Chapit 46

Nenpòt moun ki bay tout li menm sensèman pou Mwen epi ki ofri tèt li pou Mwen, Mwen pral pwoteje ou jouk ka lafen; Se sèten men Mwen ap kenbe ou pou ou toujou nan lapè ak nan lajwa, epi konsa ou pral resevwa limyè Mwen ak revelasyon Mwen chak jou. Mwen pral siman double benediksyon Mwen yo sou ou, pou ou gen tout sa Mwen genyen epi pou posede tout sa Mwen ye. Sa yo mete anndan ou a se lavi ou, e pèsonn pa kapab pran li nan men ou. Pa bay tèt ou pwoblèm, ni pa kite tristès anvayi ou; nan Mwen menm, se lapè ak lajwa sèlman ki genyen. Pitit Mwen, Mwen renmen ou toutbon, ou menm ki koute Mwen ak tout kè ou epi ki soumèt devan Mwen sensèman. Moun Mwen rayi plis yo se ipokrit yo; Mwen pral elimine yo san mank. Mwen pral elimine tout tras mond lan nan kay Mwen, ansanm ak tout bagay Mwen pa kapab gade yo.

Nan fon kè Mwen, Mwen konnen egzakteman kiyès ki vle Mwen ak tout kè l ak kiyès ki pa vle Mwen. Menmsi yo ta byen degize tèt yo epi fè kòmsi yo se moun yo pretann yo ye a, e yo ta menm ka konsidere yo kòm pi bon aktè nan mond lan, Mwen wè aklè tout sa ki nan kè yo. Pa panse Mwen pa konnen sa ki nan kè ou; an reyalite, pa gen pèsonn ki konprann pi klè pase Mwen. Mwen konnen sa ki nan kè ou; ou dispoze ofri tèt ou bay Bondye epi bay tout ou menm pou Bondye, men ou pa vle sèvi ak bèl pawòl pou fè lòt moun plezi. Gade sa byen! Jodi a, se pa ak fòs lòm wayòm nan ap bati, men se gras ak tout sajès Mwen genyen epi avèk tout efò Mwen, konstriksyon wayòm nan pral abouti avèk siksè. Nenpòt moun ki gen sajès epi ki gen sa Mwen ye a anndan li ap patisipe nan konstriksyon wayòm nan. Pa enkyete w ankò; ou toujou ap enkyete w anpil, san ou pa bay okenn konsiderasyon pou revelasyon oswa limyè entansyon Mwen yo anndan ou. Pa aji konsa ankò. Kèlkeswa sa k ap pase, pale plis avè Mwen sou sa, pou ou pa gen pou w soufri konsekans pwòp aksyon ou yo.

Petèt, sou deyò, li ta sanble Mwen pa montre okenn enterè pou pèsonn, men èske ou konnen sa Mwen panse nan fon kè Mwen? Mwen toujou leve moun ki gen imilite yo byen wo, men Mwen toujou pilonnen moun ki gen ògèy epi ki bay tèt yo twòp enpòtans. Moun ki pa konprann entansyon Mwen yo ap sibi gwo pèt. Nou dwe konnen se konsa Mwen ye, e se konsa dispozisyon Mwen ye, pèsonn pa kapab chanje sa, e pèsonn pa ka rive konprann li aklè. Se sèlman atravè revelasyon Mwen ba ou, ou kapab konprann sa; sinon, ou menm tou, ou p ap kapab wè sa aklè. Pa kite ògèy pran tèt ou. Menmsi gen moun ki konn pale byen, kè yo pa janm fidèl anvè Mwen, epi an kachèt, yo toujou ap fè rezistans ak Mwen; Mwen pral jije moun ki konsa a.

Pa konsantre sèlman sou pran direksyon nan men lòt moun; ou dwe bay konpòtman Mwen ak fason Mwen aji anpil atansyon. Se sèlman konsa ou pral byen konprann entansyon Mwen tikras pa tikras; lè sa a, aksyon ou yo pral ann akò ak entansyon Mwen yo, epi ou p ap fè okenn erè. Pa kriye ni pa kite lapenn anvayi ou poukont ou; Mwen wè aklè tout sa ou fè, tout konpòtman ou ak tout sa ou panse, epi Mwen konnen dezi ak volonte sensè ou genyen yo; Mwen pral sèvi ak ou. Kounye a nou nan yon moman enpòtan anpil; lè pou Mwen teste ou a rive. Èske ou poko wè bagay yo aklè toujou? Èske ou poko rive disène yo? Poukisa Mwen adopte yon atitid konsa anvè ou? Èske ou konnen? Mwen deja revele ou bagay sa yo, epi ou kòmanse gen yon ti disèneman sou yo. Men, pa kanpe la; kontinye fè efò pou antre nan lavi espirityèl ou, epi Mwen pral kontinye eklere ou. Èske ou rann ou kont, plis ou soumèt devan Mwen epi ou koute sa Mwen di, se plis ou vin gen limyè nan fon kè ou, se plis ou resevwa revelasyon, se plis ou vin konnen Mwen, epi se plis eksperyans ou vin genyen? Pa toujou rete kole ak pwòp konsepsyon ou yo; lè ou fè sa, ou bloke sikilasyon dlo vivan Mwen an epi ou anpeche volonte Mwen akonpli. Ou dwe konnen, Nou dwe konnen, li pa fasil pou genyen yon moun nèt ale. Pa kite panse konplike anvayi lespri ou; annik suiv Mwen san konplikasyon, epi pa reflechi sou sa ankò!

Anvan: Chapit 45

Apre: Chapit 47

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger