w ap gen yon estanda pou ou viv epi aji. Paske ou se yon moun ki pwoche pi pre Mwen, pawòl Mwen p ap janm kite bò kote ou, ni ou p ap janm lwen pawòl Mwen nan lavi ou; Satan p ap jwenn okenn ouvèti pou li eksplwate, men l ap wont, imilye epi lap kouri akoz echèk li. Ou gade deyò pou chèche sa ou manke anndan ou, epi pafwa ou kapab jwenn yon pati nan li, men sa ou jwenn nan toujou gen plis règleman ladan l epi se pa sa ou te dwe genyen pou tèt pa ou. Ou dwe bliye pwòp tèt ou nèt, manje epi bwè pawòl Mwen yo plis toujou, epi konnen kijan pou ou medite sou yo. Si ou pa konprann yon bagay, pwoche pi pre Mwen epi kominye avèk Mwen souvan; konsa, bagay ou dekouvri yo ap reyèl epi vrè. Ou dwe kòmanse pa pwoche pi pre Mwen. Sa a trè enpòtan! Sinon, ou p ap konnen kijan pou ou manje epi bwè. Ou pa kapab manje epi bwè poukont ou; an verite, nivo espirityèl ou twò piti.

Anvan: Chapit 8

Apre: Chapit 20

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger