Chapit 54
Mwen konnen sitiyasyon chak legliz tankou pla men M. Pa panse Mwen pa konprann yo oswa Mwen pa wè klè konsènan yo. Kanta diferan moun ki nan legliz yo, Mwen gen yon konpreyansyon ak yon konesans sou yo ki pi klè toujou. Kounye a, entansyon ijan Mwen se fòme ou, pou ou ka grandi pi vit epi rive nan matirite; Konsa, jou pou ou vin kalifye pou Mwen sèvi ak ou an ka rive pi bonè;; epi pou aksyon nou yo ka ranpli ak sajès Mwen, yon fason pou nou ka manifeste Bondye kèlkeswa kote nou ye. Konsa, objektif final Mwen an ap reyalize. Pitit gason Mwen yo! Nou ta dwe pran entansyon Mwen yo an konsiderasyon. Pa fòse Mwen kenbe men nou pou Mwen anseye nou. Nou dwe aprann byen konprann entansyon M yo, epi rive wè sans pwofon bagay yo. Sa ap pèmèt nou jere nenpòt sitiyasyon nou rankontre avèk fasilite, nan yon bat je. Nan fòmasyon nou an, li posib pou nou pa rive konprann premye fwa a—men eseye yon dezyèm fwa, yon twazyèm fwa, e kontinye eseye; finalman, n ap rive konprann entansyon Mwen yo.
Pawòl nou yo toujou gen yon aspè difisil pou moun konprann, epoutan nou kwè se sajès sa ye, pa vre? Pafwa, pawòl nou yo montre yon mank soumisyon; pafwa nou pale sou yon ton pou nou fè blag; epi pafwa pawòl nou yo gen ladan yo eleman ki soti nan konsepsyon ak jalouzi imen ladan l... An rezime, nou pale san nou pa gen yon pozisyon ki fèm, san nou pa konnen ni ki jan pou nou bay lòt moun lavi ni ki jan pou nou byen konprann sitiyasyon yo, men nou kominye avèk yo san reflechi. Panse nou pa klè, epi nou pa ka fè diferans ant sa ki sajès ak sa ki riz. Gade jan nou nan gwo konfizyon! Nou konsidere riz ak twonpri kòm sajès; èske sa pa pote lawont sou non Mwen? Èske se pa yon blasfèm sa ye kont Mwen? Èske sa pa yon fo akizasyon sou do Mwen? Kidonk, ki objektif nou dwe pouswiv? Èske nou reflechi seryezman sou sa? Èske nou te fè okenn efò pou pouswiv objektif sa a? Mwen di nou, se entansyon Mwen ki dwe sèvi kòm direksyon ak objektif nou pouswiv. Si se pa t sa, tout bagay t ap anven. Moun ki pa rive byen konprann entansyon Mwen yo se moun ki pa konn kijan pou yo pouswiv, se moun sa yo yo pral abandone epi elimine! Li klè, byen konprann entansyon Mwen yo se premye leson nou dwe aprann. Se travay ki pi ijan an, epi li pa ka tann menm yon ti moman! Pa tann pou Mwen lonje dwèt sou nou youn pa youn ankò! Nou pase tout jounen yo ap viv tankou moun ki angoudi, ki pa gen lespri, ki toudi e ki nan konfizyon. Gade jan sa ridikil! Nou vrèman nan gwo konfizyon konsa! Nou pa pran entansyon Mwen yo an konsiderasyon ditou! Poze tèt nou kesyon: Konbyen fwa nou te byen konprann entansyon Mwen yo lè n ap poze yon aksyon? Kounye a, lè a rive pou nou fòme tèt nou! Li enposib pou Mwen netwaye nou youn apre lòt! Nou dwe aprann fè eksperyans, epi devlope disènman ak sajès pandan n ap aji. Pawòl ki soti nan bouch nou yo bèl anpil, men kisa reyalite a ye? Lè nou fè fas ak reyalite a, nou pa kapab fè anyen ditou. Sa nou di yo pa janm koresponn ak reyalite a. Vrèmanvre, Mwen pa ka sipòte wè sa n ap fè a; Lè M ap gade, Mwen santi yon tristès pwofon. Sonje sa! Alavni, aprann byen konprann entansyon Mwen yo!