Chapit 78

Mwen te deja di se Mwen menm k ap fè travay la, se pa okenn grenn moun. Avèk Mwen, tout bagay fèt nan kalm ak kè kontan, men avèk nou, bagay yo diferan nèt; nou rankontre gwo difikilte nan tout sa n ap fè. Kèlkeswa sa Mwen jije diy, se sèten Mwen ap reyalize l; kèlkeswa moun Mwen jije ki merite l, Mwen ap fè l vin pafè. Nou menm lèzòm: Piga nou mele nan travay Mwen an! Nou sèlman bezwen aji pandan n ap swiv direksyon Mwen bay la, fè sa Mwen renmen, rejte tout sa Mwen rayi, retire tèt nou nan peche, epi lage kò nou nan bra Mwen ki plen lanmou. Mwen pa fè grandizè devan nou, ni Mwen p ap egzajere; sa a se laverite a vre. Si Mwen di Mwen pral detwi mond lan, nan tan li pran pou nou bat je nou, mond lan ap tounen sann. Nou souvan enkyete nou twòp, epi nou ajoute sou pwòp fado pa nou, nou pè anpil pou pawòl Mwen yo pa pawòl vid. Konsa, n ap kouri toupatou ap eseye “jwenn yon solisyon” pou Mwen. Bann Avèg! Bann moun san konprann! Nou pa menm konnen pwòp valè nou, poutan n ap eseye vin konseye Mwen. Èske nou diy? Gade tèt nou byen nan glas!

Kite Mwen di ou yon bagay! Moun ki timid yo dwe resevwa chatiman pou timidite yo, tandiske moun ki gen anpil lafwa yo ap jwenn benediksyon pou lafwa yo. Pou Mwen klè, bagay ki pi enpòtan an kounye a se lafwa. Anvan benediksyon ki pral tonbe sou nou yo parèt aklè, nou bezwen—kounye a menm—sakrifye tout bagay pou nou kapab bay tout nou menm pou Mwen. Se egzakteman ak aspè sa a “jwenn benediksyon” ak “sibi malè” ap fè referans. Pitit gason Mwen! Èske pawòl Mwen yo toujou grave nan kè ou? “Nou menm k ap bay tout nou menm pou Mwen ak senserite, se sèten Mwen pral beni nou anpil.” Jodi a, èske ou vrèman konprann sans ki kache ladan l lan? Mwen pa pale pawòl vid; apati kounye a, pa gen anyen k ap kache. Sa vle di, bagay ki te konn kache nan pawòl Mwen yo, Mwen pral di nou yo kounye a, youn pa youn, san kache anyen ditou. Okontrè, chak pawòl pral eksprime sa Mwen vle di toutbon, san konte revele tout moun, evènman, ak bagay ki kache devan Mwen yo se yon bagay k ap fèt byen fasil epi ki p ap difisil pou Mwen ditou. Tout sa Mwen fè genyen yon aspè limanite nòmal Mwen ansanm ak yon aspè divinite konplè Mwen. Èske nou konprann pawòl sa yo nèt vre? Se poutèt sa Mwen toujou ap repete ou pa ta dwe twò prese. Li pa difisil pou Mwen revele yon moun oswa yon bagay, epi toujou gen yon tan pou sa. Èske se pa vre? Mwen te demaske vrè fòm anpil moun. Kit yo se lespri rena, chen, oswa lou, yo tout revele vrè fòm yo nan yon tan byen presi ke Mwen detèmine, paske tout sa Mwen fè fè pati de plan Mwen an. Sou pwen sa a ou dwe gen yon konpreyansyon ki pafètman klè!

Èske ou vrèman konprann ak kisa pawòl ki di “Tan an pa lwen” an ap fè referans? Nan tan pase yo, nou te toujou panse sa t ap fè referans ak jou Mwen an, men nou tout t ap entèprete pawòl Mwen yo selon nosyon nou yo. Kite Mwen di ou! Apati kounye a, kèlkeswa moun ki mal entèprete pawòl Mwen yo se yon moun ki vrèman san sans! Pawòl Mwen te pwononse ki di, “Tan an pa lwen”, ap fè referans ak jou kote nou pral jwi benediksyon yo; sa vle di, jou kote tout move lespri pral detwi epi y ap mete yo deyò nan legliz Mwen an, epi y ap rejte tout fason lèzòm fè bagay yo. Plis toujou, ekspresyon sa a ap fè referans ak jou kote tout gwo dezas yo pral vini. Sonje sa! Se tout gwo dezas yo; piga nou mal entèprete sa ankò. Gwo dezas Mwen yo pral tonbe sot nan men Mwen sou lemond antye anmenmtan. Moun ki te genyen non Mwen yo ap jwenn benediksyon, e se sèten yo p ap oblije sibi kalite soufrans sa a. Èske ou toujou sonje sa? Èske ou konprann sa Mwen ap pale a? Lè Mwen ap pale a, se egzakteman lè Mwen kòmanse travay la. (Gwo dezas yo tonbe, nan moman egzak sa a.) Nou pa vrèman konprann entansyon Mwen yo. Èske nou konprann byen poukisa Mwen fè nou egzijans ki sevè konsa, san Mwen pa toleran avèk nou ditou? Egzakteman lè sitiyasyon entènasyonal la gen gwo tansyon, epi pandan (swadizan) moun ki sou pouvwa nan peyi Lachin yo ap fè tout preparasyon—sa vle di, lè yon bonm a retadman prèt pou l eksploze—moun ki nan sèt nasyon yo k ap chèche vrè chemen an pral prese antre an foul ak tout fòs yo nan peyi Lachin tankou dlo k ap soti nan yon baraj, kèlkeswa pri a. Gen ladan yo Mwen te chwazi, epi gen lòt ki fèt pou rann Mwen sèvis, men pa gen okenn premye pitit gason pami yo. Sa a se zèv Mwen! Sa a se yon bagay Mwen te fè aprè kreyasyon mond lan. Debarase nou de nosyon lèzòm nou yo. Piga nou sipoze se pawòl san sans Mwen ap pale! Sa Mwen panse se sa Mwen deja akonpli, epi plan Mwen an se yon bagay Mwen deja akonpli tou. Èske nou klè sou sa?

Tout bagay repoze sou panse Mwen ak plan Mwen. Pitit gason Mwen! Mwen te chwazi ou pou byen ou e, pi plis toujou, se akoz lanmou Mwen genyen pou ou. Nenpòt moun ki oze dezobeyi nan panse l, oswa ki vin gen jalouzi, ap mouri anba madichon ak dife Mwen. Dekrè administratif wayòm Mwen yo antre ladan l, paske wayòm jodi a deja fòme. Sepandan, pitit gason Mwen, ou dwe pridan epi ou pa ta dwe trete sa kòm yon avantaj pèsonèl. Ou ta dwe pran kè Papa ou an konsiderasyon epi, atravè sa, apresye entansyon pwofon Papa ou. Apati de sa, pitit gason Mwen an dwe konprann ki kalite moun Mwen renmen pi plis, ki kalite moun Mwen renmen an dezyèm, ki kalite moun Mwen rayi pi plis, ak ki kalite moun Mwen deteste. Piga ou kontinye ap mete presyon sou tèt ou. Kèlkeswa dispozisyon ou genyen an, se Mwen ki te predestine l, epi se yon revelasyon youn nan aspè dispozisyon divin Mwen an. Voye dout ou yo jete! Mwen pa gen okenn rayisman pou ou. Kòman Mwen ta dwe di sa? Èske ou toujou pa konprann? Èske laperèz ou yo toujou mare ou? Kiyès ki fidèl, kiyès ki pasyone, kiyès ki onèt, kiyès ki ap twonpe—Mwen konnen tout bagay sa yo, paske jan Mwen te di sa anvan, Mwen konnen sitiyasyon sen yo tankou pla men Mwen.

Nan je Mwen, tout bagay gen lontan depi yo akonpli epi yo parèt aklè. (Mwen se Bondye k ap egzamine fon kè moun; objektif Mwen se senpleman pou Mwen montre nou yon aspè limanite nòmal Mwen a.) Sepandan, selon jan nou wè bagay yo, tout bagay ret kache toujou epi pa gen anyen ki akonpli. Tout sa pase paske nou pa konnen Mwen. Tout bagay nan men Mwen, tout bagay anba pye Mwen, epi je Mwen egzamine tout bagay an pwofondè; kiyès ki kapab chape anba jijman Mwen? Tout moun ki pa pwòp, moun ki gen bagay pou yo kache, moun k ap jije dèyè do Mwen yo, moun ki gen rezistans nan kè yo, elatriye—tout moun sa yo Mwen pa konsidere kòm moun ki gen anpil valè nan je Mwen dwe mete ajenou devan Mwen pou yo dechaje konsyans yo. Petèt, aprè yo fin tande sa, kèk ladan yo pral yon ti jan motive, tandiske gen lòt ki p ap pran sa oserye. Mwen avèti nou! Se pou moun ki gen sajès yo prese repanti! Si ou se yon moun san konprann, ebyen tann pou ou wè! Lè lè a rive, jis gade pou wè kiyès k ap sibi malè!

Syèl la se toujou syèl orijinal la, epi tè a se toujou tè orijinal la, men nan je Mwen, toude deja refèt, epi yo pa syèl ak tè yo te ye anvan an ankò. Ak kisa syèl la fè referans? Èske ou konnen? E ak kisa syèl jodi a fè referans? Ak kisa syèl tan pase a te konn fè referans? Kite Mwen pataje sa avèk nou: Syèl tan pase a te fè referans ak Bondye nou te kwè nan Li a men pèsonn pa t janm wè a, epi Li te Bondye moun te kwè nan Li ak tout senserite (paske yo pa t kapab wè Li). Syèl jodi a, yon lòt bò, fè referans ni ak aspè limanite nòmal Mwen ni ak divinite konplè Mwen; sa vle di, li fè referans ak Bondye pratik sa a Li menm. Toude se menm Bondye a, kidonk poukisa Mwen di Mwen se nouvo syèl la? Tout sa vize nosyon lòm. Tè jodi a fè referans ak kote nou ye a. Tè tan pase a pa t gen okenn kote ki te sen, tandiske kote nou vizite jodi a yo mete yo apa kòm sen. Se poutèt sa Mwen di sa a se yon nouvo tè. “Nouvo” isit la vle di “sen”. Nouvo syèl la ak nouvo tè a fin reyalize nèt kounye a. Èske nou byen konprann sa kounye a? Mwen pral devwale nou tout mistè yo, paj pa paj. Piga nou prese, epi gen mistè ki pi gran toujou ki pral parèt aklè pou nou!

Anvan: Chapit 77

Apre: Chapit 80

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger