Chapit 8
Depi lè yo te rann temwayaj sou Bondye Toupisan—Wa wayòm lan—plan jesyon Bondye a vin devlope nèt nan tout linivè a. Non sèlman yo rann temwayaj sou aparisyon Bondye nan peyi Lachin, men yo temwaye non Bondye Toupisan tou nan tout nasyon ak tout kote. Yo tout ap rele non sen sa a, chèche kominye avèk Bondye pa nenpòt ki mwayen posib, byen konprann entansyon Bondye Toupisan, ak sèvi Li ansanm nan legliz la. Se nan fason mèveye sa Sentespri a travay.
Lang divès nasyon diferan youn ak lòt, men genyen yon sèl Lespri. Lespri sa a konekte legliz yo ansanm nan linivè a epi Li se yon sèl avèk Bondye nèt san ti kras diferans. Sa se yon bagay ki pa gen okenn dout ladan l. Kounye a Sentespri a ap rele yo, epi vwa Li ap fè yo rete vijilan. Se vwa mizerikòd Bondye. Yo tout ap rele non sen Bondye Toupisan an! Yo fè lwanj ak chante. P ap janm ka gen okenn devyasyon nan travay Sentespri a; moun sa yo fè tout sa yo kapab pou yo avanse sou bon chemen an, epi pa gen pèsonn ki tounen dèyè. Mèvèy ap anpile sou mèvèy. Se yon bagay moun pa kapab imajine epi ki enposib pou yo devine.
Bondye Toupisan se Wa lavi nan linivè a! Li chita sou twòn laglwa a epi Li jije lemonn, Li kenbe souverènte sou tout bagay, epi Li kòmande bann ak pakèt nasyon yo; bann ak pakèt moun Li chwazi mete ajenou devan L, priye L, vini pi prè L ak kominike avèk Li. Kèlkeswa kantite tan nou genyen depi nou kwè nan Bondye, wotè pozisyon nou oswa jan nivo ansyènte nou gwo, si nou reziste ak Bondye nan kè nou lè sa a nou va jije ak pwostène devan Li, fè bri pou mande Li gras ak anpil doulè; sa se rekòlte fwi pwòp aksyon nou yo vre. Son plenyen sa a se son moun k ap toumante nan lak dife ak souf la, epi li se rèl yon moun Bondye ap pini avèk baton; se jijman devan twòn Kris la.
Gen kèk moun ki pè, gen kèk konsyans yo ap bat yo, gen kèk ki rete vijilan, gen kèk ki pran prekosyon pou koute avèk anpil atansyon, gen kèk ki repanti epi ki kòmanse yon nouvo vi, ki santi gwo remò, gen kèk ki kriye anpil anba doulè yo, gen kèk ki abandone tout bagay epi k ap chèche avèk dezespwa, gen kèk moun ki egzamine tèt yo epi ki pa oze komèt move zak san reflechi ankò, gen kèk ki chèche vin pwòch Bondye preseprese, gen kèk ki egzamine pwòp konsyans yo, k ap mande tèt yo poukisa lavi yo pa kapab pwogrese. Gen kèk ki rete nan konfizyon, gen kèk ki kase chenn nan pye yo epi avanse avèk kouraj, yo sezi kle a epi pran swen lavi yo san pèdi tan. Gen kèk ki toujou ezite epi ki toujou pa konnen vizyon yo—fado yo kenbe ak pote nan kè yo lou vre.
Si konsyans ou pa klè, lè sa a Sentespri a pa gen mwayen pou L travay nan ou. Tout sa ou konsantre sou yo, fason ou mache, ak tout sa kè w anvi, se konsepsyon pa w ak jistis pa w ki plen yo! Mwen pa kapab tann–jan Mwen ta renmen fè nou vin pafè touswit, pou nou ka vin bon pou Mwen itilize nou, konsa pou fado Mwen ki lou ka vin lejè. Men jan M ap gade nou an, Mwen wè li p ap bon pou chèche rezilta rapid. Mwen ka sèlman tann avèk pasyans, mache dousman epi piti piti sipòte nou ak gide nou. A, nou ta dwe dechaje tèt nou! Kisa ki dwe abandone, kisa trezò ou yo ye, ki move defo ou genyen, ki obstak ki kanpe devan ou—nan lespri w, reflechi sou kesyon sa yo plis epi kominye avèk Mwen. Sa Mwen vle se pou kè nou fikse sou Mwen an silans; Mwen pa vle nou sèvi M avèk pawòl nou. Pou tout moun ki chèche Mwen toutbon, Mwen pral fè bagay yo vin klè pou ou. Pa Mwen akselere; toutotan kè ou fikse sou Mwen epi ou swiv Mwen toutan, eben a nenpòt lè M ap fè ou konnen entansyon M atravè enspirasyon ak fè l klè pou ou. Sila yo ki pran san yo pou tann ap jwenn nouriti epi y ap jwen yon chemen pou yo avanse. Sila yo ki san panse ap wè li difisil pou konprann kè Mwen, epi y ap antre nan yon enpas.
Mwen vle pou nou tout leve kanpe rapid epi kowopere avèk Mwen, epi rete prè Mwen toutan, pa sèlman pou yon lajounen ak yon lannwit. Men Mwen dwe toujou rale nou, frape nou epi mennen nou pi devan, pouse nou, konvenk nou pou nou kontinye, epi mande nou pou nou avanse! Nou jis pa konprann entansyon Mwen yo. Obstak pwòp konsepsyon nou koze ak obstak atachman ak monn lan koze twò grav, epi nou pa kapab vini pi prè Mwen. Pou Mwen klè, nou vini kote Mwen lè nou gen yon pwoblèm, men lè nou pa gen okenn pwoblèm, kè nou vin gen pwoblèm. Kè nou vin tankou yon mache kote yo vann tout bagay, epi li ranpli avèk dispozisyon Satan; yo okipe avèk bagay monn lan epi nou pa konnen kijan pou nou kominye avèk Mwen. Kijan pou M pa ta santi M enkyè pou nou? Men, sa p ap sèvi anyen pou Mwen enkyè. Tan an ap avanse twò vit epi travay la twò fatigan. Pa Mwen yo ap avanse byen vit; nou dwe kenbe fèm tout sa nou genyen, fikse je nou sou Mwen a chak moman, epi kominye avèk Mwen avèk entimite. Lè sa a, entansyon Mwen ap vin klè pou ou a nenpòt ki moman. Lè nou konprann kè Mwen, lè sa a n ap gen yon chemen pou nou avanse. Nou pa dwe ezite ankò. Kenbe yon vrè kominyon avèk Mwen, epi pa sèvi ak twonpri oswa eseye twò entelijan; nou ap jis twonpe tèt nou epi l ap revele a nenpòt ki moman devan twòn Kris la. Vrè lò a pa pè lè yo teste li nan dife—sa se reyalite a! Pa genyen dout nan kè nou, epi pa dekouraje oswa febli. Kominye avèk Mwen plis dirèkteman nan lespri w, tann avèk pasyans, epi M ap fè bagay yo manifeste pou ou nan pwòp tan pa M. Ou dwe pran anpil prekosyon epi pa kite efò M yo gaspiye nan ou; pa pèdi yon moman. Kè ou dwe toujou ap kominye avèk Mwen, kè ou dwe toujou ap viv devan Mwen, epi pyès moun, pyès evènman, pyès bagay, pyès mari, pyès pitit gason oswa pitit fi, pa dwe deranje kominyon w avèk Mwen nan kè w. Lè Sentespri a toujou kenbe kè ou sou kontwòl Li epi lè ou toujou nan kominyon avèk Mwen, se lè sa a ou ap sètènman konnen entansyon M. Lè nou toujou ap pwoche pre M nan fason sa a, kèlkeswa anviwònman oswa sityasyon ou ladan yo, oswa kèlkeswa moun, evènman oswa bagay ou rankontre, ou p ap vin twouble men w ap gen yon fason pou w avanse.
Si, nan lavi chak jou, ou pa iyore anyen ke l gwo oswa piti, si chak panse ak lide ou pirifye, epi si ou rete trankil nan lespri w, lè sa a nenpòt lè ou rankontre yon pwoblèm, pawòl Mwen yo pral enspire ou, tankou yon miwa ki briye pou ou gade tèt ou ladan, epi lè sa a ou pral gen yon mwayen pou w avanse. Se sa ki rele bay medikaman ki koresponn ak maladi a! Epi maladi a ap geri tout bon vre—se sa ki pouvwa Bondye a. Mwen pral bay bon limyè ak eklere tout moun ki grangou ak swaf pou jistis epi k ap chèche avèk senserite. Mwen pral montre nou tout mistè wayòm espirityèl la pou nou ka gen yon mwayen pou nou avanse, jete tout ansyen dispozisyon kòwonpi nou yo pi vit posib, epi atenn matirite lavi epi vin bon pou M itilize nou, epi pou travay levanjil la kapab avanse byen vit san obstak. Se sèlman lè sa a entansyon M yo ap satisfè, sèlman lè sa a plan jesyon sis mil an Bondye a pral akonpli nan tan ki pi kout posib, Bondye pral pran wayòm lan epi vin sou latè, epi L ap antre nan laglwa ansanm avèk lòm!