Chapit 86

Moun yo di Mwen se yon Bondye ki gen mizèrikòd; yo di Mwen pral pote sali pou tout sa Mwen te kreye. Se sou baz konsepsyon lèzòm yo di tout bagay sa yo. Lè yo di Mwen se yon Bondye ki gen mizèrikòd, se pou premye pitit gason Mwen yo yo di sa; epi lè yo di Mwen pral pote sali, se pou pitit gason Mwen yo ak pèp Mwen an yo di sa. Paske Mwen se yon Bondye ki saj, li klè nan lespri Mwen kiyès Mwen renmen ak kiyès Mwen rayi. Moun Mwen renmen yo, M ap toujou renmen yo jiska lafen, epi lanmou sa a p ap janm chanje. Kanta pou moun Mwen rayi yo, sa pa touche Mwen ditou, kèlkeswa jan yo bon. Sa a se paske yo pa t fèt nan Mwen epi yo pa gen kalib Mwen oswa lavi Mwen. Nan lòt mo, Mwen pa t predestine yo ni chwazi yo—paske Mwen enfayib. Sa vle di, yo rele tout aksyon Mwen yo sen e onorab, epi Mwen pa janm gen okenn regrè. Nan je moun, Mwen san kè anpil—men èske ou pa rekonèt se Mwen menm ki Bondye dwat e majestye a? Tout sa ki pou Mwen kòrèk. Moun Mwen rayi yo ap resevwa madichon Mwen yo san mank, epi moun Mwen renmen yo ap resevwa benediksyon Mwen yo san mank. Sa a se dispozisyon sen ak envyolab Mwen an, epi pèsonn pa pral chanje li. Se yon bagay absoli!

Jodi a, moun ki vrèman ann akò ak entansyon Mwen yo, Mwen pral rann yo konplè san mank, paske travay Mwen rapid, li fèt san ezitasyon ni retou ann aryè, epi li fèt nèt; Mwen pa kite anyen an plan. Moun Mwen modi yo pral boule. Enben poukisa Mwen te modi majorite moun yo, epoutan Sentespri a toujou ap fè travay Li sou yo (pawòl sa yo gen rapò ak lefètke Mwen pa abite nan yon tanp sal)? Èske nou konprann vrè siyifikasyon tout evènman ak tout bagay k ap sèvi Kris la? Sentespri a fè travay Li atravè yo lè Mwen itilize sèvis yo, men òdinèman lè yo pa nan sèvis Mwen, yo pa eklere sou plan espirityèl fondamantalman. Menm si yo pouswiv, se zèl ki pouse yo fè sa, epi sa a se yon riz Satan, paske nan tan òdinè, yo pa prete atansyon ditou ak travay Mwen epi yo pa konsidere chay Mwen yo ditou. Kounye a premye pitit gason Mwen yo fin grandi, M ap mete moun k ap rann sèvis sa yo deyò; pou rezon sa a, Lespri Mwen retire kò Li toupatou, epi yo mete yon anfaz espesyal sou premye pitit gason Mwen yo. Èske nou konprann? Tout bagay repoze sou aksyon Mwen yo, predestinasyon Mwen, ak tout pawòl ki soti nan bouch Mwen. Tout kote ki resevwa benediksyon Mwen yo se nesesèman kote Mwen travay e kote travay Mwen ap fèt. Lachin se nasyon kote yo plis adore Satan, kidonk Mwen modi l. Anplis, se nasyon ki fè plis pou pèsekite Mwen. Mwen p ap fè travay Mwen sou moun ki anba enfliyans gwo dragon wouj la ditou. Èske nou konprann vrè siyifikasyon pawòl Mwen yo? Apre tou, pitit gason Mwen yo ak pèp Mwen an pa anpil. Absoliman tout bagay nan men Mwen; yo ta dwe konsantre enèji epi fè plis efò sou moun Mwen te chwazi e predestine yo. Nan lòt mo, moun ki se premye pitit gason Mwen yo ta dwe prese e antrene pou yo ka pran chay ki sou zepòl Mwen yo pi vit posib, epi konsakre tout efò yo nan travay Mwen.

Nou menm ki fè sèvis pou Mwen, koute! Nou ka resevwa yon pati nan gras Mwen lè n ap rann sèvis pou Mwen. Sa vle di, tanporèman, n ap konnen travay Mwen pral fè pi ta ak bagay ki pral rive nan lavni—men nou p ap jwi yo ditou. Sa se gras Mwen. Lè nou fin akonpli sèvis nou, ale touswit, epi pa trennen. Nou menm ki se premye pitit gason Mwen yo, nou pa ta dwe gen ògèy, men nou gen dwa fyè, paske Mwen ban nou benediksyon san fen. Nou menm ki gen pou peri yo, nou pa ta dwe enkyete nou oswa santi nou tris pou desten nou. Ki moun ki te di w pou w se yon desandan Satan? Apre ou fin rann sèvis pou Mwen, ou ka retounen nan twou san fon an, paske ou p ap itil Mwen anyen ankò. Lè sa a, M ap kòmanse regle nou ak chatiman Mwen an. Yon fwa Mwen kòmanse travay, M ap kontinye jiska lafen; zèv Mwen yo pral akonpli, epi akonplisman Mwen yo ap dire pou tout tan. Menm jan sa ye pou premye pitit gason Mwen yo, pitit gason Mwen yo ak pèp Mwen an, se konsa sa ye pou nou tou; depi Mwen kòmanse chatye nou, chatiman sa a ap dire pou tout tan. Mwen deja di nou plizyè fwa M ap chatye mechan ki reziste kont Mwen yo san mank. Si Sentespri a pa reprimande ou apre ou fin reziste kont Mwen, sa vle di ou deja resevwa madichon, epi apre sa, men Mwen ap frape ou atè. Si Sentespri a disipline ou pandan ou gen move panse sou Mwen, sa vle di ou deja resevwa benediksyon Mwen yo; sepandan, ou dwe toujou pridan, ou pa dwe janm neglijan ni fè bagay yo san atansyon.

Anvan: Chapit 85

Apre: Chapit 87

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger