Chapit 64
Nou pa dwe konprann pawòl Mwen yo yon fason ki defòme; nou ta dwe konprann yo nan tout aspè, epi sitou reflechi sou yo souvan epi byen medite sou yo plizyè fwa—pa sèlman pou yon jou oswa yon nwit. Nou pa konn ki kote entansyon M yo chita ni nan ki sans Mwen te fè tout efò Mwen; kijan nou kapab montre konsiderasyon pou entansyon Mwen yo? Se konsa nou menm lòm nou ye—totalman enkapab pou rantre nan detay, nou konsantre sèlman sou aparans, epi nou sèlman kapab imite. Kijan yo fè rele sa espirityalite? Se sèlman antouzyas lèzòm; se yon bagay Mwen pa apwouve epi, pi plis toujou, se yon bagay Mwen rayi. M ap di ou sa: Tout bagay Mwen rayi yo dwe elimine, yo dwe kite yo pou yo sibi rafinman nan mitan dezas, epi yo dwe pase anba dife Mwen an ak jijman Mwen. Sinon, moun yo p ap konnen sa sa vle di pou yo pè epi y ap tèlman lage kò yo nan libètinaj; y ap toujou wè Mwen ak je imen yo—yo tèlman sòt! Pi bon fason pou nou debarase nou ak lide Satan yo se pou nou pwoche pre Mwen epi kominye avèk Mwen. Mwen ta renmen nou tout aji daprè règ sa a pou nou kapab evite jijman epi sibi pèt nan lavi nou.
Lèzòm tèlman difisil pou jere, yo toujou anba kontrent moun, evènman, ak bagay ki deyò yo, ansanm ak pwòp konsepsyon pa yo. Kòm rezilta, yo pa kapab rann yon bon temwayaj pou Mwen epi yo pa ka kopere avèk Mwen trè byen. Mwen toujou ap sipòte nou epi kiltive nou, poutan nou tou senpleman pa kapab fè tout sa nou kapab pou kopere avèk Mwen. Tout bagay sa yo montre aklè nou pa konnen Mwen. Lè lè a rive—lè ou pa gen okenn dout sou Mwen ditou ankò—pèsonn p ap kapab anpeche ou mache nan vrè chemen an, epi okenn konsepsyon imen p ap kapab kontrenn ou. Poukisa Mwen di sa? Èske ou vrèman konprann sans deklarasyon Mwen yo? Se sèlman lè Mwen klarifye pawòl tankou sa yo nou vin gen yon ti konpreyansyon. Moun yo tèlman sòt epi tèt yo fèb. Se sèlman lè zegwi a pike yo jouk nan zo yo kòmanse santi mwenn ti doulè a. Sa vle di, se sèlman lè pawòl Mwen yo fè konnen sous maladi ou a ou konvenki nètale. Malgre sa, pafwa nou toujou pa vle mete pawòl Mwen yo an pratik oswa konnen tèt nou. Poukisa, nan pwen sa a, nou toujou poko rann nou kont kijan lèzòm difisil pou jere? Èske se paske pawòl Mwen yo pa ase klè oswa ase transparan? Sa Mwen vle se pou nou kopere avèk Mwen, avèk tout senserite ak tout kè nou; kit ou pale bèl pawòl k ap flate zòrèy kit ou pa fè sa, toutotan ou dispoze kopere avèk Mwen epi ou kapab adore Mwen avèk senserite, w ap vin anba pwoteksyon Mwen. Menm si kalite moun sa a inyoran anpil, Mwen ap klere yo pou yo kapab debarase yo ak inyorans yo a. Se paske aksyon Mwen yo sètènman kadre ak pawòl Mwen yo; Mwen se Bondye Toupisan ki kenbe pawòl Li.
Mwen pral fè konnen entansyon Mwen yo imedyatman bay legliz yo ak tout premye pitit gason yo, epi pa gen anyen k ap janm kache ankò, paske jou kote tout bagay parèt aklè a rive. Sa vle di, mo “kache” a, apati kounye a, p ap itilize ankò, epi anyen ki kache p ap menm ka kontinye egziste. Tout moun, evènman, ak bagay ki kache pral sètènman parèt aklè youn pa youn. Mwen se Bondye saj la ki egzèse tout otorite. Tout evènman, tout bagay, ak chak grenn moun nan men Mwen. Mwen pran pwòp etap pa Mwen pou devwale yo, epi Mwen pral devwale yo tout youn pa youn, nan yon fason ki byen òdone. Kanta pou nenpòt moun ki oze sèvi ak bèl pawòl pou twonpe Mwen oswa k ap eseye kache Mwen yon bagay, Mwen ap asire yo p ap janm leve ankò. Mwen pral pran aksyon nan fason sa a pou tout bagay parèt klè pou chak nan nou kapab wè. Gade pou nou wè klè! Tout efò Mwen te depanse a p ap pou granmesi; l ap donnen. Nenpòt moun ki pa koute oswa ki pa soumèt ap imedyatman fè fas ak jijman Mwen. Kiyès ki toujou oze ale kont Mwen? Nou tout dwe obeyi Mwen. M ap di ou sa: Tout sa Mwen di ak sa Mwen fè, chak mouvman Mwen fè, ak chak lide, panse, ak plan Mwen genyen jodi a, yo tout kòrèk; yo pa kite okenn plas ditou pou lòm fè okenn lòt konsiderasyon. Poukisa Mwen di nou plizyè fwa nou annik bezwen suiv, epi nou pa bezwen panse sou sa ankò? Se pou rezon sa a. Èske ou toujou bezwen Mwen klarifye sa?
Nosyon nou yo kontrenn nou, poutan nou pa panse se paske nou menm pèsonèlman nou pa t mete efò a. Olye de sa, se nan Mwen n ap chèche kòz yo, pandan n ap di Mwen pa t klere ou. Ki kalite pawòl sa a? Nou menm nou pa pran okenn responsablite epi nou toujou ap plenyen ban Mwen. M ap avèti ou! Si ou kontinye nan fason sa a, si ou kontinye san ou pa peye okenn pri ditou, ebyen y ap voye ou jete! Mwen pa pale gwo pawòl tout lajounen pou Mwen entimide nou. Sa se yon reyalite vre: Mwen fè sa Mwen di. Kou pawòl yo soti nan bouch Mwen, yo kòmanse akonpli imedyatman. Anvan, pawòl Mwen pwononse yo te konn akonpli tou dousman; kounye a, sepandan, bagay yo diferan epi yo p ap rive tou dousman ankò. Pou Mwen di sa aklè, Mwen pa pouse ni ankouraje nou ak dousè ankò; okontrè, Mwen bouskile epi fòse nou avanse. Pou Mwen di sa pi klè toujou, moun ki kapab kenbe pa a ap fè sa, alòske moun ki pa kapab kenbe pa a, epi ki pa kapab kontinye avanse yo, y ap elimine yo. Anvan Mwen te konn eseye pale ak nou avèk pasyans nan tout fason posib, men nou tou senpleman pa t koute. Kounye a travay la avanse jouk nan etap sa a, kisa nou pral fè? Èske nou vrèman pral kontinye gate tèt nou? Moun konsa pa kapab vin konplè, men sètènman se Mwen ki pral elimine yo!