Chapit 47

Bondye Toupisan ki gen dwati a—Toupisan an! Nan Ou, pa gen anyen menm ki kache ni ki rete sekrè. Chak grenn mistè lèzòm pa t janm dekouvri, depi nan tan lontan rive nan letènite, vin parèt aklè nèt nan Ou. Nou pa bezwen chèche ni tatonnen ankò, paske jodi a, moun Ou ye a parèt aklè devan nou. Ou se mistè yo te dekouvri a, Ou se Bondye pratik la menm; paske jodi a, Ou vin fasafas avèk nou, epi lè nou wè moun Ou ye a, nou wè tout mistè ki nan mond espirityèl la. Vrèmanvre, se yon bagay pèsonn pa ta ka imajine! Jodi a, Ou nan mitan nou, e menm anndan nou, Ou tèlman pre nou, nou pa jwenn mo pou nou dekri sa! Mistè ki gen nan sa a pa gen parèy!

Bondye Toupisan fin akonpli plan jesyon Li an. Li se gran Wa linivè ki gen laviktwa a. Li gen kontwòl tout bagay ak tout evènman yo. Yon kantite moun pèsonn pa ka konte mete ajenou pou yo adore, pandan y ap rele non vrè Bondye a—Toupisan an. Ak pawòl ki soti nan bouch Li, Li fè tout evènman yo rive. Poukisa nou neglijan konsa, nou pa kapab kolabore ak Li ak tout kè nou jan nou dwe fè sa, nou pa kapab vin ini byen sere avèk Li, epi antre nan laglwa ansanm avèk Li? Èske nou vrèman dispoze soufri? Nou dispoze pou yo abandone nou? Èske nou panse Mwen pa konnen kiyès ki ofri tèt li ban Mwen ak tout kè li, epi kiyès ki bay tout li menm pou Mwen ak tout kè li? Ala inyorans! Bann moun ki pa gen lespri klè! Nou pa kapab konprann entansyon Mwen yo, alewè pou nou ta montre konsiderasyon pou fado Mwen yo. Nou toujou ap fè Mwen enkyete pou nou, epi travay di pou nou. Kilè sa ap fini?

Viv yon fason ki reflete moun Mwen ye a nan tout bagay, rann temwayaj sou Mwen nan tout bagay—èske fè sa vle di sèlman ouvri bouch nou epi pale? Nou pa konnen sa ki bon pou nou! Mwen pa prezan nan sa n ap fè, alewè pou Mwen ta prezan nan lavi nou chak jou. Mwen konnen nou pa pran kesyon kwè nan Bondye a oserye ditou, sinon nou pa t ap bay fwi sa yo! Nou poko reveye toujou, e si nou kontinye konsa, n ap dezonore non Mwen!

Mande tèt ou, lè w ap pale, èske Mwen la avèk ou? Lè w ap manje oswa lè w ap mete rad sou ou, èske pwomès Mwen an la? Vrèmanvre, nou pa reflechi! Chak fwa yo pa fè pwoblèm nou yo parèt aklè dirèkteman, nou montre vrè figi nou, epi okenn nan nou pa kite yo konvenk nou. Si se pa t konsa, nou t ap panse n ap fè bagay yo byen, epi nou t ap panse nou gen anpil bagay anndan nou. Èske nou pa konnen se figi lèd Satan an ki anndan nou, ki plen tout anndan nou? Kolabore avèk Mwen pou nou vide tout bagay sa yo deyò. Kite sa Mwen ye ak sa Mwen genyen ranpli ou nèt anndan w; se sèlman konsa w ap kapab viv yon fason ki reflete moun Mwen ye a, rann temwayaj sou Mwen yon fason ki pi reyèl, epi fè plis moun rann tèt yo devan twòn Mwen. Nou dwe konnen nan ki pwen fado ki sou zepòl nou an lou: egzalte Kris, fè Kris parèt aklè, rann temwayaj sou Kris, pou yon kantite moun pèsonn pa ka konte resevwa sali, epi pou wayòm Mwen an rete fèm san l pa brannen. Mwen eksplike tout bagay sa yo aklè pou nou pa toujou ap tatonnen san nou pa konprann enpòtans travay jodi a.

Nou debousole lè n ap fè fas ak pwoblèm. Nou tankou foumi ki nan yon pwelon cho, n ap vire an won: se konsa dispozisyon nou ye. Pa deyò, nou sanble ak granmoun, men lavi ki anndan nou an se lavi yon timoun; sèl sa nou konn fè se kreye pwoblèm epi ajoute sou fado Mwen. Depi gen yon ti bagay Mwen pa okipe, nou kreye pwoblèm. Èske se pa konsa sa ye? Pa panse nou se moun ki jis. Sa Mwen di a se laverite. Pa toujou panse ke Mwen pa sispann fè nou lamoral, kòmsi se gwo pawòl sèlman Mwen t ap di; sa a se kondisyon nou toutbonvre.

Anvan: Chapit 46

Apre: Chapit 49

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger