Chapit 87

Nou dwe ogmante vitès nou epi fè sa Mwen vle ki fèt—se sa Mwen anvi anpil pou nou fè. Èske l posib pou menm kounye a, nou toujou poko konprann sans pawòl Mwen yo? Èske l posib pou nou toujou poko konn entansyon M? Mwen te pale yon fason ki vin pi klè toujou, epi Mwen te di plis bagay toujou; èske nou toujou poko fè efò pou nou medite sou sans pawòl Mwen yo? Satan, pa panse w kapab kraze plan Mwen! Moun ki ap rann Satan sèvis yo—sètadi, pitit Satan yo (sa fè referans ak moun Satan pran posesyon yo; moun Satan pran posesyon yo gen lavi Satan san okenn dout, epi konsa, yo konsidere yo kòm pitit Satan)—ap sipliye M nan pye M pou M gen pitye pou yo epi padone yo, pandan y ap kriye epi manje dan. Sepandan, Mwen p ap fè bagay moun sòt sa a! Èske M kapab padone Satan? Èske M kapab pote delivrans pou Satan? Sa p ap posib ditou! Mwen fè sa M te di a, epi M p ap janm retounen sou pawòl Mwen!

Tout sa M di vin egziste. Èske se pa konsa sa ye? Aktout sa, nou toujou pa fè M konfyans, nou gen dout sou pawòl Mwen, epi nou panse se jwe M ap jwe avè nou. Sa vrèman ridikil. Se Mwen menm ki Bondye! Èske nou konprann? Se Mwen menm ki Bondye! Si M pa t gen okenn sajès ni pouvwa, èske M t ap kapab annik aji epi pale jan Mwen vle? Aktout sa, nou toujou pa fè M konfyans. Mwen pa sispann ensiste sou pwen sa yo pou nou, epi se pa ni youn ni de fwa Mwen te repete yo ba nou. Poukisa pifò nan nou toujou pa kwè? Poukisa nou toujou gen dout? Poukisa nou ret atache ak pwòp ide pa nou kòmsi se yo ki nouri nou? Èske yo kapab sove w? Mwen fè sa M di M ap fè a. Mwen te di nou sa plizyè fwa: Nou mèt fè pawòl Mwen konfyans, epi pa doute. Èske nou te pran yo oserye? Poukont ou, ou pa kapab fè anyen, aktout sa, ou pa kapab kwè nan sa M gen entansyon fè a. Ki kalite moun ou ye menm? Pou M pale franchman, se kòmsi M pa t janm kreye nou. Sa vle di, ou pa kalifye nan okenn aspè kòm moun k ap fè sèvis pou Mwen. Tout moun dwe kwè pawòl Mwen! Tout moun dwe pase eprèv la; Mwen p ap kite pèsonn pase san eprèv. Nòmalman, eksepsyon an se pou moun ki kwè yo. Sa klè, moun ki fè pawòl Mwen konfyans ap resevwa benediksyon M, benediksyon w ap jwenn epi ki ap akonpli nan ou selon sa w kwè. Premye pitit gason Mwen yo! Kounye a Mwen kòmanse ban nou tout benediksyon M yo. Tikras pa tikras, nou pral kòmanse debarase nou anba tout chenn repiyan lachè yo: maryaj, fanmi, manje, abiye, dòmi, epi tout katastwòf natirèl yo (van, solèy, lapli, gwo van frèt ki pèse jouk nan zo yo, soufrans lanèj pote, ansanm ak tout lòt bagay nou rayi yo). Nou pral travèse oseyan, vwayaje sou tè epi nan lè san nou pa jwenn okenn limit nan domèn espas, tan oswa jewografi, n ap pran tout plezi nou nan bra Mwen ki plen lanmou epi n ap responsab tout bagay anba swen Mwen ki chaje lanmou.

Ki moun ki pa fyè de premye pitit gason Mwen fè vin konplè yo? Ki moun ki pa fè louwanj pou non Mwen akoz yo? Poukisa Mwen vle revele nou tout mistè sa yo kounye a? Poukisa se kounye a, epi se pa anvan? Gen yon mistè nan sa tou; èske w konn sa? Poukisa depi anvan sa, Mwen pa t di Lachin se yon peyi Mwen modi? Epi, poukisa Mwen pa t devwale moun ki ap rann Mwen sèvis yo? Jodi a, Mwen pral di nou sa tou: Jodi a, tout bagay akonpli, selon Mwen menm, epi Mwen di sa konsènan premye pitit gason M yo. (Paske jodi a, premye pitit gason M yo vin gouvène bò kote M—epi, nonsèlman yo fin rive nan eta definitif yo, men tou, yo ap gouvène ansanm avè M. Pou kounye a, se sèten, moun Sentespri ap aji nan yo ap gouvène bò kote M—epi sa parèt klè nan moman an menm; se pa ni yè, ni demen.) Jodi a, Mwen fè tout mistè M yo ki gen rapò ak limanite nòmal Mwen parèt byen klè, paske moun Mwen vle revele yo deja parèt aklè, epi se sa ki sajès Mwen. Travay Mwen an pwogrese rive jis nan etap sa a: Sètadi, nan moman sa a, Mwen dwe mete plan dekrè administrativ Mwen te deside pandan peryòd sa a an aplikasyon. Konsa, Mwen bay premye pitit gason yo, pitit gason yo, pèp la, ansanm ak moun ki ap fè sèvis yo, konfimasyon ki apwopriye yo, paske Mwen gen otorite epi Mwen pral fè jijman, epi Mwen ap dirije ak yon baton fè. Kiyès ki ap oze pa rann Mwen sèvis avèk obeyisans? Kiyès ki ap oze plenyen ban Mwen? Kiyès ki ap oze di Mwen pa Bondye jistis la? Mwen konnen nati demon nou an parèt devan M depi byen lontan: Nou santi nou jalou epi nou rayi nenpòt moun Mwen demontre bonte pou li. Sa se nati Satan menm! Mwen bon anvè pitit gason M yo, èske w ap oze pretann Mwen enjis? Mwen kapab mete w deyò nèt ak yon kout pye, men erezman pou ou, w ap rann Mwen sèvis epi kounye a se poko moman an; sinon, Mwen t ap chase w deyò ak yon kout pye depi lontan!

Bann parèy Satan! Sispann aji ak ensolans! Sispann pale! Sispann aji! Travay Mwen deja kòmanse fèt sou pitit gason Mwen chwazi yo ansanm ak pèp Mwen chwazi a, epi li deja ap gaye nan tout nasyon, tout denominasyon, tout relijyon, ak tout kategori moun andeyò Lachin. Poukisa moun ki ap rann Mwen sèvis yo toujou bloke nan domèn espirityèl? Poukisa yo pa janm gen konpreyansyon espirityèl? Poukisa Lespri M pa janm aji nan moun sa yo? Pou pale yon fason kout, Mwen deside fèm pou M pa konsakre twòp efò pou moun Mwen pa ni predestine ni chwazi. Tout soufrans Mwen te sibi anvan yo ak tout efò ak sakrifis Mwen yo se te pou premye pitit gason M yo ak yon ti pati nan pitit gason yo ak nan pèp la; plis toujou, se te pou travay Mwen pral fè alavni an kapab fin fèt san pwoblèm epi pou pa gen anyen ki anpeche volonte M fèt. Piske Mwen se Bondye ki saj la menm, Mwen pran tout dispozisyon ki apwopriye pou chak etap. Mwen pa fòse pèsonn rete (sa konsène moun Mwen pa t chwazi oswa predestine yo), ni Mwen pa touye pèsonn alalejè (sa konsène moun Mwen chwazi epi ki predestine yo): Sa se dekrè administrativ Mwen an, yon dekrè pèsonn pa ka chanje! Mwen san pitye pou moun Mwen rayi yo; Mwen pran swen moun Mwen renmen yo epi Mwen pwoteje yo. Konsa, Mwen fè sa M di (moun Mwen chwazi yo, se moun yo chwazi, epi moun Mwen predestine yo, se moun ki predestine; sa se zafè M Mwen te ranje depi anvan kreyasyon an).

Kiyès ki kapab chanje kè M? Apa Mwen menm ki ap aji selon plan Mwen fè jan Mwen vle yo, kiyès ki kapab oze aji ak enpridans epi dezobeyi lòd Mwen yo? Tout bagay sa yo se dekrè administrativ Mwen; kiyès ki ap oze retire menm youn nan men M? Tout bagay dwe fèt sou lòd Mwen. Gen kèk moun ki di yon sèten moun te soufri anpil, epi li onèt epi li pran sa ki nan kè Mwen an konsiderasyon avèk senserite. Kidonk, poukisa Mwen pa t chwazi l? Sa tou, se youn nan dekrè administrativ Mwen yo. Si Mwen di yon moun ann akò ak entansyon M, moun sa a ann akò ak entansyon M epi se yon moun Mwen renmen; si Mwen di yon moun se yon desandan Satan, moun sa a se yon moun Mwen rayi. Pa chèche jwenn favè bò kote pèsonn! Èske w vrèman gen klèvwayans pou w wè klè ki moun sa a ye vre? Se Mwen menm ki deside tout bagay sa yo. Yon pitit gason ap toujou rete yon pitit gason, epi yon Satan ap toujou rete yon Satan; sa vle di, nati lòm pa chanje. Sof si Mwen fè yo chanje, yo tout ap klase selon kalite yo, epi yo pa ka chanje!

Mwen devwale mistè Mwen yo ba nou ofiramezi travay Mwen ap pwogrese. Èske nou vrèman konnen nan ki etap travay Mwen an ye? Èske nou pral vrèman suiv direksyon Lespri M ap bay pou nou fè sa Mwen fè epi di sa Mwen di? Poukisa Mwen di Lachin se yon peyi Mwen te modi? Toudabò, Mwen te kreye pèp Chinwa jodi a selon imaj Mwen. Yo pa t gen lespri, epi depi byen bonè, Satan te kowonp yo epi li pa t posib pou sove yo. Pou rezon sa a, Mwen te vin an kòlè kont pèp sa a epi Mwen te modi yo. Se pèp sa a Mwen pi rayi, epi Mwen an kòlè chak fwa yo ap pale de pèp sa a, paske yo se desandan gwo dragon wouj la. Sa fè moun sonje epòk kote peyi nan mond lan te anekse Lachin. Se toujou menm bagay la jodi a, epi tout sa se malediksyon Mwen—jijman ki pi pisan Mwen fè kont gwo dragon wouj la. Finalman, Mwen te kreye yon lòt kalite moun, pami yo Mwen te predestine premye pitit gason M yo, pitit gason M yo, pèp Mwen an, ak moun ki ap rann Mwen sèvis yo. Konsa, Mwen te deja planifye tout sa M ap fè jodi a depi byen lontan. Poukisa moun ki gen pouvwa nan peyi Lachin yo ap plede pèsekite epi oprime nou? Se paske gwo dragon wouj la pa kontan akoz malediksyon Mwen an epi li ap reziste kont Mwen. Sepandan, se egzakteman nan kalite pèsekisyon ak menas sa yo Mwen fè premye pitit gason M yo vin konplè, konsa Mwen bay gwo dragon wouj la ak desandan li yo yon gwo kou an retou. Apresa, se pral moman pou regle zafè yo. Kounye a, apre nou fin koute pawòl Mwen yo, èske nou vrèman konprann kisa sa vle di lefètke Mwen pèmèt nou dirije avèk Mwen? Lè Mwen va di yo fin jete gwo dragon wouj la atè nèt e li mouri, se ap moman kote premye pitit gason M yo ap dirije avè M tou. Pèsekisyon premye pitit gason yo ap sibi anba men gwo dragon wouj la sèvi M anpil, epi kou pitit gason M yo fin grandi epi yo kapab jere zafè kay Mwen yo, yo pral mete move sèvitè sa yo (moun ki ap fè sèvis yo) sou kote ak yon kout pye. Piske premye pitit gason M yo pral deja ap gouvène avèk Mwen epi yo pral fin satisfè entansyon M yo, Mwen ap pouse moun ki ap fè sèvis yo nan lètan dife ak souf la youn pa youn: Yo dwe ale, kit yo vle kit yo pa vle! Mwen vrèman konsyan parèy Satan yo vle jwi benediksyon Mwen yo tou, epi yo pa vle retounen anba pouvwa Satan; sepandan, Mwen gen dekrè administrativ Mwen yo, yon seri dekrè chak moun dwe respekte epi ki dwe mete an aplikasyon—epi pa gen eksepsyon pou pèsonn. Pi devan, Mwen ap di nou dekrè administrativ Mwen yo youn apre lòt, yon fason pou anpeche nou vyole yo.

Anvan: Chapit 86

Apre: Chapit 88

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger