Chapit 45
Nou jije frè ak sè nou yo an piblik tankou si se pa anyen. Nou vrèman pa konnen diferans ant byen ak mal; nou pa konnen wont. Èske konpòtman sa a pa montre odas nou an san limit, epi nou aji san reflechi, e san kontwòl? Chak grenn nan nou gen konfizyon, e kè nou lou; nou pote anpil chay, gwo ak piti, epi nou pa kite okenn plas nan kè nou pou Mwen. Nou avèg! Mechanste nou an rive twò lwen. Kilè sa pral fini?
Mwen pale avè nou ak tout kè Mwen plizyè fwa, e Mwen ba nou tout sa Mwen genyen; men nou tèlman peng, nou pa menm gen yon ti kras limanite; sa vrèman difisil pou konprann. Poukisa nou toujou kole nan pwòp lide pa nou? Poukisa nou pa kite Mwen gen yon plas nan kè nou? Kijan Mwen ta ka fè nou mal? Nou pa dwe kontinye konpòte nou konsa. Jou Mwen an vrèman pa lwen rive. Pa pale san reflechi, pa aji san kontwòl, pa goumen ni fè dezòd jan nou vle; kisa ki bon sa ka pote pou lavi nou? M ap di nou laverite: menm si pa gen yon sèl moun ki sove lè jou Mwen an rive, Mwen ap toujou ranje bagay yo dapre plan Mwen. Nou dwe konnen ke Mwen se Bondye Toupisan an! Pa gen anyen, pa gen moun, pa gen evènman ki gen odas pou anpeche Mwen avanse. Pa toujou panse ke Mwen pa gen mwayen pou fè volonte Mwen san nou. Mwen ka di nou: si nou trete lavi nou nan fason negatif sa a, se pwòp lavi nou n ap detwi; sa pap gen anyen pou wè avè Mwen.
Travay Sentespri a pwogrese nan yon sèten etap, e temwayaj la rive nan pi wo nivo li. Sa se laverite klè. Vit, louvri je nou ki twoub yo; pa kite san kè Mwen gaspiye sou nou, e pa kontinye pran plezi sèlman ankò. Nou toujou renmen fè bon bagay devan Mwen, men lè Mwen pa la, èske aksyon nou ak konpòtman nou ta ka kanpe devan Mwen pou Mwen egzamine yo an pwofondè? Nou pa konnen sa ki bon pou nou! Nou pa koute Mwen; nou fè yon bagay devan Mwen epi yon lòt dèyè do Mwen. Nou toujou poko reyalize ke Mwen se Bondye ki obsève fon kè lòm; nou inyoran nan yon degre ekstrèm.
Nan lavni, sou chemen ki devan nou, nou pa dwe kontinye fè trik malonèt ni angaje nan twonpri ak riz, sinon konsekans yo ap inimajinab. Nou toujou pa konprann klèman sa twonpri ak riz ye. Nenpòt aksyon oswa konpòtman nou pa ka kite Mwen egzamine an pwofondè, nou pa ka mete aklè devan tout moun, se twonpri ak riz. Kounye a nou ta dwe konprann sa. Si, alavni, nou lage kò nou nan twonpri ak riz, pa pran pòz nou pa konprann. Si nou fè sa, nou ap fè sa ki mal volontèman, e konsa nou vin koupab de fwa plis. Sa ap sèlman fè dife a boule nou oswa, pi grav toujou, mennen nou nan destriksyon pwòp tèt nou. Konprann sa byen! Sa k ap desann sou nou jodi a se sèlman chatiman lanmou an; se pa yon jijman san pitye ditou. Si nou pa rive rekonèt sa byen klè, nou twò mizerab, e pa gen okenn espwa pou nou ankò tou senpleman. Si nou pa vle aksepte chatiman lanmou an, lè sa a se sèlman jijman san pitye ki ap desann sou nou. Lè sa rive, pa vin plenyen pou di Mwen pa t pale nou. Sa pa vle di Mwen ap chèche pa pran responsablite Mwen; okontrè, se konsekans nou menm ki pa t koute pawòl Mwen yo e nou pa t mete pawòl Mwen yo an pratik. Mwen ap eksplike nou sa a kounye a, pou pèsonn pa vin blame Mwen pita.