Chapit 84

Paske yo manke konesans sou Mwen, lèzòm te deranje jesyon Mwen e sabote plan Mwen yo yon pakèt fwa, men, yo pa t janm kapab anpeche Mwen fè yon pa an avan. Se paske, Mwen se yon Bondye ki gen sajès. Nan Mwen gen yon sajès enfini, epi nan Mwen gen mistè ensondab e san limit. Depi nan tan nou pa sonje jouk nan letènite, lèzòm pa t janm kapab, e yo p ap janm kapab dekouvri ak konprann mistè sa yo nèt. Èske se pa konsa sa ye? Non sèlman chak pawòl Mwen di gen sajès ladan l, men chak pawòl gen mistè Mwen kache ladan l tou. Avèk Mwen, tout bagay se mistè; tout sa ki gen rapò ak Mwen se mistè. Jodi a, nou wè yon mistè sèlman; sa vle di, nou wè Moun Mwen ye a, men nou poko dekouvri mistè sa a ki kache anndan L. Lèzòm kapab antre nan wayòm Mwen an sèlman lè yo swiv direksyon Mwen; sinon, yo pral peri ansanm ak mond lan epi yo pral tounen sann. Mwen se Bondye konplè a menm; Mwen pa lòt moun ke Bondye Li menm. Ansyen pawòl yo, tankou “manifestasyon Bondye,” pa alamòd ankò; yo se vye bagay ki fin demode e ki pa aplikab ankò. Konbyen nan nou ki rive wè sa klè? Konbyen nan nou ki te janm gen yon konviksyon konsa sou Mwen? Se Mwen menm ki dwe eksplike epi montre tout bagay klèman.

Wayòm Satan an detwi, epi moun ki ladan l yo ap fin rann Mwen sèvis anvan lontan. Y ap mete yo deyò nan kay Mwen youn apre lòt; sa vle di, jodi a, vrè figi tout moun ki t ap degize tèt yo sou plizyè fòm vin devwale, epi yo tout pral retire nan wayòm Mwen an. Sonje sa! Depi jodi a, tout moun Mwen abandone yo, ansanm ak moun Mwen te abandone nan tan pase yo, se moun k ap jwe wòl sèlman; yo se fo moun, yo t ap sèlman fè teyat devan Mwen, epi lè pyès teyat la fini, yo dwe kite sèn nan. Moun ki vrèman pitit gason M yo pral rantre ofisyèlman nan wayòm Mwen an pou yo resevwa lanmou M epi jwi benediksyon Mwen te pare pou nou depi lontan an. Benediksyon pou premye pitit gason yo! Paske Mwen te fòme nou davans, kounye a nou kalifye pou Mwen sèvi avèk nou. Nou dwe kwè M se Bondye ki gen tout pouvwa a. Bagay moun pa ka fè, Mwen menm, Mwen kapab fè yo san okenn difikilte, epi pa gen okenn dout sou sa. Pa panse nou pa kapab fè anyen e nou pa diy pou nou premye pitit gason Mwen yo. Nou vrèman diy! Se paske tout bagay depann de Mwen pou yo fèt; se sou Mwen yo tout konte pou yo akonpli. Poukisa se kounye a nou santi nou gen yon nivo espirityèl konsa? Se tou senpleman paske lè pou Mwen sèvi ak nou toutbon an poko rive. Gwo talan pa ka sèvi pou bagay ki pa enpòtan; èske nou konprann? Nan tout mond ki nan linivè a, èske se sèlman nan yon ti peyi tankou Lachin nou pral rete? Sa vle di, yo pral ba nou tout moun ki nan mond sa pou nou pran swen epi dirije yo, paske nou se premye pitit gason yo, epi se responsablite nou pou n gide frè nou yo. Konnen sa byen! Mwen se Bondye ki gen tout pouvwa a! M ap mete aksan sou sa ankò: se Mwen ki pèmèt nou jwi, epi se Mwen menm k ap travay; Sentespri a ap travay tout kote epi Li ap gide nou pèsonèlman.

Nan tan lontan, moun yo pa t konprann sali Mwen menm. Kounye a, èske nou konprann? Gen plizyè aspè nan sali Mwen an: Youn ladan yo se, pou kèk moun, pa gen okenn predestinasyon ditou, sa vle di yo pa kapab jwi gras Mwen ditou; yon lòt aspè se moun ki te predestine okòmansman, ki jwi gras Mwen pandan yon sèten tan, men aprè yon tan, ki se yon tan Mwen te predestine, Mwen pral elimine yo, epi lavi yo pral fini nèt. Gen yon lòt aspè ankò: gen moun Mwen te predestine e chwazi, epi ki jwi benediksyon etènèl; yo jwi gras Mwen depi nan kòmansman jouk nan fen, sa gen ladan l difikilte yo te sibi anvan ak aprè yo te aksepte Mwen, ansanm ak limyè ak eklèsisman yo te resevwa aprè yo fin aksepte Mwen. Depi kounye a, yo pral kòmanse jwi benediksyon; sa vle di, Mwen pral fin sove moun sa yo nèt. Sa a se ekspresyon ki pi klè ki montre gwo travay Mwen an fin akonpli. Alò, de kisa benediksyon yo ap pale? Kite Mwen mande nou: Kisa nou vle fè plis? Kisa nou pi deteste? Ki sa nou plis espere jwenn? Nan tan lontan, nou te andire doulè ak difikilte, tout sa se te pou nou te kapab genyen Mwen epi pou lavi nou te kapab grandi; bagay sa yo fè pati gras la. “Benediksyon” vle di alavni, nou p ap gen bagay nou deteste yo ankò; sa vle di, bagay sa yo p ap prezan ankò nan lavi nou toutbon; yo pral disparèt nèt devan je nou. Fanmi, travay, madanm, mari, pitit, zanmi ak fanmi pwòch, e menm twa repa nou manje chak jou nou pa renmen yo, tout bagay sa yo pral disparèt. (Sa vle di nou p ap anba limit tan ankò, epi nou pral soti nèt nan lachè a. Se sèlman lè lespri ou fin jwenn satisfaksyon ou ka kenbe kò ou; men sa fè referans ak kò nou, se pa lachè a. Nou pral vin lib nèt epi nou pral depase tout limit. Sa a se mirak ki pi gwo e klè Bondye fè depi lè Li te kreye lemonn.) Yo pral retire tout patikil tè ki nan kò nou, epi nou pral tounen kò espirityèl nèt, ki sen e ki san okenn tach, ki kapab vwayaje nan tout linivè a pou rive jouk nan bout latè. Depi lè sa a, nou pral libere anba tout traka lave ak fwote sa yo tou, epi nou pral senpleman jwi tout bagay nèt ale. Depi lè sa a, nou p ap panse ak maryaj ankò (paske se fen M ap mete nan yon epòk, se pa kreye M ap kreye lemonn), epi p ap gen doulè akouchman ankò, ki se youn nan doulè ki pi atwòs pou fanm. Nan tan k ap vini an, nou p ap bezwen travay oswa redi ankò. Nou pral plonje nèt nan anbrase lanmou Mwen an, pou nou jwi benediksyon Mwen ba nou yo. Sa sèten nèt. Pandan nou ap jwi benediksyon sa yo, gras la ap kontinye swiv nou. Tout sa Mwen prepare pou nou—sa vle di, trezò ki ra epi ki gen anpil valè ki soti toupatou nan lemonn—pral vin pou nou. Kounye a, nou pa kapab ni konsevwa ni imajine tout bagay sa yo, epi pèsonn pa t janm jwi bagay sa yo anvan. Lè benediksyon sa yo va rive sou nou, nou pral kontan anpil nèt ale—men pa bliye tout bagay sa yo se gras a gwo pouvwa Mwen an, nan aksyon Mwen, nan dwati Mwen, e plis toujou, nan majeste Mwen. (M ap fè gras ak moun Mwen chwazi fè gras, epi M ap gen mizèrikòd pou moun Mwen chwazi gen mizèrikòd.) Lè sa a, nou p ap gen paran ankò, epi p ap gen okenn lyen san ankò. Nou tout se moun Mwen renmen, pitit gason Mwen renmen anpil yo. Depi lè sa a, pèsonn p ap oze toupizi nou. Se pral yon tan pou nou grandi pou nou vin granmoun, epi se pral yon tan kote nou pral dirije yon pakèt nasyon avèk yon baton fè! Kiyès ki ta oze anpeche pitit gason Mwen renmen anpil yo? Ki moun ki ta oze atake yo? Tout moun pral gen krentif pou pitit gason Mwen renmen anpil yo, paske Papa a jwenn glwa li. Tout bagay pèsonn pa t ap janm kapab imajine pral parèt devan je nou; yo pral san limit, san fen, e yo p ap janm fini. Nan yon tan ki pa twò lwen, se sèten nou p ap boule anba solèy la, ni nou p ap sibi chalè ki ap toumante nou; nou p ap soufri akoz fredi, ni nou p ap santi lapli, nèj oswa van touche nou. Se paske Mwen renmen nou, epi se pral yon monn ki chaje nèt ak lanmou Mwen. Mwen pral ban nou tout sa nou vle, epi Mwen pral prepare pou nou tout sa nou bezwen. Kiyès ki ta oze di Mwen pa dwat? Mwen pral frape ou atè tousuit, paske Mwen te deja di kòlè Mwen (kont mechan yo) ap dire pou letènite, epi Mwen p ap diminye li menm yon ti kras; men an menm tan tou, lanmou Mwen (pou pitit gason Mwen renmen anpil yo) ap dire pou toutan, epi Mwen p ap kenbe l pou Mwen menm yon ti kras.

Jodi a, moun ki tande pawòl Mwen yo tankou yon jijman se moun ki pa nan bon eta espirityèl. Sepandan, lè yo rive dekouvri sa, Sentespri a ap gentan abandone yo. Nan tout linivè a, se pami nou yo chwazi premye pitit gason yo, tandiske pitit gason yo ak pèp la reprezante sèlman yon ti pati nan nou. Mwen mete aksan sou tout linivè a, sa vle di, yo chwazi pitit gason yo ak pèp la nan tout nasyon ki sou latè. Èske nou konprann? Poukisa Mwen kontinye mete aksan sou nesesite pou premye pitit gason yo grandi byen vit epi ale dirije moun lòt nasyon sa yo? Èske nou konprann vrè sans pawòl Mwen yo? Se paske Lachin se yon nasyon Mwen modi; se li menm ki te pèsekite Mwen plis, epi se li menm Mwen pi deteste. Konnen sa! Mwen menm ak premye pitit gason Mwen yo soti nan syèl la e nou se pèp inivèsèl la; nou pa fè pati okenn nasyon an patikilye. Nou dwe sispann rete kole sou lide lèzòm yo! Rezon an se paske Moun Mwen ye a deja parèt devan nou. Se Mwen ki bay desizyon sou tout bagay. Èske nou konn pawòl Mwen yo pa kè? Poukisa Mwen di gen mwens ak mwens moun pami nou, epi manm yo vin rafine pi plis? Se paske gras delivrans Mwen an ap gaye ti kras pa ti kras nan linivè a. Moun yo elimine yo, ki te aksepte non Mwen, se yo menm ki te rann sèvis pou pèfeksyone premye pitit gason yo. Èske nou konprann? Poukisa Mwen di yo tout se moun ki te rann sèvis pou pitit gason Mwen yo? Kounye a, nou konprann sa toutbon, pa vre? Vrèmanvre, kantite a piti anpil; pa gen anpil ladan yo ditou. Sepandan, moun sa yo te jwenn anpil avantaj gras ak pitit gason Mwen yo, epi yo te jwi anpil nan gras Mwen—se poutèt sa Mwen te di se dènye fwa Mwen ap sove ras lòm nan. Kounye a, nou konnen vrè sans pawòl Mwen yo! Mwen pral pini sevèman nenpòt moun ki opoze ak Mwen, epi Mwen pral vire fas Mwen sou nenpòt moun ki soutni Mwen. Se paske, depi nan kòmansman, Mwen te toujou yon Bondye ki gen majeste e ki dwat, epi tout bagay pral parèt aklè devan nou. Mwen travay rapid nan yon fason ki estrawòdinè, epi talè konsa, bagay estrawòdinè moun pa ta janm imajine pral rive. Mwen vle di, tousuit e talè konsa. Èske nou konprann? Chèche rantre nan lavi a san pèdi tan! Pitit gason Mwen renmen anpil yo, tout bagay yo la pou nou, epi tout bagay egziste poutèt nou.

Anvan: Chapit 82

Apre: Chapit 100

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger