Chapit 74
Benediksyon pou moun ki li pawòl Mwen yo epi ki kwè y ap akonpli. Mwen p ap maltrete ou ditou; M ap fè sa ou kwè a reyalize nan ou. Sa a se benediksyon Mwen k ap vin sou ou. Pawòl Mwen yo touche dirèkteman sekrè ki kache nan chak moun; tout moun gen blesi ki ka lakòz lanmò, epi Mwen se bon Doktè k ap geri yo. Senpleman, vin nan prezans Mwen. Poukisa Mwen te di nan lavni p ap gen lapenn ankò, ni dlo nan je ankò? Se pou rezon sa a. Avèk Mwen, tout bagay akonpli, men avèk lèzòm, tout bagay yo se bagay ki kowonpi, ki vid epi ki twonpe yo. Nan prezans Mwen, nou sèten n ap jwenn tout bagay, epi nou kapab san mank wè ak jwi tout benediksyon nou pa t ap janm ka imajine. Moun ki pa vin devan Mwen yo san dout se moun ki rebèl, epi se yo menm menm ki reziste kont Mwen. Se sèten, Mwen p ap kite yo chape konsa konsa; M ap chatye moun sa yo yon fason ki sevè. Sonje sa! Plis moun vin devan Mwen, se plis y ap jwenn benefis—menmsi se gras sèlman. Pi devan, y ap resevwa benediksyon ki pi gwo toujou.
Depi kreyasyon mond lan, Mwen te kòmanse predestine epi chwazi gwoup moun sa a, sa vle di, nou menm jodi a. Tanperaman nou, kalib nou, aparans nou ak nivo espirityèl nou, fanmi kote ou te fèt la, travay ou ak maryaj ou—tout sa ki konsène ou nèt, menm koulè cheve ou ak koulè po ou, ni lè ou te fèt—se Mwen ki te ranje tout bagay sa yo ak pwòp men Mwen. Se Mwen tou ki te ranje, ak men Mwen, tout sa ou fè ak moun ou rankontre chak jou yo, san nou pa menm pale de lefètke se Mwen menm ki te fè aranjman pou mennen ou nan prezans Mwen jodi a. Pa lage tèt ou nan konfizyon; ou dwe avanse avèk kalm. Sa Mwen pèmèt ou jwi jodi a se yon pòsyon ou merite, epi Mwen te predestine sa depi nan kreyasyon mond lan. Tout lèzòm tèlman ekstrèm: swa yo twò tèt di, swa yo pa gen okenn wont ditou. Yo pa kapab aji selon plan ak aranjman Mwen yo. Pa kontinye aji konsa ankò. Avèk Mwen, tout bagay libere; pa mare tèt ou, paske sa ap lakòz ou sibi yon pèt nan lavi ou. Sonje sa!
Kwè tout bagay nan men Mwen. Tout bagay nou te konsidere kòm mistè nan tan lontan yo parèt aklè jodi a; yo pa kache ankò (paske Mwen te di alavni, pa gen anyen k ap rete kache). Souvan, moun yo manke pasyans; yo twò anvi wè rezilta byen vit, epi yo pa pran santiman Mwen an konsiderasyon. M ap fòme nou pou nou kapab pataje fado Mwen epi jere kay Mwen an nan plas Mwen. Mwen vle nou grandi byen vit, pou nou kapab dirije frè nou yo ki pi piti pase nou, epi pou nou menm, Papa a ak pitit gason Li yo, kapab reyini ansanm talè konsa, san nou pa janm separe ankò. Sa ap akonpli entansyon Mwen yo. Mistè yo deja revele pou tout moun, e pa gen anyen ki rete kache: Mwen menm—Bondye Li menm nan tout plenitid Li, ki posede imanite nòmal ansanm ak divinite konplè—Mwen parèt aklè, jodi a, devan je nou. Tout bagay sou Mwen (rad Mwen, aparans ekstèn Mwen, ak fòm kò Mwen) se yon manifestasyon pafè Bondye Li menm; se moun Bondye ye a, moun lèzòm imajine depi kreyasyon mond lan, men pèsonn pa janm wè a. Rezon ki fè Mwen fè sa Mwen di se paske imanite nòmal Mwen ak divinite konplè Mwen konplete youn lòt; anplis, sa pèmèt tout moun wè yon moun nòmal vrèman gen yon pouvwa ki tèlman gwo. Si ou se youn nan moun ki vrèman kwè nan Mwen yo, se paske Mwen ba ou yon kè sensè pou ou ka renmen Mwen. Lè Mwen taye ou, Mwen eklere ou epi Mwen klere ou; se konsa Mwen pèmèt ou konnen Mwen. Kòm rezilta, kèlkeswa jan Mwen taye ou, ou p ap kouri kite Mwen; okontrè, w ap vin pi sèten de Mwen toujou. Lè ou fèb, sa fèt tou daprè aranjman Mwen, epi sa pèmèt ou wè si ou kite Mwen, w ap mouri epi w ap fennen. Konsa, ou kapab aprann se Mwen ki lavi ou. Lè ou vin gen fòs ankò apre ou te fin fèb, Mwen pèmèt ou wè se pa ou menm ki deside si w ap fèb oswa si w ap gen fòs; se Mwen menm sèlman ki deside sa.
Tout mistè yo parèt aklè nèt. Nan aktivite nou pral fè alavni yo, M ap ban nou enstriksyon Mwen yo, youn apre lòt, selon chak travay. Mwen p ap pale yon fason ki vag; M ap bay enstriksyon yo avèk yon presizyon total, e M ap menm pale avèk nou dirèkteman. Se yon fason pou nou pa bezwen reflechi poukont nou sou bagay yo, pou nou pa deranje jesyon Mwen an. Se poutèt sa M ap kontinye ensiste sou sa, plizyè fwa youn apre lòt: depi kounye a, pa gen anyen ankò k ap rete kache.