Chapit 51
O! Bondye Toupisan! Amèn! Avèk Ou, tout bagay libere, tout bagay lib, tout bagay ouvè, tout bagay parèt aklè, epi tout bagay klere, pa gen anyen ki kache ni ki rete sekrè ditou. Ou se Bondye Toupisan enkane a. Ou deja ap egzèse pouvwa antanke Wa. Ou vin revele aklè—Ou pa yon mistè ankò, men Ou revele nèt, pou tout tan gen tan! Mwen vin revele nèt toutbonvre, Mwen desann an piblik, epi Mwen parèt antanke Solèy dwati a, paske jodi a se pa epòk kote zetwal maten an parèt la ankò, ni se pa peryòd kote Mwen rete kache a ankò. Travay Mwen tankou yon kout zèklè; li akonpli rapid tankou yon kout loray ki pete sanzatann. Travay Mwen rive nan etap aktyèl sa a, e nenpòt moun k ap trennen oswa ki vin neglijan pral sèlman sibi yon jijman san pitye. An patikilye, ou dwe byen konprann ke Mwen se majeste ak jijman, e Mwen pa mizèrikòd ni bonte ki plen lanmou ankò, jan ou ta ka imajine sa. Si pwen sa a toujou pa klè pou ou, ebyen se sèlman jijman ou pral resevwa, paske ou menm ou pral fè eksperyans sa ou pa t rekonèt la; sinon, ou pral kontinye gen dout epi ou p ap oze rete fèm nan lafwa ou.
Kanta pou sa Mwen konfye nou an, èske nou kapab akonpli l avèk devouman? Mwen di nenpòt travay mande sajès, men, lè n ap fè yon bagay, konbyen fwa nou repran egzòtasyon Mwen yo pou nou fè yon egzamen apwofondi sou yo epi reflechi pi byen sou yo? Menm si nou konprann yon ti bagay nan youn nan pawòl egzòtasyon Mwen yo, epi nou twouve l bon lè nou tande l, apre sa nou pa okipe l ankò. Lè nou tande l, nou sèvi avè l pou nou evalye pwòp kondisyon reyèl nou epi nou rayi tèt nou—men apre sa, nou konsidere l kòm yon bagay ki pa gen anpil enpòtans. Kesyon jounen jodi a se si lavi ou kapab pwogrese oswa non; se pa yon kesyon sou fason ou anbeli tèt ou pa deyò. Okenn nan nou pa gen detèminasyon ditou, epi nou pa vle pran yon desizyon fèm. Nou pa vle peye pri a, epi nou pa vle abandone plezi pasajè ki sou tè a, poutan nou pè pèdi benediksyon ki soti nan syèl la. Ki kalite moun nou ye? Nou se moun sòt! Nou pa ta dwe santi yo fè nou enjistis; èske sa Mwen te di a se pa laverite? Èske sa pa t montre aklè sa ou menm ou te panse a? Ou pa gen okenn limanite! Ou pa menm gen kalib yon moun nòmal. Menm si se konsa sa ye, ou toujou pa konsidere tèt ou kòm yon moun ki pòv. Ou pase tout jounen an alèz, san okenn sousi, epi ou twò satisfè ak tèt ou! Ou pa konnen jis nan ki pwen ou gen anpil mank, ni kisa ou manke. Ala ou sòt!
Èske nou pa wè travay Mwen deja rive nan pwen sa a? Tout entansyon Mwen yo konsène nou. Kilè nou pral kapab konprann yo epi montre yon ti konsiderasyon pou yo? Nou parese! Nou pa vle peye pri a, nou pa vle travay di, nou pa vle pran tan pou sa, epi nou pa vle fè efò. Kite Mwen di ou yon bagay! Plis ou pè andire difikilte, se mwens avantaj lavi w pral jwenn, epi anplis de sa, se plis obstak ou pral rankontre pandan lavi w ap grandi, e se mwens chans lavi w genyen pou l pwogrese. Kite Mwen raple ou yon lòt fwa ankò! (Mwen p ap di sa ankò!) M ap endiferan anvè nenpòt moun ki pa pran responsablite pwòp lavi li, epi M ap abandone li. Mwen deja kòmanse aplike sa; èske ou pa wè sa aklè? Sa a se pa yon tranzaksyon biznis, ni se pa komès; se lavi. Èske sa klè?