Chapit 59

Chèche konprann entansyon Mwen plis nan sitiyasyon ou trouve ou, epi w ap siman jwenn apwobasyon Mwen. Toutotan ou dispoze chèche epi ou gen yon kè ki gen krentif pou Mwen, M ap ba ou tout sa ou manke. Kounye a, legliz la ap antre nan yon fòmasyon fòmèl, epi tout bagay sou bon chemen. Bagay yo pa menm jan ankò ak lè se te yon avangou bagay ki tap gen pou vini yo; nou pa dwe kontinye nan konfizyon ni manke disènman. Poukisa Mwen mande pou nou antre nan reyalite a nan tout bagay? Èske ou te vrèman fè eksperyans sa a? Èske nou kapab vrèman satisfè Mwen nan sa Mwen mande nou, menm jan Mwen menm Mwen satisfè nou? Pa chèche twonpe! Mwen kontinye pran pasyans avèk nou, ankò e ankò, men nou kontinye pa konnen sa ki bon pou nou epi nou pa montre rekonesans!

Dwati Mwen, Majeste Mwen, jijman Mwen ak lanmou Mwen—tout bagay sa yo Mwen posede, tout sa Mwen ye—èske ou te vrèman goute yo? Ou vrèman manke refleksyon, epi ou pèsiste nan pa disène entansyon Mwen. Mwen di nou sa ankò e ankò: se nou menm ki dwe goute festen Mwen prepare yo. Men, nou kontinye ranvèse tab la ankò e ankò, epi nou pa rive fè diferans ant yon bon anviwònman ak yon move anviwònman. Kilè nan anviwònman sa yo nou menm nou te kreye? Kilès Mwen te òganize ak pwòp men Mwen? Sispann defann tèt nou! Mwen wè tout bagay byen klè, e an reyalite, ou tou senpleman pa chèche. Ki lòt bagay Mwen kapab di?

M ap toujou konsole tout moun ki disène atansyon Mwen, epi Mwen p ap kite yo soufri ni sibi okenn mal. Bagay ki pi enpòtan kounye a se pou nou kapab aji ann akò ak entansyon Mwen yo. Moun ki fè sa ap resevwa benediksyon Mwen yo san mank epi y ap anba pwoteksyon Mwen. Kiyès ki vrèman kapab bay tout li menm nèt pou Mwen epi ofri tout sa li genyen pou Mwen? Nou tout ap aji ak mwatye kè nou; panse nou ap vire tounen san rete, n ap reflechi sou fanmi nou, sou monn deyò, sou manje ak rad. Malgre ou la devan Mwen, w ap fè travay pou Mwen, nan kè ou ou toujou ap panse ak madanm ou, pitit ou ak paran ou ki lakay. Èske yo se byen pa ou? Poukisa ou pa konfye yo nan men Mwen? Èske ou pa fè Mwen konfyans? Oswa èske ou pè pou Mwen pa pran dispozisyon ki pa apwopriye pou ou? Poukisa ou toujou ap panse ak fanmi ou dapre lachè ak moun ou renmen yo? Èske Mwen okipe yon plas nan kè ou? Epoutan, ou pretann ou pral pèmèt Mwen gen dominasyon anndan ou epi okipe tout sa ou ye. Tout pawòl sa yo se manti twonpè! Konbyen nan nou ki angaje ak tout kè nou pou legliz la? E kiyès nan nou ki pa panse ak tèt li, men ki pito panse ak wayòm jodi a? Reflechi sou sa ak anpil atansyon.

Nou pouse M rive nan yon pwen kote sèl sa M kapab fè se sèvi ak men M pou M frape nou epi pouse nou vanse; M pap chèche ankouraje nou avèk dousè ankò. Se paske M se Bondye ki gen sajès, e M trete diferan moun yon fason diferan, selon jan nou lwayal anvè M? Mwen se Bondye Toupisan an—kiyès ki ta oze anpeche M kontinye avanse? Depi kounye a, men M k ap egzekite dekrè administratif Mwen yo p ap kite okenn nan moun ki oze aji anvè M avèk mank lwayote, pou yo ka konnen tout pouvwa Mwen. M vle se pa yon gwo kantite moun, men se ekselans. M ap abandone epi pini nenpòt moun ki pa lwayal, ki malonèt, ki aji yon fason kwochi epi ki pwatike twonpri. Pa kontinye panse M gen mizèrikòd oswa M gen lanmou; panse konsa se senpleman yon fason pou nou fè tèt nou plezi. M konnen, plis M fè ou plezi, se plis ou vin negatif ak pasif, e se plis ou pa vle renonse ak tèt ou. Lè moun yo vin difisil nan yon sèten mezi, sèl sa M kapab fè se kontinye pouse yo vanse san rete, lè M frape yo epi trennen yo. Konnen sa! Depi kounye a, M se Bondye ki jije; M pa Bondye ki gen mizèrikòd e ki gen lanmou ankò, jan moun yo imajine M ye a!

Anvan: Chapit 56

Apre: Chapit 61

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger