Chapit 73
Pawòl Mwen yo akonpli depi Mwen fin pwononse yo; yo pa janm chanje, epi yo absoliman kòrèk. Sonje sa byen! Ou dwe byen reflechi sou chak mo ak chak fraz ki soti nan bouch Mwen. Fè plis atansyon, pou ou pa sibi pèt epi resevwa sèlman jijman Mwen, gwo kòlè Mwen, ak dife Mwen k ap boule ou nèt. Kounye a travay Mwen ap avanse ak yon gwo vitès, byenke li pa fèt yon fason sipèfisyèl; li tèlman byen rafine, je moun prèske pa ka wè li, epi men moun pa kapab kenbe li. Li patikilyèman metikile. Mwen pa janm pwononse pawòl vid; tout sa Mwen di se verite. Ou ta dwe kwè ke chak pawòl Mwen otantik ak presi. Pa vin neglijan nan okenn sikonstans; sa se yon moman desizif! Kit ou pral jwenn benediksyon oswa fini nan malè, sa ap deside nan moman sa a menm, epi diferans lan se menm jan ak sa ki genyen ant syèl la ak tè a. Kit ou prale nan syèl la oswa kote mò yo ye a, sa konplètman anba kontwòl Mwen. Moun ki sou wout pou kote mò yo ye a ap fè dènye lit yo anvan yo mouri, tandiske moun ki prale nan syèl la ap sibi dènye ti soufrans yo epi y ap bay tout yo menm pou Mwen pou yon dènye fwa. Nan lavni, nan tout sa y ap fè, ap gen jwisans ak louwanj, san tout ti bagay banal sa yo ki twouble moun (maryaj, travay, richès ki bay pwoblèm, estati, elatriye). Sepandan, kanta pou moun ki prale kote mò yo ye a, soufrans yo se pou letènite (sa fè referans ak lespri yo, nanm yo, ak kò yo); yo pap janm chape anba men pinisyon Mwen an. De kan sa yo enkonpatib menm jan ak dife ak dlo. Yo pa melanje ansanm ditou: Moun k ap sibi malè yo ap kontinye sibi malè, tandiske moun ki beni yo ap jwi jis yo satisfè nèt.
Tout evènman yo ak tout bagay yo anba kontwòl Mwen; alewè pou nou menm—pitit gason Mwen yo, byenneme Mwen yo—nou pou Mwen pi plis toujou. Nou se kristalizasyon plan jesyon sis mil an Mwen an; nou se trezò Mwen yo. Tout moun Mwen renmen yo fè Mwen plezi lè Mwen gade yo, paske yo manifeste Mwen; tout moun Mwen rayi yo, Mwen deteste yo san Mwen pa menm gade yo, paske yo se desandans Satan epi yo pou Satan. Jodi a, tout moun ta dwe egzamine tèt yo: Si entansyon ou dwat, epi ou renmen Mwen tout bon vre, lè sa a se sèten Mwen ap renmen ou tou. Ou dwe renmen Mwen vre, epi pa twonpe Mwen! Mwen se Bondye ki egzamine fon kè moun yo an pwofondè! Si entansyon ou pa bon, epi ou frèt epi ou pa lwayal anvè Mwen, lè sa a se sèten Mwen ap deteste ou; Mwen pa t ni chwazi ou ni predestine ou. Annik rete tann lè ou pral nan lanfè! Lòt moun ka pa kapab wè bagay sa yo, men se sèlman ou menm avèk Mwen, Bondye ki obsève fon kè moun nan, ki konnen yo. Yo tout ap revele nan yon moman byen presi. Moun ki sensè pa bezwen enkyete, e moun ki pa sensè pa bezwen pè. Tout bagay sa yo fè pati aranjman saj Mwen yo.
Travay ki devan nou an ijan epi li lou, epi li mande pou nou bay tout nou menm pou Mwen yon dènye fwa pou travay final la kapab fini. Egzijans Mwen yo pa vrèman twò wo: Mwen senpleman bezwen pou nou kolabore byen avèk Mwen, pou nou satisfè Mwen nan tout bagay, epi pou nou suiv gidans Mwen ba ou anndan ou a. Pa rete avèg; fòk nou gen yon objektif, epi chèche konprann entansyon Mwen yo nan tout aspè ak nan tout bagay. Se paske Mwen pa yon Bondye kache pou nou ankò, epi nou dwe byen konprann sa pou nou ka pèsevwa entansyon Mwen yo. Nan yon tan ki kout anpil, nou pap sèlman rankontre ak etranje k ap chèche vrè chemen an, men, pi enpòtan toujou, nou dwe gen kapasite pou nou pran swen yo kòm bèje. Sa se entansyon ijan Mwen; sa pap mache si nou pa kapab wè klè nan sa. Sepandan, nou dwe kwè nan tout pouvwa Mwen. Toutotan yon moun dwat, Mwen ap sètènman fòme moun sa a pou l vin yon bon sòlda. Mwen gentan ranje tout bagay jan sa dwe ye. Nou dwe gen detèminasyon pou nou soufri pou Mwen. Sa se moman kle a. Pa rate li! Mwen pap sonje bagay nou te fè nan tan pase yo. Nou dwe priye epi sipliye devan Mwen souvan; Mwen ap ba ou ase gras pou ou ka jwi li epi sèvi avè l. Gras ak benediksyon se pa menm bagay. Sa nou ap jwi kounye a se gras Mwen, epi nan je Mwen, li pa merite pou yo mansyone l, tandiske benediksyon yo se sa nou pral jwi alenfini nan lavni. Se benediksyon moun pa t janm panse a, e yo pa ka imajine. Se rezon sa a ki fè Mwen di nou beni, epi depi kreyasyon an, moun pa janm jwi benediksyon sa yo.
Mwen gentan fè tout Mwen menm parèt aklè devan nou. Mwen sèlman espere ke nou kapab pran kè Mwen an konsiderasyon, toujou panse a Mwen, epi gen konsiderasyon anvè Mwen nan tout aspè, epi pou Mwen ka toujou wè figi nou k ap souri. Apati kounye a, moun ki jwenn estati Premye pitit gason yo se yo menm ki pral gouvène kòm wa bò kote Mwen. Okenn frè pa pral entimide yo ni oprese yo, ni tou Mwen pa pral korije yo oswa taye yo, paske se dapre prensip sa a Mwen aji: Moun ki nan gwoup Premye pitit gason yo se moun lòt moun te meprize, entimide epi oprese, epi ki te goute tout lajwa ak tristès ki gen nan mond imen an. (Mwen te taye yo epi brize yo davans, epi Mwen te rann yo konplè davans tou.) Moun sa yo gentan jwi avèk Mwen, davans, benediksyon yo te gen dwa resevwa yo. Mwen dwat, epi Mwen pa janm fè paspouki pou pèsonn.