Chapit 55

Sa yo rele vi nòmal la pa gen anyen ki tèlman sipènatirèl jan moun imajine l la. Okontrè, sa vle di gen kapasite pou depase kontrent lòt moun, evènman, ak tout bagay, ansanm ak tout pèsekisyon ki soti nan anviwònman nou, epi pou n kapab pwoche bò kote Mwen epi kominyen avèk Mwen, kèlkeswa kote n ye ak nan nenpòt sitiyasyon. Nou menm lèzòm, nou souvan mal entèprete entansyon Mwen yo. Lè Mwen di nou dwe viv yon limanite nòmal, nou fè efò pou n kontwole tèt nou epi donte lachè nou, men nou pa bay sa nou santi nan fon lespri nou okenn enpòtans. Nou konsantre sèlman sou aparans ekstèn nou, pandan n ap neglije revelasyon ak enspirasyon Mwen pwovoke anndan nou yo. Gade jan nou neglijan! Nou twò neglijan! Èske nou vrèman kwè senpman akonpli misyon Mwen konfye nou an vle di nou reyisi nèt? Ala yon foli! Nou pa pran swen pou n anrasinen tèt nou byen fon! «Pa tounen yon fèy sou yon pyebwa, men se pou nou tounen rasin pyebwa a»—èske se vrèman sa ki deviz nou? Sipèfisyèl ak neglijan! Grosye ak ensousyan! Nou satisfè depi nou panse nou fè yon ti pwogrè. Ala nou pa pran entansyon Mwen yo an konsiderasyon! Apati kounye a, fè atansyon; pa rete pasif, epi pa gen yon atitid negatif! Pandan n ap sèvi Mwen, chèche pwoche bò kote Mwen pi souvan epi pase plis tan an kominyon avèk Mwen—se sèl fason pou n avanse. Mwen konnen nou te deja renonse ak tèt nou, nou konnen enpèfeksyon nou yo, epi nou rekonèt feblès nou yo. Sepandan, jis konnen bagay sa yo pa ase. Nou bezwen kolabore avèk Mwen, epi yon fwa nou konprann entansyon Mwen yo, mete yo an pratik imedyatman. Sa se pi bon fason pou n montre konsiderasyon pou chay Mwen an, epi se pi bèl fason tou pou nou soumèt.

Kèlkeswa fason ou trete Mwen, M pral reyalize volonte Mwen nan ou menm ak nan tout sen yo, epi Mwen vle pou sa reyalize san okenn anpechman sou tout tè a. Se pou ou byen konprann sa! Sa gen rapò ak dekrè administratif Mwen yo! Èske ou pa pè menm yon ti kras? Èske w pa tranble tèlman ou pè devan pwòp aksyon ak konpòtman ou? Pami tout sen yo, se apèn si gen kèk ki kapab byen konprann entansyon Mwen yo. Èske w pa ta swete se ou menm ki eksepsyon an—pou ou vin yon moun ki vrèman pran entansyon Mwen yo an konsiderasyon nèt ale? Èske w rann ou kont de sa? Entansyon Mwen ki pi ijan kounye a, se jwenn yon gwoup moun ki kapab pran entansyon Mwen yo an konsiderasyon san okenn rezèv. Èske w pa ta renmen fè pati gwoup sa a? Èske w pa ta renmen bay lavi w ak tou sa w genyen epi ofri tèt ou pou Mwen? Ou pa menm vle peye pi piti pri a, ni fè okenn efò ki soti nan fon kè ou! Si sa kontinye konsa, tout sa M te bay pou nou ak tout pri M te peye a ap tounen yon gaspiyaj nan lavi nou. Malgre M montre w sa byen klè konsa, èske w poko wè jan pwoblèm nan grav toujou?

«Nou menm k ap bay tout nou menm pou Mwen ak senserite, se sèten Mwen pral beni nou anpil.» Di M non! Konbyen fwa Mwen di ou sa deja? Epoutan, ou toujou gen anpil dout; ou pè pou sitiyasyon fanmi w ak anviwònman ki antoure ou an. Ou vrèmanvre pa konnen sa ki bon pou ou! Mwen sèvi sèlman ak moun ki onèt, ki senp, e ki ouvè. Ou te kontan e w te dispoze pou M sèvi ak ou—men poukisa ou toujou ap enkyete konsa? Èske sa vle di pawòl Mwen yo pa gen okenn efè sou ou ditou? Mwen di M ap sèvi ak ou, epoutan ou pa kapab gen yon konfyans fèm nan sa. Ou toujou ap doute, ou pè pou M pa rejte w. Lide ou te deja gen yo anrasinen twò fon! Lè M di M ap sèvi ak ou, sa vle di M ap sèvi ak ou toutbon. Poukisa ou toujou gen dout konsa? Èske M pa pale ase klè? Chak pawòl Mwen di se laverite; pa gen yon sèl mo ki manti ladan l. Pitit Mwen! Fè M konfyans: si ou sensè avèk Mwen, se sèten M ap sensè avèk ou tou!

Anvan: Chapit 54

Apre: Chapit 56

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger