Chapit 77
Lè nou pa sèten sou pawòl Mwen yo, se menm bagay ak gen yon atitid kote n ap nye aksyon Mwen yo. Sa vle di, pawòl Mwen yo soti anndan Pitit gason Mwen an, poutan nou pa ba yo okenn enpòtans. Nou tèlman pran bagay yo alalejè! Anpil pawòl soti anndan Pitit gason Mwen an, poutan nou kontinye gen dout epi nou pa sèten. Nou avèg! Nou pa konprann objektif ki dèyè chak grenn bagay Mwen fè. Èske pawòl Mwen eksprime atravè Pitit gason Mwen an se pa pwòp pawòl Mwen yo ye? Gen kèk bagay Mwen pa vle di dirèkteman, kidonk Mwen pale atravè Pitit gason Mwen an. Alò, poukisa nou tèlman san sans konsa, pou nou ensiste pou Mwen ta dwe pale dirèkteman? Nou pa konprann Mwen, epi nou toujou gen dout sou aksyon Mwen yo ak zèv Mwen yo! Èske Mwen pa t deja di anvan sa, chak mouvman Mwen ansanm ak chak aksyon ak zèv Mwen kòrèk? Moun yo dwe sispann egzamine yo an pwofondè. Retire men sal ou yo! Kite Mwen di ou yon bagay: Tout moun Mwen itilize yo te predestine depi anvan Mwen te kreye mond lan, epi Mwen jije yo diy jodi a tou. Nou toujou ap fè efò nan bagay konsa, n ap egzamine moun Mwen ye a an pwofonde epi n ap etidye aksyon Mwen yo. Nou tout gen yon mantalite kote nou pa fè anyen san nou pa tann yon bagay an retou. Si sa rive ankò, Mwen ap sètènman vide nou atè ak men Mwen. Men sa Mwen ap di a: Pa gen dout sou Mwen, epi pa analize ni reflechi sou bagay Mwen fè yo, epi pi plis toujou, nou pa dwe foure kò nou nan bagay konsa, paske tout sa gen rapò ak dekrè administratif Mwen yo. Sa se pa jwèt!
Pwofite tan nou genyen an pou nou fè tout sa Mwen te enstwi yo. Kite Mwen di sa ankò, epi tou kòm yon avètisman: Etranje yo pral antre an foul nan peyi Lachin. Sa a se laverite absoli! Mwen konnen pifò moun gen dout sou sa, epi yo pa sèten, kidonk Mwen rete ap fè nou sonje sa yon fason pou nou kapab kouri pouswiv kwasans lavi epi pou nou kapab satisfè entansyon Mwen yo pi bonè. Apati jodi a, sitiyasyon entènasyonal la ap vin gen plis tansyon toujou, epi plizyè peyi ap kòmanse kraze pa anndan. Nan Lachin, bèl jou yo rive nan bout yo. Sa vle di travayè yo pral fè grèv, etidyan yo pral kite klas yo, biznisman yo pral sispann fè biznis, epi tout faktori yo pral fèmen epi yo p ap kapab kontinye fonksyone. Kad sa yo pral kòmanse prepare lajan pou yo sove (sa a tou, ap sèvi nan plan jesyon Mwen an), epi lidè gouvènman santral yo nan tout nivo pral pi okipe toujou, y ap neglije kèk bagay pou konsantre yo sou lòt, pandan yo tout ap fè preparasyon (sa ap ede prepare pwochen etap la). Gade byen! Sa a se yon bagay ki enplike tout linivè a, pa sèlman Lachin, paske aksyon Mwen yo vize tout mond lan. Sepandan, li sèvi tou pou fè gwoup moun ki premye pitit gason yo tounen wa. Èske nou wè sa klè? Fè vit epi pouswiv! Mwen p ap trete nou yon fason ki enjis; Mwen ap pèmèt nou pran plezi jiskaske nou satisfè.
Aksyon Mwen yo mèveye. Pandan gwo dezas yo nan mond lan ap dewoule, epi pandan tout malfektè yo ak chèf yo ap resevwa pinisyon—oswa, pou Mwen pi klè, lè mechan yo, tout sa yo ki pa pote non Mwen, ap soufri—Mwen pral kòmanse vide benediksyon Mwen yo sou nou. Sa a se sans fondamantal pawòl ki di, “Nou sètènman p ap sibi doulè oswa domaj dezas yo,” pawòl Mwen te repete plizyè fwa nan tan pase a. Èske nou konprann sa? “Tan sa” Mwen ap pale a fè referans ak tan kote pawòl yo soti nan bouch Mwen. Travay Sentespri a fèt trè vit; Mwen p ap retade ni gaspiye yon sèl minit ni menm yon sèl segonn. Okontrè, Mwen ap aji an konfòmite avèk pawòl Mwen yo nan menm moman Mwen pwononse yo. Si Mwen di jodi a Mwen ap elimine yon moun, oswa Mwen deteste yon moun, tout bagay ap fini pou moun sa a nan menm moman an. Sètadi, Mwen ap retire Sentespri Mwen an nan li imedyatman, epi l ap tounen kadav k ap mache, ki totalman initil. Moun sa yo kapab toujou ap respire, ap mache, epi ap pale, epi yo gendwa toujou ap priye devan Mwen, men yo pa t ap janm sispèk Mwen te deja abandone yo. Y ap tounen moun ki initil nètale. Sa a se laverite total e sensè!
Pawòl Mwen yo reprezante moun Mwen ye a. Sonje sa! Pa doute; nou dwe sèten nèt. Sa a se yon kesyon lavi ak lanmò! Sa a trè serye! Nan menm moman pawòl Mwen yo pwononse a, sa Mwen vle fè a deja akonpli. Tout pawòl sa yo dwe pale atravè Pitit gason Mwen an. Kiyès pami nou ki te byen reflechi sou zafè sa a? Ki lòt fason Mwen kapab eksplike sa? Sispann toujou pè ak timid konsa. Èske santiman moun pa di M anyen vre? Èske Mwen ap annik jete moun Mwen jije diy yo konsa konsa? Tout sa Mwen fè gen prensip. Mwen p ap kraze alyans Mwen menm Mwen te tabli a, ni Mwen p ap deranje pwòp plan Mwen an. Mwen pa nayif tankou nou. Travay Mwen se yon gwo bagay; se yon bagay okenn moun pa kapab akonpli. Mwen te di Mwen dwat, e pou moun ki renmen Mwen yo, Mwen se lanmou. Èske ou pa kwè sa se laverite? Ou kontinye ap gen dout! Kòm konsyans ou klè sou tout bagay, poukisa ou toujou pè konsa? Ou jis ap mare pwòp tèt ou. Pitit gason Mwen! Mwen te raple ou plizyè fwa pou ou pa tris ni kriye, e Mwen p ap voye ou jete. Èske ou toujou pa kapab fè Mwen konfyans? Mwen ap kenbe ou fèm epi Mwen p ap lage ou; Mwen ap toujou anbrase ou nan lanmou Mwen. Mwen ap veye sou ou, pwoteje ou, epi, ba ou revelasyon ak disèneman nan tout bagay, yon fason pou ou kapab wè se Mwen ki Papa ou, epi se Mwen menm k ap sipòte ou. Mwen konnen ou toujou ap mande tèt ou kijan ou kapab aleje fado ki sou zepòl Papa ou a. Sa a se fado Mwen ba ou a. Ou pa dwe janm eseye debarase ou de li! Konbyen moun jodi a ki kapab lwayal anvè Mwen? Mwen espere ou kapab akselere fòmasyon ou yon fason pou ou kapab grandi byen vit epi satisfè kè Mwen. Papa a ap travay di pou pitit gason an lajounen kou lannwit, kidonk pitit gason an ta dwe pran plan jesyon Papa a an konsiderasyon tou, nan chak minit epi nan chak segonn. Se sa Mwen te konn pale de li a lè Mwen te di pou w pran inisyativ pou w kolabore avèk Mwen.
Tout bagay se zèv Mwen. Mwen pral mete yon fado sou moun Mwen itilize jodi a epi Mwen ap ba yo sajès yon fason pou tout aksyon yo kapab kadre ak entansyon Mwen yo, yon fason pou wayòm Mwen an kapab reyalize, epi pou yon nouvo syèl ak yon nouvo tè kapab parèt. Moun Mwen pa itilize yo se kontrè a nèt; yo toujou egare, yo dòmi aprè yo fin manje, epi yo manje aprè yo fin dòmi, san yo pa gen okenn lide ditou sou sa fado vle di. Moun sa yo manke travay Sentespri a, epi yo ta dwe retire yo nèt nan legliz Mwen an pi vit posib. Kounye a Mwen pral kominye sou kèk bagay ki gen rapò ak vizyon yo: Legliz la se yon kondisyon alavans pou wayòm nan; moun yo kapab antre nan wayòm nan sèlman lè legliz la fin bati nan yon sèten nivo. Pèsonn pa kapab antre nan wayòm nan dirèkteman (si Mwen pa t pwomèt sa). Legliz la se premye etap la, men se wayòm nan ki objektif plan jesyon Mwen an. Tout bagay ap regle yon fwa moun yo antre nan wayòm nan, epi p ap gen anyen pou yo pè. Kounye a, se sèlman premye pitit gason Mwen yo avèk Mwen ki antre nan wayòm nan epi ki kòmanse gouvène bann nasyon ak pèp yo pa ka konte yo. Sa vle di, wayòm Mwen an ap kòmanse òganize, epi yo deja anonse piblikman tout moun ki pral wa oswa pèp Mwen an. Yo pral di nou evènman k ap vini yo etap pa etap epi youn aprè lòt; pa enkyete nou twòp ni pa twò trakase. Èske ou sonje chak pawòl Mwen te di ou? Si ou fè bagay yo avèk senserite pou Mwen, ebyen Mwen ap pale avèk ou ak tout kè Mwen. Kanta pou moun k ap pratike twonpri ak koripsyon yo, Mwen ap trete yo pou lafòm an retou, epi Mwen ap kite yo wè aklè kiyès menm yon konpòtman konsa ap mennen nan destriksyon!