Chapit 49

Sèvi nan tèt ansanm mande yon kolaborasyon ki egzak, ki vivan epi ki byen klè, ansanm ak vitalite, fòs ak yon lafwa k ap debòde, yon fason pou moun k ap gade sa kapab jwenn sa yo bezwen epi rasazye. Pou w sèvi Mwen, ou dwe fè sa dapre entansyon Mwen yo, non sèlman pou w ann amoni ak kè Mwen, men sa ki pi enpòtan toujou, pou w satisfè entansyon Mwen yo, yon fason pou M ka kontan wè tout sa Mwen gen entansyon rann pafè nan ou. Ranpli lavi ou ak pawòl Mwen yo, ranpli pawòl ou yo ak pouvwa Mwen—se sa Mwen mande ou. Si ou aji selon pwòp dezi ou, èske ou sanble ak Mwen nan aksyon w yo? Èske sa ap satisfè kè Mwen? Èske ou se yon moun ki te byen konprann entansyon Mwen yo ak tout kè ou? Èske ou se yon moun ki te vrèman chèche byen konprann kè Mwen? Èske ou te vrèman ofri tèt ou epi bay tout ou menm pou Mwen? Èske ou te pran tan pou reflechi sou sa Mwen te di yo?

Yon moun dwe gen sajès nan tout bagay, li dwe sèvi ak sajès pou li suiv chemen pafè Mwen an. Moun ki aji dapre pawòl Mwen yo se moun ki pi saj pami tout moun, epi moun ki aji ann akò avèk pawòl Mwen yo se moun ki pi obeyisan. Se sa Mwen di a ki pou fèt, ou pa bezwen eseye jistifye anyen devan Mwen, ni eseye diskite ak Mwen. Tout sa Mwen di se pou byen ou Mwen di l (kit pawòl Mwen yo sevè, kit yo dou). Sèl sa ou bezwen fè se konsantre w sou obeyi—sa sifi. Se sèlman sa ki vrè sajès la (epi li anpeche jijman Bondye tonbe sou ou). Jodi a, nan kay Mwen an, fòk nou sispann fè bèl figi devan moun epi kritike yo dèyè do yo. Sa M vle se reyalite a, se pa bèl pawòl. Pou moun ki ofri reyalite a, yo gen tout bagay. Pou moun ki pa gen reyalite a, yo pa gen anyen, epi y ap tounen anyen menm ansanm ak lachè yo, paske apa reyalite a, tout rès bagay yo se vid; pa gen lòt esplikasyon pou sa.

Nan lafwa nou nan Bondye, Mwen ta renmen nou tout serye, pou nou pa panse ak sa nou ka genyen oswa pèdi, ni ak okenn bagay ki konsène pwòp tèt nou. Sèl sa nou ta dwe chèche, se kanpe fèm sou vrè chemen an, san nou pa kite pèsonn fè nou chanje pozisyon oswa kontrenn nou. Se sèlman konsa y ap konsidere nou kòm poto mitan nan legliz la epi kòm venkè nan wayòm nan; si nou aji yon lòt jan, sa vle di nou pa merite viv devan Mwen.

Sitiyasyon yo varye, menm jan ak fason pou nou pwoche pi pre Mwen. Gen moun ki renmen di bèl pawòl epi aji avèk devosyon devan Mwen. Sepandan, an kachèt, yo nan yon dezòd total epi pawòl Mwen yo pa nan yo ditou. Moun sa yo bay degoutans epi yo agasan; pa gen okenn fason yo ka edifye pèsonn oswa bay pèsonn sa li bezwen. Nou pa rive pran sa ki nan kè Mwen an konsiderasyon, senpleman paske nou pa kapab gen plis pwoksimite oswa kominyon avèk Mwen; nou fè M toujou ap enkyete pou nou epi travay san rete pou nou.

Anvan: Chapit 47

Apre: Chapit 51

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger