Chapit 41

Konsènan pwoblèm ki parèt nan legliz la, pinga nou toujou chaje ak gwo kè sote konsa. Pandan n ap bati legliz la, erè yo inevitab, men pa panike lè nou rankontre pwoblèm; okontrè, rete kalm epi metrize tèt nou. Èske Mwen pa t deja di nou sa? Vin devan Mwen souvan pou sipliye Mwen, epi M ap fè ou konnen entansyon Mwen yo. Legliz la se kè Mwen epi li se objektif final Mwen, donk kijan Mwen ta ka fè pa renmen l? Pa pè—lè bagay konsa rive nan legliz la, yo rive avèk pèmisyon Mwen. Se pou nou leve kanpe epi pale nan non Mwen. Se pou nou gen lafwa tout bagay ak tout evènman jwenn pèmisyon devan twòn Mwen an epi yo gen entansyon Mwen anndan yo. Si nou kontinye kominye nan yon fason ki dezòdone, gen anpil chans pou gen pwoblèm. Èske ou te reflechi sou konsekans yo? Si ou aji konsa, Satan ap pwofite de sa. Vin devan Mwen souvan. M ap pale klè: Kounye a, si ou pral fè yon bagay san ou pa vin devan Mwen, pa panse w ap kapab fè l rive nan bout li. Se nou menm ki fòse Mwen rive nan pozisyon sa a.

Pa dekouraje, pa fèbli, epi Mwen ap fè bagay yo parèt aklè pou ou. Wout ki mennen nan wayòm nan pa lis konsa—anyen pa vin fasil konsa! Nou vle pou benediksyon vin jwenn nou fasilman, pa vre? Jodi a, tout moun ap gen eprèv ki anmè pou yo fè fas ak yo. San eprèv sa yo, kè nou genyen ki renmen Mwen an p ap vin pi fò epi nou p ap gen vrè lanmou pou Mwen. Menm si eprèv sa yo enplike sèlman ti sitiyasyon minè, tout moun dwe pase tès sa yo; se senpleman entansite eprèv yo k ap varye. Eprèv yo se yon benediksyon ki soti nan Mwen, epi konbyen nan nou ki souvan ajenou devan Mwen, pou mande benediksyon Mwen? Timoun egare! Nou toujou panse kèk bèl pawòl chans konte kòm benediksyon Mwen, poutan nou pa janm kwè ametim se benediksyon Mwen. Moun ki pataje ametim Mwen ap sètènman pataje dousè Mwen tou. Sa se pwomès Mwen epi benediksyon Mwen pou nou. Kontinye manje ak bwè epi jwi pawòl Mwen yo san pè. Lè fènwa a pase, limyè a rasanble. Se lè l pral jou a li fè pi nwa; aprè moman sa a syèl la ap vin klè ofiramezi, epi aprè sa solèy la leve. Pa pè oswa timid. Jodi a, Mwen soutni pitit gason Mwen yo epi Mwen egzèse pouvwa Mwen pou yo.

Lè sa gen rapò ak zafè legliz la, pa toujou kouri pou responsablite nou. Si nou pote koze a devan Mwen ak konsyans nou, nou ap jwenn yon chemen. Lè yon ti pwoblèm piti konsa rive, èske nou vin pè epi panike, san konnen kisa pou nou fè? Mwen te di sa plis pase yon fwa, «Pwoche bò kote Mwen souvan!» Èske nou te mete bagay Mwen mande nou fè yo an pratik ak konsyans nou? Konbyen fwa nou te medite sou pawòl Mwen yo? Si nou pa t fè sa, ebyen nou pa gen okenn vizyon klè. Èske se pa pwòp fòt nou sa ye? Nou bay lòt moun tò, men poukisa nou pa rayi pwòp tèt nou pito? Nou gate bagay yo epi aprè sa nou rete neglijan epi nou aji sèlman pou lafòm; nou dwe bay pawòl Mwen yo enpòtans.

Moun ki obeyisan epi ki soumèt yo ap resevwa gwo benediksyon. Nan legliz la, rete fèm nan temwayaj nou pou Mwen epi defann verite a. Sa ki dwat se sa ki dwat, epi sa ki mal se sa ki mal; pa konfonn blan ak nwa. Nou dwe goumen kont Satan epi nou dwe konplètman venk li pou l pa janm leve ankò. Nou dwe sakrifye tout bagay pou pwoteje temwayaj Mwen an. Sa dwe se objektif aksyon nou yo—pa bliye sa. Men kounye a, nou manke lafwa ak disèneman, epi nou pa janm kapab byen konprann pawòl Mwen yo ak entansyon Mwen yo. Sepandan, pa prese; tout bagay vanse daprè etap Mwen yo epi lè yon moun prese sa sèlman kreye pwoblèm. Pase plis tan devan Mwen, pa bay manje ak rad pou kò fizik nou an enpòtans, epi chèche konprann entansyon Mwen yo souvan. Mwen ap fè ou konnen entansyon Mwen yo, epi piti piti ou ap jwenn yo nan tout bagay, yon fason pou Mwen kapab gen yon chemen pou Mwen aji nan chak moun san okenn obstak epi pou kè Mwen kapab satisfè. Lè sa a, nou ap resevwa benediksyon avèk Mwen pou tout tan gen tan!

Anvan: Chapit 36

Apre: Chapit 45

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger