Chapit 63

Ou dwe konprann pwòp kondisyon ou epi, sa ki pi enpòtan toujou, ou dwe klè sou chemen ou dwe swiv la; pa tann Mwen ankò pou Mwen rale zòrèy ou epi montre ou bagay yo. Mwen se Bondye ki obsève fon kè lòm, Mwen konnen chak panse ou ak chak lide ou, epi plis toujou, Mwen konprann aksyon ou yo ak konpòtman ou. Men èske tout aksyon ou ak konpòtman ou yo jwenn apwobasyon Mwen, epi èske yo tout gen entansyon Mwen ladan yo? Èske ou te janm chèche toutbonvre nan sans sa a? Èske ou te vrèman pase tan sou sa? Èske ou te vrèman fè efò? Mwen p ap kritike ou; nou jis inyore aspè sa a! Nou toujou tèlman nan konfizyon total, epi nou pa gen okenn klète ditou sou zafè sa a. Èske ou konnen kisa k lakòz sa? Se paske panse nou pa klè epi nosyon nou yo twò byen anrasinen; anplis de sa, nou pa montre okenn konsiderasyon pou entansyon Mwen yo. Gen moun k ap di, “Kijan Ou kapab deklare nou pa montre okenn konsiderasyon pou entansyon Ou yo? Nou toujou ap eseye konprann entansyon Ou yo, men nou pa janm reyisi—ebyen kisa nou ta dwe fè? Èske Ou kapab vrèman di nou pa fè okenn efò?” Kite Mwen mande ou sa: Èske ou ta oze deklare ou vrèman lwayal anvè Mwen? Epi kiyès ki oze di yo ofri tèt yo ban Mwen avèk yon lwayote total? Mwen pè pou pa gen menm youn pami nou ki kapab di sa paske, san Mwen pa bezwen di sa, chak grenn nan nou gen pwòp chwa pa nou, pwòp sa nou renmen, epi, plis toujou, pwòp entansyon pa nou. Pa aji ak twonpri! Depi byen lontan Mwen te vin byen konprann tout panse ki pi fon nan kè nou. Èske Mwen toujou bezwen klarifye sa? Ou dwe egzamine pi plis nan chak aspè (panse ak lide ou yo, tout sa ou di, chak pawòl, ansanm ak chak entansyon ak motivasyon ki dèyè chak mouvman ou fè); nan fason sa a, w ap jwenn aksè nan chak aspè. Anplis de sa, w ap kapab ekipe tèt ou avèk verite a nèt.

Si Mwen pa t di nou bagay sa yo, nou t ap toujou nan konfizyon, n ap kouri dèyè plezi lachè tout lajounen epi san nou pa gen okenn dezi ditou pou montre okenn konsiderasyon pou entansyon Mwen yo. Mwen toujou ap itilize men lanmou Mwen an pou Mwen sove nou. Èske nou konnen sa? Èske nou te fè eksperyans sa a? Mwen renmen ou avèk senserite. Èske ou oze di ou renmen Mwen avèk senserite? Poze tèt ou kesyon sa a souvan: Èske ou vrèman kapab pote chak aksyon ak chak mouvman ou devan Mwen pou Mwen enspekte yo? Èske ou vrèman kapab kite Mwen egzamine chak aksyon ou ak chak mouvman ou, youn pa youn? Mwen di w ap lage kò w nan libètinaj san kontwòl, epi ou toujou ap defann tèt ou. Jijman Mwen tonbe sou ou; kounye a ou ta dwe louvri je ou sou verite a! Tout sa Mwen di yo se verite; tout pawòl Mwen yo montre aklè vrè kondisyon ki anndan ou. A, limanite! Nou tèlman difisil pou jere. Se sèlman lè Mwen montre nou aklè vrè kondisyon nou ke Mwen rive konvenk nou nèt. Si Mwen pa t fè sa, ebyen nou t ap toujou kenbe vye abitid nou yo epi ret atache ak fason nou panse yo, paske noukwè pa gen pèsonn sou tè a ki pi entèlijan pase nou. Nan ka sa a, èske ou pa senpleman ap konsidere tèt ou kòm moun ki jis? Èske ou pa satisfè de tèt ou epi kontan de tèt ou epi chaje ak ògèy ak awogans? Ou ta dwe rekonèt sa kounye a! Ou pa ta dwe panse ou entèlijan oswa estraòdinè; okontrè, ou dwe toujou konsyan de pwòp defisyans ou ak pwen fèb ou yo. Nan fason sa a, detèminasyon ou pou ou renmen Mwen an p ap diminye, okontrè l ap vin pi fò toujou, epi pwòp kondisyon ou ap kontinye amelyore. Sa ki pi enpòtan toujou, lavi ou ap pwogrese plis toujou, chak jou ki pase.

Lè ou rive konprann entansyon Mwen yo, w ap rive konnen tèt ou, konsa w ap vin pi byen konprann Mwen epi w ap fè plis pwogrè nan sètitid ou genyen de Mwen an. Aktyèlman, si yon moun pa kapab atenn katrevendis pousan sètitid sou Mwen, menokontrè li kontinye ap monte yon minit epi desann nan lòt minit la, yon lè li cho yon lè li frèt, ebyen Mwen di moun sa a se yon moun y ap sètènman abandone. Dis pousan ki rete a depann nèt de limyè ak ekleraj Mwen; avèk sa yo, moun yo kapab atenn san pousan sètitid sou Mwen. Kounye a—sa vle di, jodi a—konbyen moun ki kapab atenn kalite nivo devlopmansa a? Mwen toujou ap fè entansyon Mwen yo parèt aklè pou ou, epi santiman lavi a ap koule anndan ou san rete. Kidonk, poukisa ou pa aji an konfòmite ak Lespri a? Èske ou pè fè erè? Si se sa, poukisa ou pa bay fòmasyon an okenn atansyon? Mwen ap di ou moun yo pa kapab konprann entansyon Mwen yo nan jis eseye yon fwa oswa de fwa; yo dwe pase nan yon pwosesis. Mwen te fè remake sa plizyè fwa, kidonk poukisa ou pa mete sa an pratik? Èske ou pa panse sa a montre ke ou pa soumèt? Ou vle fini tout bagay nan yon batje epi ou pa janm dispoze fè okenn efò ni pase okenn tan sou anyen. Ala ou egare, epi plis toujou, ala ou inyoran!

Èske nou pa konsyan Mwen toujou ap pale sou bagay yo san Mwen pa pase sou kote? Poukisa nou kontinye pran tan pou nou konprann konsa, nou angoudi, epi li difisil pou nou konprann konsa? Nou ta dwe egzamine tèt nou plis, epi si ta gen yon bagay nou pa konprann, ebyen nou ta dwe vin devan Mwen pi souvan. Mwen ap di ou sa: Objektif Mwen lè Mwen pale nan yon fason oswa yon lòt se pou Mwen ka mennen nou vin devan Mwen. Poukisa, aprè tout tan sa a, nou toujou pa reyalize sa? Èske se paske pawòl Mwen yo konfonn nou nèt? Oswa èske se paske nou pa pran chak grenn pawòl Mwen yo oserye? Lè nou li yo, nou vin gen yon bon konesans de tèt nou, epi nou menm di bagay tankou nou dwe Mwen epi nou pa kapab konprann entansyon Mwen yo. Men e aprè sa? Se kòmsi nou pa t gen anyen pou wè ak bagay sa yo; se kòmsi ou tou senpleman pa yon moun ki kwè nan Bondye. Èske se pa jis vale n ap vale enfòmasyon san nou pa bay tèt nou tan pou nou dijere yo? Lè nou pran plezi nan pawòl Mwen yo, se kòmsi n ap annik bay flè yo yon ti kout je rapid pandan n ap pase a tout vitès sou do chwal; nou pa janm eseye konprann entansyon Mwen yo nan pawòl Mwen yo. Se konsa moun yo ye: Yo toujou renmen parèt enb. Moun konsa se kalite moun Mwen plis rayi. Lè yo rasanble pou yo kominye ansanm ak lòt moun, yo toujou renmen montre konesans yo genyen sou tèt yo devan lòt moun, pou fè lòt moun wè se yo menm ki pran fado Mwen an an konsiderasyon—poutan an reyalite, yo se moun ki pi sòt yo. (Yo pa pataje vrè konpreyansyon yo oswa konesans yo genyen sou Mwen avèk frè ak sè yo; olye de sa, yo jis ap ekspoze tèt yo epi y ap fè wè devan lòt moun; Se moun sa yo Mwen plis rayi, paske y ap denigre Mwen epi y ap rabese Mwen.)

Mwen souvan fè pi gwo mirak Mwen yo parèt nan nou. Èske nou pa ka wè yo? Sa yo rele “reyalite” a se moun ki renmen Mwen avèk senserite yo k ap viv li. Èske nou pa wè sa? Èske sa pa pi bon prèv pounou ka konnen Mwen? Èske sa pa bay yon pi bon temwayaj pou Mwen? Epoutan nou pa rekonèt sa. Di Mwen: Kiyès ki kapab viv reyalite a nan peyi imoral sa a ki tèlman sal, plen ak salte, epi ke Satan kowonpi? Èske tout moun pa kowonpi epi vid? Antouka, pawòl Mwen yo rive nan nivo ki pi wo yo; pa gen okenn pawòl ki ta kapab pi fasil pou konprann pase sa yo. Menm yon moun ki egare nèt ta kapab li pawòl Mwen yo epi konprann yo—kidonk èske se pa tou senpleman paske nou pa fè efò a?

Anvan: Chapit 62

Apre: Chapit 64

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger