Chapit 85
Mwen sèvi ak diferan moun pou akonpli volonte Mwen: malediksyon Mwen yo tonbe sou moun Mwen pini yo, menm jan benediksyon Mwen yo tonbe sou moun Mwen renmen yo. Kounye a, kesyon kiyès nan nou ki pral resevwa benediksyon Mwen yo, ak kilès ki pral anba malediksyon Mwen yo, depann nèt sou yon sèl pawòl Mwen; se pawòl Mwen yo ki detèmine tout sa. Ou konnen nenpòt moun Mwen fè byen pou li kounye a, pral toujou resevwa benediksyon Mwen yo (sa vle di, piti piti l ap vin konnen Mwen e l ap vin gen plis konviksyon nan Mwen, l ap resevwa limyè ak revelasyon nouvo yo, epi l ap kapab swiv pa travay Mwen an). Nenpòt moun Mwen deteste (se yon bagay ki anndan Mwen, moun pa ka wè pa deyò) se moun ki sètènman pral sibi malediksyon Mwen yo, epi san dout yo pami pitit pitit gwo dragon wouj la; konsa, yo pral resevwa nan malediksyon Mwen sou li a. Kanta pou moun Mwen pa bay okenn konsiderasyon yo, moun Mwen jije ki pa gen anpil kalib, ki pa kapab vin pafè epi ke M pa kapab itilize yo, y ap gen chans pou yo sove kanmenm, epi y ap konte pami pitit gason Mwen yo. Si yon moun pa gen anyen nan kalib Mwen an, si li pa gen konpreyansyon espirityèl, si li pa konnen Mwen men li gen zèl, moun sa pral konsidere kòm youn nan pèp Mwen an. Moun k ap pataje malediksyon Mwen yo, Mwen konsidere yo kòm moun ki pa ka sove, se yo menm ki gen move espri ki posede yo. Mwen pa ka tann pou Mwen mete yo deyò. Se gwo dragon wouj la ki te bay yo nesans, e se yo menm Mwen pi rayi. Apati moman sa, Mwen pa bezwen yo rann Mwen sèvis ankò. Mwen pa vle yo! Pa menm yon sèl! Menmsi ou kriye epi ou manje dan devan Mwen, sa p ap fè M anyen; Mwen pa menm gade li, epi Mwen mete ou deyò. Kiyès ou panse ou ye? Èske ou merite kanpe devan Mwen? Èske ou diy? Ou ap pran pòz ou se bon moun toujou, e w ap fè kòmsi ou gen imilite! Aprè ou fin fè tout kantite move zak sa yo, èske Mwen ka epanye ou? Ou annik leve devan M,ou rekòmanse reziste kont Mwen. Ou pa t janm gen bon entansyon; ou jis vle twonpe Mwen! Èske ou ka vrèman vin bon lè ou se yon desandan gwo dragon wouj la? Enposib! Mwen deja modi ou, epi Mwen jije ou konplètman! Rann sèvis pou Mwen ak tout kè ou, ak obeyisans, ak disiplin. Apre sa, retounen nan gwo twou san fon ou a! Ou vle gen yon pòsyon nan wayòm Mwen an—w ap nan rèv! Ala moun san wont! Ou menm, ak kò sal e degoutan ou a, ou deja kòwonpi nan yon sèten mezi, men ou gen odas pou kanpe devan Mwen toujou! Rale kò ou! Si ou pran plis reta, Mwen pral pini ou sevèman! Tout moun k ap aji ak malonètete ak desepsyon devan Mwen dwe demaske. Ki kote ou ka kache? Ki kote ou ka kache tèt ou? Kèlkeswa jan ou eskive oswa ou chèche refij, èske ou ka vrèman chape anba kontwòl Mwen? Si ou pa rann sèvis pou Mwen jan sa dwe fèt, lavi ou ap vin pi kout ankò; M ap fini avè w touswit!
Mwen di nou byen klè ki kalite moun premye pitit gason Mwen yo ye, epi Mwen ba nou yon konfimasyon ki egzak. Si non, nou pa t ap kapab pran plas ki apwopriye pou nou, epi nou t ap pito deside san okenn prensip ki plas nou ta dwe okipe. Gen kèk ki t ap twò enb, tandiske gen lòt ki t ap twò awogan e san kontwòl; epi tout moun ki pa gen menm kalib ak Mwen, oswa ki gen yon kalib ki twò ba, t ap anvi vin premye pitit gason M yo. Kisa manifestasyon moun ki premye pitit gason M yo ye menm? Premyèman, yo konsantre sou byen konprann entansyon Mwen epi yo gen konsiderasyon pou yo. Anplis, Sentespri a ap travay nan yo tout. Dezyèmman, yo pouswiv Mwen nan lespri yo san rete, yo pa aji daprè tèt yo, epi yo aksepte kontrent Mwen yo toutan; yo nòmal anpil, epi yo pa imite lòt moun. (Paske yo konsantre sou byen konprann travay Sentespri a, epi yo gen konsiderasyon pou lanmou Mwen genyen pou yo, yo toujou pridan, epi yo pè anpil pou yo pa gen yon kè ki trayi M oswa ki reziste kont Mwen.) Twazyèmman, yo aji pou Mwen ak tout kè yo, yo kapab ofri tout tèt yo, epi yo deja abandone nenpòt lide sou avni pa yo, lavi yo, sa yo manje, sa yo mete sou yo, sa yo itilize, ak kote yo rete. Katriyèmman, yo toujou grangou e swaf dwati, epi yo kwè yo manke twòp bagay e yo two jèn nan nivo espirityèl yo. Senkyèmman, jan M te di l avan an, yo gen bon repitasyon nan mond lan, men moun nan mond lan mete yo sou kote. Nan relasyon yo ak sèks opoze a, yo gen entegrite moral. Tout sa yo se konfimasyon, men Mwen pa kapab fè sa parèt aklè pou nou nèt kounye a, paske travay Mwen an poko rive nan etap sa a. Premye pitit gason yo, sonje! Santiman lavi ki anndan nou, krentif nou pou Mwen, lanmou nou pou Mwen, konesans nou sou Mwen, pouswit nou dèyè Mwen, lafwa nou—tout bagay sa yo montre lanmou Mwen pou nou; yo tout se konfimasyon Mwen ba nou pou nou ka vrèman vin pitit gason Mwen renmen anpil yo, e pou nou ka vin menm jan avèk Mwen. Nou pral manje, nou pral viv, epi nou pral jwi benediksyon ansanm avèk Mwen nan yon glwa ki san parèy.
Mwen pa ka padone yon sèl nan moun ki te pèsekite Mwen avan, ki pa t konnen Mwen (menm anvan yo te temwaye non Mwen), ki te kwè Mwen se yon moun, oswa moun ki te blasfeme kont Mwen oswa ki te pale Mwen mal. Menmsi kounye a yo ta bay temwayaj ki pi fò a sou Mwen, sa p ap ase toujou. Pèsekite M nan tan lontan se te yon fason pou rann Mwen sèvis, epi si moun sa yo t ap rann temwayaj pou Mwen jodi a, yo t ap toujou ret zouti Mwen. Se sèlman moun Mwen vrèman pèfeksyone jodi a ki kalifye pou M sèvi ak yo, paske Mwen se Bondye ki dwat la Li menm. Mwen soti nan lachè epi Mwen detache M de tout relasyon ki sou latè. Mwen se Bondye Li menm, epi tout moun, evènman, ak bagay ki te antoure M yo nan men Mwen. Mwen pa gen santiman lachè, epi Mwen aji ak dwati nan tout bagay. Mwen dwat, epi pa gen menm yon ti salte ki tache M. Èske nou konprann sans pawòl Mwen yo? Èske nou menm tou nou kapab reyalize sa? Moun panse Mwen gen yon limanite nòmal tou, epi Mwen gen yon fanmi ak santiman lachè—men èske nou konnen nou pa gen rezon ditou? Mwen se Bondye! Èske nou bliye sa? Èske nou te bliye sa? Nou toujou pa konnen Mwen!
Dwati Mwen revele nèt devan nou. Nenpòt fason Mwen trete nenpòt kalite moun, revele dwati M ansanm ak majeste M. Paske Mwen se Bondye Li menm ki vini avèk kòlè, Mwen p ap kite yon sèl moun ki pèsekite M oswa ki joure M chape. Avèk yon egzijans ki wo konsa, èske nou rekonèt sa klèman? Moun Mwen chwazi yo, moun Mwen predestine yo, se tankou pèl ki ra oswa moso agat; yo ra e yo byen dispèse. Se paske kantite moun ki pral gouvène antanke wa ap piti anpil pase kantite moun ki pral vin pèp Mwen an. Se sèlman konsa gwo pouvwa Mwen ka manifeste e zèv mèveye Mwen yo ka revele. Mwen souvan di Mwen pral rekonpanse nou, Mwen pral ban nou kouwòn, epi avèk Mwen gen glwa san fen. Kisa Mwen vle di pa rekonpans, kouwòn, ak glwa? Moun gen lide rekonpans se bagay materyèl tankou manje, rad, oswa lòt bagay yo ka itilize, men sa se menm vye fason limanite toujou panse; se pa sa Mwen vle di pa tèm sa yo, okontrè se yon move konpreyansyon. Rekonpans se bagay yo resevwa kounye a, epi yo fè pati gras la. Sepandan, gen kèk rekonpans ki gen rapò ak plezi lachè, epi moun ki rann Mwen sèvis men Mwen p ap sove yo kapab jwenn kèk plezi materyèl tou (menmsi bagay sa yo se toujou bagay materyèl k ap rann Mwen sèvis). Yon kouwòn se pa yon ensiy fonksyon; sa vle di, se pa yon bagay materyèl Mwen ba nou pou nou jwi li. Okontrè, se yon nouvo non Mwen ba nou, epi nenpòt moun pami nou ki kapab viv jan nouvo non ou a egzije a se yon moun ki genyen yon kouwòn, sa vle di ou genyen benediksyon Mwen. Rekonpans ak kouwòn fè pati benediksyon, men lè nou konpare yo ak benediksyon, diferans lan se tankou ant syèl la ak tè a. Pa gen mwayen pou imajine glwa ak lide lòm, paske glwa se pa yon bagay materyèl epi lide moun genyen sou li a vrèman abstrè. Alò, kisa glwa a ye vrèman? Kisa sa vle di lè nou di nou pral desann nan glwa ansanm avèk Mwen? Tout Mwen—sa vle di, sa Mwen ye ak sa Mwen genyen: mizèrikòd ak bonte (pou pitit gason Mwen yo), dwati, majeste, jijman, kòlè, malediksyon, ak dife k ap boule (pou tout moun)—Moun Mwen ye a se glwa. Poukisa Mwen di avèk Mwen gen glwa san fen? Se paske avèk Mwen gen sajès san fen, ansanm ak yon abondans ki pa gen parèy. Se poutèt sa, desann nan glwa ansanm avè M vle di Mwen deja fè nou vin pafè, epi nou posede sa Mwen ye ak sa Mwen genyen; Mwen fè nou vin pafè, nou gen yon kè ki gen krentif pou Mwen, epi nou pa kreye opozisyon. Sètènman sa klè pou nou kounye a!
Sitiyasyon tansyon nan tout nasyon sou latè rive nan pi wo pwen li, epi yo tout ap fèmante, ap prepare pou yo rann Mwen sèvis epi pou yo aksepte dife Mwen. Lè kòlè Mwen ak dife Mwen rive, p ap gen okenn siy avètisman. Sepandan, Mwen konnen sa M fè; pèsonn pa konn sa pi klè pase M. Nou dwe sèten sou pawòl Mwen yo, epi nou dwe fè vit pou prepare tout bagay. Prepare pou pran swen moun k ap vini chèche Mwen soti nan lòt peyi. Sonje sa! Lachin—sa vle di, chak moun ak chak kote ki nan Lachin—anba malediksyon Mwen. Èske nou konprann sans pawòl Mwen yo?