Chapit 65
Pawòl Mwen yo toujou ap frape n kote ki pi sansib yo, sa vle di, yo fè defo nou yo ki fatal parèt devan je n; sinon, nou t ap toujou ap trennen pye nou, san n pa gen okenn ide konsènan epòk nou ye kounye a. Konnen sa! Mwen sèvi ak chemen lanmou an pou M sove nou. Kèlkeswa jan nou aji, se sèten M ap fè sa M konsidere ki merite fèt, san M pa fè okenn erè. Èske sa posib pou Mwen, Bondye Toupisan ki dwat la, kapab fè erè? Èske se pa yon konsepsyon lèzòm sa ye? Di M non: Èske tout sa M fè ak tout sa M di se pa pou byen nou? Gen kèk moun k ap di avèk imilite: “Bondye! Tout sa Ou fè se pou nou, men nou pa konn kijan pou n kolabore avè W.” Ala inyorans! Nou menm di nou pa konn kijan pou nou kolabore avè M! Tout sa se manti ki fè wont! Piske nou di yon bagay konsa, poukisa an reyalite nou kontinye ap demontre konsiderasyon pou lachè? Pawòl nou yo sonnen byen, men nou pa aji avèk fasilite ak kè kontan. Nou dwe konprann sa: Mwen pa mande nou fè anpil bagay jodi a, epitou, egzijans Mwen yo pa depase sa nou kapab fè; okontrè, lòm kapab reyalize yo. Mwen pa egzajere kapasite nou menm yon ti kras. Èske M pa konn ki kote kapasite lòm rive? Mwen konn sa trè byen.
Pawòl Mwen toujou ap klere nou, men kè nou twò di, e nou pa kapab konprann entansyon M yo nan lespri nou! Di M non: Konbyen fwa M te fè nou sonje pou nou pa konsantre sou manje, rad, oswa aparans nou, men olye sa, pou nou konsantre sou lavi pa anndan nou? Nou annik pa vle koute. Mwen bouke pale. Èske n vin ensansib jis nan pwen sa a? Èske nou pa santi anyen ditou? Èske M te di pawòl Mwen yo pou granmèsi? Èske M te di yon bagay ki pa bon? Pitit gason M yo! Pran entansyon M yo ki mande anpil efò an konsiderasyon! Lè nou vin gen matirite nan lavi nou, nou p ap bezwen enkyete nou ankò, epi n ap jwenn tout bagay. Pa gen okenn rezon pou n ap ret konsantre sou bagay sa yo kounye a. Wayòm Mwen an reyalize nèt, epi li desann aklè nan monn lèzòm nan; sa vle di pi plis toujou jijman M nan rive konplètman. Èske nou fè eksperyans sa? Mwen pa anvi jije nou, men nou pa demontre okenn konsiderasyon pou sa M santi nan kè M. Sa M vle, se pou nou toujou ap benefisye swen ak pwoteksyon nan lanmou Mwen, olye pou nou sibi yon jijman san pitye. Èske se vre nou dispoze pou yo jije nou? Sinon, poukisa nou pa pwoche bò kote M, kominye avè M epi gen kontak avè M ankò e ankò? Ou tèlman frèt avè M, poutan, lè se Satan ki met lide l nan tèt ou, ou santi w tèlman kontan epi w panse lide sa yo koresponn ak pwòp volonte w—men, pa gen anyen nan sa w ap fè yo ki pou Mwen. Èske nou toujou vle trete M ak tout mechanste sa a?
Se pa paske Mwen pa vle ban nou anyen, men se paske nou pa dispoze peye pri sa mande a. Akoz sa, nou rete de men vid, san nou pa gen anyen. Èske nou pa wè jis nan ki pwen travay Sentespri a ap vanse byen vit? Èske nou pa wè jan kè M chaje ak enkyetid? Tout sa Mwen mande, se pou nou kolabore avè M, men nou toujou pa dispoze fè sa. Tout kalite katastwòf ap tonbe youn apre lòt; tout peyi ak tout kote ap sibi katastwòf: epidemi, grangou, inondasyon, sechrès ak tranblemanntè ap frape toupatou. Katastwòf sa yo pa sèlman rive nan youn oswa de zòn, ni yo p ap fini nan youn oswa de jou; okontrè, y ap gaye nan yon zòn ki pi gwo toujou epi yo ap vin pi grav toujou. Pandan tan sa a, ap gen tout kalite envazyon ensèk youn apre lòt, epi ap gen zak kanibal toupatou. Sa se jijman M sou yon pakèt peyi ak pèp. Pitit gason M yo! Nou pa dwe andire doulè ak soufrans katastwòf sa yo lakoz. Mwen vle pou nou rive nan matirite byento epi pou nou pran fado ki sou zepòl Mwen an pi vit posib. Poukisa nou pa konprann entansyon M yo? Travay k ap tann nou an ap vin pi difisil toujou. Èske nou vrèman ka sipòte pou nou kite M travay di epi redi poukont Mwen? M ap di nou sa pi klè toujou: Moun ki rive gen matirite nan lavi yo ap antre nan yon refij, kote yo pap sibi ni doulè ni soufrans; moun ki pa rive gen matirite nan lavi yo ap oblije sibi doulè ak mal. Pawòl Mwen yo klè ase, pa vre?
Non Mwen dwe simaye nan tout peyi epi nan tout zòn, yon fason pou tout moun ka konnen non Mwen ki sakre epi konnen M. Moun tout kouch sosyal nan peyi Etazini, Japon, Kanada, Sengapou, Inyon Sovyetik, Makawo, Hong Kong, ak lòt peyi pral rasanble nan peyi Lachin san pèdi tan, pou yo vin chèche vrè chemen an. Yo deja bay temwayaj sou non Mwen devan yo; sèl sa k rete se pou nou vin gen matirite pi vit posib, pou nou kapab pran swen yo antanke bèje epi dirije yo. Se poutèt sa Mwen di gen plis travay toujou ki pou fèt. Pandan katastwòf yo, Non Mwen pral gaye toupatou. Si nou pa vijilan epi nou pa pran prekosyon, nou pral pèdi pòsyon ki pou nou pa dwa a. Èske sa pa fè nou pè? Non Mwen gaye nan tout relijyon, tout kouch sosyal, tout nasyon, ak tout denominasyon. Sa a se travay Mwen k ap fèt nan yon lòd byen presi, kote chak etap byen konekte youn ak lòt; tout bagay sa yo se dispozisyon Mwen yo ki ranpli ak sajès. Sèl sa Mwen vle, se pou nou suiv tras Mwen fidèlman, pazapa, pandan n ap vanse.