Chapit 62
Lè w konprann entansyon M yo, se pa sèlman pou w konnen yo, men pou w kapab aji ann akò avèk sa Mwen vle. Moun yo tou senpleman pa konprann kè M. Lè M di yon direksyon se lès, yo pa ka pa reflechi sou sa, epi yo mande tèt yo: “Èske se direksyon lès toutbon? Petèt se pa sa. Mwen pa ka kwè sa fasil konsa; mwen toujou bezwen verifye sa poukont mwen.” Men nan ki pwen nou menm moun difisil pou jere; nou pa konn kisa vrè soumisyon an ye. Lè w konn kisa Mwen vle, annik kontante w aji ann amoni ak sa—pa reflechi! Ou toujou gen dout sou sa Mwen di, epi w gen yon fason ki pa gen sans pou w konprann sa. Kijan sa kapab pèmèt ou rive konprann toutbon? Ou pa janm antre nan pawòl Mwen yo. Jan Mwen te di anvan, sa M ap chèche se pou moun yo demontre ekselans, olye pou kantite yo anpil. Nenpòt moun ki pa konsantre sou antre nan pawòl Mwen yo pa merite pou l vin yon bon sòlda Kris; okontrè, li aji tankou yon sèvitè Satan epi li ap deranje travay Mwen. Pa panse se yon bagay piti. Nenpòt moun ki deranje travay Mwen vyole dekrè administratif Mwen yo, epi se sèten Mwen ap disipline moun sa a yon fason ki sevè. Sa vle di, apati kounye a, si w vire do ban Mwen menm pou yon ti moman, jijman ap tonbe sou ou. Si w pa kwè pawòl Mwen, gade ak pwòp je w nan ki eta ou ye lè w ap viv nan limyè vizaj Mwen, epi nan ki eta ou ye lè w kite Mwen.
Sa pa enkyete Msi w p ap viv nan lespri a. Travay Mwen rive nan etap aktyèl la, kisa w kapab fè? Pa enkyete w, paske tout sa Mwen fè gen etap pa yo, epi se Mwen menm ki pral fè travay Mwen. Kou Mwen aji, tout moun vin konvenki nèt; si yo pa t konvenki, Mwen t ap ba yo yon chatiman ki t ap vin pi rèd, sa ki enplike dekrè administratif Mwen yo plis toujou. Nou kapab wè yo gentan kòmanse pwoklame ak aplike dekrè administratif Mwen yo, epi yo pa kache ankò. Nou dwe wè sa byen klè! Kounye a tout bagay gen rapò ak dekrè administratif Mwen yo, epi nenpòt moun ki vyole yo ap sibi pèt. Se pa yon bagay piti. Èske nou vrèman konprann sa? Èske nou wè sa byen klè? Mwen ap kòmanse kominye: Pakèt nasyon ak pèp ki nan mond lan anba otorite M, epi, kèlkeswa relijyon yo, yo dwe retounen devan twòn Mwen. Nòmalman, gen kèk nan yo y ap jete nan twou san fon an apre yo fin jije yo (moun ki pral peri yo—y ap fin boule nèt epi yo p ap egziste ankò), tandiske gen kèk lòt ki ap aksepte non M epi ki ap vin tounen moun nan wayòm Mwen an apre yo fin jije yo (yo pral jwi wayòm nan pandan mil an sèlman). Sepandan, nou menm n ap gen pou renye avèk Mwen pou tout letènite, epi, paske nou te soufri pou Mwen anvan sa, Mwen ap fè soufrans nou te sibi yo sèvi kòm echanj pou benediksyon M ap ban nou yo, ki pa gen fen. Moun ki fè pati pèp Mwen an ap senpleman kontinye rann Kris sèvis. Sa yo rele jwisans isit la pa sèlman vle di jwisans, men tou, sa vle di moun sa yo ap jwenn pwoteksyon kont soufrans katastwòf yo lakòz. Sa se sans pwofon lefètke egzijans Mwen genyen anvè nou yo sevè konsa kounye a, epi lefètke tout bagay gen rapò ak dekrè administratif Mwen yo kounye a. Rezon an se paske si nou pa t aksepte fòmasyon Mwen, Mwen pa t ap gen okenn mwayen pou ban nou sa nou te destine pou nou eritye a. Aktout sa, nou toujou pè soufri, epi nou pè pou nanm nou pa blese, nou toujou ap panse nan enterè lachè, epi nou pa sispann pran dispozisyon epi fè pwojè pou pwòp tèt nou. Èske dispozisyon Mwen pran pou nou yo pa apwopriye? Donk, poukisa ou toujou ap pran dispozisyon pou tèt ou? Ou bay manti sou Mwen! Èske se pa vre? Mwen pran yon dispozisyon pou ou, epi apresa, ou rejte li totalman epi w fè pwòp pwojè pa w.
Nou kapab di tout pawòl ki kòrèk yo, men, an reyalite, nou pa rive konprann entansyon Mwen yo ditou. Koute Mwen! Se sèten Mwen p ap di gen youn pami nou ki kapab demontre bonjan konsiderasyon pou entansyon Mwen yo. Menmsi aksyon w yo ann amoni ak entansyon Mwen yo, se sèten Mwen p ap fè lwanj pou ou. Se metòd pa M pou Mwen bay delivrans. Aktout sa, pafwa, nou toujou santi nou satisfè ak tèt nou, nou panse nou se moun ki estrawòdinè toutpandan nou ap meprize tout lòt moun. Sa se youn nan aspè dispozisyon kòwonpi lòm yo. Lè M atire atansyon sou sa, nou tout rekonèt sa, men, sa rete sipèfisyèl. Pou nou kapab chanje toutbon, nou dwe pwoche pi pre M. Kominye avèk Mwen, epi M ap fè w gras. Gen kèk moun ki sèlman vle chita san fè anyen epi pou yo rekòlte sa lòt moun te simen, paske, pou yo menm, yo jis bezwen lonje bra yo pou yo abiye, epi yo jis bezwen ouvri bouch yo pou yo manje, yo annik kontante yo ret tann lòt moun moulen manje a epi mete li nan bouch yo anvan yo vale l. Moun sa yo se moun ki pi sot, yo renmen manje bagay lòt moun fin moulen deja. Sa tou montre aspè ki pi parese lakay lòm. Apre nou fin tande pawòl sa yo ki se pawòl Mwen, nou pa dwe fèmen je sou yo ankò. Se sèlman si nou double atansyon nou n ap kapab fè sa ki dwat, epi se sèlman lè sa a n ap rive satisfè entansyon Mwen yo. Sa a se pi bon fòm soumisyon ak obeyisans.