Chapit 80
Nan tout bagay, yon vrè kominyon avèk Mwen nesesè pou yon moun kapab jwenn limyè ak klète; se sèlman atravè sa lespri a kapab gen lapè. Sinon, lespri a p ap gen okenn lapè. Kounye a, maladi ki pi grav nan mitan nou an se separe nati moun nòmal Mwen an ak divinite konplè Mwen an; anplis, majorite nan nou mete aksan sou nati moun nòmal Mwen an, kòmsi nou pa t janm konnen Mwen genyen divinite konplè tou. Sa blasfème Mwen! Èske nou konnen sa? Maladi nou an tèlman grav, si nou pa fè vit pou nou geri, Mwen pral abat nou ak men Mwen. Devan Mwen ou aji yon fason (ou parèt tankou yon moun onorab; enb epi pasyan), epoutan dèyè do Mwen ou aji yon fason ki totalman diferan (ipokrit nèt, w ap viv nan banbòch epi san kontwòl, w ap fè kèlkeswa sa ou vle fè, w ap kreye faksyon, w ap tabli wayòm endepandan, w ap swete trayi Mwen). Ou avèg! Louvri je ou Satan fin avegle yo! Gade kiyès Mwen ye toutbon! Ou pa gen wont! Ou pa konnen aksyon Mwen yo mèveye! Ou pa konnen tout pouvwa Mwen! Sou kiyès ekspresyon ki di « moun k ap rann Kris sèvis men ki pa sove » a ap pale? Ou pa konnen ki wòl w ap jwe! Ou menm vin devan Mwen degize, ap fè wè cham ou yo—ou menm mizerab! Mwen pral choute ou deyò nan kay Mwen an; Mwen pa itilize kalite moun sa a, paske Mwen pa t predestine yo ni Mwen pa t chwazi yo.
Mwen fè sa Mwen di. Moun k ap fè sa ki mal yo pa dwe pè; Mwen pa fè okenn moun lenjistis. Mwen toujou aji dapre plan Mwen an epi Mwen fè bagay yo ann akò avèk dwati Mwen. Paske moun k ap fè sa ki mal yo se desandan Satan depi nan kreyasyon an, Mwen pa t chwazi yo; se sa pwovèb sa a vle di: « Yon leyopa pa kapab chanje tach li ». Sou zafè limanite pa kapab wè klè ladan yo, avèk Mwen tout bagay parèt aklè, epi pa gen anyen ki kache. Ou ta gendwa kapab kache yon bagay anba je yon ti gwoup moun, epi genyen konfyans yon bon kantite moun, men avèk Mwen sa pa fasil konsa. Alafen, ou pa kapab chape anba jijman Mwen an. Sa limanite kapab wè limite, epi menm moun ki kapab wè klè nan yon ti pati nan sitiyasyon aktyèl la, yo konsidere yo kòm moun ki gen yon sèten konpetans. Pou Mwen menm, tout bagay avanse san pwoblèm epi pa gen anyen ki bare wout Mwen ditou, paske tout bagay anba kontwòl Mwen ak òkestrasyon Mwen. Kiyès ki ta oze pa soumèt anba kontwòl Mwen! Kiyès ki ta oze deranje jesyon Mwen an! Kiyès ki ta oze aji san lwayote oswa tankou yon move pitit anvè Mwen! Kiyès ki ta oze pa di Mwen laverite, men pito di Mwen yon pakèt manti! Pa gen youn nan yo k ap chape anba men Mwen ki plen kòlè a. Menm si kounye a ou aksepte defèt ou, epi ou dispoze pou ou sibi chatiman epi pou ou antre nan gwo twou san fon an, Mwen toujou p ap epanye ou fasil. Mwen dwe rale ou monte soti nan gwo twou san fon an pou ou sibi pinisyon Mwen bay nan kòlè Mwen an yon fwa ankò. (Rayisman Mwen rive nan pwen ki pi wo a.) Èske gen nenpòt kote ou kapab kouri ale? Bagay Mwen pi rayi a se lè moun yo separe nati moun nòmal Mwen an ak divinite konplè Mwen an.
Benediksyon pou moun ki lwayal ak Mwen yo; sa vle di, benediksyon pou moun ki rekonèt Mwen toutbon kòm Bondye Li menm k ap egzamine fon kè moun an pwofonde. Mwen pral miltipliye benediksyon ou yo asireman, sa k ap pèmèt ou jwi bon benediksyon nan wayòm Mwen an pou toutan. Sa a se fason ki pi efikas tou pou fè Satan wont. Sepandan, pa twò enpasyan oswa enkyè; Mwen fikse yon lè pou tout bagay. Si lè Mwen te predestine a poko rive, enben menmsi se yon sèl segonn anvan lè a, Mwen p ap aji. Mwen aji avèk presizyon epi dapre yon ritm; Mwen pa aji nenpòt kòman. Soti nan yon pèspektiv imen, Mwen pa enkyè; Mwen fèm tankou Mòn Tai—men èske ou pa konnen Mwen se Bondye ki gen tout pouvwa a Li menm? Pa twò enpasyan; tout bagay nan men Mwen. Tout bagay prepare depi lontan, epi pa gen anyen ki pa prese pou rann Mwen sèvis. Tout mond linivè a sanble nan dezòd lè w gade soti deyò, men nan pèspektiv Mwen, tout bagay nan lòd. Sa Mwen prepare pou nou an se sèlman pou nou jwi. Èske nou rann nou kont de sa? Pa mete tèt nou nan jesyon Mwen an. Mwen pral kite anpil anpil nasyon ak pèp wè tout pouvwa Mwen nan aksyon Mwen yo, epi Mwen pral kite yo louwe epi fè louanj pou non sen Mwen an poutèt zèv mèveye Mwen yo. Sa se paske, menm jan Mwen te di a, pa gen anyen Mwen fè ki pa gen fondman; okontrè, tout bagay ranpli ak sajès Mwen epi ak pouvwa Mwen, avèk dwati Mwen ak majeste Mwen, e, pi plis toujou, avèk kòlè Mwen.
Moun ki reveye imedyatman lè yo tande pawòl Mwen yo ap resevwa benediksyon Mwen yo asireman, epi y ap resevwa pwoteksyon Mwen ak swen Mwen san mank. Yo pa pral fè eksperyans soufrans chatiman an asireman; okontrè, yo pral jwi lajwa ki gen nan fanmi. Èske ou konnen sa? Soufrans lan etènèl, epi lajwa a pi etènèl toujou; moun ap fè eksperyans yo toule de apati de kounye a. Kit ou soufri, kit ou fè eksperyans lajwa, sa depann de atitid ou genyen anvè konfesyon peche ou yo. Kanta pou konnen si wi oswa non ou se youn nan moun Mwen predestine epi Mwen chwazi yo, ou ta dwe sèten de sa dapre sa Mwen di yo. Ou kapab twonpe moun, men ou pa kapab twonpe Mwen. Moun Mwen predestine epi Mwen chwazi yo pral beni anpil apati de kounye a; kanta pou moun Mwen pa predestine ni Mwen pa chwazi yo, Mwen pral ba yo chatiman sevè apati de kounye a. Sa a ap sèvi kòm prèv Mwen pou nou. Moun ki beni kounye a se san dout byenneme Mwen yo; kanta pou moun ki sibi chatiman yo, sa pa menm bezwen di: Mwen pa t predestine yo ni Mwen pa t chwazi yo. Nou dwe klè sou sa! Sa vle di, si sa ou jwenn kounye a se redresman nan men Mwen, epi si ou resevwa pawòl jijman sevè Mwen yo, enben Mwen rayi ou epi Mwen deteste ou nan kè Mwen epi w ap youn nan moun Mwen voye jete yo. Si ou resevwa konsolasyon Mwen epi lavi Mwen ba ou a, enben ou se pou Mwen; ou se youn nan byenneme Mwen yo. Ou pa kapab detèmine sa dapre aparans Mwen sou deyò. Pa pèdi tèt ou poutèt sa!
Pawòl Mwen yo vize kondisyon reyèl chak moun. Èske nou kwè Mwen annik ap pale de sijè o aza, oswa Mwen annik di kèlkeswa sa Mwen anvi di a? Absoliman pa! Sajès Mwen kache nan chak pawòl Mwen. Nou dwe senpleman sèten pawòl Mwen yo se verite a. Nan yon tan ki kout anpil, etranje k ap chèche vrè chemen an pral antre. Lè sa rive, nou pral tèlman sezi nou p ap ka pale, epi tout bagay pral akonpli san mwendrès difikilte. Èske nou pa konnen Mwen se Bondye ki gen tout pouvwa a? Lè nou tande pawòl Mwen sa yo, nou kwè nan yo fèm, pa vre? Mwen pa fè okenn erè, alewè pou Mwen ta di bagay ki pa vre. Èske nou konnen sa? Se poutèt sa, Mwen ensiste plizyè fwa pou nou aksepte fòmasyon Mwen an byen vit, dekwa pou nou kapab dirije yo epi pran swen yo kòm bèje. Èske nou konnen sa? Atravè nou, Mwen pral pèfeksyone yo. Sa ki pi enpòtan toujou, atravè nou Mwen pral manifeste gwo siy Mwen yo ak mirak Mwen yo; sa vle di, pami moun limanite meprize yo, Mwen chwazi yon gwoup moun pou manifeste Mwen, pou glorifye non Mwen, pou pran chaj tout bagay pou Mwen, epi pou egzèse pouvwa kòm wa avèk Mwen. Konsa, fòmasyon Mwen ap bay nou kounye a se pi gwo jesyon nan mond lan; sa a se yon bagay mèveye limanite pa kapab reyalize. Se nan pèfeksyone nou Mwen pral jete Satan nan letan dife ak souf la epi nan gwo twou san fon an, Mwen pral abat gwo dragon wouj la nèt jouk li mouri, pou l pa janm leve ankò. Se poutèt sa, tout moun yo jete nan gwo twou san fon an se desandans gwo dragon wouj la. Mwen rayi yo nan pi wo degre a. Se Mwen menm ki fè sa rive. Èske nou pa kapab wè sa? Tout moun ki pa lwayal yo, ak tout moun k ap itilize mwayen kwochi ak twonpri yo, yo vin ekspoze aklè. Moun ki awogan, ògeye, moun ki panse yo jis, ak moun ki ensolan yo se desandan akanj lan, epi yo se egzanp ki pi byen reprezante Satan—yo tout se lènmi Mwen, advèsè Mwen. Mwen dwe pini yo youn pa youn dekwa pou Mwen kapab etenn rayisman ki nan kè Mwen an. Mwen pral fè sa yon bagay alafwa, epi Mwen ap rezoud chak bagay youn apre lòt.
Kounye a, kisa egzakteman letan dife ak souf la ak gwo twou san fon an ye? Nan imajinasyon imen, letan dife ak souf la se yon bagay materyèl, men limanite pa konnen sa a se yon esplikasyon ki pa kòrèk ditou. Malgre sa, li toujou okipe yon sèten pozisyon nan lespri moun yo. Letan dife ak souf la se men Mwen k ap bay limanite chatiman; lè yo jete yon moun nan letan dife ak souf la, sa vle di men Mwen te abat moun sa a. Lespri, nanm, ak kò yon moun konsa ap soufri pou toutan. Sa a se vrè sans pawòl Mwen yo lè Mwen te di tout bagay nan men Mwen. Alò, kisa gwo twou san fon an vle di? Nan konsepsyon lèzòm, li se yon gwo abim ki san fen epi ki gen yon pwofondè moun pa ka sonde. Vrè gwo twou san fon an se anpriz Satan. Si yon moun tonbe nan men Satan, moun sa a nan gwo twou san fon an; menmsi li ta fè zèl, li pa t ap kapab vole soti. Se poutèt sa yo rele li gwo twou san fon an. Tout moun konsa ap sibi chatiman etènèl; se nan fason sa a Mwen aranje sa.