Chapit 69
Lè entansyon Mwen yo parèt aklè, nenpòt moun ki oze reziste e nenpòt moun ki oze jije oswa gen dout sou yo, M ap elimine l touswit. Jodi a, nenpòt moun ki pa aji an konfòmite ak entansyon Mwen yo, oswa nenpòt moun ki mal entèprete entansyon Mwen yo, yo dwe elimine yo epi voye yo jete deyò wayòm Mwen an. Nan wayòm Mwen an pa gen okenn lòt moun; yo tout se pitit gason Mwen yo — moun Mwen renmen yo epi ki gen konsiderasyon pou Mwen yo. Pi plis toujou, se yo menm ki aji selon pawòl Mwen yo epi ki kapab egzèse pouvwa kòm wa pou jije pakèt nasyon ak pèp yo nan non Mwen. Pi plis toujou, yo se yon gwoup premye pitit gason ki inosan epi vivan, senp epi ouvè, epi ki onèt ak saj anmenmtan. Entansyon Mwen yo satisfè nan nou, epi sa Mwen vle fè a akonpli nan nou, san erè, totalman ouvè e devwale. Moun ki gen move entansyon ak objektif yo, Mwen kòmanse voye yo jete, epi Mwen pral fè yo tonbe youn apre lòt. Mwen pral detwi yo youn apre lòt e yo pap kapab siviv — epi tout sa fè referans ak lespri yo, nanm yo, ak kò yo.
Gade klèman sa men Mwen ap fè: li konfye pòv yo misyon, li pran swen ak pwoteje moun ki renmen Mwen yo, li sove moun ki inyoran ak zele ki pa deranje jesyon Mwen an, li pini moun ki reziste Mwen yo ak moun ki pa kowopere avèk Mwen activman. Tout bagay sa yo pral konfime youn apre lòt, dapre deklarasyon Mwen yo. Èske ou se yon moun ki vrèman renmen Mwen? Èske ou se yon moun ki devwe tèt ou nan travay pou Mwen? Èske ou se yon moun ki koute pawòl Mwen epi ki pratike l jan sa dwe fèt? Èske ou se yon moun ki kont Mwen, oswa èske ou se yon moun ki konpatib Avè M? Nan fon kè ou, èske ou gen yon lide klè sou bagay sa yo? Èske ou kareponn chak bagay Mwen sot di yo? Si ou pa kapab, ebyen ou se yon moun k ap pouswiv avèk antouzyas men ki pa konprann entansyon Mwen yo. Moun konsa ap pi fasilman deranje jesyon Mwen an epi mal entèprete entansyon Mwen yo. Si yo gen move entansyon an menm pou yon ti moman, y ap sibi eliminasyon Mwen an epi se yo menm ki pral peri.
Nan Mwen, gen mistè san fen, ki ensondab. Mwen pral devwale yo bay moun yo youn pa youn, dapre plan Mwen an. Sa vle di, Mwen pral fè yo parèt aklè pou premye pitit gason Mwen yo. Moun ki pa kwè yo epi ki reziste M yo, M ap jis kite bagay yo ale jan yo ye a; men, finalman Mwen dwe fè yo konprann ke Mwen se majeste ak jijman. Enkwayan yo jodi a sèlman gen konesans sou sa k ap pase devan je yo, poutan yo pa konnen entansyon Mwen yo. Se sèlman pitit gason Mwen yo — moun Mwen renmen yo — ki konnen epi konprann entansyon Mwen yo. Pou pitit gason Mwen yo, Mwen devwale tèt Mwen aklè; pou Satan, Mwen se majeste ak jijman, epi pa gen okenn kesyon pou kache anyen. Nan jou sa yo, se sèlman premye pitit gason Mwen yo ki diy pou konnen entansyon Mwen yo; pèsonn lòt moun pa kalifye — epi tout bagay sa yo, Mwen te deja ranje yo anvan kreyasyon an. Depi byen bonè, Mwen te byen ranje kiyès ki t ap beni epi kiyès ki t ap sibi malè; Mwen te klè sou sa, epi jodi a li gentan parèt aklè nèt: Moun ki beni yo kòmanse jwi benediksyon yo, alòske moun ki frape pa malè yo kòmanse sibi kalamite. Moun ki pa vle sibi malè yo ap sibi l kanmenm, paske se sa Mwen te òdone epi se sa men Mwen te ranje nan dekrè administratif yo. Egzakteman ki kalite moun ki beni, epi ki kalite moun ki sibi malè? Mwen deja fè konnen bagay sa yo; sa pa yon mistè pou nou, okontrè li parèt aklè ke: Moun ki aksepte Mwen men ki gen move entansyon yo; moun ki aksepte Mwen men ki pa pouswiv yo; moun ki konnen Mwen men ki pa soumèt devan Mwen yo; moun ki angage yo nan riz ak twonpri pou twonpe Mwen yo; moun ki li pawòl Mwen yo men ki soti avèk yon atitid negatif, ak moun ki pa konnen tèt yo, ki pa konnen kisa yo ye, ki panse yo se gwo zotobre, epi ki sipoze yo rive nan matirite (egzanp Satan an) — tout moun konsa gen pou sibi malè. Moun ki aksepte Mwen e ki gen entansyon ki pou Mwen (epi, si yo lakòz deranjman, Mwen p ap sonje transgresyon yo — men yo dwe gen bon entansyon, e yo dwe toujou pridan, fè atansyon, epi pa deprave; e yo dwe toujou gen volonte pou koute Mwen epi soumèt devan Mwen); moun ki pi ak senp yo; moun ki ouvè yo; moun ki onèt yo; moun ki pa anba kontrent okenn moun, evènman, oubyen bagay; epi moun ki sanble ak timoun an aparans malgre yo gen matirite nan lavi a — moun sa yo se byenneme Mwen yo, objè benediksyon Mwen yo. Kounye a, nou chak pral pran plas ki apwopriye pou nou an selon eta nou. Ou pral konnen si ou beni oswa si ou sibi malè; pa gen okenn nesesite pou Mwen di l aklè. Moun ki beni yo ta dwe rejwi epi kontan, alòske moun ki sibi malè yo pa ta dwe aflije. Se men Mwen ki ranje toulède byenke ou pa ta dwe plenyen kont Mwen: Se pwòp mank koperasyon aktif ou avè M, ansanm ak echèk ou pou w konprann ke Mwen se Bondye ki obsève fon kè moun nan. Se sa a Mwen te predestine a, epi ou fè pwòp tèt ou mal atravè pwòp ti twonpri pa ou yo; se ou menm ki rale sa sou tèt ou! Desant ou nan lanfè se pa yon move tretman yo ba ou! Sa a se fen ou; sa a se rezilta ou!
Benediksyon pou premye pitit gason yo! Leve byen vit epi fè fèt! Leve byen vit epi fè lnwanj! Apati kounye a, p ap gen okenn amètim ni okenn soufrans ankò; tout bagay nan men nou. Nenpòt moun ki gen menm kè ak menm lide ak Mwen se yon moun Mwen renmen, epi li p ap gen pou sibi dezas. Kèlkeswa dezi kè ou, Mwen ap asire Mwen akonpli l (byenke li pa ka abitrè); Se sa Mwen fè.