Chapit 68

Y ap mete pawòl Mwen an an aplikasyon nan chak peyi, chak kote, chak nasyon, ak chak denominasyon, epi l ap akonpli nan tout kwen tè a, nenpòt ki lè. Katastwòf k ap fèt toupatou yo pa batay ant moun, ni se pa batay ak zam. Apre sa, p ap gen lagè ankò. Tout bagay anba kontwòl Mwen. Tout moun pral fè fas ak jijman Mwen epi yo pral soufri nan mitan katastwòf yo. Se pou moun ki reziste kont Mwen yo, ansanm ak moun sa yo ki pa pran inisyativ pou kolabore avèk Mwen yo soufri anba doulè divès kalite katastwòf. Kite yo kriye epi manje dan yo pou tout letènite, kite yo rete nan fènwa pou toutan, san yo pa kapab siviv. Mwen aji avèk franchiz ak rapidite, e Mwen pa pran an konsiderasyon jan ou te lwayal anvè Mwen nan tan pase; depi ou reziste kont Mwen, men Mwen ki pote jijman an ap vin an kòlè kont ou imedyatman, san okenn reta, pa menm yon segonn, epi san yon ti kras mizèrikòd. Depi tout tan, Mwen toujou ap di se Mwen ki Bondye ki kenbe pawòl Li. Chak pawòl Mwen pwononse ap reyalize, e M ap fè nou wè yo chak. Se sa ki vle di toutbon antre nan reyalite nan tout bagay.

Gwo katastwòf yo pap tonbe sou pitit gason Mwen yo, moun Mwen renmen yo; M ap pran swen yo nan chak moman ak chak segonn. Nou menm, nou pap gen pou nou andire doulè ak soufrans konsa ditou. Okontrè, objektif tout bagay sa yo se pou pèfeksyone pitit gason Mwen yo, epi akonpli pawòl Mwen nan moun k ap soufri anba katastwòf yo, pou nou kapab rekonèt tout pouvwa Mwen, grandi plis toujou nan lavi, pran fado sou zepòl nou pou Mwen pi bonè, epi konsakre tout tèt nou nèt nan akonplisman plan jesyon Mwen an. Nou ta dwe rejwi ak kè kontan poutèt sa. M ap remèt nou tout bagay, pou nou pran kontwòl yo; M ap mete yo nan men nou. Si se vre yon pitit gason eritye tout byen papa li, alewè pou nou menm, premye pitit gason Mwen yo! Nou beni toutbon. Olye nou soufri anba gwo katastwòf yo, n ap jwi benediksyon etènèl. Ala glwa! Ala glwa!

Akselere pa nou, epi suiv tras Mwen toupatou ak tout tan; pa pran reta. Se pou panse nou suiv panse Mwen, epi se pou lespri nou suiv lespri Mwen. Kolabore avèk Mwen ak yon sèl kè ak yon sèl lespri. Manje avèk Mwen, viv avèk Mwen, epi pran plezi avèk Mwen. Bèl benediksyon ap tann nou pou nou jwi yo epi resevwa yo. Gen yon abondans san parèy konsa nan Mwen. Menm yon ti kras ladan l pa prepare pou okenn lòt moun; Mwen fè tout bagay sa yo nèt pou pitit gason Mwen yo.

Kounye a, sa ki nan lespri Mwen se sa ki pral akonpli. Lè M ap fin pale avèk nou, bagay sa yo ap deja reyalize. Travay la ap avanse vrèman vit konsa, epi l ap chanje chak moman. Si atansyon nou detounen menm pou yon ti moman, yon fenomèn «santrifij» ap rive, epi y ap jete nou byen lwen, konsa n ap soti nan kouran sa a. Si nou pa fè efò seryezman pou nou pousuiv, nou pap rive reponn ak entansyon Mwen yo ki mande anpil efò. Nan lavni, moun ki soti nan divès peyi pral rasanble an foul nenpòt ki lè. Nan nivo nou ye kounye a, èske n ap kapab dirije yo? Nan ti tan sa a, M ap fòme nou nèt pou nou vin bon sòlda, yon fason pou nou kapab akonpli manda Mwen bay nou an. Mwen vle pou nou glorifye non Mwen nan tout sans, epi pou nou rann yon bèl temwayaj pou Mwen. Se pou moun yo te meprize yo vin kanpe pi wo pase yo jodi a, pou yo dirije yo epi gouvène yo. Èske nou konprann entansyon Mwen? Èske nou rann nou kont entansyon Mwen yo ki mande anpil efò? Mwen fè tout bagay sa yo pou nou. Tout bagay depann sèlman de si wi ou non nou kapab jwi benediksyon Mwen yo.

Mwen menm, Bondye ki egzamine fon kè lèzòm, Mwen vwayaje jis nan dènye bout tè a. Kiyès ki ta oze pa rann Mwen sèvis? Tansyon yo ap monte nan tout peyi yo, epi yo ap lite ak anpil difikilte; sepandan, finalman, yo pap chape anba men Mwen. Asireman, Mwen pap kite yo chape konsa fasil. M ap mennen yo devan jijman youn apre lòt, dapre aksyon yo, pozisyon yo nan monn sa a ak plezi yo jwenn nan lavi sou tè a. Mwen pap epanye pèsonn. Gwo kòlè Mwen kòmanse parèt aklè, epi l ap tonbe sou yo nèt. Tout bagay sa yo pral reyalize nan yo youn apre lòt, epi se yo menm k ap pote tout bagay sa yo sou tèt yo. Moun ki pa t rive konnen Mwen oswa ki te meprize Mwen nan tan pase pral fè fas ak jijman Mwen kounye a. Kanta pou moun ki te pèsekite pitit gason Mwen yo, M ap chatye yo yon fason espesyal, dapre pawòl ak aksyon yo te fè nan tan pase. Mwen pap epanye menm timoun yo. Tout moun sa yo se moun ki soti nan ras Satan an. Menm si yo pa di anyen e yo pa fè anyen, si, nan fon kè yo, yo gen rayisman pou pitit gason Mwen yo, Mwen pap epanye youn ladan yo. M ap fè yo tout wè ke se nou menm—gwoup moun sa a—ki gen pouvwa tankou wa jodi a; se sèten, se pa yo menm. Se poutèt sa, nou ta dwe mete tout fòs nou plis toujou, epi bay tout nou menm avèk senserite pou Mwen, yon fason pou nou ka glorifye non Mwen epi rann temwayaj pou li toupatou—nan chak kwen, nan chak relijyon ak denominasyon—epi gaye l nan tout linivè ak jis nan dènye bout tè a!

Anvan: Chapit 66

Apre: Chapit 69

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger