Chapit 76
Tout deklarasyon Mwen yo se ekspresyon entansyon Mwen yo. Kiyès ki kapab pran fado Mwen yo an konsiderasyon? Kiyès ki kapab konprann entansyon Mwen yo? Èske nou te reflechi sou chak kesyon Mwen te soulve avèk nou yo? Ala yon gwo neglijans! Kòman nou fè gen odas pou nou twouble plan Mwen yo? N ap aji san okenn kontwòl! Si yon travay move lespri konsa kontinye, Mwen pral kondane yo pou yo mouri imedyatman nan gwo twou san fon an! Sa fè lontan depi Mwen dekouvri divès kalite zèv move lespri yo. Menm moun move lespri ap sèvi avèk yo (moun ki gen move entansyon yo, moun k ap konvwate lachè oswa richès yo, moun k ap egzalte pwòp tèt yo, moun k ap deranje legliz la, elatriye) Mwen wè klè nan jwèt yo chak tou. Piga nou sipoze tout bagay fini yon fwa yo fin chase move lespri yo. Kite Mwen di ou! Apati kounye a, Mwen pral elimine moun sa yo youn pa youn, pou Mwen pa janm sèvi avèk yo ankò! Sa vle di, nenpòt moun move lespri yo kòwonpi, Mwen p ap sèvi avè l, epi Mwen ap mete l deyò! Piga nou panse Mwen pa gen tolerans! Konnen sa! Mwen se Bondye sen an, epi Mwen p ap rete nan yon tanp ki sal! Mwen sèvi sèlman avèk moun onèt epi ki gen sajès, ki gen yon lwayote total pou Mwen epi ki kapab pran fado Mwen an konsiderasyon. Se paske Mwen te predestine moun sa yo, epi pa gen okenn move lespri k ap travay nan yo ditou. Kite Mwen fè yon bagay klè: Apati kounye a, tout moun ki pa gen travay Sentespri a gen travay move lespri yo. Kite Mwen repete: Mwen pa vle okenn moun ki gen move lespri k ap travay nan li. Y ap jete yo tout nan kote mò yo ye a ansanm ak lachè yo!
Nan tan lontan egzijans Mwen te fè nou yo pa t twò sevè, epi nou te konn aji san kontwòl lè li gen rapò ak lachè. Apati jodi a, Mwen p ap pèmèt nou kontinye konsa ankò. Si pawòl ak aksyon nou yo pa reflete Mwen nan okenn aspè, oswa si yo gen nenpòt ti diferans ak resanblans Mwen, se sèten Mwen p ap trete nou ak endiljans. Sinon, nou t ap toujou ap ri epi fè blag, ap ri ak tout fòs nou, san okenn kontwòl. Lè ou fè yon move bagay, èske ou pa santi Mwen abandone ou? Piske ou konnen sa, poukisa w ap aji san kontwòl toujou? Èske w ap tann pou men jijman Mwen an touche ou? Apati jodi a, Mwen pral pini imedyatman kèlkeswa moun ki pa kadre ak entansyon Mwen yo, menm pou yon sèl moman. Si nou chita ansanm ap fè tripotay, lè sa a Mwen pral abandone ou. Piga ou pale si ou pa bay pwovizyon espirityèl. Mwen pa di sa pou limite nou, men sa Mwen vle di se ke, piske travay Mwen an avanse rive nan pwen li ye kounye a, Mwen pral fè bagay yo ann akò ak plan Mwen an. Si nou chita ansanm ap kominye sou zafè espirityèl nan lavi a, lè sa a se sèten Mwen ap avèk nou. Mwen p ap trete okenn nan nou enjisteman. Toutotan ou louvri bouch ou, Mwen pral ba ou pawòl ki apwopriye yo. Ou dwe konprann sa ki nan kè Mwen atravè pawòl Mwen yo. Mwen pa di nou pou nou pran pòz bèbè nou, ni Mwen pa di nou pou nou lage kò nou nan ti pale san sans.
Poukisa Mwen toujou ap di pa gen anpil tan ki rete, epi jou Mwen an pa dwe pran reta? Èske nou te byen reflechi sou sa? Èske nou vrèman konprann siyifikasyon pawòl Mwen yo? Sa vle di, Mwen ap travay depi lè Mwen te kòmanse pale a. Chak grenn nan nou san eksepsyon fè pati moun Mwen t ap travay sou yo, se pa okenn moun an patikilye, alevwa pou se ta okenn lòt moun. Nou sèlman enkyete nou poutèt nou pa jwi benediksyon yo, men nou pa reflechi sou lavi nou. Ala nou san konprann! Ala nou fè pitye! Nou pa pran fado Mwen an an konsiderasyon ditou!
Tout efò, enèji ak sakrifis Mwen te bay yo se te pou nou. Si nou pa pran fado Mwen an konsiderasyon, lè sa a nou pa montre nou alawotè atant Mwen genyen de nou yo. Bann ak pakèt nasyon yo ap tann pou nou gouvène yo, epi bann ak pakèt pèp yo ap tann pou nou dirije yo. Mwen ba nou tout bagay nan men nou. Kounye a, moun ki sou pouvwa yo tout kòmanse kite pouvwa a epi yo tonbe, epi y ap tann sèlman pou jijman Mwen an tonbe sou yo. Gade byen klè! Mond lan ap depafini kounye a, alòske wayòm Mwen an fin bati avèk siksè. Pitit gason Mwen yo parèt epi premye pitit gason Mwen yo ap gouvène ansanm avèk Mwen kòm wa, y ap dirije chak nasyon ak chak pèp. Piga nou panse sa a se yon bagay ki vag; se yon laverite toutbon. Èske se pa sa? Kou nou priye epi sipliye Mwen, Mwen pral aji imedyatman epi pini moun k ap pèsekite nou yo, regle kont moun k ap deranje nou yo, detwi moun nou rayi yo, epi jere moun yo, evènman yo, ak bagay yo k ap rann nou sèvis yo. Mwen te di sa plizyè fwa: Mwen p ap sove okenn moun ki rann Kris sèvis (sa vle di, nenpòt moun ki rann Pitit gason Mwen an sèvis). Lefètke yo rann Pitit gason Mwen an sèvis, sa pa vle di yo se bon moun; sa se totalman rezilta gwo pouvwa Mwen ak zèv mèveye Mwen yo. Pa bay moun twòp enpòtans. Se sèten moun sa yo pa gen travay Sentespri a epi yo pa konprann bagay espirityèl yo ditou. Yo p ap itil anyen aprè Mwen fin sèvi avèk yo. Sonje sa! Sa a se konfimasyon Mwen pou nou. Pa tatonnen sovajman, èske nou konprann?
Kantite moun yo diminye chak jou, men manm yo vin pi ekselan toujou. Sa a se travay Mwen, plan jesyon Mwen an, e pi plis toujou, se sajès Mwen ak toupisans Mwen. Se kowòdinasyon limanite nòmal Mwen ak divinite konplè Mwen. Èske nou wè sa klè? Èske nou gen okenn vrè konpreyansyon sou pwen sa a? Youn pa youn Mwen pral akonpli, atravè divinite Mwen, tout sa Mwen te di apati limanite nòmal Mwen an. Se poutèt sa Mwen toujou ap repete sa Mwen fè sa Mwen di, Mwen pa janm pale yon fason ki pa klè; okontrè, Mwen pale byen klè e senp. Tout sa Mwen di pral akonpli, epi Mwen pa di anyen san reflechi. Mwen pa pale pawòl vid epi Mwen pa fè erè. Nenpòt moun ki gen odas pou l mezire Mwen ap sibi jijman, e se sèten li p ap kapab chape anba pla men Mwen. Depi M fin pale, kiyès ki gen odas pou l opoze? Kiyès ki gen odas pou l sèvi ak bèl pawòl pou l twonpe Mwen oswa pou l kache Mwen anyen? Mwen te di sa anvan: Mwen se yon Bondye ki gen sajès. Mwen sèvi ak limanite nòmal Mwen pou revele tout moun ansanm ak konpòtman Satan, moun ki gen move entansyon yo, moun k ap aji yon fason devan lòt moun epi yo aji yon lòt fason dèyè do yo, moun k ap opoze ak Mwen yo, moun ki pa fidèl avèk Mwen yo, moun k ap konvwate lajan yo, moun ki pa pran fado Mwen an konsiderasyon, moun k ap pratike twonpri ak sa ki kwochi avèk frè ak sè yo, moun k ap pale ak yon lang ki dous pou fè moun rejwi, ak moun ki pa kapab kopere avèk frè ak sè yo nètale nan yon sèl kè ak yon sèl lespri. Tèlman gen moun, akoz limanite nòmal Mwen an, ki reziste Mwen an kachèt epi ki pratike twonpri ak koripsyon, pandan y ap sipoze limanite nòmal Mwen an pa konnen sa. Epi gen tèlman moun ki bay limanite nòmal Mwen an atansyon espesyal, ki ban Mwen bon bagay pou M manje ak bwè, ki rann Mwen sèvis tankou sèvitè, epi ki di Mwen sa ki nan kè yo, epoutan k ap aji yon fason ki konplètman diferan dèyè do Mwen. Moun avèg! Ala nou pa konnen Mwen menm—Bondye k ap obsève sa ki pi fon nan kè lòm nan. Nou toujou pa konnen Mwen menm kounye a; nou toujou panse Mwen pa okouran sa w ap fè a. Kalkile pou kont nou: Konbyen moun ki detwi pwòp tèt yo akoz limanite nòmal Mwen an? Reveye nou! Pa twonpe Mwen ankò. Ou dwe mete tout konduit ou ak konpòtman ou, chak pawòl ou ak aksyon ou devan Mwen, epi aksepte enspeksyon M sou li.