Chapit 56
Mwen kòmanse pran mezi pou pini moun ki fè sa ki mal, ansanm ak moun ki gen pouvwa e ki ap pèsekite pitit Bondye yo. Depi kounye a, pwa dekrè administratif Mwen yo ap peze san rete sou moun ki opoze ak Mwen nan kè yo. Se pou n Konn sa! Sa a se kòmansman jijman Mwen an, e p ap gen okenn pitye pou pèsonn, ni pèsonn p ap epaye, paske Mwen se Bondye ki pa gen santiman chanèl e ki pratike jistis, e li ta bon pou nou tout rekonèt sa.
Se pa ke Mwen vle pini moun ki fè sa ki mal; pito, se yon pinisyon yo pote sou tèt yo atravè pwòp mechanste yo. Mwen pa prese pou m pini pèsonn, ni Mwen pa trete pèsonn yon fason enjis–Mwen pratike jistis anvè tout moun. Mwen sètènman renment pitit Mwen yo, e Mwen sètènman rayi mechan sa yo ki reziste Mwen; se prensip sa a ki dèyè aksyon Mwen yo. Chak grenn nan nou ta dwe gen yon ti konpreyansyon sou dekrè administratif Mwen yo; si se pa sa, nou p ap genyen menm yon ti kras laperèz epi n ap aji ak neglijans devan Mwen. Epi tou, nou p ap konnen sa Mwen vle akonpli, sa Mwen vle reyalize, sa Mwen vle jwenn, oswa ki kalite moun Wayòm Mwen an bezwen.
Dekrè administratif Mwen yo se:
Kèlkeswa moun ou ye, si w opoze M nan kè w, y ap jije w.
2. Moun Mwen chwazi yo ap resevwa disiplin imedyatman pou nenpòt move panse.
3. M ap mete sila yo ki pa kwè nan Mwen yo sou yon bò epi M ap kite yo pale ak aji ak neglijans; alafen, M ap pini yo nèt epi M ap regle yo.
4. M ap veye sou moun ki kwè nan Mwen epi M ap pwoteje yo toutan. Toutan, M ap ba yo lavi pa mwayen sali a. Moun sa yo ap gen lanmou Mwen lanmou Mwen, epi se sèten yo p ap tonbe ni pèdi chemen yo. Kèlkeswa feblès yo genyen an, se sèlman tanporè li ap la, epi Mwen sètènman p ap sonje feblès yo.
5. Moun ki sanble kwè yo, men ki pa kwè toutbon—ki kwè gen yon Bondye men ki pa swiv Kris la, epoutan ki pa reziste nonplis—se kalite moun sa yo ki pi fè pitye, e atravè zèv Mwen yo, M ap fè yo wè klè. Atravè aksyon Mwen yo, M ap sove moun sa yo epi mennen yo tounen jwenn mwen.
6. Premye pitit gason yo, premye moun ki aksepte non Mwen, va beni! Mwen pral sètènman ba nou pi bon benediksyon yo, pou nou ka jwi yo jan kè nou vle; pèsonn p ap oze anpeche sa. Tout bagay prepare nèt pou nou, paske se desizyon administratif Mwen.
Nou ta dwe kapab wè, nan tout aspè, tout aksyon men Mwen fè ak tout panse kè Mwen. Èske se pa tout pou nou? Kilès nan nou ki pou Mwen? Èske nou egzamine panse ki nan kè nou oswa pawòl ki nan bouch nou? Èske nou te abòde kesyon sa yo avèk serye? Tèt nou bwouye! Deprave! Nou pa aksepte restriksyon Sentespri a! Mwen ap pibliye Mwen fè vwa Mwen tande anndan ou anpil fwa, sepandan sa pa pwovoke okenn reyaksyon ditou. Pa rete san konprann ankò! Se devwa ou pou ou konprann entansyon Mwen; anplis de sa, se chemen ou ta dwe antre ladan an. Tèt ou bwouye, ou pa gen okenn pèspikasite, e ou pa wè klè sa Mwen vle reyalize nan ou oswa sa Mwen vle jwenn nan men ou! Pou w ka konprann entansyon Mwen, ou dwe kòmanse pa pwoche bò kote Mwen epi kominye avèk Mwen plis. Ou toujou di ou pa kapab konprann entansyon Mwen. Ou deja chaje ak pwòp bagay pa w, alòs kijan Mwen ka travay anndan w? Ou pa pran inisyativ pou w vin devan Mwen, ou jis rete tann san w pa fè anyen. Mwen di ou tankou yon vè, poutan ou santi w viktim epi ou refize aksepte sa. Fwa sa a, ou ta dwe leve kanpe epi kolabore avèk Mwen! Pa rete pasif! Sa ap fè lavi w fè bak. Lè w pwoaktif, se pou ou sa pote benefis, se pa pou lòt moun. Èske ou poko rekonèt sa epi konprann li nèt? Entansyon Mwen toujou parèt klè nan ou. Èske ou pa remake yo? Poukisa ou pa janm prete atansyon sou yo? Poukisa ou pa janm kapab konprann entansyon Mwen? Èske konprann entansyon Mwen ta kapab vrèman pa pote okenn avantaj pou ou?
Mwen swete ou pran entansyon Mwen an konsiderasyon nan tout aspè, pou nan ou Mwen ka jwenn yon chemen pou avanse ak yon kay kote Mwen ka repoze. Pa mete baton nan wou pou Mwen ankò—sa twò mechan! Ou pa konprann pawòl Mwen yo e ou pa reponn yo. Gade ki lè li ye kounye a; li pa posib pou tann ankò! Si ou pa swiv tras Mwen yo byen pre, l ap twò ta, alewè pou ta gen yon fason pou repare sa!