Chapit 61

Lè ou konprann pwòp eta ou, se lè sa a ou ka akonpli entansyon Mwen yo. An reyalite, entansyon Mwen yo pa difisil pou byen konprann; se tou senpleman paske, nan tan lontan, ou pa t janm chèche aji ann akò ak dezi Mwen yo. Mwen pa vle konsepsyon oswa panse moun, alewè pou lajan ou oswa byen ou posede yo. Sa Mwen vle, se kè ou. Èske ou konprann? Sa a se entansyon Mwen; e plis toujou, se sa Mwen swete genyen. Moun yo toujou sèvi ak pwòp lespri yo ak pwòp konsepsyon yo pou jije Mwen, epi yo sèvi ak pwòp kritè pa yo pou evalye nivo espirityèl Mwen. Nan ras imen an, sa a se bagay ki pi difisil pou jere, e se sa Mwen rayi epi deteste plis pase tout lòt bagay. Èske ou wè sa kounye a? Se paske sa a se dispozisyon Satan ki pi vizib la. Anplis de sa, nou gen yon nivo espirityèl ki tèlman ba, nou souvan tonbe nan konplo Satan yo. Nou tou senpleman pa kapab disène yo! Mwen te di nou anpil fwa pou nou rete vijilan tout tan e nan tout sikonstans, pou Satan pa twonpe nou. Malgre sa, nou pa koute, okontrè, nou inyore sa Mwen di san nou pa ba yo okenn enpòtans. Kòm rezilta, nou fini pa sibi pèt nan lavi nou, epi lè sa a, li vin twò ta pou nou regrèt. Èske li pa t ap yon trè bon lide pou ou pran sa kòm yon leson pou sa w ap pouswiv alavni? Mwen di ou sa! Lè ou gen tandans panse yon fason ki negatif, sa ap lakòz pèt nan lavi ou e pèt sa yo ap grav anpil. Kounye a, ou ta dwe reveye ou finalman, pa vre?

Moun yo pa gen pasyans, yo vle wè rezilta byen vit, epi yo sèlman wè sa ki devan je yo. Lè Mwen di Mwen kòmanse aji pou pini moun ki gen pouvwa yo, nou vin pi enkyè toujou, epi nou mande: «Poukisa moun sa yo toujou gen pouvwa? Èske sa pa vle di pawòl Bondye yo pa gen okenn valè?» Konsepsyon moun yo tèlman anrasinen byen fon! Nou pa konprann sans pawòl Mwen di yo. Moun Mwen pini yo se move moun yo, moun ki defye Mwen yo, ak moun ki pa konnen Mwen yo, epi Mwen pa okipe moun ki annik kwè nan Mwen san yo pa chèche laverite. Nou vrèman inyoran! Nou pa konprann menm yon ti kal nan sa Mwen te di yo! Malgre sa, nou toujou ap bat bravo pou tèt nou, paske nou panse nou vin gen matirite, nou konprann bagay yo, epi nou kapab byen konprann entansyon Mwen yo. Mwen souvan di tout bagay ak tout evènman sa yo rann sèvis pou Kris, men èske ou konprann pawòl sa yo toutbon? Èske ou vrèman gen konesans sou yo? Mwen te deja di Mwen pa pini pèsonn san reflechi. Pou chak moun nan mond linivè a, Mwen gen aranjman ki apwopriye pou li. Kiyès ki pral sibi pinisyon Mwen, kiyès ki pral rann sèvis pou Kris (moun Mwen p ap sove yo), kiyès Mwen chwazi, epi kiyès, Mwen pral elimine apre Mwen fin chwazi yo—tout bagay sa yo nan men Mwen, alewè pou ou menm, ki se youn nan moun Mwen chwazi yo ke Mwen konnen pi byen toujou. Sa Mwen fè pandan peryòd sa a ak sa Mwen pral fè pandan pwochen peryòd la, toude anba kontwòl aranjman saj Mwen yo. Ou pa bezwen fè aranjman davans pou Mwen; annik tann epi jwi! Se yon bagay ou merite! Mwen gen pouvwa sou sa ki pou Mwen, epi Mwen pa kite moun ki oze plenyen oswa ki gen lòt opinyon sou Mwen pase san konsekans. Jou sa yo, Mwen souvan vin fache, paske pwogram dekrè administratif Mwen te etabli a rive nan etap sa a. Pa panse Mwen pa gen tolerans. Se paske, jan Mwen te di sa deja, pa gen okenn bagay, okenn moun oswa okenn evènman ki oze anpeche Mwen avanse. Mwen fè sa Mwen di a, e se sa Mwen ye; plis toujou, sa a se manifestasyon ki pi vizib nan dispozisyon Mwen. Mwen trete tout moun menm jan, paske nou tout se pitit gason Mwen, e Mwen renmen chak grenn nan nou. Ki papa ki pa pran responsablite pou lavi pitit gason li? Ki papa ki pa travay di, lajounen kou lannuit, pou lavni pitit gason li? Kiyès nan nou ki rekonèt sa? Kiyès ki kapab montre konsiderasyon pou kè Mwen? Nou toujou ap fè plan ak aranjman pou satisfè plezi lachè nou genyen yo, epi nou pa apresye kè Mwen ditou. Mwen enkyete pou nou jis sa fè kè M ap dechire, men nou menm, nou toujou ap lage kò nou nan plezi lachè, n ap manje, n ap bwè, n ap dòmi, epi n ap abiye tèt nou. Èske nou pa gen menm yon ti kras konsyans? Si se konsa, nou pa lòt bagay ke bèt ki abiye ak rad moun!Sa Mwen di a pa egzajere, epi nou ta dwe kapab andire pawòl sa yo. Sa a se pi bon fason pou sove nou, e plis toujou, se la sajès Mwen chita: frape Satan nan pwen ki pi frajil li a, venk li nèt, epi detwi l nèt. Depi ou repanti epi asire ou konte sou Mwen pou elimine ansyen nati ou a epi viv yon lavi ki nouvo, Mwen pral satisfè nèt, paske konsa, ou pral viv yon limanite nòmal epi ou pral rann temwayaj pou non Mwen. Pa gen anyen ki fè Mwen pi kontan pase sa.

Ou dwe toujou pwoche pi pre Mwen. Li evidan vitès Mwen ap ogmante chak jou. Si ou manke kominyon nan lespri a menm pou yon ti moman, jijman Mwen ap tonbe sou ou kounye a. Sou pwen sa a, ou deja rive gen yon konpreyansyon ki pwofon. Mwen chatye ou, se pa paske Mwen pa renmen ou; okontrè, Mwen disipline ou paske Mwen renmen ou. Sinon, ou pa t ap grandi, epi ou t ap toujou lage kò ou nan tout kalite debòch, epi Sentespri a pa t ap mete okenn restriksyon sou ou. Sa a montre sajès Mwen pi plis toujou.

Anvan: Chapit 59

Apre: Chapit 62

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger