Chapit 66
Travay Mwen an kontinye jouk li rive nan etap sa a, epi tout bagay te fèt selon aranjman saj men Mwen yo; e tout sa se te yon gwo siksè pou Mwen. Kiyès nan limanite ki ta kapab fè yon bagay konsa? Èske se pa pito moun k ap deranje travay jesyon Mwen an? Sepandan nou dwe konnen pèsonn pa kapab fè travay Mwen nan plas Mwen, alewè pou yo ta anpeche l fèt, paske pa gen yon sèl moun ki kapab di oswa fè bagay Mwen di ak Mwen fè yo. Malgre se konsa l ye, moun toujou pa konnen Mwen, Mwen menm ki se Bondye saj e ki se Bondye Toupisan an! Pa deyò, nou pa ta oze defye Mwen ouvètman, men nan panse ak lide nou yo, nou mete tèt nou kont Mwen. Moun sòt! Èske nou pa konnen se Mwen menm ki Bondye ki sonde fon kè lòm? Èske nou pa konnen Mwen obsève chak pawòl ak chak aksyon nou? M ap di nou sa: Pawòl dous p ap janm soti nan bouch Mwen ankò. Olye de sa, tout pawòl Mwen yo se pral pawòl jijman sevè, e Mwen pral wè si nou kapab sipòte yo oswa non. Depi kounye a, moun ki pa pwoche bò kote Mwen nan kè yo, sa vle di, moun ki pa gen lanmou sensè pou Mwen, se moun sa yo ki defye Mwen ouvètman.
Jodi a, travay Sentespri a rive nan yon pwen kote ansyen metòd la p ap sèvi ankò; olye de sa, se yon nouvo metòd k ap antre an aplikasyon. Moun ki pa kolabore ak Mwen yon fason pozitif ak aktif ap tonbe nan kote mò yo ye a, yon gwo twou lanmò (epi moun sa yo pral sibi pèdisyon pou tout tan). Men ki jan nouvo metòd la ye: Si panse ak lide nou yo pa kòrèk, lè sa jijman Mwen an ap tonbe sou nou imedyatman. Sa gen ladan l lè nou atache ak mond lan, richès, fanmi nou, mari, madanm, pitit, paran, manje ak bwè, rad, ansanm ak tout lòt bagay ki pa fè pati monn espirityèl la. Ekleraj sen yo ap vin parèt pi klè toujou; sa vle di, sansasyon lavi yo ap vin pi klè toujou, e y ap toujou nan mouvman. Nenpòt moun ki lakòz menm yon deranjman tou piti ap sibi yon gwo regresyon, l ap tonbe byen lwen dèyè sou pist kous lavi a. Moun ki endiferan yo, ki pa pouswiv avèk lwayote, Mwen pral abandone yo nèt, e Mwen pral inyore yo tout san okenn eksepsyon. Yo pral rete ap deperi anba katastwòf pandan mil an. Kanta pou moun ki pouswiv avèk anpil zèl yo, sa vle di moun ki toujou ap koze deranjman, Mwen pral retire inyorans yo, fè yo vin fidèl anvè Mwen, epi yo pral gen sajès ak entèlijans. Konsa, yo pral pouswiv avèk yon lafwa ki menm pi fò toujou. Mwen double benediksyon Mwen yo sou tout premye pitit gason Mwen yo, epi lanmou Mwen vin sou nou tout tan. Mwen toujou ap veye sou nou epi pwoteje nou, e Mwen p ap pèmèt nou tonbe nan pèlen Satan. Mwen kòmanse mete travay Mwen an ann aplikasyon nan mitan kantite moun yo pa ka konte Mwen chwazi yo; sa vle di Mwen ajoute yon lòt pwojè nan travay Mwen ankò. Se moun sa yo ki pral rann sèvis bay Kris pandan mil an, epi yon gwo foul moun pral antre nan wayòm Mwen an.
Pitit gason Mwen yo, nou dwe ogmante fòmasyon nou. Gen anpil travay k ap tann nou, travay nou gen pou nou antreprann epi akonpli. Sèl sa Mwen swete se pou nou prese vin gen matirite, yon fason pou nou kapab fin akonpli travay Mwen te konfye nou an. Sa se responsablite sakre nou, e se devwa nou menm ki se premye pitit gason Mwen yo dwe akonpli. Mwen ap pwoteje nou jouk nou rive nan bout chemen an, e Mwen ap pwoteje nou pou nou kapab jwi bèl benediksyon ansanm avè Mwen pou tout tan! Chak grenn nan nou ta dwe konprann ke Mwen te prepare anpil pyon sakrifisyèl ansanm ak anpil anviwonman, tout sa avèk objektif pou rann nou pafè. Tout bagay sa yo se benediksyon Mwen yo. Èske nou pa t konnen sa? Nou tout se pitit gason byenneme Mwen yo. Toutotan nou renmen Mwen ak tout kè nou, Mwen p ap abandone okenn nan nou, men sa depann de si wi ou non nou kapab kolabore avèk Mwen nan amoni.