Chapit 70

Lefètke mistè Mwen yo devwale, parèt aklè, epi yo pa kache ankò, se antyèman gras ak mizèrikòd Mwen. Plis toujou, lefètke pawòl Mwen parèt nan mitan lòm epi li pa kache ankò, se gras ak mizèrikòd Mwen. Mwen renmen tout moun ki bay tout li menm avèk senserite pou Mwen epi ki ofri tèt yo bay Mwen. Mwen rayi tout moun ki fèt nan Mwen, men ki pa konnen Mwen e ki menm reziste kont Mwen. Mwen pap abandone okenn moun ki kanpe pou Mwen sensèman; okontrè, m ap double benediksyon moun sa a. M ap pini moun ki mòde men k ap ba yo manje a de fwa pi rèd, e Mwen pap kite yo chape fasil ditou. Nan wayòm Mwen an, pa gen okenn konpòtman kwochi ni twonpri, ni atachman ak bagay monn nan; sa vle di, pa gen okenn sant kadav. Okontrè, tout bagay chita sou entegrite ak dwati; tout bagay karakterize pa yon senplisite total ak yon transparans total, san anyen ki kache ni rete sekrè. Tout bagay fre, tout bagay se yon plezi, epi tout bagay sèvi pou edifye. Nenpòt moun ki toujou gen sant kadav pa ka rete nan wayòm Mwen an ditou; okontrè, Mwen pral dirije yo avèk baton fè Mwen an. Tout mistè ki pa gen fen yo, depi nan tan lontan jouk jounen jodi a, devwale nèt pou nou menm, gwoup moun Mwen genyen nan dènye jou yo. Èske nou pa santi nou beni? Jou kote tout bagay parèt aklè yo se, plis toujou, jou kote nou pral gouvène ansanm avèk Mwen epi egzèse pouvwa.

Gwoup moun ki vrèman gouvène antanke wa yo depann de predestinasyon ak seleksyon Mwen; pa gen okenn volonte lèzòm ki enplike nan sa ditou. Nenpòt moun ki ta oze patisipe nan sa ap resevwa yon kou nan men Mwen, e moun sa yo pral sibi dife devoran Mwen an. Sa a se yon lòt aspè dwati ak majeste Mwen. Mwen te di Mwen gouvène tout bagay; Mwen se Bondye saj la, ki gen tout otorite, e Mwen pa epanye pèsonn fasil. Mwen san pitye nèt, san okenn santiman pèsonèl. Mwen trete tout moun avèk dwati, entegrite ak majeste Mwen (kèlkeswa jan yo pale byen, Mwen pap epanye yo), pandan m ap pèmèt tout moun wè pi byen jan aksyon Mwen yo estrawòdinè, ansanm ak vrè sans aksyon sa yo. Youn apre lòt, Mwen te pini move lespri yo pou tout kalite zak yo te komèt, epi Mwen te jete yo chak nan gwo twou san fon an. Travay sa a, Mwen te fin fè l anvan tan te kòmanse, san m pa kite yo okenn pozisyon ni okenn kote pou yo fè travay yo. Move lespri pa ka janm posede okenn nan moun ki fè pati pèp Mwen chwazi a—moun Mwen te predestine epi chwazi yo; okontrè, moun sa yo ap toujou rete sen. Kanta pou moun Mwen pa t predestine ni chwazi yo, Mwen pral lage yo nan men Satan, epi Mwen pap pèmèt yo rete ankò. Nan tout aspè, dekrè administratif Mwen yo gen rapò ak dwati ak majeste Mwen. Mwen pap epanye menm youn nan moun Satan ap travay sou yo; okontrè, Mwen pral jete yo nan kote mò yo ye a ansanm ak kò yo, paske Mwen rayi Satan. Mwen pap epanye Satan ditou; Mwen pral detwi l nèt, san Mwen pa ba li menm pi piti okazyon pou l fè travay li. Moun Satan te kòwonpi rive nan yon sèten degre (sa vle di, moun malè ap frape yo) anba aranjman saj ki soti nan pwòp men Mwen. Pa panse sa rive akoz mank prensip Satan; konnen se Mwen menm ki Bondye Toupisan an, ki gen souverènte sou linivè a ak tout bagay! Pou Mwen, pa gen okenn pwoblèm Mwen pa ka rezoud; alewè pou ta gen yon bagay Mwen pa ka akonpli oswa yon pawòl Mwen pa ka di. Lèzòm pa dwe aji tankou konseye Mwen. Pran prekosyon pou men Mwen pa frape ou epi voye ou nan kote mò yo ye a. Men sa Mwen di ou! Moun ki pran inisyativ pou kolabore avèk Mwen jodi a se moun ki pi entèlijan yo; konsa, yo ap evite pèt epi yo pap gen pou yo soufri anba doulè jijman an. Tout bagay sa yo se aranjman Mwen, e se Mwen menm ki te predestine yo. Pa fè deklarasyon san reflechi, epi pa pale avèk awogans, kòmsi nou te gran anpil. Èske tout bagay sa yo pa soti nan predestinasyon Mwen? Nou menm ki ta vle sèvi kòm konseye Mwen yo, nou pa gen okenn wont! Nou pa menm konnen nivo espirityèl nou; ala piti li piti; fè pitye! Malgre sa, nou panse sa pa gen okenn enpòtans, epi nou pa konnen tèt nou. Se pa ni yon fwa ni de fwa nou fèmen zòrèy nou devan pawòl Mwen yo. Se nou menm ki pa rive respekte entansyon Mwen yo ki mande anpil efò, san nou pa konsidere yo ditou kòm gras ak mizèrikòd Mwen. Okontrè, nou kontinye ap fè djòlè sou pwòp entèlijans nou. Èske nou sonje sa? Ki chatiman moun ki panse yo sitèlman entèlijan dwe resevwa? Nou endiferan anvè pawòl Mwen yo, nou pa fidèl ak yo, epi nou pa grave yo nan kè nou. Nou sèvi ak Mwen kòm pretèks pou nou fè sa ak sa. Malfektè! Kilè n ap rive konsidere sa ki nan kè Mwen nèt ale? Nou pa gen okenn konsiderasyon pou sa, epi lè Mwen rele nou «malfektè», se pa yon move tretman Mwen fè nou. Non sa a dekri nou nèt!

Jodi a, Mwen ap montre nou, youn apre lòt, bagay ki te kache avan. Yo jete gwo dragon wouj la nan gwo twou san fon an epi detwi l nèt, paske pa gen okenn itilite pou kenbe l; sa vle di, li pa kapab rann sèvis pou Kris la. Depi kounye a, bagay wouj yo pap egziste ankò; tikras pa tikras, yo dwe disparèt nèt ale, jouk yo pa rete anyen. Mwen fè sa Mwen di; se konsa travay Mwen an rive nan akonplisman li. Abandone konsepsyonlèzòm yo; tout sa Mwen te di, Mwen deja fè l. Nenpòt moun ki eseye fè entèlijan ap sèlman rale destriksyon ak mepri sou tèt li, epi li pa vle viv. Nan ka sa a, Mwen pral satisfè ou, e Mwen pap janm kenbe moun konsa. Depi kounye a, popilasyon an pral vin pi ekselan; tout moun ki pa pran inisyativ pou kolabore avèk Mwen pral elimine, sa vle di, y ap redui yo anyen. Moun Mwen jije diy yo se moun Mwen pral pèfeksyone, e Mwen pap rejte menm youn nan yo. Pa gen okenn kontradiksyon nan sa Mwen di. Moun ki pa pran inisyativ pou kolabore avèk Mwen pral sibi plis chatiman, men, finalman, Mwen pral sove yo kanmenm. Men, nan moman sa a, degre yo rive nan lavi yo pral byen diferan. Èske ou vle vin yon moun konsa? Leve kanpe epi kolabore avèk Mwen! Mwen pap janm trete mal okenn moun ki bay tout li avek menm senserite pou Mwen, ki ofri tèt li sensèman bay Mwen. Mwen pral vide tout benediksyon Mwen yo sou ou. Konsakre tèt ou nèt pou Mwen! Sa ou manje, sa ou mete sou ou, ansanm ak avni ou, tout bagay sa yo nan men Mwen; Mwen pral byen ranje tout bagay sa yo, pou ou ka jwi san rete epi pou ou toujou gen yon rezèv ki pap janm fini. Se paske Mwen te di: «Nou menm ki depanse tèt nou sensèman pou Mwen, Mwen pral beni nou anpil, san mank.» Tout benediksyon pral rive jwenn chak moun ki bay tout li menm avèk senserite pou Mwen.

Anvan: Chapit 69

Apre: Chapit 73

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger